Batay Ouvriye Banner

BILTEN NOUVEL BATAY OUVRIYE

No. 1 - Jiyè 2005


Jounen jodi a, Batay Ouvriye ap mete aladispozisyon tout moun yon BILTEN PRÈS. Se nan bi bay nouvèl lit pa nou, pratik pa nou an jeneral. Men se sitou pou mete tout kan pèp la, nasyonal kou entènasyonal, okouran de nouvèl ki, vreman vre, non sèlman se nouvèl pa li, men, ankò, se nouvèl fondamantal k ap pase jounen jodi a, nan fen fon pwoblèm peyi d Ayiti : se nouvèl evolisyon fondamantal sitiyasyon fòmasyon sosyal ayisyèn la.

Bilten Près sa a, se premye a. Ap gen lòt k ap swiv. Pou toujou fè nou tout konnen e santi reyalite konkrèt pa nou. Dekwa pou nou kontinye konstwi pwòp KAN PA NOU, nan bi òganize pwòp FÒS PA NOU, pwòp PWA PA NOU nan batay la.

*

Malgre yon konjonkti trè difisil, pratik Batay Ouvriye yo kontinye ap devlope nan divès depatman nan peyi a. Devlopman sa a inegal. Nou vanse nan de zòn, nou fè bak nan dòt. Nan sèten, konfwontasyon an sere. Nou kapab di nou sibi efè devlopman konjonkti a sou divès fòm.

Degradasyon sitiyasyon global la politikman e ekonomikman fè gen de manm ki fayi e sa gen efè sou pratik nou. Selon reskonsabilite manm la, efè a gen enpak diferan. Sa rive an patikilye nan zòn Lagonav, nan depatman LWÈS. Nan zòn sa a ki gen 2 komin ladan li, 2 reskonsab yo emigre, yo kite peyi a. Sa gen efè sou pouswit pratik la. Se yon zòn kote nou te gen yon devlopman ase laj. Travayè yo gen pou reprann li an men e pèmèt rekòmanse vanse apati aki yo. Pami aki yo, genyen nan yo ki te nan kad lit kont esplwatasyon an dirèkteman, patikilyèman nan aplikasyon sistèm 3 lo a. Sistèm sa a di se yon lo pou travayè, youn pou mèt tè a, yon dènyè pou tè a menm, ki di: semans, irigasyon, ensektisid elatriye... ata pou ranje zouti yo si nesesè. Sistèm sa a, se li ki legal. Si se pa sa, tout depans pou amelyore tè a, amelyore pwodiksyon an, tonbe sou do travayè a sèlman. Se yon eksplwatasyon ki trè di pou nou menm ti peyizan k ap travay sou tè grandon nan kondisyon sa yo. Vreman vre, laplipa kote nan peyi a grandon yo derefize aplike sistèm 3 lo a, menm si se li ki legal. Yo di: yon lo pou mèt tè a, youn pou travayè a, se tout! Se sa yo rele dimwatye a, ke tout moun konnen ki annaplikasyon nan peyi a, men ki pa legal vre. Sa Kòd riral la di, ansanm ak tout konstitisyon, se 3 lo a. Derefize grandon yo derefize aplike l la fè yo tout ilegal, kareman, ouvètman. Depi toutan, jouk jounen jodi! E kòm nou konnen yo toujou sou pouvwa yo e ke pouvwa sila , an li menm, toujou kont nou, pou nou resi fè aplike lalwa, pou nou resi fè yo aplike 3 lo a, se nan gwo goumen. Nan Lagonav, ti peyizan yo te mete òganizasyon ak mobilizasyon yo sou pye e te resi fè grandon yo aplike sistèm 3 lo a. An menm tan tou, salè travayè agrikòl yo (vann jounen yo) ki te mwens pase yon salè mizè 15 goud (!) rive pase 50 goud e plis menm nan sèten zòn, men, ankò yon fwa, nan gwo goumen. S paske Leta a, an jeneral, e reprezantan dirèk gouvènman an - sila a pi rèd atò - se chak fwa de reyaksyonè fini, ki toujou kont nou menm travayè. Anplis, si reprezantan Leta sa yo gen pou ilegal y ap ilegal kareman. Kidonk, nan Lagonav, lit la ap kontinye vanse. Lagonav, se te yon zòn kote yo pa t konsidere travayè kòm moun. Men, piti piti, travayè yo kòmanse montre sa yo vo e sa yo konnen. Absans sibit reskonsab yo vin bay yon gwo arè e yon sèten bak menm nan òganizasyon e nan mobilizasyon an tou. Menm si dòt travayè konsekan, piti piti, ap repran bagay yo an men e vle tanmen reskonsab lavi yo tou, kidonk: batay yo.

Nan kad difikilte global sitiyasyon an pote, mete sou difikilte materyèl pa nou tou, nan NÒDWÈS, yon lòt zòn kote Batay Ouvriye devlope e kote lit la an gran konfwonytasyon, kidonk, nan Nòdwès, gen yon bès tou. Mobilizasyon ki te rive mete sou pye nan ane 2003-2004 yo sou divès kesyon tankou tè, lesplwatasyon, jistis oswa batistè, fè yon ralanti. Malgre tou, nan zòn sa a tou, gen de aki: gen tè nou monte sou yo e ap travay. Sa toujou rete kenbe. Sou lesplwatasyon an, gen aplikasyon 3 lo a e ogmantasyon salè ouvriye agrikòl yo. Gen divès manifestasyon-mobilizasyon ki te fèt sou kesyon batistè a e ki te pèmèt ofisye eta sivil la chita e gade kòman rezoud pwoblèm sa a. Nan sèten zòn, grandon ki te asepte chita pou gade sa ki dwe fèt apre yo fin asepte respekte 3 lo a, ap kontinye chita pou pèmèt swiv e kontwole akò ki te rive tabli yo. Men, an menm tan tou, nan sèten zòn, genyen ki toujou pa asepte e, la a, nou fè fas a de atak dirèk. Ka ki pi frapan an se nan Mawouj, tou pre Mòl Sen Nikola. La a, grandon yo mobilize ansyen militè yo pou atake nou. Nou rive repouse yo an 2 fwa. Yo fè trak sikile pou atake travayè yo, òganizasyon travayè yo. Avèk evolisyon negatif ansyen militè yo kòm fòs sou teren an, yo pase a lòt fòm atak. Se konsa yo rive peye ti peyizan bouk e rive mobilize yon 50 nan yo pou vin atake yon reyinyon kowòdinasyon Batay Ouvriye ki, lè sa a, t ap fèt nan Mawouj, nan yon lokalite ki rele Bagèt, le 28 desanm. Sa te mennen a yon gwo afwontman, kote: yon kanmarad nou mouri la pou la; yon lòt blese gravman e malgre swen nou rive ba li (nan de kondisyon trè difisil etan done yo te toujou ap pouswiv li), li mouri. Apre afwontman an, sou demann grandon yo, lapolis parèt. Pandan nou t ap evakye, yo rive atake 2 kanmarad. Pou evite rive nan yon sant penitansye ki t ap pi difisil pou nou ansanm ak yon sistèm jiridik ki t ap ban nou pis pwoblèm, e etan done rapò ant fòs yo nan moman an, nou blije sibi peye lapolis t ap egzije nou peye pou lage kanmarad nou yo. Sitiyasyon sa a te mande gwo depans. Nou jwenn èd nan kad solidarite entènasyonal. Èd sa a te enpòtan e n ap remèsye yon fwa ankò tout sila ki te ede nou yo. Malgre tout difikilte sa yo, kowòdinasyon an rive restriktire e pratik la rekòmanse vanse.

Nan diferan zòn sa yo, malgre difikilte peryòd la, nou rive fè sèten pa. Nan pratik nan mitan travayè yo, separasyon ant ouvriye agrikòl e peyizan dimwatye a rive tabli nan yon sèten mezi, ki di: yo chak, se ak pwòp òganizasyon pa yo y ap fonksyone, reflechi, òganize, mobilize: lite. Pandan, an menm tan tou, sa pèmèt diferan klas domine sa yo pi mye estriktire kowòdinasyon yo pou lite ansanm nan revandikasyon yo genyen an komen, kont Leta a pa egzanp ki pap fè anyen nan zòn yo apa vòlè taks e bay grandon apyi nan kad ekzaksyon yo. Fòm òganizasyon sa a bay meyè baz tou pou evite popilism e konstwi yon vre kowòdinasyon de mas. Nan sa, nou rive bati divès platfòm lit e rantre nan mobilizasyon sou aks priyoritè yo. Apati elajisman ki rive fèt la, gwo tach ki devan nou se konstwi enstans global ki pou pèmèt mye vanse nan lit a pòte global yo e gen yon enpak nasyonal ki koresponn a sa moman an mande.

Nan depatman SANT la, nou vanse tou. Apati diferan lit yo, nan kad diferan lit yo, gen yon gwo elajisman ki fèt e nou genyen menm kalite aki nou pale de yo pi wo a. Pratik yo ap vanse nan komin Savanèt, Laskawobas, Beladè, Mibalè... Pi lwen, nan BA LATIBONIT, gen enplantasyon nan lit ki fèt tou nan Lachapèl, Vèrèt, Tirivyè... Sepandan, pratik nan Senmak yo bese e dwe relanse. Sa valab tou pou Gonayiv kote konfizyon lit anti Aristid yo te nefas pou avansman revandikasyon travayè yo e mas popilè yo an jeneral. Sa valab tou pou Sen Michèl Latalay. Nan LWÈS, pratik yo, okontrè, konsolide e, kon sa, kontinye ap devlope nan bon jan oryantasyon konbatif e konsekan. Se konsa nan Lakayè, nan Kabarè, nan Kazal... Nan SID ak nan NIP, travayè yo mache jwenn youn lòt, nan goumen pou revandikasyon yo tou, toujou menm jan an. La a, sepandan, gen yon gwo enpòtans onivo ouvriye agrikòl yo, menm kant migrasyon enteryè a trè fò. Kote ki pi avanse nan pratik sa a se nan zòn Aken akòz gen anpil ouvriye ki migre la.

Nan NÒDÈS, lit nan zòn franch la ap kontinye. Jounen jodi a, negosiyasyon kontra travay kolektif la tanmen, yon komite paritè sou pye ap fonksyone pandan rapò demokratik ak asanble a rete fondamantal pou konsyantize tout diskisyon k ap fèt nan biwo e, sitou, pou konfime yo oswa rejete yo. Pou nou menm, asanble ouvriye yo nan yon sendika, se ògan desizyon siprèm la e prensip sa a ki sou estati tout sendika Batay Ouvriye, se nan tout lit, tout mobilizasyon, tout pratik an jeneral, nou eseye fè l reyèl. Sou yon lòt bò, pandan negosiyasyon sa yo ap fèt, tribinal de pè Fò Libète a rann yon jijman trè enpòtan ki te opoze 2 ouvriye Socowa anfas direksyon izin la ki te fè lame dominiken maspinen yo. Apati klète li (zak maspinay yo te fèt gwo lajounen, devan temwen, ouvriye yo gen konsta legal ak atestasyon medikal ki pou te apiye plent yo), kidonk apati total klète denonsiyasyon an, jij la bay ouvriye yo rezon e kondane chèf sekirite ki te kòmande maspinay la ak tout konpayi Codevi a ki te mande pou l te fèt la. Sètalò direksyon konpayi a rele gouvènman an pou sila a ka entèvni nan dosye a an favè li. Vreman vre diferan minis gouvènman sa a, pandan n ap pale a, ap chache detounen lajistis an favè kapitalis dominiken yo, toujou kont travayè ayisyen yo. Nou fèmeman pwoteste kont sa e ap mobilize fòs nou pou bare ekzaksyon anplis sa a kapitalis dominiken yo ansanm ak gouvènman ayisyen an soti pou yo fè kont travayè yo ankò yon fwa. ( Pou yon meyè konesans dosye sa a, wè, nan sit nou a, www.batayouvriye.org : “Nòt pou Laprès konsènan jijman 2 ouvriye Socowa kont Codevi, Fò Libète, jen 2005. ) An lyezon ak pratik nan zòn franch la, genyen tou divès nivo òganizasyon k ap mete sou pye nan Wanament menm, onivo katye yo, ti peyizan k ap migre yo, ansanm ak travayè yo an jeneral, sou yon bò pou fè fas a pwopriyetè fonsye yo ki soti pou deloje tout abitan tout site Wanament yo (!) men tou, sou yon lòt bò, fas a absans Leta nan zòn la ki pèmèt tout vakabon ak tout “eyandwa” òganize yo antre yo pou fè yon bann ekzaksyon sou popilasyon an an jeneral e, jounen jodi a, an patikilye sou ti machann k ap vwayaje yo ansanm ak depòte ki soti an Repiblik Dominikenn yo.

Nan NÒ, patikilyèman nan Okap, mobilizasyon sendika yo anfas patwon yo reprann pi rèd akòz lavichè a k ap depafini ak travayè yo. Salè a deja vin twò piti, menm si nan divès izin ak atelye, lit ouvriye yo te deja rive fè salè yo depase sa yo te ye a. Gen de kote, tankou Manye Lapostòl, kote ouvriye yo te deja rive jwenn salè 250 goud pa jou, nan dènye mobilizasyon yo, yo fè l rive 275 goud. Nan otèl Beck, sepandan, direksyon a derefize chita diskite yon kontra travay kolektif ansanm ak travayè yo, malgre sila yo twouve pis pase 2 tyè siyati travayè k ap mande l. Selon Kòd Travay la, direksyon an, lè sa a, oblije chita negosye. Men, toujou antanke boujwa ki sou pouvwa l, Beck annik deklare li derefize chita! Jounen jodi a, travayè yo ki pa kapab ankò ak sitiyasyon dominasyon y ap sibi a, ni ak salè mizè y ap touche a, ap prepare pou mobilize! Nan katye yo, sèten kote ki te rive mete sou pye de Komite Travayè nan Katye, rive defann dwa yo fas a divès ekzaksyon ansyen gang lavalas yo te konn ap fè sou popilasyon an (fè peye dlo Leta a, volè taks sou ti machann yo elatriye...). Jounen jodi a, se fas a ansyen militè (trè souvan mele ak ansyen gang lavalas yo) ki soti pou fè dappiyanp sou divès anplasman tè oswa menm sou kay de abitan sèten zòn, komite sila yo gen pou fè fas. E, ansanm ak popilasyon an, y ap mobilize pou sa.

Sou kote tou sa, pratik nan kapital la ap vanse tou. Sou li pi presizeman, n ap gen tan tounen nan yon lòt okazyon. Jounen jodi a, nou te vle fè yon chita sou pratik travayè yo, mas popilè yo an jeneral, nan divès zòn andedan peyi a, an patikilye nan milye riral la. Vreman vre, se pa kalite nouvèl n abitye tande nan laprès. Epoutan, nan majorite ka yo, se de konfli fondamantal k ap regle, se tounan peyi a menm ki an je: se de kesyon pwopriyete, se de kesyon rapò sosyal nan kad pwodiksyon an menm ! Nan yon peryòd kote mistifikasyon “demokrasi boujwa pou tout moun” la vle anvayi nou, li enpòtan rann nou kont ke konfli sosyal nan pwodiksyon an, nan diferan nivo, nan diferan kote, se yo ki reyèlman dekri sitiyasyon konkrèt moman fòmasyon sosyal ayisyenn la ap pase a. Nan yon peryòd kriz jeneralize kote klas dominan yo pa gen solisyon, nan yon peryòd kote Leta a swa absan, swa ap ankò pi dirèkteman vle ranje kabann pou lesplwatasyon grandon ak boujwa, lit travayè yo krisyal pou lavni Pèp Ayisyen. Kapasite limite nou mete nou nan yon gwo kontradiksyon anfas reskonsabilite global nou. Difikilte materyèl yo vin rann pwoblèm la ankò pi difisil e, malgre se sou pwòp fòs nou nou toujou ap konte, solidarite a rete enpòtan.

Pandan klas dominan yo ap chèche rezoud pwoblèm yo nan mistifikasyon, nan eleksyon, nou menm n ap vanse nan liy otonòm nou apati enterè travayè esplwate yo. Sa mande mobilizasyon, òganizasyon. Apre fayit klas dominan yo, kit se grandon akayik yo, kit se boujwazi enpò-espò initil la, kit se boujwazi biwokratik kowonpi a, kit, kounye a, se boujwazi endistriyèl rapas la; anfas absans Leta a e absans yon altènativ pati politik ki pa ta depann oswa koube tèt konplètman devan enpeyalism la, travayè yo dwe vini ak altènativ pa yo, apati enterè pa yo, apati lit yo, nan lit yo, e pa annik sibi efò klas domian yo ap fè pou rekosntwi Leta pouri a atravè eleksyon yo ansanm ak demokrasi manti yo a. La, se vreman e konkrètman pwoblèm devlopman fòs pwodiktiv yo k ap poze; la, se vreman e konkrètman pwoblèm lòt Leta a k ap poze, menm si difikilte, konfizyon ak ezitasyon sitiyasyon jeneral la rann pratik lan trè konplèks.

NOS DOSSIERS: