Batay Ouvriye Banner

BILTEN POLITIK Seri II, No. 2 - "Lwa 'Hope' la"  - Jen 2007

(Telechaje Fòma enprimab, rekto-vèso, papye 8.5 x14)
"Talala hop, hop, hop…
Talala HOPE
Zegwi kase!"

Nan tout radyo, tout jounal, tout televizyon, nan kad "devlopman" enpeyalis yo, boujwa yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a rezève pou travayè ayisyen, gen yon dènye pawòl n ap tande tout tan, se lwa « HOPE » la. Kongrè ameriken an finalman vote l dekwa pou li règlemante sèten echanj komèsyal ant Etazini ak Ayiti. Se yon lwa ki louvè tout baryè pou tou 2 peyi yo ka fè sèten echanj komèsyal libelibè, san pa gen dwa dwàn ki peye pyès kote, ni pa gen pyès taks pyès leta ap touche sou machandiz yo, ni pa gen pyès antrav k ap pote anfas lib sikilasyon yo. Machandiz lwa a konsènen, se sila yo pwodyi nan kad tekstil, nan soutretans lan. Premye minis Alexis sot fè yon vwayaj kote li t al fin presize dènye detay pou lwa sa a aplike.

Men, sa gwo piblik la pa konnen twò byen, se diferan angajman paralèl gouvènman ayisyen an pran. Tou dabò, li angaje l pou wete tout kontwòl sou pwodyi ameriken k ap antre yo, nan sans li pa ka di kilès ki pou antre, kilès ki pa ka antre. Li pa gen pyès traka pou l bay kapital miltinasyonal yo nonplis, ni li pa gen dwa mete pyès kontwòl sou pri machandiz k ap vann isit, kidonk Ministè Kòmès ak Endistri pa gen kontwòl l ap mete sou okenn pri. Pou fini, li angaje li pou vanse nan pwogram privatizasyon sèvis piblik yo.

ISTWA KI MENNEN NAN LWA « HOPE » LA

Depi ane ’70 yo, sou Jan Klod Divalye, boujwazi biwokratik divalyeris la te deja gen entansyon vann travayè ayisyen yo nan kad yon akò li ta pral siyen pou premye zòn franch lan. Se te nan lane 1972. Nou dwe sonje gouvènman Divalye yo te deja gen abitid vann travayè ayisyen yo bay kapitalis dominiken pou y al souse san yo nan batèy chan kann. Men, pou tablisman kalite ‘devlopman’ tankou zòn franch yo, nan kontèks kontradiksyon ak evolisyon ki t ap fèt nan lòt peyi domine zòn lan, fòk yo te libere fòs travay la piplis. Sou yon bò, yo fin masakre kochon kreyòl yo (toujou sou Jan Klod) pou demanbre ti peyizan yo, kraze sik la (sou CNG), prèske depafini diri a (depi sou Bazen), pandan rès agrikilti a t ap fin dekrenmen e migrasyon an fin ap dewoule kou larivyè san, pou teyat nasyon an te fin blanch ra pye tè pou mendèv pi bon mache sa a te fin mi. Sou yon lòt bò, koripsyon maksimòm ak blokaj enstitisyonèl prezidans avi a, te jennen lib sikilasyon kapital la. Yon fwa sa rive debloke, yo chache soti ak yon premye lwa, se te HERO-ACT. Sila a echwe. Men, sitiyasyon an evolye piplis. Bank yo fin blayi nan peyi a, dekwa pou fasilite konsantrasyon ak sikilasyon kapital la. Devan enkapasite total klas dominan yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a an patikilye, enpeyalis yo anvayi. Jounen jodi a, ak okipasyon an, sitiyasyon an piplis anba kontwòl yo, kondisyon yo meyè pou rapas yo vini: lwa HOPE la ka vin ateri.

Jan nou kapab wè, lwa HOPE la, se yon rezilta. Yon rezilta istorik destriksyon peyi a depi sou Divalye pase nan tout diferan gouvènman k ap swiv la yo, jouk sila Aristid la ki vin ratifye pwosesis demantèlman nasyonal la nan siyen pou 18 zòn franch nan Monterey e inogire konstriksyon premye a nan Wanament, an kachèt, nan lane 2002. Lwa HOPE la se yon rezilta demantèlman istorik nasyonal la men tou se rezilta apovrisman e devalorizasyon konstan valè reyèl mendèv la (non sèlman nan peye l yon salè mizè; non sèlman nan reprime l tribò babò dekwa pou li pa janm ka òganize l pou defann dwa l tout bon e, lè sa a, lite pou rive ogmante salè l; men tou, nan pèmèt e lese grennen yon lamizè jeneralize k ap mache ak pri tout machandiz k ap kontinye monte pandan leta pa di anyen nan sa, alòske goud la ap devalye chak fwa li nesesè pou salè ki kalkile an dola a toujou vo mwens an goud). Listwa makab sa a, kidonk, pase nan divès etap anvan enpeyalis yo, boujwa yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a fin panse yo kapab soti e aplike yon lwa ki pou pèmèt yo reyalize benefis bab ak moustach sou mendèv pi bon mache sa a, nan kad "avantaj konparatif" yo.

KONTÈKS ENTÈNASYONAL LWA « HOPE » LAN PARÈT LA : RAPÒ AK REPIBLIK DOMINKÈN

Premye bagay pou nou wè : lwa « HOPE » la mache ak yon seri lòt lwa ki akonpaye l. An patikilye youn ki lye peyi Dominikani, ansanm ak 5 lòt peyi nan Amerik Santral la (Nikaragwa, Ondiras, Gwatemala, Panama ak Salvadò), kidonk CAFTA-DR, kote se menm kondisyon yo k ap dewoule pou lesplwatasyon lib-e-libè travayè tout peyi sa yo, san pyès benefis pou ekonomi peyi yo globalman, sòf kèk miyèt pou boujwa soutretans yo ki, yo menm, pa envesti nan anyen dòt e rete nan menm soutretans lan tout vi yo.

Gen yon aspè nan akò CAFTA-DR sa a, sepandan, ki konsènen nou nan lamezi kote lwa sila a fè konnen : pou kapitalis dominiken yo, tout sa yo pwodyi nan peyi d Ayiti e yo kapab ekspòte nan peyi Etazini, benefisye akò sa a tou. Nou konprann atò enterè kapitalis dominiken yo nan vin envesti nan peyi isit. Nou konprann enterè yo nan rezoud kriz peyi d Ayiti, kote yo menm pwopoze se yo ki pou ta pran an men rektifikasyon ki nesesè pou fè mache "konglomera imen" sa a (egal: "makòn moun sila yo", se konsa yo nonmen fòmasyon sosyal peyi d Ayiti). Kidonk, pou enterè yo, non sèlman isit pri reyèl mendèv la 4 fwa pi bon mache pase sa lakay yo men, ankò, yo jwenn de kondisyon kote reprezantan boujwa yo ki isit la ansanm ak leta reyaksyonè yo a, garanti yo piplis pase lakay yo! Nou annik sonje, nan tribinal Fò Libète, egzanp ka lajistis ki te sitèlman pase aklè (lè lame dominiken te rantre bat ouvriye ayisyen yo devan zòn franch Wanament lan, kote ata fanm ansent yo te trennen nan labou devan tout yon popilasyon) ke jij Fò Libète a te bay ouvriye ki te pote plent yo rezon e mande reparasyon pou yo ak sanksyon pou chèf sekirite Grupo M a, yon ansyen kolonèl lame dominiken. Eben, Minis Lajistis Pòtoprens lan, anba lezòd Minis Kòmès ak Endistri a, te voye yon lèt blam bay jij sila a, kote l ap di li: si li aplike vèdik sa a, "l ap fawouche envestisè yo"!! Lwa « HOPE » la vin ranfòse avantaj yo ka jwenn yo. Tou sa ap fèt nan yon moman kote, globalman, penetrasyon kapital dominiken an ap vin pi fò. Y ap vanse nan yon pwosesis aneksyon defakto Nòdès peyi a e se nan kad penetrasyon-aneksyon sa a lwa « HOPE » la pral fonksyone.

Boujwazi dominikèn lan te deja enterese vin envesti nan peyi a, patikilyèman nan soutretans. Se sa ki esplike, pa egzanp, prezans Gwoupo M, osnon 3 izin Wilbès ki ap fonksyone isit men kote direksyon jeneral yo a baze an Repiblik Dominikèn. Gen anpil lòt ki t ap vini ankò. Yo tout, lè a, se paske yo t ap chache rezoud yon pwoblèm kota. Men, pou yo, sa pa t ase. Fòk te gen plis. E se nan sans sa a nou di : kesyon « HOPE » la, li pa izole.

LWA « HOPE » LA : DIFERAN ATIK NAN LAPRÈS

Divès atik deja soti nan laprès pou kritike aksyon sila a. Sou divès ang, analiz sa yo montre kouman se yon zak demisyon total gouvènman an ap poze ; yo montre tou kouman se pa posib pou yon gouvènman angaje yon ekonomi nètalkole konsa nan oryantasyon soutretans lan sèlman, pandan pa gen lòt altènativ li pwopoze apa zòn franch. Yo montre, an gwo, ekonomi sa a pap pote anyen pou devlopman nasyonal la, ankò mwens pou devlopman entegral peyi a, etan done pa gen pyès mezi akonpayman ki pran pou revitalize ekonomi nasyonal la, ni pa gen pyès matyè premyè k ap soti ni fèt isit; ki fè se de veritab anklav zòn pwodiksyon sa yo ap ye. Anfen, ke se yon veritab "epe Damoklès", ki vle di yon malè pandye total kapital, etan done se pi fò pati ekonomi tout peyi a, piti piti, ki pral depann totalman e inikman de kòmann miltinasyonal yo.

LWA « HOPE » LA, SE MIZÈ AK ESPLWATASYON ANRAJE

Lè nou konnen miltinasyonal sila yo, nan lojik bouske tout tan pi bon kondisyon pou tèt yo sèlman an, toujou ap "delokalize" depi yo jwenn pi bèl avantaj lòt kote (e yo menm sèvi ak sa kòm chantaj), nou vin wè: non sèlman se yon malè pandye pou ekonomi peyi a globalman (ki pral toujou sou presyon delokalizasyon sa a), men nou vin konprann tou, nan jwèt sa a: sèl kote boujwa yo pral transfere presyon delokalizasyon an, se sou salè ouvriye yo, paske, nan peyi sa a ki fin detyi a e ki pa ofri pyès sèvis, se sèl jan pou yo rete "konpetitif". Se pwòp pawòl pa yo: "avantaj konparatif yo, se mendèv peyi d Ayiti ki pi bon mache pase tout kote"! E nou dwe klè, selon lojik ki pi senp lan: pou "avantaj" sa a toujou rete "avantaj", fòk li mache men nan men ak yon represyon anti sendikal grenn kraze ansanm ak yon lamizè jeneralize pou kenpòt travayè toujou dispoze al travay nan zòn franch yo pou salè mizè y ap ofri a e, kòm li gen pou l rete "konpetitif"(egal pi ba posib), valè mendèv la, kidonk salè a, ap, okontrè, deplizanpli devalorize. Kidonk, nan kad lojik konpetisyon kapitalis sa a, lamizè jeneralize pèp ayisyen, se avantaj boujwa, e SE PARAMÈT PRENSIPAL POU LWA « HOPE » LA APLIKE E FONKSYONE TOUT BON VRE.

Lè nou reflechi sou tou sa, nou dwe tire leson tou de esperyans enplantasyon soutretans lan nan peyi a. Lwa « HOPE » la, si li aplike, ap gen ekzakteman menm efè yo. Tou dabò l ap mache ak yon lòt vag akselerasyon migrasyon, an direksyon zòn esplwatasyon nouvo faktori yo. E nouvo faktori sa yo ap ogmante mizè nan zòn esplwatasyon yo globalman. Sa ap bay baz pou plis bidonvil ak tout konsekans yo (pami yo, posibilite pou popilism lan repwodyi alèz, vyolans, ensekirite). Men l ap pote mizè nan yon lòt sans tou : moun k ap emigre yo ap soti anpil nan zòn riral yo, e sa ap gen efè ranfòse degradasyon agrikilti a piplis, kidonk plis mizè, plis depandans. Se vre, deja gen migrasyon an direksyon Repiblik Dominikèn ak lòt peyi. Men sa pral absè sou klou, pase li pap fè lòt vag migrasyon yo bese.

Nou rete sou ‘avantaj konparatif’ la ak salè mizè a. Anfèt, sa pa gen lòt non, se : esplwatasyon anraje a ! Vreman vre, pou kenbe to pwofi yo wo, yo oblije mentni yon salè ki trè ba. Nan sa ouvriye a pwodyi a, l ap jwenn ankò pi piti, pandan y ap fè piplis sou do li. Tou sa, se dekwa pou yo rive kenbe nan chen manje chen sistèm kapitalis lan enstale a e kote enpeyalis yo ap vin pran pi gwo mago a.

LWA « HOPE » LA AP APLIKE NAN KAD ENPINITE AK ILEGALITE TOTAL BOUJWAZI A ANSANM AK LETA YO A

Lwa « HOPE » sa a rantre nan kad aplikasyon enpinite total kapital boujwa yo nan peyi isit. Vreman vre, nan mwa ki sot pase yo, kit nan brasri Lakouwonn, kit nan brasri Lako, kit nan Brasri Nasyonal branch Nò, kit nan Wilbess, chak fwa ouvriye yo resi mete yon sendika sou pye, direksyon izin sila yo swa revoke ouvriye pi konbatif yo, swa revoke tout ouvriye sendike yo, jan sa fèk fèt nan Brasri Nasyonal branch Nò a. San pyès rekou pou travayè yo, san pyès reparasyon, malgre enspektè Ministè Afè Sosyal yo te wè klèman revokasyon sila yo te abitrè e ilegal! Kidonk, se nan kad enpinite total kapital boujwazi a lwa HOPE sa a pral fonksyone.

Men se nan kad ilegalite total pwòp leta a tou. Etan done atik 137 Kòd Travay la byen di pou salè minimòm lan ajiste chak fwa kou lavi a ogmante pase 10%. Atik sa a, ki fè pati Kòd Travay represif Divalye a (ke yo pa janm manyen, pandan "demokrasi" a chanje tout lòt lwa) te fèt, nan epòk pa l, okontrè, pou bloke tout ajisteman salè, poutèt potko gen yon enflasyon ki te rive depase 10% (ki fè, si li te rive 7, 8 oswa 9%, pa t ap gen ajisteman salè). Jounen jodi a kote tout machandiz ap monte san rete, kote enflasyon an chak ane depase 20, 30, 50, 100% pafwa..., atik sa a, leta pa janm aplike l (menm lè yo te mete salè minimòm la 70 goud la, mezi sa a te pi ba anpil pase sa li ta dwe ye, si nou konpare ak salè minimòm 15 goud la, ki te vo 3 dola ameriken oswa sila 28 goud la ki te vo 4 dola ameriken lè a!). Jounen jodi a, salè minimòm lan vo 1,75 dola ameriken! Kidonk lwa HOPE la, se nan kad ilegalite pèmanan leta ayisyen konsènan ajisteman salè minimòm lan li pral fonksyone.

LWA « HOPE » LA : OKIPASYON !

Nou deja wè kouman se nan kontèks okipasyon an lwa HOPE lan ap aplike. Li enpòtan, anplis, pou nou konprann : pou lwa HOPE la aplike, etan done enkapasite klas dominan yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a, etan done tansyon ak posibilite eksplozyon pèmanan sitiyasyon malouk lamizè chen anraje sa a pwodyi a e, ankò yon fwa, enkapasite klas dominan yo ansanm ak leta yo a pou fè fas a sa pou kò yo, FÒK GEN OKIPASYON ! E se tou sa y ap maske lè y ap fè bri sou kesyon ‘pote travay’ la. Pa ka gen aplikasyon lwa HOPE la san fòs represif. Ni andedan izin yo men, tou, ni andeyò izin yo. E la, fòk gen yon aparèy represif ki la pou entèvni.

Avèk mizè-esplwatasyon an, pa ka pa gen REZISTANS. Lè sa a, pou klas dominan yo, FÒK GEN REPRESYON. Jounen jodi a, lapolis pa gen kapasite asire represyon an sou tout teritwa a, pa menm nan tout Pòtoprens. Fòk gen fòs etranjè yo, non sèlman ak tout gwo zam ansanm ak gwo tank ki la deja yo men de fòs militè etranjè ki, anplis, gen kapasite pou yo ogmante kantite sòlda, zam, ansanm ak tank, rapid, depi li nesesè.

Sou kote sa, fòk genyen tou yon minimòm administrasyon politik k ap dirije tout pwosesis la e ki kapab pran de desizyon ki respekte onivo baz entènasyonal la. La tou, ak kriz leta a, enkapasite fonksyònman l ki bay yon total mank kredibilite aleksteryè, fòk fòs politik etranjè yo la sou teren an. Fòk, anfèt, se YO ki jwe wòl leta a. Lwa « HOPE » la mande repwodiksyon OKIPASYON an e menm ranfòsman l.

Men, an menm tan tou, lwa HOPE la, se apati yon pèp about yo twonpe, yon pèp about ki te fè dirijan li te mete la yo konfyans. Yon pèp about nan mizè l, ki blije pran sa y ap ba li a pou li pa fin mouri nèt, menm si li ka ‘santi’ (soutretans lan te "bay travay" lontan!), nan kondisyon sa yo, se mouri li pral mouri pi rèd. Men se nan kad yon pèp about tou, ki pap ka kontinye viv nan lamizè, dezolasyon ak malsite enpeyalis yo, boujwa isit yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a vle foure nou an, san li pa leve kanpe. Sitiyasyon sa a, se prepare l ap prepare, se pwofonde l ap pwofonde piplis yon ensekirite estriktirèl grav. Se la nesesite FÒS OKIPASYON an pou yo! Se la yo gen bezwen yon lame represif (Brezilyen, Ajanten, Chilyen, Irigweyen, elatriye...) vin kontinye fè sa yo te toujou ap fè lakay yo: reprime ouvriye, travayè, reprime mas popilè yo. Pou kenbe yo nan lapè. Lapè sa a ki alòddijou a : yon lapè simityè.

SA LWA « HOPE » LA MONTRE ANKÒ

Lwa HOPE la, se yon teknikalite ant boujwa. Li trete mekanism ki pou fasilite epi regle kòmès ant kapitalis ameriken yo ak jeran yo isit, kidonk entèmedyè ayisyen an. Li tabli diferan kalite machandiz yo, li bay chak plas pa l nan avantaj l ap jwenn; li presize tarif yo, li fè konnen sa enstitisyon kontwòl teritwa peyi Etazini ap kite pase, kouman, ki lè (remake gen yon òganism kontwòl teritwa peyi Etazini...). Men, sitou, li montre soumisyon boujwazi sousou ki nan peyi d Ayiti a ansanm ak tout tyoul ki nan leta yo a. Lwa HOPE la montre karaktè ANTI NASYONAL klas dominan ayisyèn yo.

Nan kad lit kont aplikasyon san gade boujwa diferan peyi Amerik Santral yo te vle fè ak CAFTA-DR la, santral sendikal diferan peyi sa yo te kowòdone lit yo e te resi fè enkli kèk konsiderasyon jeneral konsènan respè dwa travayè yo nan faktori yo. Nan kad lit ouvriye zòn franch Wanament la, ouvriye yo te resi fè Grupo M asepte prensip yon kontra travay kolektif, si tèlman ata Bank Mondyal blije asepte pou lè koulye a l ap fè yon prè bay nenpòt ki kapitalis pou mete zòn franch, fòk dwa sendikal la respekte e yon kontra travay kolektif diskite.

Se vre, lwa HOPE la montre fòk yo respekte dwa travayè ak nòm entènasyonal yo. Men nou dwe klè : pa gen okenn mekanism onivo entènasyonal ki ka fòse yo respekte yo. Onivo nasyonal, se Kòd Travay la ki ta dwe fòse yo. Men se menm Kòd Travay la ki sou kou ouvriye yo. Okontrè, malgre li ba yo pasaj pou fè sa yo vle, jounen jodi a, boujwa yo ap chache sere li pi fò toujou kont enterè ouvriye yo. Avèk yon Afè Sosyal trè fèb, tchoul boujwa, e yon lajistis yo kontwole, nou pa bezwen mande sa sa pral bay ! Piplis yo ka mande yo, se tanzantan yon amand ki se yon ti monnen pou yo, yon ti monnen yo toujou pare pou bay. Kidonk, « pozisyon jeneral » ki ekri nan lwa HOPE la, pa gen okenn pètinans. Menm si n ap gen pou itilize li nan batay nou, ak èd solidarite entènasyonal la.

Sè ke boujwa ayisyen an k ap jwe wòl entèmedyè nan akò HOPE sila a, fò n pa bliye yo di se li ki pi mal nan lemonn ! Sa, se dapre pwòp boujwa ameriken yo ki rele ti sousou-rapas bò isit yo "lelit ki pi repiyan nan lemonn". Boujwazi sa a pa ka enterese nan dwa travayè : lavi li chita sou vyolasyon dwa travayè yo. Kidonk, se pa sipriz si li annik asepte pozisyon jeneral la : fasad sa a kont pou li, okontrè, l ap ede l mistifye moun menm, etan done li konnen trè byen li gen kapasite pou fè pozisyon jeneral sa a pa janm fonksyone vre. E, etan done, jan nou te wè, se nan souse ouvriye ayisyen an jouk nan zo li ka jwenn ‘avantaj konparatif’ li, jan sa te toujou fèt nan premye epòk soutretans lan, se lekontrè ki ta etonan. Tout refleksyon sa yo montre nou Ki WOTÈ karaktè ANTI PÈP klas dominan ayisyèn yo rive. Men nou te konn sa deja.

Men nou dwe klè sou piplis toujou : leta ayisyen pa fè pi piti jefò nonplis pou pwoteje travayè ayisyen yo e defini mekanism pou aplike pozisyon jeneral la. Lwa HOPE la pa mache ak okenn lwa akonpayman sou kesyon dwa travayè (se ta « fawouche envestisè yo » !). Men, sa ki pi grav: menm sou Kòd Trayay Divalye a, yo trè vag sou li, apre piplis pase yon lane ! Yo pito ap fè demagoji ak yon pil fo santral, sendika pouri k ap cyente dèyè djòb. Nou pap bliye leta ayisyen pat janm chache fè respekte dwa travayè ayisyen yo nan peyi Dominiken, tankou se pa pwoblèm gouvènman jounen jodi a nonplis si yo kontinye ap pile dwa san papye yo jouk yo boule yo tou vivan e kwit yo tankou ti sale, san pèsonn pa janm tande pyès pwotestasyon ale wè aksyon gouvènman lawont sa a. Tou sa montre nou tou nou anfas yon leta, yon gouvènman anti pèp, anti travayè.

POZISYON NOU NAN BATAY OUVRIYE

Se trè klè, tankou yo te fè l pandan premye batay nan zòn franch Wanament la, reyaksyonè yo pral di : « Batay Ouvriye kont devlopman ; Batay Ouvriye pa vle yo mete travay nan peyi a ; nou vle peyi a rete kraze… ! ». Nou deja reponn vye pawòl sa yo. Jounen jodi a, tankou toujou, n ap pati de enterè travayè yo, klas ouvriyè a. Se enterè sa a ki te pèmèt nou BATAY e rive jwenn reyentegrasyon ouvriye yo nan zòn franch sila a (kiyès ki pa vle travayè yo travay ?) ; se BATAY sa a pou tabli dwa travayè yo ki te pèmèt diferan miltinasyonal tekstil yo tounen e, kon sa, retabli travay nan diferan izin yo (kiyès ki kont travay ?) ; se li, anfen, ki te pèmèt elaji dwa sa a nan tout lòt peyi nan lemonn kote Bank Mondyal ap fè prè pou tabli izin.

Paske, nou menm nan BATAY OUVRIYE, n ap defann dwa pou tout travayè travay. Men, an menm tan tou, san janmen rete, n ap defann TOUT DWA TOUT TRAVAYÈ NAN TOUT TRAVAY ! Tout dwa ki deja ekziste yo e tout sa ki gen pou konstwi yo, apati LIT travayè yo menm.

E nou sèten se sèl enterè travayè esplwate yo ki koresponn a enterè global peyi a. Enterè boujwa anti nasyonal sila yo pa reprezante anyen ki ale nan sans yon enterè jeneral. Li pa menm reprezante anyen pou yon minimòm restriktirasyon, yon minimòm ale mye, apa pou yo menm. Kounye a, kad jeneral lwa HOPE la pral fonksyone a ap depafini ak idantite global nou an nèt. Se sa k fè nou di klèman : n ap denonse lwa HOPE la ansanm ak tout moun k ap fè mistifikasyon pou vin aplike li nan peyi a. Nou deja di li, se nan mizè ak esplwatasyon l ap trenen nou piplis. E, pou li aplike ‘byen’, li nesesèman mande okipasyon. Anfèt, li rantre nan kad yon pwojè global, nou pa dwe gade li izole, menm lè nou blije konsidere li tou nan otonomi l. N ap kanpe anfas li nan fòm ak pratik ki koresponn ak kapasite nou e enterè klas ouvriyè a. Men, n ap di klèman, nou konsyan, menm jan soutretans lan pa mennen lwen soti Divalye rive jounen jodi a, se menm jan aplikasyon lwa HOPE lan pap mennen lwen.

Nan lit nou, nan kad pratik nou, nou konsyan rapò de fòs yo, onivo nasyonal e entènasyonal, ap pèmèt yo vin foure li nan gagann travayè yo, nan gagann peyi a. Men, menm jan nou fè l pou zòn franch Wanament lan, n ap la pou defann enterè klas ouvriyè a e, nan sa, enterè reyèl peyi a. BATAY LA FENK KÒMANSE!

Nan tout sans, peyi d Ayiti ap pase nan yon kalfou danjere: yon kalfou kote klas dominan yo vle fè Ayiti tounen yon sèkèy pou tout yon popilasyon, yon kalfou kote enpeyalis yo deja kalkile pou yo kontwole peyi a "tan k ap nesesè a", jan Colin Powell te deklare l trè klèman e ke Mulet vin konfime l. Ouvriye yo, ti peyizan yo, travayè tout kalite, mas popilè yo an jeneral, nan esans yo menm, nan lit kont lesplwatasyon ak dominasyon y ap sibi a, kanpe anfas yo chak jou. Pwogresis konsekan yo dwe konnen yo menm tou, se lanmò k ap tann yo... si pa gen yon kokennchenn reyaksyon kont plan sanginè soutretans lan ki vle fè kwè se sove li vin sove peyi d Ayiti pandan se degradasyon pèmanan, konfli, lanmò ak lamizè l ap pòte kont nou tout nan Kan Pèp la.

Daprezavwa sa boujwa yo planifye, se souse y ap vin souse san nou, fasil fasil. Men, nou menm, nou konnen, vle pa vle : ouvriye òganize ap pòte laviktwa kan menm ! Laviktwa sa a, se pou travayè k ap goumen apati pwòp enterè pa yo ! Se pou pèp k ap lite !

« Talala hop, hop, hop… » : zegwi a, se nan men yo l ap kase ! Kan menm !

VIV LIT MAS POPILÈ YO ! AK TRAVAYÈ YO KÒM POTO MITAN ANBA DIREKSYON KLAS OUVRIYÈ A !