Batay Ouvriye Banner

FANM SE… FANM SE… FANM SE...…

Nan sosyete n ap viv la, yo toujou ap mete sou do fanm. Sa ki pi rèd, annik tande 2 fanm ap joure, n a konnen sa fanm konn mete sou do fanm parèy yo. Jounen jodi a, nou pa dwe bliye tou sa. Nou pa dwe bliye yo toujou konsidere nou tankou de bagay e menm de move bagay. Nou pa dwe bliye yo konn di nou se kokoye, se nou labapen tonbe, nou se wozo, men jounen jodi a tou n ap reflechi ansanm sou sa nou vo tout bon vre, sa nou ye tout bon vre. E pa gen lòt kote pou nou gade sa, se NAN BATAY MAS POPILE YO.

Si gen mank respè sou tè a, si gen maspinen sou tè a, se nou menm fanm ki ranmase yo a gran lijyen, nan gwo mamit. E se poutèt sa, yo fè tou sa yo kapab pou sa, pou pa kite nou parèt sa nou ye a tout bon vre.

An plizyè fwa, nou di fanm la a. Men nou dwe klè tout fanm se fanm tout fanm pa menm. Nou menm fanm ouvriyèz, nou menm fanm travayèz, nou se fanm men antanke fanm nou pa gen anyen pou nou wè ak patwon fanm, grandon-fanm. Yo sou yon bò. Nou sou yon lòt bò. Yo anfas nou, nou anfas yo, NAN BATAY AK YO. Nou klè sou sa e nou abitye montre sa nou vo nan batay sa yo, NAN GWO BATAY SA A.

Yo toujou vle fè kwè gwo batay ki mennen nan peyi a se gason ki mennen yo, fanm se nan kay yo toujou chita. N ap di sa se yon gwo manti. Malgre tout dominasyon n ap sibi, malgre yo konn vle, yo ta renmen nou chita nan kay, malgre yo ban nou yo tout kalite baryè pou nou pa patisipe nan tout gwo lit yo, NOU TOUJOU LA. Se vre se pa nou tout ki la, men fanm pa janm absan nan lit popilè yo.

Depi anvan lendepandans, depi rezistans endyen yo anfas kolon ewopeyen ki te vin piye tè d Ayiti, fanm sou tè d Ayiti te rantre nan batay. Si listwa pa pale de yo kòm sa dwa, se paske tou senpleman tout moun k ap ekri listwa yo chaje mayas. Tèt yo plen vye lide ki nan enterè esplwatè yo e k ap kenbe tout kalite dominasyon ki genyen sou tè a, an patikilye dominasyon fanm yo ap sibi a.

Apre lendepandans te kontinye gen batay devan nouvo fòm esplwatasyon ak dominasyon vin pran sou tè d Ayiti. Fanm yo te toujou la sou kote gason e yo te jwe divès kalite wòl. 19195 nou vin gen premye okipasyon meriken an. Se gason vanyan ak fanm vanyan ki te reziste sou divès fòm. 1934 okipan yo “rale kò” yo, men batay la te gen pou kontinye: la toujou, fanm te prezan nan batay la. Jouk jounen jodi a, nou gen pou nou batay; ganm la e ap kontinye la. Ann gade sa ak kèk presizyon.

Nou di nan tout lit popilè yo, toujou gen fanm pou ranpli divès kalite tach. Nou pap monte twò wo, men nou ka pran ekzanp peryòd 1946 kote lit demokratik popilè yo te pran yon elan, te gen fanm nan manifestasyon nan lari, te gen fanm k ap defann enterè mas popilè yo nan ekri sou jounal. Te gen fanm ki te komanse òganize yo e patisipe nan divès grèv. Nan peryòd 57, se te menm jan an ankò. E nan tout devlopman k ap fèt pandan FRANSWA DIVALYE a fanm ap mete men, kot a kot ak gason pou devlope òganizasyon nan kan pèp la. Nan klas ouvriyè a, fanm patisipe nan devlopman mouvman sendikal. La. Nan mouvman kiltirèl pwogresis la, fanm pran responsablite yo e vanse ansanm ak gason yo.

Nan mete divès òganizasyon ki te pran pozisyon pou mas travayè yo sou pye, fanm te pote kole ansanm ak gason. E yo te sibi represyon menm jan ak gason. E lè òganizasyon sa yo pral wè fòk yo toke kòn zam alamen ak leta k ap defann enterè boujwa ak grandon yo, fanm pral pran fòmasyon militè e patisipe menm jan ak gason. Y ap mouri fò dimanch menm jan ak gason.

Lè sèten moun ap pale de fanm ak lit fanm, yo sitou pale de fanm nan peryòd gè lendepandans; yo sitou pale de moun ki te lite pou fanm pat rete timoun devan gason jan lalwa te di li. Kidonk yo fè listwa e yo pale de boujwa ki te lite pou dwa yo. Men nou menm travayèz, nou menm ouvriye, sa ki dwe toujou enterese nou se batay kan pèp la kèlkeswa peryòd la. Sa ki dwe enterese nou nan peryòd 8 mas sa a, se batay fanm nan kan pèp la.

Apre gouvènman Divalye a, fanm te kontinye batay. Gen dòt ki mouri zam alamen. Gen dòt ki sibi gwo represyon nan relansman mouvman sendikal la sou Janklod. Men nan zòn andeyò tou yo goumen e yo pran gwo frap. E gen plizyè fanm enterlèktyèl, fanm ekolye, etidyan ki te rantre nan batay demokratik la. Kidonk fanm yo te la e y ap toujou la.

N ap site kèk nan non moun pa konnen: YANIK RIGO mouri zam alamen sou Franswa Divalye e li te pran pozisyon bò kote mas popilè yo. Mari Terèz Feval mouri zam alamen sou Janklod, li te pran pozisyon e te òganize tèt li pou defann enterè mas popilè yo. Komando ki te kidnape anbasadè ameriken Klintonn Knoks la, te gen fanm ladan li. E yo te rive rache liberasyon plizyè konbatan, pami yo dirijan sendika yo rele Ilrik Joli a. Tou sa se pami yon bann lòt.

Si nou gade lit yo apre Janklod fin ale, nou ka di fanm yo vin gen yon pi gwo patisipasyon toujou. Yo te prezan nan relansman mouvman sendikal la. Yo te prezan nan òganizasyon katye yo. Yo te prezan nan òganizasyon peyizan yo. E sou kote tou sa plen òganizasyon plen òganizasyon fanm ki te mete sou pye. Men gen plis pase sa, fanm yo pran responsablite yo tou nan konstwi òganizasyon revolisyonè mas popilè yo. Genyen ki pran responsablite yo nan konstwi òganizasyon revolisyonè klas ouvriyè a tou. Kidonk yo la a tou.

Nou kapab di nou fè yon gwo vanse sou kesyon sa a. Si n ap fè nouvèl n ap jwenn anpil moun k ap mande pou fanm gen plis patisipasyon nan vi politik peyi a. Men sa yo gen nan tèt yo, se pou fanm vin prezidan, depite, senatè, majistra… Se fason pa yo pou yo gade bagay yo. Se nòmal pase moun sa yo se nan enterè boujwazi a y ap pale, y ap lite. Men pou nou menm ouvriye, nou menm travayèz, sa ki enpòtan se patisipasyon fanm yo nan lit popilè yo. Li enpòtan patisipasyon sa a pa fèt nenpòt ki jan. Fok nou gen liy ki nan enterè nou tout bon vre.

Chak klas gen konsepsyon pa yo de patisipasyon an. Nou menm ouvriye nou gen konsepsyon pa nou menm jan nou gen konsepsyon pa nou de lit pou emansipasyon fanm. Devwa nou tout ouvriye konsyan, se travay pou plis lòt ouvriye vin kote nou nan batay la apati enterè klas nou an e nan liy ki nan enterè klas nou an.

Lè moun ap pale de fanm nan lit la, yo konn pale kòm si se yon bagay ki pat nòmal. Pou nou menm ouvriye, patisipasyon sa a nòmal. Se travay pou patisipasyon sa a piplis e pi korèk. Kan pèp la pa ka konstwi san patisipasyon fanm nan kan pèp la, patikilyèman fanm travayèz esplwate yo. Pou lit popilè yo, fòk se anba direksyon klas ouvriyè a e fanm ouvriyèz yo gen yon kokenn chenn wòl pou yo jwe nan konstwi direksyon sa a.

ANN APRANN DE TOUT FANM VANYAN KI TONBE NAN LIT POPILÈ YO, PATIKILYEMAN SA KI BAY VI YO.

ANN PRAN RESPONSABLITE NOU POU NOU GEN PI GWO PATISIPASYON NOU NAN LIT POPILE YO PATIKILYEMAN LIT KLAS NOU AN, KLAS OUVRIYE A.

VIV LIT MAS POPILE YO!

VIV LIT KLAS NOU AN, KLAS OUVRIYE A!


Pozisyon: