Batay Ouvriye Banner

APRE PREMYE TOU ELEKSYON YO ....

18 mas 2006

Nan chak moman n ap viv, diferan kontradiksyon ap evolye. Selon karakteristik yo, sèten nan yo rive fòme de ansanm e konstitye de mouvman. Se ka kontradiksyon ki egziste ant diferan sektè nan boujwazi a k ap goumen youn kont lòt pou pran direksyon tèt leta a e chache tabli ejemoni pa l ak kontradiksyon ki egziste ant fòmasyon sosyal ayisyenn la nan globalite l e dominasyon etranjè ki sou li a. Tou 2 kontradiksyon sa yo makonnen, yo twouve yo dirèkteman nan yon menm ansanm, yon menm mouvman. Poutèt sa, yo nan yon menm ritm global. Dòt fwa, sepandan, menm si yo retwouve yo nan menm moman an, nan menm “sitiyasyon” jeneral la, sèten kontradiksyon gen de ritm diferan, de vitès diferan.

Jounen jodi a, Batay Ouvriye ap prezante nou 2 kalite lit, mobilizasyon, BATAY. Chak fè pati moman n ap viv la men, jan n ap kapab wè l, chak gen ritm pa l, ki pa menm ak sa lòt la.

Premye a, se toujou konsènan pwosesis eleksyon an. Jan nou konnen, sila prezidan an pase nan magouy, mobilizasyon, lit e, finalman, blokaj pòl fachis Bekè ak 2-3 fo demokrat te piplis reprezante a. Sila senatè-depite yo pral swiv nan dezyèm tou a. Ann apre, pral genyen tout sa majistra ansanm ak kominote teritoryal yo, ki di kazèk, asèk.

Jan nou te fè konnen nan Bilten Politik janvye nou a, li te nesesè bloke pòl fachis la men ak tout konsyans pòl Preval la chaje ak aspè negatif ladan l. Jounen jodi a, nan kad batay travayè yo ap mennen pou chache konstwi de meyè kondisyon pou kapab kontinye mennen lit yo, gen denonsiyasyon ak lit kont tout kandida asasen-kriminèl, kowonpi / vòlè / granmanjè, ki, an bon jan malpouwont, ap reparèt tèt yo sou moun. Pou pi byen filtre kò yo, se anba labanyè Lespwa yo reparèt. Gen nan yo ki se de ansyen manm Lavalas ki te konn fè anpil ekzaksyon lò yo te sou pouvwa granmanjè yo. Genyen ki te menm deja atache anba koudeta 1991 la e ki te fasilman transfòme tèt yo nan kad rekonsilyasyon Aristid la an gang. Ekzanp k ap swiv la pase nan zòn Sen Rafayèl men se yon egzanp pami tan dòt k ap diskite e ke gen mobilizasyon sou yo, nan divès kote nan peyi a kote Batay Ouvriye angaje ansanm ak travayè yo.

Nan menm moman batay konsantre sa yo, gen dòt lit ki toujou ap mennen. Yo menm, yo pi long, yo pi laj, yo gen pou wè ak yon sitiyasyon ki la depi piplis tan, yo pa konjonktirèl jan lit nan kad eleksyon an ye a, menm si, jan n ap kapab wè l, nan kad sèten konjonkti, tankou sila eleksyon sa a pa egzanp, yo kapab rive depase tèt yo. Ankò yon fwa, travayè yo ap mennen batay sa yo divès kote nan peyi a e Batay Ouvriye, nan tout kote li rive ye, nan mitan mobilizasyon sa yo menm. Egzanp n ap pran pou ilistre divès lit sa yo ap pase nan zòn Lakayè.

Jan n ap kapab wè l, 2 lit sa yo pa nan menm ritm la. Sepandan, sa ki enpòtan pou nou tire kòm leson, se ke tou 2 gen pou wè ak kontradiksyon ki opoze klas domine yo ak klas dominan yo, menm lè se ti biwokrat yo ki reprezantan enterè klas dominan yo. Kidonk sa ki enpòtan pou nou menm travayè, nou menm pwogresis, se dabò konprann klèman kouman sa ki dwe toujou anfas nou se dominasyon boujwa, grandon, granmanjè, teknokrat, biwokrat ap fè sou nou, kit se nan kad konjonktirèl yon eleksyon, kit se nan de lit a pi lon tèm. Kidonk menm si vitès oswa ritm yo diferan, tout lit nou yo, nou gen pou atikile yo, fè yo fè youn, nan yon menm mouvman lit, nan defans enterè pa nou, kont tout sa ki vin anfas nou.


BATAY OUVRIYE NAN NÒ

Mas 2006

Zanmi Kanmarad Travayè,

Jounen jodi a, nan non Batay Ouvriye, n ap salye tout moun ki prezan nan refleksyon sou konjonkti a, pi presizeman sou eleksyon an. Rete sou kesyon eleksyon sa a, se pa yon bagay fasil, sitou lè li fèt e l ap kontinye fèt nan yon moman kote moun chofe anpil sou li, kote gen anpil pasyon, menm si li pa jeneralize.

Se pa premye peryòd elektoral n ap viv antanke òganizasyon. Nou te la an 2000 e nou te entèvni sou kesyon sa a nan divès zòn anndan peyi a. Nou te sibi divès agresyon plizyè kote poutèt pozisyon nou. Se nòmal. Jounen jodi a ankò, se menm bagay la. Nan kad abitrè ki gen nan peyi a, yo arete manm nou nan sèten zòn poutèt pozisyon nou bay sou eleksyon an. Nou rete klè se yon batay nou gen pou kontinye mennen e n ap mennen li 2 pye fèm.

Pou nou rantre nan kesyon eleksyon an, nou dwe presize sa eleksyon an ye pou nou menm. Nou ka di se yon moman kote klas dominan yo ap chèche renouvle moun ki pou al dirije leta a pou yo. Nan moman sa yo, yo toujou pèmèt yon patisipasyon mas popilè yo nan al depoze bilten. Lò konsa, kanpay elèktoral la se yon fòm pou ralye mas yo dèyè divès pati osnon kandida ki anba oswa plizoumwen anba kontwòl laboujwazi. Kidonk yo fè mas yo patisipe nan pwosesis klas dominan yo kontwole gras a leta ki la pou defann enterè yo, gras a medya yo ki rele yo chèmèt chèmetrès, gras a pisans lajan yo genyen. Pwosesis sa a sèvi pou kenbe ouvriye yo, travayè yo, mas popilè yo divize e anpeche yo bati inite nan mitan yo: anpeche nou poze nesesite lit otonòm nou. Nan sans sa a, globalman nou ka di: ELEKSYON, SE KLAS DOMINAN YO K AP REGLE ZAFÈ YO SOU DO MAS POPILÈ YO. Men menm si sa, si n ap patisipe, se pou nou chwazi moun k ap tande revandikasyon nou e dispoze satisfè yo nan yon minimòm. Men, fòk nou pa annik aksepte pwomès yo, fòk nou kwense yo. Ni tou, fòk nou pa kite pasyon pote nou twòp. Egzanp : si sèten moun dakò ak Lespwa, se pa pou sa pou nou vote nen pòt magouyè pwiske li nan Lespwa.

Si nou pran egzanp Romè Jelen. Li, li, li te majistra nan epòk Brenn Sevè. Ki sa li te fè nan bouk la ? Anyen ! Te gen fatra tribò babò, anplis se kòb yo t ap fè ak Novela nan Gwasimal lò ti peyizan yo mande negosye salè yo pou keyi zoranj la. Menm Romè sa a mete yon bann ti peyizan deyò, pran tè yo nan zòn Logalit. Kidonk, lè se pa enterè pa l dirèkteman, se enterè grandon yo li defann tèt kale kont travayè yo. Eske nou bliye tout bagay sa yo oubyen nou deside vote l kanmenm paske li nan Lespwa ? Nou menm, Batay Ouvriye, n ap fè nou sonje tout bagay sa yo pandan n ap denonse Romè Jelen tèt kale.

Koulye a, gen Papito, ensi koni, ki te watchmann nan Gwasimal e ki kandida pou Azèk, toujou anba Lespwa. Nou konnen trè byen nèg sa a te patisipe nan masak yo te fè sou ti peyizan Gwasimal yo kote 2 kanmarad nou te mouri rache ak manchèt e ke yo te tere yo nan yon sèl twou jou ki te 27 me 2002 a. La a, eske n ap vote yon lòt masak ankò nan Gwasimal. Nou menm, Batay Ouvriye, nou di Lespwa plen magouyè ladann tou e n ap denonse Papito antanke kriminèl !

Sou yon lòt bò, genyen Sègo Sajous ki li menm pat konn vle moun manje yon ti bout kann sou tè l. menm sil ap koupe kann nan, depi li wè yon moun k ap manje yon kann li, menm yon ti mòso kann, li kouri dèyè moun lan pou pran kann lan. Jounen jodi a, li bezwen al nan eleksyon, li lage kann nan pou piyay. Men, lè l ap fin majistra, l ap tounen sou sa l te konn fè yo kòrèkteman, èske lè sa a, n ap gen pou peye l kann sa yo ? Se mòn li pral fè nou monte pa do, sitou se yon bann ti peyizan li te mete deyò, pran tè yo, pou plante kann. Si li vin majistra, li pap gen limit nan pran tè nou. Kidonk, nou denonse l menm jan an tou.

N ap di tout moun plase tèt nou sou zepòl nou pou nou konnen ki sa n ap fè pou nou pa al lage tèt nou nan yon twou ki pi rèd pase jan li ye a.

Menm si eleksyon yo, se pa zafè nou k ap regle, jan sitiyasyon an vin ap parèt devan nou, nou pa ka annik nou vag. Fòk nou kontrekare tout moun nou konnen k ap vin pran woulib yo, pou nou denonse yo, menm si yo nan Lespwa oswa nan Lavalas. Nou deja konnen zak yo te komèt, nou pa ka kite moun pran nan fo mamit.

E sa nou ka omwen aksepte yo, se pou nou pote revandikasyon nou devan yo, pou nou di yo men kwa manman yo, men kwa papa yo, si yo kapab vin pile l.

N ap gen pou fè yon lòt chita pou nou diskite kounye a sou revandikasyon nou yo, sou platfòm lit nou, pou kèlkilanswa kandida lopozisyon pa lopozisyon, Lespwa pa Lespwa, pou se revandikasyon pa nou, platfòm lit pa nou ki devan.

ABA KANDIDA MAGOUYÈ ! ABA WOULIBÈ !

VIV LIT TOUT TRAVAYÈ !

VIV LIT MAS POPILÈ YO !


BATAY OUVRIYE AKAYÈ

12 mas 2006

DISTRIBISYON DLO POTAB NAN AKAYÈ: YON PWOBLÈM KI MANDE TIRE LESON E JENERALIZE!

Pandan fen peryòd Aristid/lavalas la, tout moun te klè nou te anfas yon gwo pwoblèm. Sistèm dlo potab la pa t ap mache. Te chaje pwoblèm, moun pa t ka jwenn dlo. Men si nou al pi lwen, nou ka di dives aparèy te swa an pan, swa kraze. Administrasyon an te plen dèt. Popilasyon an te toujou nan konfli ak administrasyon an. E yo blije peye menm lè pa t jwenn dlo. Kidonk, BILAN AN TRÈ NEGATIF!

Apre 29 fevriye 2004, popilasyon an ranmase karaktè li e te chase swadizan responsab yo. Li mete sou pye yon lòt administrasyon nan yon lòt konsepsyon ak bon jan patisipasyon demokratik tout moun. Pou chanje oryantasyon an, li te nesesè mennen gwo batay. Nan peryòd sa a ki pa t rive dire twò lontan, tout aparèy te rive repare. Tout abone te jwenn dlo regilyèman nan bon jan orè. Sa yo te peye pou dlo a te mwens pase sa yo te konn peye. Tout gaspiyaj te bloke. Tout dèt te peye e tout anplwaye te touche sale yo atan. Malgre tou sa, te rive gen yon akimilasyon ki fèt ki labank jouk jounen jodi a. Sou kote tou sa, te gen bon jan rapò ak SNEP kòm òganis otonòm. Rapò administrasyon an te fè lè nouvo raketè yo ta pral rantre an sèvis la te montre tou sa.

Men, jan nou konnen, se pa enterè popilasyon an ki nan tèt ti politisyen raketè ki vin pran system lan anchaj. Apre yon moman kote popilasyon an te pran responsablite li a, Aristid ale, nouvo rejim lan patikilyèman nan zòn Akayè montre se an gwo ponyèt li fonksyone. Li montre li pa gen okennn nosyon administrasyon. Li rekraze sistèm lan. E jounen jodi a, nou retonbe pi ba apre yon peryòd kote abone yo vin peye pi plis, sistèm lan vin bloke. PA GEN DLO! Nou ka di Meri a jwe yon gwo wòl nan gagòt sa a. Pou yo te fè gagòt la alèz, yo te apiye sou SNEP. E kounyè a, yo nan mera, yo chase SNEP kòm swadizan andikapan. Men nou dwe di tou, nèg ki nan meri a kounyè a ki ranplase premye nèg apre Aristid yo, te jwe yon wòl nan kraze komite popilasyon an te mete sou pye a. Depi anvan yo t al nan meri a, yo te deja responsab pratik negatif yo. Si pou konsta nou yo konplè, nou dwe lonje dwèt sou yon lòt pwen ki gen tout enpòtans li. Popilasyon an te jwenn sèvis ak komite a. Yo te jwenn pi bon sèvis. Men, globalman, yo te rete pasif malgre divès apèl komite a. Yo pa t rive konprann se yon KONBA e yo gen wòl yo pou yo jwe ladan li. Nou dwe di se yon gwo feblès e li lakòz raketè yo te pi alèz pou jwe move jwèt yo e debouche sou mera nou ye jounen jodi a.

Tou sa montre:

- Nou pa bezwen politisyen raketè yo, kowonpi yo. NOU DWE KANPE ANFAS YO !

- Nou KAPAB! Si nou pran, lè nou pran responsablite nou nan men nou, nou rive vanse.

- Ak pouvwa politik la, ak raketè nan tèt leta zòn lan, yo toujou ka sèvi ak politik la pou bloke nou. NOU DWE POZE PWOBLÈM POUVWA A APATI ENTERÈ REYÈL NOU.

Yon ti esperyans, se vre! Men li pèmèt tire gwo leson. E nou dwe jeneralize yo nan tou lit nou yo. Nou dwe kòmanse ranmase fòs pou nou reparèt e pran system lan an men. Depi kounyè a, nou dwe repran ti reyinyon ki e debouche sou komite nou an e nou dwe toujou rete mobilize.

Selon evolisyon politik ki pral fèt yo, kondisyon pou nou vanse yo ap diferan. Men nou dwe klè se rache pou nou rache sèvis yo, menm lè n ap pran yo an men. Lòt moun p ap vin fè nan plas nou pou nou. Nou dwe pare pou nou vanse kèlkeswa kondisyon yo.

ANN KÒMANSE ÒGANIZE POU SA, PANDAN N AP DENONSE RESPONSAB YO!

BATAY POU DLO POTAB LA SE YON BATAY PAMI DÒT,

MEN SE YON BATAY NOU DWE GENYEN!