Batay Ouvriye Banner

VRE SANS 8 MAS LA POU NOU MENM OUVRIYE

Anpil ouvriye, anpil fanm nan peyi a pa konnen gen yon dat 8 mas ki enpòtan pou yo. E anpil nan sa ki konnen yo pa reyèlman klè sou kote 8 mas la sòti, sa li vle di reyèlman. Nou menm ouvriye konsyan, ki sou lit, k ap òganize tèt nou, nou dwe toujou konnen rasin nou; nou dwe toujou klè sou lit klas nou an te mennen, leson nou aprann de lit sa yo. Jan nou konn di li deja, lavi nou se travay. Men an menm tan, lavi nou se BATAY.

Piplis toujou, nan klas ouvriyè a nan peyi d AYITI, anpil nan nou ap travay nan koud rad, kidonk nan endistri tèkstil. E dat 8 mas la makònnen ak lit ouvriyè nan endistri tèkstil. Malgre sa, anpil nan nou pa konnen kote 8 mas la sòti.

Depi 1975, ONI deside 8 mas se jounen entènasyonal fanm Kidonk, jounen entènasyonal tout fanm sou latè. ONI bay fanm yon jou menm jan gen yon jou pou sante, gen yon jou pou alfabetizasyon, andikape... Men ki sa sa vle di?

An jeneral, klas ouvriyè, mas travayè yo BATAY. BATAY yo gen de dat enpòtans ki parèt ladan yo. Dat sa yo toujou gen yon gwo sans e yo kontinye fè pati BATAY travayè yo, klas ouvriyè a. Nou ka sonje premye me.

An jeneral tou, devan realite sa a, klas dominan yo, boujwazi a onivo entènasyonal, konn fin pa rekonèt dat yo; men yo tou defòme sa dat sa yo, sa vle di: yo wete tout nanm ki nan dat sa yo, fè yo pèdi vre sans yo e WETE YO NAN LOJIK BATAY LA. Yo fè li pou premye me, yo vin rele li jounen entènasyonal travay. Yo fè li pou 8 mas. Kidonk, lit ki mennen kont dominasyon fanm sou latè fòse yo bay dat la, men yo deleye li nèt ale.


KI KOTE 8 MAS LA SOTI?

8 mas la se yon dat istorik. 8 mas 1908 se dat boujwa NAN VIL CHIKAGO OZETAZINI METE DIFE NAN YON IZIN TEKSTIL KOTE PLIS PASE 1000 ouvriye tap travay. 120 ladan yo mouri. Ouvriye sa yo te travay nan izin tekstil sa a. Kondisyon yo pat bon ditou. Anfèt se te yon reyèl prizon e ouvriye yo tap lite kont jounen travay ki te twò long. Ouvriye sa yo pat tèt bese. Se te ouvriye ki te nan batay e se poutèt sa boujwa sa yo te mete dife, touye yon pakèt ouvriye. E anyen pa fet devan katastwòf sa a a. Trajedi sa a montre jan kapitalism lan devlope sou kadav ouvriye.

Trajedi sa a vin mennen yon gwo mouvman solidarite onivo entènasyonal, yon gwo de¬nonsyasyon sitiyasyon ouvriye yo. Se nan kad mouvman sa a, nan peyi ALMAY, yon fanm vanyan revolisyonè ki tap goumen pou reyalizasyon enterè klas ouvriyè a, KLARA ZETKIN, te vini ak pwopozisyon pou fè dat 8 mas la vin jou entènasyonal fanm. Se FANM OUVRIYÈZ KI VIN AK KESYON AN, NAN LIT KLAS OUVRIYÈ A. E anfèt, jounen entè¬nasyonal fanm lan, se te JOUNEN ENTENASYONAL FANM TRAVAYEZ, ANPATIKILYE OUVRIYEZ.

Se te yon jounen menm jan ak PREMYE ME. Yon jounen BATAY kont sitiyasyon fanm tra¬vayèz yo ap sibi sou te a. Se te yon jounen BATAY pou defann dwa fanm travayèz yo: batay pou yo touche menm kalite salè ak gason pou menm travay la, batay kont asèlman y ap fè sou yo nan travay yo, batay kont lefèt se yo ki apre travay, blije al travay nan kay, se yo pou kont yo ki pou okipe ti moun.

Avek evolisyon lit klas ouvriyè a, gwo bak ki vin fèt patikilyèman nan dezyèm mwatye ventyèm syèk la, jounen entènasyonal fanm lan komanse pèdi vre sans li vin tounen jounen tout fanm. BATAY la vin dekonekte ak BATAY klas ouvriyè a pou li transfòme lavi li nèt ale. Sa rive fèt tou paske dòt klas vin pran batay fanm yo an men.

Sèten sektè nan boujwazi liberal la, ti boujwazi a rantre nan batay la, e yo vin melanje tout fanm kòm si tout fanm te gen menm pwoblèm. Yo vin dekonekte batay pou dwa fanm ak BATAY pou chanje lavi travayè. E nan anpil batay, BATAY la vin yon BATAY pou libète seks, yon batay pou libètinaj. Menm lè li pa rive jouk la, li vin yon batay anlè anlè ki pa konekte ak mas travayè yo, yon batay san pèspektiv klè, yon batay pèdi.

Se pa yon aza se ouvriye ki bay dat 8 mas la. Anfèt, jounen jodi TOUT BATAY POU EMANSIPASYON TRAVAYE BLIJE pati de enterè nou an, klas ouvriyè a. Sa valab tou pou batay pou emansipasyon fanm yo. EMANSIPASYON KLAS OUVRIYE A BLIJE YON EMANSIPASYON TOTAL. SI SE PA SA, LI PAP EKZISTE. Emansipasyon klas ouvriyè a, se sèl emansipasyon ki mande, ki komande emansipasyon fanm yo tou.

8 mas: yo di se jounen entènasyonal fanm.

ANN AYITI yo fete li kom si se te sa vre. Nan peryòd 8 mas la, òganizasyon fanm yo pwofite pou denonse divès abi fanm sibi nan sosyete yo, yo denonse de pwoblèm ki reyèl. Kidonk yo pote kontribisyon yo nan limit klas yo ladan li an, nan lit pou liberasyon fanm. Men 8 mas pou nou menm ouvriye, se dat ki raple nou FAKTORI-PRI ZON yo kote si gen dife nou tout ap peri. Li raple nou esplwatasyon nou menm fanm ouvriyèz ap sibi, dominasyon anplis n ap sibi paske nou se fanm, kondisyon patikilye nap sibi esplwatasyon an. Li raple nou kapitalism lan bati sou kadav ouvriye. 8 mas pa dwe sèvi pou mete ouvriyèz Klasik Aparèl nan menm sak ak yon sousèdsan tankou madan Baya. Li pa dwe sèvi pou mete ouvriyèz CEE osnon Vetèks nan menm sak ak yon rapas reyaksyonè tankou Mari Bekè. Li pa ka sèvi pou mete ouvriyèz nimewo 20 Pak Endistriyèl nan menm sak ak Madan Ipolit. Nou dwe toujou klè madan Ipolit, madan Baya, Mari Bekè… yo tout se gwo lènmi nou. Menm sou kesyon fanm lan, nou pa gen anyen pou wè ak yo. Nou pa gen okenn batay ki ka mete nou sou menm bò. 8 mas se dat ki pou raple nou menm lwa ki nan Kòd Travay yo a ki konsène nou menm ouvriyèz, yo pa respekte li. 8 mas dwe raple nou menm ouvriyèz, gen lòt fanm travayèz ki yo menm tou domine nan sosyete a, kit se peyizan machann, ti atizan, divès anplwaye e sitou moun ki travay kay moun yo (bòn, lesivyè, restavek)... Yo menm tou kòm travaye e kòm fanm yo nan kanno. Emansipasyon yo mande inite kan pèp la, inite nan mitan fanm travayèz yo nan lit global yo e nan lit pou emansipasyon nou tout fanm travayèz.

Sa mande nou menm fanm ouvriyèz konsyan, nou menm fanm ouvriyèz ki nan batay, nou pran responsabilite nou kòm sa dwa.

Nou menm fanm travayèz, n ap sibi tout kalite imilyasyon nan izin yo, kèlkeswa travay n ap fè nou esplwate, imilye, oprime, domine 2 fwa. 8 mas se dat pou nou poze nesesite lit pou emansipasyon nou kòm travayè, kom ouvriye fanm. Sa mande lit kont sistem ki ponn dominasyon n ap sibi a, lit nan mitan nou pou yon lòt konsepsyon fanm, yon lot konsepsyon rapò gason ak fanm, yon lòt konsepsyon gason kote nou egal gason nan BATAY nou, nan travay nan kay. E gras a inite nan mitan nou, nou rive konstwi nouvo sosyete a, sosyete san klas, san dominasyon, san dominasyon sou fanm.

VIV LIT KLAS OUVRIYE A!
VIV EMANSIPASYON FANM TRAVAYEZ YO, FANM OUVRIYEZ YO!

VIV LIT KLAS OUVRIYE A!

VIV EMANSIPASYON FANM TRAVAYEZ YO, FANM OUVRIYEZ YO!



FANM NAN KLAS OUVRIYE A

Jounen jodi a, se yon okazyon pou nou pouse refleksyon nou pi lwen sou sitiasyon fanm yo, sitiasyon fanm travayèz yo. Pou nou menm ouvriye, li enpotan nou chita sou sitiasyon nou menm fanm ouvriyèz. Nou dwe klè sou yon bagay: se pa yon moman pou nou chita plenyen. Se yen moman pou nou wè pi klè nan jan pou nou vanse nan BATAY nap mennen, BATAY nou dwe mennen, pandan nap kenbe kont a tout rigè nesesè a espesifisite nou kòm fanm. Kidonk li enpòtan nou chita ansanm sou FANM NAN KLAS OUVRIYE A.

Nan klas nou an, menm jan ak nan lot klas sosyal yo, fanm yo gen yon gwo wôl pou yo jwe nan repwodiksyon fisik klas la. Se yo kap fè pitit kap vin bay nouvo ouvriye. Fanm yo gen yon gwo responsablite nan eleve pitit yo. Kidonk yo gen yon responsablite enpotan nan repwodiksyon klas la. Men si n ap gade klas ouvriyè, fanm yo gen anpil lòt responsablite ki trè gran. Nou dwe klè sou yo, nou dwe konsyan de yo pou nou ka fè fas a yo pi byen.

Oryantasyon kapitalism lan nan peyi dominasyon enperyalism lan nan peyi a lakoz nou gen devlopman kalite endistri yo rele endistri soutretans yo. Se yo ki gen tandans ogmante, alòske izin nasyonal ak matye premyè nasyonal, pou pwodiksyon ki a konsomasyon nasyonal pratikman bloke. Se sa ki kapab pèmèt meyè devlopman kalite antrepriz sa yo, boujwa ayisyen yo ansanm ak boujwa enperyalis yo, itilize pou fè antrepriz sa yo mache. Nou kapab di yo plis enterese nan anplwaye ouvriye fanm. Yo gen plizyè rezon ki fè yo pran oryantasyon sa a. Pou yo, fanm yo pi soumi. Konsa ap gen mwens pwotestasyon, mwens lit nan izin yo e konsa ap gen meyè kondisyon pou esplwatasyon an devlope. Pou yo tou, fanm yo kapab fè sèten travay pi byen e ak plis swen, Kit se nan kouti, kit se nan elektwonik yo te vo fanm pi rantab. Pou yo toujou, jan fanm yo ye nan peyi a globalman, ap bay fanm yo plis limitasyon e anpeche yo pran chemen kap pèmèt yo defann e rache dwa ye. Sot nan nan izin lan, yo gen pou al fè travay nan kay. Yo plis pran nan kesyon relijyon an... Sou kote tou sa, jan sitiyasyon an ye a, mizè plis mantalite ki nan peyi a, fasilite koripsyon gaye. Ak koripsyon an yo kapab detounen fanm yo e konsa anpeche yo oryante yo e ran¬tre nan BATAY pou defann dwa yo. Nan jan sosyete a oganize a, fanm yo pap travay, yo pa gen kòb rantre nan men yo, yo pi fasil aksepte yon sale mizè.

Jan nou kapab wè, boujwazi a pa aji nenpot ki jan. Li fè gwo kalkil pou li fè kapital li rapòte. Li fè gwo kaikil pou li esplwate pi byen ouvriye l ap esplwate yo. Sèl sa li konnen, se ogmante pwofi li. E nan sa, li gen moun ki viktim: se nou menm fanm ouvriyèz.

Nou kapab mande: wi, men eske yo atenn objektif yo? Nou pa dwe pè re¬ponn yo atenn objektif yo. Kalkil yo fè yo bay. Kondisyon devlopman klas ouvriyè a lakòz lit yo gen gwo limit. Se yon realite istorik nou dwe klè sou li. E se lè nou klè sou li nap kapab travay pou nou depase li.

Menm si yo atenn objektif yo a, nou dwe klè tou se pou yon moman. Kit li fanm, kit li gason, sa ki fondamantal se esplwatasyon yap sibi nan kapitalism lan. Esplwatasyon sa a toujou gen baz pou ouvriye vanyan pran responsa¬blite yo e rantre nan batay. Kapitalism lan menm se yon lekòl lagè kote klas ouvriyè a toujou ap aprann goumen pi byen. Fanm ouvriyèz yo rantre nan batay. Menm kant mank esperyans, limit kapasite yo ka lakòz batay sa yo gen sèten li¬mit, men se nan batay la menm yap devlope kapasite yo, menm jan sa fèt pou kèlkeswa moun lan, kit li fanm, kit li gason.


KI SA ESPERYANS YO MONTRE?

Depi nan relansman mouvman sendikal la espontanenan nan peryòd ane 86—87 yo, nou te gen fanm ouvriyèz ki te pran inisiativ mete òganizasyon sou pye pou defann dwa yo. Nan plizyè sendika, fanm ouvriyèz te gen responsablite nan direksyon sendika yo. Se sèten nou pat jwenn yo nan direksyon santral pouri yo, men se nòmal. Direksyon santral pouri yo te gen ladan yo tout sa ki pi pouri nan sosyete a: koripsyon, vòl, mepri pou fanm, tete lang ak patwon, vann lit klas ouvriye a. Men nou te jwenn fanm yo nan sendika tankou: IMEKS, DANNFRED, ATLETIK...

Avèk tandans ki devlope nan endistri yo, kote yo plis ap anplwaye fanm ke gason, swadizan pou kraze lit klas ouvriye a, nou vin nan yon sitiyasyon kote fanm yo vin ap jwe yon pi gwo wòl toujou nan devlopman lit klas la. Nou ka annik sonje BATAY OUVRIYE Chansrèl Manifakti: tout te fanm. Karibeyann Kontraktor tout te fanm, batay nan divès izin ... Men nou ka gade tou òganizasyon ki mete sou pye yo: yo chaje fanm e nan sèten ka se prèske fanm sèlman. Se ekzanp BVF aparèl. Kidonk nan BATAY la, fanm yo blije pran responsablite yo e yo pran li.

Eske yo rankontre gwo difilkilte?

Nou ka di wi, nou rankontre gwo difikilte. Sosyete a pat fòme nou pou nou te fè tèt nou konfyans. Nou pa fè tèt nou konfyans. Sosyete a pa fòme nou pou te gen kapasite nesese pou nou vanse pi byen nan lit la. Se nan lit la n ap devlope kapasite nou, nan anpil ka nou jwenn ouvriyèz kap di “si te gen gason, bagay yo tap yon lot jan”. Yo bliye pakèt moun ki tap vann lit yo nan ane 86-87 yo e ki tap dirije santral pouri yo, se te yon bann gason. Nou kapab di kit li fanm, kit li gason, yo kapab sousou yo kapab konbatan vanyan. Mank esperyans nou pa dwe lakòz nou souzestime tèt nou. Sa ki enpòtan, se plas nou nan sosyete a ki mande nou pran kouraj nou, nou ranmase kouraj nou e nou rantre nan batay kòm sa dwa. Nap devlope kapasite nou nan batay e n ap gen plis konfyans nan tet tèt nou.

Gen lòt difikilte nou rankontre tou. Anpil nan nou se manman pitit san mari. Nou viktim mepri pou fanm, dominasyon global fanm ap sibi nan sosyete a kote gason annik ap simen pitit epi vire do yo. Sitiyasyon sa a lakoz nou chaje responsabilite sosyal a nou paka fè fas a yo. Pou nou eseye kenbe, nou blije nan tout ka¬lite monte desann. E sa lakòz tan nou piti anpil. E lè sa a nou gen gwo difikilte pou pote kontribisyon nou nan konstwti òganizasyon klas nou an. Se yon gwo pwo¬blèm. Men nou dwe konsyan nou blije pote kontribisyon nou kan menm. Se sèl mwayen pou nou sòti nan sitiyasyon sa a. Se paske sitiyasyon sa a ekziste ki fè nou bli¬je lite. Fòk salè nou monte, pou nou pa blije ap soti nan nimewo 38 la a 6è, 7è di swa pase nou blije fè siplemantè. Fòk salè nou ogmante pou nou pa blije ap gade si pou nou gen yon demele, yon ti komès pou konplete sa nou fè nan izin lan. Fòk salè nou ogmante pou nou pa blije ap kase tèt nou, fè divès devire ap chèche yon woulman pou nou kapab kenbe, kidonk fòk nou LITE pou amelyore sitiyasyon global la pou nou kapab gen plis alèz, pou nou lite pi plis e pi byen.

Menm jan an tou, apre travay, tout responsabilite sou do nou nan kay la, menm lè nou gen yon gason nan kay la ak nou. La tou, sa bay pwoblèm. Lave pase, prepare ti moun pou al lekòl, fè manje… tou sa, se nou. Kote tan pou nou òganize nou? Pa genyen. Li vin pi difisil pou nou òganize nou.

Nou pa gen mari, nou gen pwoblèm. Nou gen mari, nou gen pwoblèm pi rèd. Non sèlman yo pa ede tout bon vre laplipa di tan nan kay la, men yo konprann pou anpeche nou patisipe nan lit klas ouvriyè a, nan òganizasyon klas ouvriyè a. Nan anpil ka, sa vini difèt koupl yo melanje. Mari nou pa ouvriye parèy nou, yo pap pran menm frap la, yo nan menm batay la. E gen dominasyon global fanm yo ap sibi a.

Tou sa lakòz nou gen blokaj. Tou sa lakòz nou anfas gwo difikilte. Men malgre tou èske nou rive vanse. Wi, nou rive vanse. Nou sot montre gen fanm ouvriyèz ki pran responsablite yo kòm sa dwa. E gen plis toujou k ap pran responsablite yo. Sa ki poko anagje yo dwe konsyan, sa ki angaje deja yo, gen menm pwoblèm ak yo. Men sou baz konsyans yo, detèminasyon yo, yo fè efò nesesè a, y ap fè efò nesesè a pou yo chanje lavi e pran plis responsablite. Se wout sa a nou dwe pran, kontinye pran.

Men an menm tan, nou pa dwe aksepte kalite dominasyon n ap sibi antanke fanm lan e ki gen efè negatif sou patisipasyon nou nan lit. nou dwe reziste, lite ansanm en ou chak sou bò pa nou, kont dominasyon sa a. gen gason ki konprann kesyon an e ki nan batay ak nou poiu emansipasyon klas nou an, k ap pote kole kòm sa dwa ak nou nan batay pou soti nan dominasyon sa a. kidonk nou dwe fè efò a, rantre nan batay la piplis pandan n ap batay kont dominasyon sou fanm lan kap bloke nou an.

Responsablite nou deja gwo nan lit nou dwe mennen chak jou pou nou amelyore kondisyon nou yo. Men responsablite nou yo pa rèt la. Yo ale bokou pi lwen. Peyi a ap travèse yon moman ki trè difisil. Tout klas sosyal ki eseye vin ak yon altènativ yo fè fayit. Sa valab kit se boujwazi a ki pa gen solisyon kit se tiboujwazi a ki li menm pandan 10 ane ki sot pase yo, dirije lit popilè yo, e fè fayit. Se nou menm antanke klas ki gen yon responsablite istorik: PATI DE ENTERE KLAS NOU AN POU NOU VINI AK ALTENATIV PA NOU, SEL ALTENATIV KI KAPAB WETE NOU NAN TWOU NOU YE A. Responsablite klas nou an gwo anpil, kit se nan peyi a, kit se onivo entènasyonal. Nou ka pa konsyan de sa, men lit n ap mennen yo ap pèmèt devlopman konsyans sa a. Responsablite nou yo gwo pou chanjman global la n ap goumen tou pou emansipasyon nou menm fanm travayèz, nou menm fanm ouvriyè. Nou gen yon gwo pwa sou do nou. Se pa yon kwa. Se pa yon responsablite istorik. Fòk nou pran li ansanm ak gason k ap lite nan klas nou an. San sa, PA GEN SOLISYON.

Sa nou deja fè, esperyans nou deja fè, montre nou:

Pwa fanm yo nan òganizasyon klas ouvriyè a deja gwo e ap vin pi gwo. Pwa yo deja gwo nan sendika, komite izin, komite zòn…. Esperyans yo montre nou responsablite nou menm fanm n ap pran malgre tout difikilte nou genyen yo. Nou dwe lite pou nou pran plis responsablite sou yon pye egalite ak kanmarad vanyan gason ki nan lit la ak nou pandan n ap devlope konsepsyon klas nou an sou rapò gason fanm, rapò kote nou dwe gen egalite, respè, inite nan batay klas nou an nan enterè klas la.

BATAY KONT BOUJWAZI A PA PITI. N AP MENNEN LI KOM SA DWA.

BATAY POU EMANSIPASYON NOU KOM FANM NESESE TOU,

NOU DWE MENNEN LI E SE NOU SEL KI KA REYISI LADAN LI TOUT BON VRE.

EMANSIPASYON FANM PAP FET ANDEYO EMANSIPASYON TRAVAYE YO,

EMANSIPASYON KLAS OUVRIYE A.

VIV LIT KLAS OUVRIYE A!