Batay Ouvriye Banner

 

RAPÒ SOU PRATIK ENTÈNASYONAL BATAY OUVRIYE NAN KÒMANSMAN ANE 2010 LA

(Premye pati)

Pòtoprens, 5 jiyè 2010

KONFERANS LABOR NOTES
Nan premye semès ane 2010 la, delege Batay Ouvriye patisipe nan diferan aktivite entènasyonal kote yo te envite nou. Premye a, soti 23 pou rive 25 avril, se te nan okazyon yon konferans Labor Notes, nan peyi Etazini.
Labor Notes, se yon regwoupman militan pwogresis ameriken ki, chak 2 zan, reyini sendikalis, òganizasyon dwa moun ansanm ak divès kalite òganizasyon kan pèp la yo konnen k ap lite nan peyi pa yo pou dwa demokratik yo. Konferans la pèmèt yo rankontre, konnen youn lòt, fè kontak, pandan chak delege prezante analiz òganizasyon li sou sitiyasyon peyi l nan kad sila mondyal la epi BATAY k ap mennen chak kote anfas dominasyon ak represyon klas dominan yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a ap mete nan lemonn antye sou tout endividi, òganizasyon oswa mas pèp ki pa dakò ak sa y ap sibi a.
Si rankont alokazyon konferans yo fèt chak 2 zan, pratik Labor Notes yo fèt yon mannyè pèmanan. Konsa, yo gen diferan kalite rankont pasyèl kote yo reyalize divès atelye fòmasyon, deba, kowòdinasyon lit. Yo gen yon bilten ki bay rapò sou diferan rankont sa yo epi yo mete l sou sit entènèt yo a tou (www.labornotes.org).
Ansanm militan k ap mennen pratik Labor Notes yo gen non “Trouble Makers” (“Nèg ki vin pou mete dezòd”), yon fason pou yo afime klèman: pou yo menm, sosyete kote travayè yo ap viv jouk jounen jodi a, se sosyete tèt anba, se sosyete kote dezòd la jeneral (vòl, koripsyon, lajistis tèt anba, Leta kowonpi nan tout mwèl li, Leta sousou enpeyalis, antinasyonal, anti popilè, klas dominan tout kalite piyajè, sousè san...). Kidonk, nan tout sosyete sa yo nou konnen an, lè travayè ki an lit yo ap mete “dezòd”, an reyalite se lòd y ap mete, lòd y ap mete nan dezòd. E lè ideyològ klas dominan yo rele nou “Nèg k ap mete dezòd yo” (oswa vagabon, nèg tèt cho, “casseurs” elatriye... jan nèg ki bay tèt yo grad “fòme opinyon” yo rele tout sila k ap revolte yo anfas “lòd” revoltan ki nan peyi d Ayiti), yo reponn: “Wi n ap mete dezòd menm! Se nou menm menm ‘Nèg k ap mete dezòd yo!’! N ap mete dezòd nan dezòd la, dekwa pou finalman nou tabli yon lòd kòrèk, lòd pa nou an! Lòd pa nou an, nou menm travayè k ap pote tout peyi sou do nou!”
Pami sendikalis yo, modòd la se te “Rank and file”, ki vle di: sendikalism apati baz la, kote tout manm sendika yo tabli yon konsiy nan mitan yo kote se pwòp baz sendikal la ki pou mèt sendika a epi ki pou dirije tout lit. Nan kad konsepsyon sa a, lè yo mobilize pou defann dwa yo, baz sendika yo ap lite ni kont patwon k ap eksplwate yo, ni kont dirijan k ap tenyen oswa devye lit yo nan negosiyasyon, kidonk fo santral yo, sila k ap vann lit ouvriye yo, ki nan kòkòt ak figawo ak Leta, dirijan ki nan tout tripatit, tout komisyon ofisyèl: sendika jòn. Travayè tout kalite ki te prezan yo denonse sitiyasyon sa a, biwokratism la, e deside mobilize pou lite apati baz pwòp yo menm ap òganize a.
Se pa ti siksè Konferans Labor Notes ane 2010 sa a te genyen! Te gen 1200 moun prezan, (1000 Ameriken ak 200 envite etranje, konbatan tout kontinan nan divès peyi). Konferans la te fèt 3 mannyè: yon plenyè premye jou a (kote yo te fè nou lonè envite nou sou tab ki te sou estrad la – wè pwogram premyè jounen sila a nan sit Labor Notes la – kote, antanke youn nan oratè prensipal yo, nou te denonse sitiyasyon malouk pèp ayisyen ap sibi anba dekonm latètranble 12 janvye a, men sitou anba okipasyon - titèl peyi enpeyalis yo, kote sousou, aganman ak kolaboratè tout kalite ap ranje chimen bay espwatè yo; kalvè travayè yo nan sa, soufrans pèp ayisyen an... e nou envite tout militan prezan yo MOBILIZE ansanm ak pèp ayisyen an k ap lite pou soti anba sitiyasyon sila a); dezyèm fòm Konferans la te pran pandan 2 jounen ki te swiv yo, se te atelye, divès kalite atelye, chak sou yon tèm òganizatè Labor Notes yo te chwazi; finalman, twazyèm fòm la se te rankont patikilye diferan òganizasyon te pwopoze.
Initil pou di enpòtans Konferans sa a genyen kote se militan-konbatan lemonn antye ki chita, nonsèlman ap apwofondi konesans chak sou lit lòt, nonsèlman mete sou pye ak kowòdone mobilizasyon pi global jou an jou men tou ap diskite sou konpreyansyon teyorik moman an, estrateji, espesifisite chak fòmasyon sosyal, taktik, ritm, mizanfaz, estrikti... pou soti anba yo!
“Kouman e poukisa pou nou òganize depi baz la; Batay travayè latino yo nan peyi Etazini; Konprann kriz ekonomik mondyal aktyèl la; Medya sosyal; Sendikalism: ki projeksyon pou yon kowòdinasyon entènasyonal?; Lit travayè ameriken e kesyon Palestin lan; Batay travayè sèvis piblik yo pou dwa yo, kont revokasyon abitrè ak privatizasyon; Konvansyon kolektif; Kouman pou nou konstwi kowalisyon etidyan nan inivèsite; Kouman òganize travayè ki travay lakay yo; Devlopman kapasite entektyèl travayè yo; Sante piblik nan peyi Etazini; Grèv!; Grèv: yon zouti pa nou nou rache!; Grèv la tounen nan peyi Etazini!; Edikasyon piblik; Travayè imigre; Travayè imigre - travayè lokal: inite klas ouvriyè a; Leson nou dwe tire apati lit klas ouvriyè a nan lemonn antye; Estrateji ak taktik nan batay; Fòm kreyatif nan batay tout kalite; Lit travayè ak politik nan Amerik latin; Klas ouvriyè a an lit nan Azi: Japon, Chin, Filipin, Kore di Sid; Rezistans nan peyi d Ayiti; Sant Travayè; Diskisyon sou endistri otomobil la devan kriz ekonomik mondyal la; Travay djòb; Sendika travayè nwa nan peyi Etazini ak nesesite yon inite mondyal sou kesyon an; Pwodiksyon atistik ak lit... ... ...” te pami  santèn atelye ak rankont-deba ki te genyen pandan 2 jou plen sila yo (wè pwogram jeneral la, toujou sou sit yo a http://www.labornotes.org/conference/international). Sou kote sa, nou bay yon entèvyou nan yon televizyon endepandan “The real news” sou sitiyasyon Ayiti a:
(http://therealnews.com/t2/index.php?option=com_content&task=view&id=33&Itemid=74&jumival=550).
Anfen, li enpòtan pou nou fè resòti aspè fondamantal lit klas ouvriyè a ap mennen nan peyi tankou Etazini, Japon, Chin, Risi, Grès, Espay, Pòtigal... jounen jodi a, kote se nan vant tig la, nan vant bèt enpeyalis la menm batay la reprann pi rèd kont lespwatasyon kapitalis yo, miltinasyonal yo. Nan peyi Lagrès, pi presizeman, leve kanpe ap fèt chak jou, afwontman ak lapolis nan lari, batay, pou soti anba sitiyasyon dominaasyon lespwatasyon kapitalis yo ap tabli pi rèd sou travayè yo, kote yo vle se nou ki peye pou kriz pwòp sistèm pa yo a blayi sou lemonn antye. Nan kad batay sa a, enpòtans konsyans ki vin ap grandi sou nesesite inite klas ouvriyè mondyal la, alyans ak mobilizasyon nan kan pèp peyi enpeyalis yo an kowòdinasyon ak lit nan peyi domine yo... yon tach entènasyonal ki anba reskonsabilite nou tout, yon enpòtans kle.

RANKONT ENTÈNASYONAL NAN PEYI BREZIL
Nan dezyèm vwayaj la, nou ale nan peyi Brezil kote yon ansanm aktivite te pwograme. An premye, se te patisipasyon nou antanke obsèvatè nan Dezyèm Kongrè CONLUTAS. “Pou yon Altènativ ki soti nan Baz la, Klasis, Demokratik, Sosyalis”: se te konsiy prensipal kongrè sila a. Nan yon bilten yo remèt tout envite yo (pandan militan baz yo te genyen pwopozisyon inisyal yo depi 3 mwa deja pou diskisyon ak deba – vèsyon final ki nan men nou an, se rezilta deba sila yo), yo entwodyi: 1) Prezantasyon kongrè a; 2) Règleman entèn kongrè a; 3) Kritè pou eleksyon delege baz yo nan kongrè a; 4) Pwopozisyon pou rezolisyon kongrè a.
Prensipal pwopozisyon rezolisyon yo te rete sou: 1) Bilan ane lit ant premye ak dezyèm kongrè a e, apati sa yo wè: prensip, estrateji ak pwogram pou vanse; sou yon lòt bò, 2) etan done yon inifikasyon ant Conlutas ak diferan òganizasyon an lit planifye pou moman an, yo t ap rete sou refleksyon pa rapò a pwosesis sa a: karaktè nouvo santral la, kouman direksyon nouvo antite a dwe monte epi fonksyone, ki non li dwe pote, ki objektif konkrè li yo nan moman an, pwogram li.
Apre 2 jou diskisyon, 3 ak 4 jen ane 2010 sa a, yo vote an plenyè rezolisyon final la ki pibliye sou sit Conlutas la www.conlutas.org.br
Dezyem Kongrè Conlutas la, ak apeprè 3 mil delege aktif ak reskonsab, te yon dinamik ouvriye, travayè ak popilè. Nan sans sa a, mekanism patisipasyon yo, serye deba yo ansanm ak demokrasi entèn reyèl ki pratike a aprann nou anpil sou kapasite tout travayè ak tout pèp genyen pou dirije desten yo depi yo pwopoze tèt yo sa kòmsadwa.
*
2 jou ki te swiv yo, 5 ak 6 jen 2010, se te Kongrè Inifikasyon ki te planifye a. Anplis Conlutas, te genyen: Entèsendikal ki se yon sisyon apati yon opozisyon alenteryè Santral Inik Travayè nan peyi Brezil (CUT an pòtigè), Mouvman Travayè san Kay (MTST an pòtigè), Mouvman Tè, Travay ak Libète (MTTL), Pastoral Operaria (PO – yon pratik legliz katolik nan milye ouvriye a) ak Mouvman pou Avansman Sendikal (MAS).
Diferan òganizasyon ki te reyini pou opere inifikasyon istorik sa a, se yo menm ki te konvoke kongrè a. Yo ka retwouve Kaye Tèz ki soutni inifikasyon an nan nouvo sit ki kreye apati pratik sa menm ki se www.congressodaclassetrabalhadora.org
Plis pase 4 mil militan delege 6 òganizasyon sila yo te prezan pandan 2 jou deba yo. Pafwa ak yon gran inite lespri, pafwa ak sèten friksyon, deba yo te trè anime. Tout moun klè sou nesesite inifikasyon an antanke akimilasyon fòs anfas lènmi de klas la e ofansiv aktyèl li, antanke estriktirasyon kan pèp la, malerezman, anpil diferan rete sou tab la e, devan enkapasite pou mete yon antant ni sou kouman vote desizyon fondamantal yo, tankou sou non ak karaktè nouvo santral la, pèmèt inifikasyon laj diferan konvokan yo te swete a pa rive fèt. Menm si yon antant tabli ant Conlutas, MTTL, PO ak MTST, ni Entèsendikal la, ni MAS pa enkli tèt yo. Kidonk, gen yon nouvo santral ki kreye men pa ak tout fòs li te ka e te dwe kapab akimile yo, an patikilye ak prezans Entèsendikal la. Diskisyon gen pou kontinye, apati enterè klas ouvriyè a, travayè yo, mas popilè yo an jeneral.
Pou nou menm, se yon pwoblematik klas ki pa rive rezoud, etan done dayè li pa menm poze presizeman, ki fè kamarad yo kwè se sèten pwoblèm mekanik ki bloke avansman an. Se nan kad pratik la, rapwochman teyorik ak konkrè, nan peyi Brezil men an menm tan tou mondyalman, konstriksyon kòrèk la va reyalize, nan enterè emansipasyon reyèl ak total ki swete a.
Nan fen rankont lan, ak apyi diferan òganizasyon ki te entegre nouvo òganizasyon sa a (non final ki adopte a, se: Conlutas – Entèsendikal – Santral Sendikal ak Popilè), yo lanse ansanm kandidati José María de Almeida (Zé María) pou prezidan peyi Brezil, kòm reprezantan Pati Sosyalis Travayè Inifye (PSTU an pòtigè) nan pwochen eleksyon k ap reyalize nan mwa oktòb ane sa a. Ak yon pwogram sosyalis, PSTU a panse envesti sèn politik la pou nonsèlman prezante ak debat nouvo vizyon y ap pwopoze devan tout travayè ak mas popilè yo an jeneral men tou denonse pwosesis elektoral boujwa a menm: yon pari konplike men ki ka pote avantaj sèten si li byen òkestre.
*
Ak patisipasyon 250 kamarad diferan òganizasyon sendikal ak popilè (115 soti nan 25 peyi envite ak 140 nan Brezil – pou Ayiti, se te BATAY OUVRIYE ak ASID ki te prezan), Rankont Entènasyonal kote yo te prensipalman envite nou an reyalize (yon rapò detaye rankont la ansanm ak non, òganizasyon ak peyi ki te prezan yo sou sit Conlutas la www.conlutas.org.br)
Nan kòmansman jounen an, nou rediskite sou pwoblematik ki te bloke Kongrè Inifikasyon an. Selon opinyon jeneral la, òganizasyon yo ta dwe depase diferans ki ekziste nan mitan yo ak prensip yon deba demokratik laj makonnen ak lit konkrèt travayè yo ap mennen. Yo tout rete sou akò sa a epi deja fikse yon jou ak lè pou yon nouvo rankont ki ta fèt ant yon ti kantite delege.
Ann apre, nan fen matine a, delege chak peyi prezante sitiyasyon jeneral lakay li ansanm ak lit k ap mennen yo. Deba yo dire jouk nan fen apremidi a kote, apati diferan prezantasyon ak diskisyon ki fèt yo, nou rete sou 4 aks lit / kanpay komen ki pral mennen:

  • Kanpay solidarite ak travayè Grèk yo k ap mennen yon lit kont efè kriz ekonomik mondyal la nan peyi yo, batay k ap laji kò l nan peyi Espay ak Pòtigal an patikilye;
  • Kanpay pou retrè Minustah ann Ayiti ak pou fen okipasyon titèl pèp Ayisyen ap sibi;
  • Apyi ak pèp Palestinyen nan batay li kont ofansiv, krim ak asasina Izrayèl ap pèpetye nan teritwa okipe yo;
  • Denonse kriminalizasyon mouvman sosyo ak sendikal yo, prensipalman nan peyi Ondiras ak Kolonbi kote se youn dèyè lòt y ap asasinen militan sendikalis ak popilè san asasen yo pa janm enkyete; pandan n ap lonje dwèt tou sou Venezyela kote y ap asasinen sendikalis pandan gouvènman an pa janm sanksyone kriminèl yo tout moun rekonèt.

Anplis kanpay sila yo, l ap enpòtan pou tout òganizasyon yo ta divilge tout lòt batay k ap mennen nan lemonn antye, an patikilye kont dominasyon/lespwatasyon enpeyalis yo ak klas dominan lokal yo ansanm ak sousou nan Leta yo k ap sèvi yo relè.
Nan kad kanpay pou retrè Minustah ak fen okipasyon titèl Ayiti a, nou te pwopoze 2 dat konsantrasyon fòs pwotestasyon entènasyonal: 28 jiyè (dat senbolik mobilizasyon kont okipasyon) ak 15 oktòb (dat renouvèlman siyati kontra Minustah), kote, anplis mobilizasyon ki ta prensipalman ap fèt ann Ayiti yo menm, chak òganizasyon prezan ta mobilize tou ni devan anbasad ameriken lakay yo (etan done enpòtans ak pwa enpeyalis ameriken yo nan sitiyasyon okipasyon/titèl peyi a) ni devan anbasad Ayiti yo menm; pandan sila ki genyen fòs lame peyi pa yo ki konkrètman ap okipe peyi d Ayiti (tankou peyi Amerik latin yo an patikilye) ta mobilize e pwoteste devan ministè afè etranjè lakay yo. Si nou rive jwenn yon fòs enpòtan nan kad mobilizasyon sa a, nou ta dwe kapab genyen kòm objektif bloke siyati renouvèlman kontra Minustah a konkrètman oswa, toutomwen, egzije kòmansman yon reyèl pwosesis dezokipasyon. Peryòd 28 jiyè – 15 oktòb sa a ta akonpaye ak rankont epi konferans-deba entènasyonal, ni pou planifye mobilizasyon yo, ni pou presize kontni ak objektif.

PREZANS NAN AJANTIN
Sòti 8 pou rive 10 jen 2010 la, nou travèse nan peyi Ajantin kote Fwon Ouvriye Sosyalis (FOS) te envite nou pou yon chita pale ansanm ak konferans-deba, toujou sou okipasyon-titèl pèp peyi d Ayiti ap sibi anba fòs militè l ONI yo.
Jan nou tout konnen, militè peyi Ajantin yo ann Ayiti ap domine-reprime menm jan ak tout lòt yo: se anba zòd enpeyalis ameriken an yo tout ye (menm si yo te vle fè nou konprann se yon “misyon” endepandan l ONI e ke se Brezil ki alatèt misyon sila a etc... men debakman an fòs solda ameriken yo touswit apre latètranble a, san yo pa t nan diskisyon ak pyès moun, te montre nou aklè kiyès ki se vre mèt kesyon an!), kidonk, tankou tout lòt yo, militè ajanten yo se anba zòd enpeyalis ameriken an yo ye, ki fè, lojikman, se dominasyon ak lespwatayon miltinasyonal boujwa yo yo gen pou defann, kont tout travayè, òganizasyon oswa mas popilè ki pa dakò ak sa y ap sibi a. Nan kad relasyon sa a: krim, masak, ekzaksyon, imilyasyon... se nòmal. E militè ajanten yo gen wòl pa yo y ap jwe nan sa.
Pwogresis ajanten yo, yo menm, yo pa asepte relasyon sa a. Divès fwa deja yo manifeste refi yo ak okipasyon an ansanm ak solidarite yo ak batay pèp ayisyen an ap mennen. Nan yon premye pasaj nou te reyalize nan peyi sa a, toujou ak FOS ki te envite nou, yon mobilizasyon serye te reyalize devan ministè afè etranjè yo a, pou denonse pratik aganman, mistifikatè, kriminèl yo a, jouk reskonsab ministè a te sètoblije resevwa nou, kote nou te montre yo: lojik sa yo rele “ede Ayiti a”, anfèt se yon mistifikasyon, mele ak yon kapitilasyon devan dikta enterè enpeyalis yo, mete sou yon imilyasyon total kapital pou pèp ayisyen, esans li, listwa li, lavni otonòm ak detèminasyon souveren li. Si gen kèk sousou ak kolaboratè ki pliye yo devan sitiyasyon sa a epi ede l òganize, se pa majorite pèp ayisyen an ki, li menm pa janm dakò, deja wè klè nan mistifikasyon an epi ap REZISTE!
Lè, jounen jodi a, okipasyon an, nan kad sa reyaksyonè yo rele “rekonstriksyon peyi a”, vin transfòme tèt li an yon titèl apèn vwale, li difisil pou kamarad Ajanten yo (menm jan ak sila latino ameriken yo an jeneral) pa leve kanpe pou ini fòs yo ak nou pou BATAY.
Fòn n di ane 2010 sa a, se komemorasyon 200 zan premye soulèvman ak mobilizasyon pou endepandans peyi Ajantin (leve kanpe a ki te koumanse kidonk an 1810 ta pral triyonfe an 1816). Mouvman liberasyon sa a, ki ta pral etann li nan Chili ak Pewou tou, te an kontak/atikilasyon ak sila pi wo a: Venezyela, Kolonbi, Bolivi, Ekwatè... nan objektif endepandans tout peyi Amerik latin yo. Nan kad mouvman liberasyon sila yo, wòl apyi ak òganizatè peyi d Ayiti ki te deja endepandan te fondamantal. Tout pwogresis tout peyi sa yo konn sa. Lefèt, jounen jodi a, dirijan aktyèl Brezil, Ajantin, Bolivi, Ekwatè, Irigwe... ..., vin okipe menm Ayiti a, anba zòd epi nan enterè miltinasyonal enpeyalis yo nan objektif espwate fòs travay ayisyen an yo fin rann pi bon mache a, mete yo tout natirèlman solidè ak lit pèp ayisyen an. Pi rèd nan lane komemorasyon 200 zan endepandans yo a.
Pou mete absè sou klou, nan dlo teritoryal zile Malouyin yo, yo jwenn petwòl, bagay ki rann prezans Angle yo pi detestab toujou. Men bagay ki rann konsiy “Fòk Angle yo ale kite zile Malouyin yo” pi fò men, an menm tan, pi enkoyeran ak prezans militè ajanten yo nan okipasyon Ayiti.
Malgre tout agiman sa yo pou mobilizasyon kont okipasyon Ayiti a, nou kapab di nou pa rejwenn menm inite òganizasyonèl otou sijè a nou te jwenn fwa pase a. Se ke òganizasyon lit peyi sila a ap pase nan yon moman chire pit politik ki an reyalite afebli tout mouvman an. Gen sisyon nan divès kouran kote, an fèt, se menm tandans nou rejwenn nan Brezil yo k ap aji. E, toujou menm jan pou nan peyi Brezil, kesyon klas la pa rive poze kòmsadwa, bagay ki rann inite òganizasyonèl la pi flou e pi konplike. Menm jan an tou, nou espere diferans yo va depase nan kad yon konpreyansyon teyorik kòrèk men sitou nan kad lit la menm pou yon meyè kowòdinasyon ak yon akimilasyon fòs pi gran ak kalitativman siperyè.
Prensipal konferans-deba nou te bay nan Ajantin, te reyalize nan lokal Santral Travayè Ajanten an (CTA, an panyòl) ak prezans dirijan santral sila a epi yon reprezantan Madre Plaza de Mayo (Manman Plas Mwa Me, an panyòl) ki se òganizasyon manman pitit militè yo te disparèt pandan diktati yo a. Jouk jounen jodi a, manman sa yo ap pwoteste pou mande jistis ak reparasyon. Repòtaj konferans-deba sa a, nou kapab rejwenn li tou nan sit “Komite pou Ayiti a”: http://comitexhaitimultimedia.blogspot.com/search/label/Didier%20Dominique
Nan dènye jou a, nou vizite kèk izin rekipere (pami yo Bruckman nou te konnen deja) kote se pwòp travayè yo k ap jere travay yo, ansanm ak yon lopital (sila vil San Miguel la) kote tout anplwaye yo an lit nan mobilize sou kesyon sekirite nan travay yo, etan done se yon lopital piblik Leta vle privatize. La ankò nou kapab wè ak santi pi byen globalite pwosesis dominasyon enpeyalism lan nan faz aktyèl neo-liberal li. Se sou sa dayè nou te piplis chita kote lojik okipasyon Ayiti a, se yon ekstrèm nan kad globalite sa a, kidonk kote se ansanm nou dwe mobilize kont li, nan kad yon lit komen.
Anfen, yon lis byen long òganizasyon remèt ministè afè etranjè a yon lèt pwotestasyon fòmèl kont okipasyon an ak solidarite yo ak pèp ayisyen an apre latètranble 12 janvye a.