Batay Ouvriye Banner

PRATIK NASYONAL BATAY OUVRIYE
NAN PREMYE SEMÈS ANE 2010 LA

Sou kote pratik òganizasyon, mobilizasyon ak ajitasyon pwopagann kontini nou, soti janvye rive fen mwa dawout la, gen diferan rankont ak mobilizasyon enpòtan ki reyalize nan kad lit nesesè ak oryantasyon adekwa yo.

Premye sa pou nou fè sonje, se diferan mobilizasyon nou reyalize ansanm ak lòt òganizasyon alye, tankou Mouvman Demokratik Popilè (Modèp), Platfòm Anplwaye Viktim Antrepriz Piblik yo (Pevep an franse), Komite Relèvman Divivye (KRD), Kòdinasyon Nasyonal Sinistre (Konasi), Biwo Entènasyonal Avoka (BAI an franse), Chandèl, Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay (Frakka), oswa Regroupement des Victimes du Séisme – 12 janvier (Revise). Mobilizasyon espesifik tankou: 1) sa 28 avril la pou derape manifestasyon denonsiyasyon sitiyasyon pèp ayisyen an ap viv nan diferan zòn latètranble a te frape, oswa 2) sa yo ki kòmanse depi 12 jiyè pou, devan palè nasyonal la, make 6 mwa lanfè n ap viv anba plastik, solèy, lapli, imilyasyon ak manti, manifestasyon sa yo, n ap planifye pou kontinye l le 12 chak mwa; 3) mobilizasyon premye me a ki, nan boule 2 sekèy devan ministè afè sosyal ak ministè jistis la t ap siyifye pozisyon nou ansanm ak Pevep an patikilye ki te inisye pratik sa a, pou fè konnen pozisyon nou klèman devan ministè pouri sa yo ak wòl gadyen lòd pi reyaksyonè nan sosyete a y ap jwe a; oswa, 4) sila ki te fèt pou kanpe anfas sitiyasyon okipasyon-titèl sanvègòy ak sanzavni enpeyalis yo blayi sou do nou ak konplisite sousou pannan nan leta yo ansanm ak kolaboratè tout plim tout plimay peyi isit, sitin la te reyalize devan ministè afè etranjè sou Bwavèna a jou ki te 28 jiyè a.
Genyen tou yon ansanm aktivite-refleksyon ki te reyalize nan jou ki te 21 ak 22 dawout la yo pou komemore epi aktyalize dat soulèvman esklav yo nan lane 1791 la, refleksyon ki te pèmèt nou rete sou kesyon Teritwa a an li menm ak kouman nou fin pèdi kontwòl li nèt... !!!, pou debouche sou pwoblèm ki mache ansanm ak li ki se kesyon tè a nan peyi a. La, diferan temwayaj delege ti peyizan domine eksplwate nan Nò peyi a te rive mete nou klè sou sitiyasayon milye riral la jounen jodi a, kote leta restavèk ki la jounen jodi a ap bay granmanjè ki nan pwòp sen li ansanm ak konpayi kapitalis etranje yon pakèt tè nan diferan rejyon nan peyi a pou vòlè sila yo fè ti peyizan k ap vin tounen ouvriye agrikòl ak salè mizè nou konnen an vin travay pou yo. Avoka senpatizan ki te prezan yo t ap fè nou konnen ak konprann kouman leta a pa respekte aspè legal kesyon an epi kouman aparèy lajistis la ap jwe yon wò reyaksyonè ak ilegal menm nan pèmèt tout ekzaksyon yo ap fèt sou do ti peyizan yo, toujou nan avantaj grandon, granmanjè, granboujwa, ansanm ak gwo konpayi kapitalis etranje yo...
Tout aktivite ak mobilizasyon sila yo fèt nonsèlman pou atake pratik ak pozisyon nou pa dakò ak yo, nonsèlman pou chache pèmèt mobilizasyon an kontinye ap tabli dwa li nan lari a antanke repons anfas diktati klas dominan yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a ap tabli piplis chak jou a, men tou antanke vwa prensipal ki pou gide, ritme ak verifye diskisyon/rapwochman politik ki nesesè yo ant òganizasyon k ap goumen yo, nan kad konstriksyon ak estriktirasyon Kan pèp la. Kan pèp la, sèl fòs òganize k ap ka wete nou nan twou kote enpeyalis yo ansanm ak klas dominan restavèk yo mete popilasyon an. Diferan kontrandi mobilizasyon ak aktivite sa yo deja distribye lajman, se raple nou t ap raple yo.

*
Pandan aktivite ak mobilizasyon sa yo t ap fèt nan kapital la, nan Okap diferan pratik te reyalize menmn jan an. Tankou reyinyon premye me a ki te regwoupe diferan delege Nò, Nòdwès ak Nòdès Batay Ouvriye; men tou mobilizasyon ki te reyalize la nan 28 jiyè pase a. Mobilizasyon sa a, ki te pran fòm yon brigad ajitasyon-pwopagann nan lari dezyèm vil peyi a, pandan li t ap poze pwoblèm tè ak jisitis la sou bò pa l tou, te prensipalman poze - ak fèmte nesesè a, e pa an tilititi demagojik reprezantan politik yo - dezokipasyon an. “Aba Minista! Aba Okipasyon!”, “Aba Minista! Aba Okipasyon!”... Dezokipasyon an, kòm sèl fason pou pèp ayisyen an rejwenn souverennte l ansanm ak, lojikman, kapasite pwodiktiv li tout bon. Dezokipasyon an, sèl jan pou Ayisyen rejwenn idantite yo vre. Dezokipasyon an kòm sèl pozisyon pwogresis tout bon, radikal, nasyonal kou entènasyonal. Men tou kouman fòs reyaksyonè yo - sila klas dominan yo anfèt, grandon, granboujwa ak granmanjè ansanm ak tout sousou epi kolaboratè tout plim tout plimay yo -, nan eta pouriti total kapital kote yo twouve yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a, apiye sou okipasyon an (menm lè sila a vin kareman ak ouvètman yon titèl san degizman) pou repwodyi tèt yo epi, konsa, chache siviv, malgre dekrenmen yo fin dekrenmen nèt la, jouk yo tounen panten/kwi-nan-men, popetwèl pwofesyonèl. Kidonk: kouman dezokipasyon an se, objektivman, travayè ayisyen yo sèl ki gen enterè nan li tout bon. Travayè ayisyen tout kalite, depi ouvriye faktori, ouvriye izin nasyonal, ouvriye tout kalite atelye tankou ouvriye agrikòl, atizan, bòs, apranti..., atis popilè, ti peyizan domine espwate, tout ti peyizan domine espwate, ti pwopriyetè mouchwa tè tankou dimwatye, ti machann, chomè lavil, migran tout kalite k ap pwomennen-drive tankou kochon Sentantwan, botpipòl sanzavni ki pran lanmè pou pa mouri-ki mouri, travayè ayisyen nan Dominikani nan batey, nan konstriksyon, nan pèpè, nan mandyan..., jouk y ap koupe tèt yo sou laplas piblik!, pwofesè serye-konpetan, elèv ak etidyan ki pa soti pou annik vin ekzekite zòd kapitalis ak enpeyalis yo nan lavi yo e ki pa pran nan blòf ak mistifikasyon sadik ki vle fè kwè yo tout ka oswa pral vin “antreprenè”, entelektyèl - entelektyèl ayisyen ak kolòn vètebral -, polisye ki gen nen nan figi yo, anplwaye nan komès ak sèvis piblik kou prive ki konn sa yo reprezante, domestik, restavèk, an pasan pa teknisyen konsekan tout nivo...: Kan Pèp la! Sèl fòs ki, yon fwa li klè sou pozisyon istorik li, ka - e kidonk ap gen - pou reskonsab - kidonk rektifye - sitiyasyon makab sa a kote klas dominan yo foure peyi a!

Pandan nou t ap mobilize jou ki te 28 jiyè a nan peyi a pou make ak denonse premye okipasyon yanki 1915 la epi aktyalize l ak sila jounen jodi a, nan peyi Etazini, nan vant tig la, nan vant bèt la menm, Rezo solidarite ak Batay Ouvriye te manifeste tou devan biwo l ONI nan Nouyòk pou pwoteste kont enjerans gwo ponyèt enpeyalis sanginè entènasyonal yo ap opere nan peyi d Ayiti, ki se peyi pa yo tou. Menm jan an tou, nan peyi Brezil, kamarad Conlutas yo, ansanm ak zanmi Jubileo Sud yo te manifeste ni nan São Paulo, ni nan Río de Janeiro devan ministè afè etranjè lakay yo pou pwoteste kont okipasyon peyi d Ayiti epi wòl sal fòs ame brezilyen yo ap jwe nan sa. Entènasyonalism lan se yon oryantasyon kle nan kad lit nou: se yon fòs. Laviktwa nou baze sou sa tou. Ansanm n ap konstwi l.

*
Nan vil Wanament, se batay pou tabli demokrasi entèn nan sendika zòn franch la ki te priyoritè nan moman an. La, li te enpòtan pou ouvriye yo te rejete ansyen komite a ki te fin vann konsyans li bay direksyon Codevi a. Yon gwo lit mennen pase piplis pase yon lane (me 2009 pou jiyè 2010) pou louvri je ouvriye yo sou pratik kolaborasyonis komite ki te alatèt sendika a (SOKOWA) t ap mennen. Pratik kolaborasyonis sa yo te bay tout kalite devyasyon nan lit ouvriye yo. Sa vin fè, piti piti, anpil kontestasyon vin ap mete pye kont komite sila a jouk pou nan yon asanble jeneral ouvriye yo mete l atè epi mande chanjman l. Vreman vre, jou ki te 29 jiyè a, eleksyon fèt kote asanble ouvriye yo, nan yon gwo majorite, vote yon lòt komite.

Tou sa fèt nan yon kontèks kote espwatasyon an t ap vin pi gran nan diferan izin ki nan zòn franch la, kantite pyès pou fè ap ogmante epi salè ap bese; represyon mete pye pi rèd kote direksyon an tabli yon seri mezi disiplinè ki fè yon moun pa t ka viv anndan an, epi kote revokasyon pou ti krik ti krak te kòmanse ap fè kenken. Fò n di tou, piplis izin ap louvè nan zòn franch sila a, piplis ti peyizan ap kite zòn riral yo pou vin chèche travay la.

*
Pandan, nan kontèks lavil la, aktivite sa yo t ap fèt, nan milye riral la kamarad yo te sou pye tou. Vreman vre, se yon mobilizasyon/lit/òganizasyon/konba nasyonal konplè ki pou bati fòs nesesè a, estriktire, laj ak konpak an menm tan, pandan rapò entènasyonal yo ap kontinye tabli ak vanse kòmsadwa.

Nan Plato Santral, Laskawobas pi presizeman, nan jou ki te 29, 30 ak 31 jiyè yo, yon rankont enpòtan anpil te reyalize. Se sila Sendika Travayè Ayisyen ak Dominiken (SAD). Rankont sa a nonsèlman montre klète travayè sila yo rive genyen (se lavi a ki mennen yo la) pou konprann nonsèlman enpòtans pou travayè ayisyen ak dominiken fè youn yon mannyè estriktire anfas lènmi de klas yo genyen sou 2 bò zile a, men rankont la rive materyalize konkrètman kapasite yo konstwi pou fè sa rive reyalize.
Sendika Travayè Ayisyen ak Dominiken SAD la genyen nòmalman travayè ayisyen ak dominiken ladan li. Pi fò Ayisyen yo se travayè ki viv sou tè d Ayiti prensipalman men ki abitye travèse al vann fòs travay yo nan peyi vwazen an, swa nan koupe kann, swa nan travay nan lòt pwodiksyon agrikòl (diri, tomat, tabak...), swa nan konstriksyon. Ayisyen ki travay sou 2 bò zile sa yo, lè yo travèse travay nan Dominikani, rankontre ak travayè parèy yo, Dominiken, k ap vann fòs travay yo nan menm kote agrikòl oswa konstriksyon yo. La a, ansanm, yo genyen menm revandikasyon anfas kapitalis yo. Pozisyon yo, kondisyon yo, dominasyon ak lespwatasyon yo sibi/soufri ansanm lan, pèmèt yo depase antagonism “nasyonalis” grandon, kapitalis ak leta reyaksyonè tou 2 bò yo vle foure nan tèt yo, alankont enterè klas yo, “nasyonalis” ki gen tandans opoze yo. Nan Batay Ouvriye, nou kontribye nan pèmèt rapwochman an efektye sou baz enterè klas yo, kote nou travay tou pou estriktire l selon enterè espesifik chak klas, menm si konstriksyon Kan pèp la gen pou alye diferan klas domine espwate sa yo nan menm batay komen an kont kan lènmi komen an, paske, vreman vre, menm si, ankò yon fwa, yo gen pou fè youn nan yon sèl Kan estriktire, ouvriye agrikòl pa ti peyizan pwopriyetè, ti peyizan pwopriyetè pa dimwatye... e, pafwa, si se pa byen souvan, yo menm konn gen kontradiksyon ant yo, kontradiksyon ki gen pou rezoud, nan kad konstriksyon estriktire inite Kan pèp la. Kidonk aplike yon liy konstriksyon Kan pèp la ki kòrèk e ki pa mache ak pyès bouyi vide - ki pa mache ak popilis la, anfèt - se yon tach enpòtan.
Sendika Travayè Ayisyen ak Dominiken, SAD, te reyini pandan 3 jou sila yo nan Laskawobas. La, yo debat ansanm sou kondisyon lavi travayè ni nan peyi d Ayiti ni nan peyi Dominiken, kouman se menm dominasyon ak lespwatasyon an y ap sibi anba menm kalite gwo pwopriyetè tè ansan ak kapitalis yo, kouman se menm lojik dominasyon lespwatasyon kapitalis la k ap kraze yo. Tou sa, dekwa pou ranfòse nan konsyans yo nesesite òganize ansanm pou goumen ansanm kont menm lènmi klas yo.
An menm tan tou, yo diskite sou tray travayè ayisyen pi espesifikman ap sibi nan peyi Dominiken, kouman se pou nonsèlman dominen/espwate travayè ayisyen yo men tou pou peze sou travayè dominiken yo tou nan menm mouvman global la, epi kouman, ankò yon fwa, se nan yon tèt ansanm byen òganize, kidonk byen estriktire, travayè yo ap ka soti nan sitiyasyon k ap kraze yo tout la.
Sou kote konsiderasyon espesifik sa yo, kamarad yo etidye kouman Okipasyon peyi d Ayiti, se yon rezilta fayit klas dominan ayisyen yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a, men tou yon nesesite pou klas dominan ak leta dominiken yo ranfòse kontwòl, dominasyon ak lespwatasyon y ap fè ni sou travayè ayisyen nan Dominikani, ni sou travayè dominiken la tou epi sou travayè ayisyen depi nan peyi d Ayiti menm (zòn franch Wanament la se yon egzanp klè, men yo ka site tou tablisman dlo Kristal nan Okap, ak kapital dominiken, san konte penetrasyon kapital dominiken an nan izin soutretans pak endistriyèl Pòtoprens la ak nan zòn franch plan enpeyalis aktyèl la ap pwojte yo). Sou yon lòt bò, se yon bagay klè pou tout moun kouman lame ak lapolis dominiken (san konte tout kalite paramilitè leta klas dominan peyi sa a devlope pou tabli dominasyon san pataj kapital la sou travayè yo), kidonk kouman lame ak lapolis dominiken, depi okipasyon ameriken 1965 la, vin konplètman yon aparèy osèvis dominasyon enpeyalis la la. Globalite sitiyasyon zile a, kote, san mank, se toujou travayè yo ki anba. Kidonk, nesesite pou nonsèlman nou reziste epi lite nan nivo revandikasyon imedya ak pasyèl nou yo, men tou nesesite pou nou globalize lit yo epi mennen yo nan yon nivo politik klè, ...kle!
Anviwon 70 travayè te patisipe nan 3 jounen refleksyon sila yo. Kontinye òganize, mobilize, kowòdone, atikile ak globalize diferan aspè ak nivo lit yo te fè pati rezolisyon ki konstwi yo, pou yon lavni pi klè pou travayè  k ap pote tou 2 peyi sa yo sou do yo, pou lavni tou 2 pèp yo, ini.

*
Nan jou ki te 24, 25 ak 26 dawout, se nan Nòdwès yon lot rankont Batay Ouvriye te fèt, nan Bonbadopolis pi presizeman. La a, anviwon 150 ti peyizan zòn lan te reyini pou diskite pwoblèm yo genyen. Se te prensipalman sou kesyon tè a ansanm ak yon pwoblèm dlo yo genyen.
Pwoblèm tè ti peyizan pa genyen pou yo travay, ranvwaye nou natirèlman sou tout enjistis ki kontinye ap pase nan milye riral la kote grandon ak konplisite lajistis, lapolis ansanm ak majistra vil yo ap fè ti peyizasn yo monte yon maswife pa do, nan rann yo pi pòv jou an jou, lè se pa dirèkteman y ap vòlè tè yo. Initil pou nou di zafè “refòm agrè” ki te konn ap pale a, sa pa janm fèt. Okontrè: depi masak Jan Rabel la, gwo pwopriyetè yo ansanm ak tout aparèy leta yo a ap mache sou ti peyizan yo pi rèd.
Vreman vre, tankou tout kesyon k ap regle nan peyi a jounen jodi a, se ak menm rapò sosyal yo reyaksyonè tout plim tout plimay yo vle pou peyi a “avanse”. Vreman vre, kit se koze “rekonstriksyon” nan Pòtoprens kou nan pwovens, kit se ledikasyon, lasante... kit se kesyon “devlopman dirab” y ap pale a, se toujou anba menm dominasyon an, ak menm inegalite sosyal yo, menm lalwa retwograd yo, san konte menm represyon an klas dominan yo vle pou tou sa ta reyalize. Anfèt, se sistèm akayik ki jisteman ap bloke tout avansman an yo vle ki pou ta kontinye. Se sa k fè sitiyasyon an toujou rete bloke, kote fòmasyon sosyal la ap kontinye patoje nan yon kriz jeneral ki jou an jou ap vin pi fon, ak yon peyi k ap fin dekrenmen anba vòl, koripsyon, enjistis, magouy, mistifikasyon ak malvèsasyon, pandan okipasyon an ap apiye pwosesis sa a tèt kale. Fò n pa bliye reskonsab “entènasyonal” ki la yo, se yon seri kowonpi pwòp yo menm yo ye, kote se menm sistèm vòlè a yo genyen pwòp lakay yo, kote se youn k ap denonse lòt menm jan an, kote se trè souvan depi youn fin ranpli yon pòs nan leta yo a, yo dekouvri tout kalite vòl ak detounman fon li t ap fè, kote byen souvan yo blije bay demisyon yo sitèlman yo bare yo ap vòle. Se menm fòmil sa a yo vin ap repwodyi nan peyi isit, anba kouvèti “demokrasi” yo a. Se sa k fè yo pa gen pyès pwoblèm ak tout magouy ak malvèsasyon k ap fèt nan kad pwosesis y ap dirije isit la. Se sa k fè tou, yo tout, yo pa gen solisyon!
Ti peyizan Nòdwès yo rann yo kont trè klè sou tout sistèm sanginè sa a k ap chache depafini ak yo nèt, oblije yo kite rejyon yo, pandan “save” Pòtoprens yo ak prensipal vil pwovens yo kote migrasyon an abouti a, toujou ap “etone” yo sou fenomèn la, san yo pa janm chache konprann rezon li: enjistis ekstrèm rapò sosyal yo nan peyi d Ayiti, an patikilye nan milye riral la! Ale wè pou yo ta mete yon fen nan sa. Enjistis sa a ki blayi nan milye riral akayik peyi d Ayiti a, repwodyi tèt li menm jan an nan vil yo, kote kesyon salè a, salè mizè a, pa egzanp, se yon done flagran. Menm jan an tou, pou klas dominan yo, nan kapital la kou nan pwovens, se toujou ak salè mizè nou konnen an “refondasyon” y ap pale a dwe reyalize: yon “refondasyon” manti, nan kad yon “demokrasi” mistifikasyon. La ankò: yo pa gen solisyon! Ti peyizan yo fiyamezi ap rann yo kont trè klè sou tou sa e se dispozisyon yo tanmen ap pran pou rezoud pwoblèm yo yo menm.
Sou kote pwoblèm tè a, dènyèman, yon lòt vin parèt ankò, pou mete absè sou klou. Se kesyon dlo a. Kote konpayi etranje vle akapare tout tè ki gen sous dlo ladan yo, dekwa pou yo fè biznis dlo pou yo vann. Grandon, majistra, jij, lapolis... yo tout met ansanm pou bay kapitalis yo pasaj pou sila yo fè biznis ak dlo a, pandan y ap kite yon grabday nan men yo. Yon dlo ki te toujou piblik mezanmi! Men jounen jodi a ti peyizan yo sanse pap ka gen aksè ak li ankò, se achte yo pral oblije achte dlo! Ak yon grenn vwa, yo tout di: se twòp atò! Rezistans ap òganize, kowòdinasyon ap fèt: dlo a pap ka rete l vann!
Rankont la te sèvi pou bay tout moun kouray ak fòs. Denonsiyasyon fè kenken, men tou dispozisyon pran. Si “gran entelektyèl” nan Pòtoprens ak nan pwovens yo, “yon bann tchoul ki san ren, san fyèl”, pa okouran tout ekzaksyon k ap pase nan milye riral peyi a, pandan yo chita ap “reflechi” nan konfò lakay yo, pandan tout politisyen rat do kale yo ap poze kesyon “eleksyon” pou konnen kiyès ki pral kontinye separe gato a nan mitan granmanjè yo pi byen pandan yo tout ap sèvi gran boujwa nasyonal yo anba zòd kapitalis peyi enpeyalis yo ak fòs ame okipasyon yo kòm garanti, ti peyizan yo kontinye ap soufri pi rèd. Degradasyon jeneral sitiyasyon an rann ka yo pi difisil toujou. Yon sèl solisyon: leve kanpe defann enterè nou! Ansanm ak travayè lavil yo, ansanm ak tout chomè ki menm jan ak nou fòse kite rejyon yo pou yo pa jwenn anyen lavil la, ansanm ak tout Kan pèp la, solisyon an: n ap jwenn li nou menm! Solisyon peyi a, se sou enterè travayè domine espwate yo jounen jodi a li chita. Kidonk se nou ki pou reskonsab afè nou, kit se enterè nou an dirèk, kit se peyi a ki, jounen jodi a, koresponn ak enterè pa nou tou sèl.
Fò n di grandon yo te voye kèk sousou vin siveye pou rapòte: konsantrasyon kolektif lan rive jwenn yo, lonje dwèt sou yo epi ak fraka mete yo deyò kòmsadwa, pandan yon solisyon gen pou pran tou sou fòm atak konkrè sa a n ap sibi tou. Batay Ouvriye dispoze travay pou sa e se pou sa n ap travay.

Ant Nòdwès nou fenk gade la a epi Nò, nou lanse tou yon pratik kowòdinasyon pou pi byen goumen kont pwojè klas dominan yo ap chache enplante nan rejyon an nan kad plan rekonstriksyon yo a. Refleksyon ak analiz sou ki sa pwojè sa yo reprezante reyèlman pou mas popilè yo, travayè yo nan zòn lan, oblije yo tout vin ap òganize pou defann enterè yo anfas enplantasyon plantasyon zoranj Manye Lapostòl la, pa egzanp, oswa inivèsite ak zòn franzh bò Limonad, Twoudinò, tou sa nan kad dominasyon enpeyalis la, k ap sèvi ak Repiblik Dominiken pou ranfòse pozisyon yo sou mache nasyonal la.

*
Dènye reyinyon enpòtan ki fèt nan semenn lan, se nan Dibou, komin Vèrèt. La a, ak piplis pase 1500 ti peyizan domine ekspwate ansanm ak ouvriye agrikòl, delege Batay Ouvriye yo te chita debat pwoblèm zòn lan. Oryantasyon deba a te baze sou aks lit Batay Ouvriye te pibliye yo.
Pratik nan Dibou a trese ak rès pratik nou nan Vèrèt epi, pi lajman, nan Balatibonit. Nan deba a te gen kontribisyon travayè òganize nan lòt zòn tou, an patikilye Charye. Pwofesè nan lekòl kominotè travayè Charye yo te gen yon gwo kontribisyon ansanm ak lòt òganizasyon nan zòn sa a. Te gen 13 zòn envite. Tout te gen delegasyon pa yo. Anplis, te gen 5 lòt zòn ki te vin patisipe. Ki fè, anplis Dibou, te gen 18 zòn ki te la ap patisipe. Pandan anviwon 4 è tan, yo fè yon deba konstriktif, kote y ap poze pwoblèm sante, mache, lekòl, lespwatasyon, lokipasyon ... pandan yo t ap reflechi sou lyezon youn ak lòt. Se te yon deba demokratik, kote tout moun ki te vle bay dizon yo pale alèz. An menm tan, se te yon diskisyon ki te baze sou enterè travayè yo. Kèk grenn moun ki te vin pote pozisyon grandon yo, fèmen bouch yo san yo pa ba yo presyon. Li te klè pou travayè yo: se yo ki pou pran lavi yo an men. Men li te klè tou se pral yon BATAY e yo tout dakò pou mennen li.
Yon lòt karakteristik deba yo, se te rejè vyolan politisyen yo ansanm ak tout pwosesis elektoral yo a. Anpil travayè ki te konprann se makakri elektoral ki ta pral fèt te pare pou vin “mete nan bòl kandida yo”. Kounye a, lè yo wè sa ki t ap diskite a se pa t sa, yo soti satisfè. Bagay ki ranfòse inite ansanm la piplis.
Se pa t yon pratik ki te fenk ap kòmanse, se te yon pratik kote Batay Ouvriye nan zòn lan t ap opere yon relansman. Vreman vre, pou divès rezon, pratik nan Dibou a te sètoblije kanpe. Sa te fèt nan yon moman kote travayè yo, sou kote pratik òganizasyon yo answa, t ap mennem lit pou mete sou pye lekòl kominotè travayè Dibou a. Kidonk kapasite yo vin devlope pou relanse pratik la te byenvini anpil nan sans sa a. Nan moman an, se vanse pou yo vanse konkrètman. Tout komite lit nan Dibou yo mobilize e ap travay pou vanse rapidman.
Sou kote sa, ti machann yo ap vanse ni nan pratik òganizasyon yo, ni nan kalkile platfòm lit yo gen devan yo, ni sou kouman yo pral mennen BATAY sila yo. Sou bò pa yo tou, ouvriye agrikòl yo ap reyini youn ak lòt pou mete sou pye baz pou òganizasyon lit pa yo. Rete pou diferan klas travayè sa yo atikile konstriksyon òganizasyon ak lit yo nan kad kosntriksyon BATAY Kan pèp la globalman jounen jodi a.
Dibou se yon zòn ki trè defavorize. Kantite ti moun ki ale lekòl la tou zyit. Menm rad ti moun yo pa gen pou mete. Kapasite paran yo limite anpil. Leta pratikman absan. Deba fèt sou tou sa. E rankont sa a pèmèt wè potansyèl ki genyen pou BATAY la vanse nan zòn lan epi laji nan divès lòt zòn ki pre yo. Jounen jodi a, yo deja 18. Batay la fenk kòmanse. Nan Batay Ouvriye, n ap fè fas ak reskonsabilite nou nan sa.


20 septanm 2010

*