Batay Ouvriye Banner

BILTEN NOUVEL BATAY OUVRIYE, No. 2

Nan premye nimewo BILTEN NOUVÈL nou fè sikile a, nou te montre nou t ap gen pou rete sou pratik nan Pòtoprens yo patikilyèman. Divès kanmarad ak zanmi kanmarad ki li premye nimewo a, te klèman santi nesesite sa a. Kidonk, jan nou te di li, fwa sa a, pratik nan Pòtoprens yo ap gen plas pou yo genyen an. Men se pap annik yon bilten sou Pòtoprens. N ap jwenn ladan li tou divès lòt aspè nan pratik Batay Ouvriye. Nou rete kwè pou yon bon konpreyansyon e yon bon syivi pratik yo, sa nesesè. Men, an menm tan, pratik yo ap devlope, plen nouvèl nan divès chan ki ta dwe parèt. Nou pa ka pa kenbe kont de yo, menm si se ak limit.

Jan tout moun te ka wè, premye nimewo a te gen yon o¬ryantasyon ase global. Se pase se te yon premye nimewo. Pou lansman an, li te nesesè gen vi global la. Pou menm rezon yo, nimewo sa a, ki se yon fòm lansman nouvèl ki piplis sou Pòtoprens, ap gen menm mak fabrik la, menm kant n ap rantre plis nan sa yon bilten nouvèl regilye dwe ye.

**


PRATIK NAN PÒTOPRENS

Anvan nou rantre nan nouvèl sou pratik nou yo, nou dwe fè 2 remak enpòtan. Nan kad konsepsyon klas dominan yo sou devlopman jeneral peyi a, Pòtoprens, jan tout moun konnen, jwe yon wòl konsan¬trasyon ki trè gran, twò gran. Sa valab pou lavi politik peyi a, sa valab pou tantativ devlopman ekonomik klas dominan yo amòse. Se konsa nou jwenn yon gwo konsantrasyon izin nan Pòtoprens. Sa valab kit se pou izin soutre¬tans nan moman an, kit se pou divès izin pou pwodiksyon lokal. Men, depi koudeta 91 lan, soutretans lan ap pase yon move moman. Anbago a te bloke devlopman pwodiksyon an, patikilyèman nan sektè an e prèske totalman. Paralèlman, delokalizasyon an t ap pran yon pi gwo pwa e sa te fè divès izin al nan dòt peyi. Evolisyon sa a te gen gwo efè negatif sou devlopman ekonomi a an jeneral e patikilyèman nan Pòtoprens. Te deja gen tandans pou yon sek¬tè enfomèl debride devlope. Li vin pran plis pwa, pandan pwodiksyon endistri¬yèl la vin bese seryezman. Tou sa t ap fèt nan yon kontèks kote ekonomi an globalman t ap tonbe nan twou pi rèd, nan kad kriz global k ap depafini ak peyi a. Avèk sa klas dominan yo ak enpeyalis yo ansanm ak politisyen tchoul yo te rele "retou a lòd konstitisyonèl" la, vin gen tandans repriz nan sèten aktivite ekonomik. Sa te valab patikilyèman nan soutretans lan. Men li pa janm rive atenn sa li te ye anvan.

Nan kad repriz sa a, pratik òganize klas ouvriyè a pa t chita tann. Nou te gen fòmasyon divès sendika, komite izin, kit se nan Nò peyi a (Okap), kit se nan Pòtoprens. Lit yo te relanse ak yon sèten fòs. Gras a sa, te gen sèten amelyorasyon nan kondisyon travay yo, te gen ogmantasyon salè. E sa ki pi enpòtan, prensip « sa w fè se 1i ou wè a » vin pratikman aboli. Se nan epòk sa a, nan Pòtoprens, nou te gen lit kont esplwatasyon ouvriye ki t ap pwodyi pou DISNEY yo. Nan lit sa yo, ouvriye ayisyen yo te jwenn gwo solidarite entènasyonal. E te gen pratik solidarite, lit komen, ki te devlope e te trè enteresan ant ouvriye Pòtoprens e ouvriye Okap pati¬kilyèman.

Peryòd sa yo te deja montre aklè yon reyalite anpil moun te konsyan sou li: soutretans lan pa ka yon oryantasyon pou devlopman ekonomik. Li twò frajil! E boujwazi ki ladan li a rete yen boujwazi antinasyonal, totalman depandan (egal: tchoul) enpeyalis yo. Men li te montre tou, se ak gwo batay pou klas ouvriyè a rache dwa li, an patikilye dwa sendikal la. Batay Ouvriye te travay pou mete divès sendika sou pye, nan kad gwo konfwontayon ak boujwa anti demokrat yo ki t ap kraze sendika tribò babò e, pafwa, depi nan ze. Nou pap rete sou twòp ekzanp men n ap lonje dwèt sou ka ki te pi grav yo, tankou sa Madan Baya, Klasik Aparèl, oswa Michèl Lyoto, nan Megatèks. Si nou lonje dwèt sou ka sa yo, se pase, a 2 moman diferan, se yo ki te devan bann lan, nan gwo pòs responsabilite nan kad asosiyasyon patwon yo, e yo t ap voye monte, pran pòz demokrat yo piblikman, pandan, nan pwòp izin pa yo, yo t ap fè ouvriye monte yon maswife pa do, pase tout dwa yo regilyèman anba pye e san rete ogmante yon lesplwatasyon sanginè. Sa montre nou ki jan batay pou rache dwa sen¬dikal la e, apati sa, rive rache tout dwa nou yo, se yon lit kontini, san rete, menm si malgre frap boujwa yo, ouvriye yo toujou rive gen sèten aki.

*

Avèk kriz jeneralize nan peyi a, sitiyasyon an kontinye vin pi mal. E se nan kontèks sa a, jounen jodi a, n ap devlope pratik nou nan Pòtoprens lan. Globalman, pratik yo gen monte gen desann ladan yo. Men, jounen jodi a, nou ka di y ap re¬monte.


ÒGANIZASYON NAN IZIN YO

Pratik yo ap devlope nan soutretans lan e nan izin pou pwodiksyon lokal yo. Nan soutretans lan, gen òganizasyon k ap vanse nan izin Richa Kòls yo, nan izin gwoup Apèd yo, Kay Maten. Gen òganizasyon k ap devlope nan izin k ap pwodyi rad pou GILDANN yo (REC, ALYANS, GILDANN, AGC, izin madan Pyè yo...) Menm jan au tou, gen òganizasyon ki devlope nan izin k ap pwodyi pou sikilasyon dirèk anndan peyi a. Rive gen komite pou rache dwa sendikal nan SOGA, ACE BASKET (ki chanje non san avèti ouvriye yo, se batay k ap mennen jounen jodi a anndan an ki pèmèt konnen sa), LAKOUWÒN, LAKO, BRASRI NASYONAL, MIRAY ENDISTRI, ECEM, ASYERI, pami dòt. Nou ka di nan plizyè nan izin sa yo, deja gen kapasite legal pou pase nan faz sendika a, dekwa pou fòse patwon yo chita pou negosye. Men nou kwè li preferab kontinye ranmase fòs e oganize pi kon¬krètman yon mouvman global pou rache dwa politik ki se dwa sendikal la ak Kontra Travay Kolektif la. Mouvman sa a ap gen pou kowòdone pratik divès kote yo, pandan pratik la ap kontinye laji piplis. Se sèten, Batay Ouvriye prezan nan plis izin pase sa men, pou pa jennen pratik la nan sèten kote li fèk ap tanmen, li pi bon nou poko nonmen yo.

Prezans òganize a se youn : li pèmèt wè travay oganizasyon k ap fèt la. Men, nan liy nou, li mache depi an lagan ak batay e, tout kote nou prezan, toujou gen lit, denonsiyasyon, revandikasyon k ap fèt. Trak ap sikile an pèmanans pou poze diferan pwoblèm yo, fè mobilzasyon, bay baz pou elajisman òganizasyon yo e, konsa, kapab pi byen lite pou genyen meyè kondisyon travay nan izin yo e lite kont represyon ki genyen an pèmanans nan milye sa a. Trè souvan, moun plis gade represyon politik la, yo gade ensekirite nan lari, men nou menm nou ka di : izin nan Pòtoprens, se yon kote non sèlman yo sistematize move kondisyon lavi, move kondisyon travay, men se yon kote yo sistematize represyon a ak yon fòm ensekirite pèmanan. Kesyon sa yo, an jeneral, pa enterese anpil moun e se sa k fè laprès prèske pa janm pale de yo malgre se regilyèman nou chache fè yo jwenn done sa yo. E poutan, non sèlman se de kesyon ki enpòtan pou anpil travayè aktyèl men, ankò, si rive gen piplis travay vre, pral enpòtan pou ankò piplis travayè e, jan nou kapab deja santi l, se ak move kondisyon sa yo menm, ansanm ak represyon debride sa a menm, laboujwazi antann pou li relanse ekonomi a !

Gen kote tankou SOGA, pa egzanp, yon izin pou pwodiksyon lokal : la a, pa menm gen twalèt pwòp e se yon dlo pouri nan dwoum yo vle pou ouvriye yo bwè. Sa te pase nan Okap tou, kay Novela, kote yo te jwenn vèditè nan dlo dwoum la ! Se leve kanpe travayè yo sèl ki te rive mete yon fen nan sa. Kay Jinyò Boulòs, nan Ace Basket, se menm bagay la. Lakouwòn, menmman. Nou jwenn menm sitiyasyon sa a ankò nan plizyè izin soutretans. Nou ka pran, pami dòt, izin Chevalye nan Pak la, kote dlo pou ouvriye yo bwè a chaje "ti ponpe", ki vle di ti bèt ki nan dlo lè l atlè e plen bakteri ! Vreman vre, nou anfas yon boujwazi salòp ki konprann se nan kondisyon sa yo pou li fè ouvriye travay !

Kanta represyon anndan izin yo, sa toujou trè fò. Sipèvizè yo, nan anpil ka, se bouwo ki la pou òganize souse san ouvriye yo. Resaman, boujwa yo vin ak yon sistèm MODIL ki fè wòl sipèvizè yo te konn ap jwe a yon ti jan bese. Men modil la lakòz se pwòp ouvriye yo ki vin ap bay lòt ouvriye presyon pou ekip ki fòme modil la pwodyi pi vit, dekwa pou li ka atenn tarif yo egzije a. E kòm tarif la ap ogmante jou an jou, se pwòp ouvriye yo ki ap egzije youn lòt randman “pwodiktivite” a, ki di: lesplwatasyon grenn kraze a! Se yon lòt fòm represyon. Pi sibtil men pi anraje ! Anplis pi pwòch yon fòm “natirèl” pou layite represyon an, li divize ouvriye yo e kreye yon klima mefyans total, lè se pa kareman chen manje chen. Gen lòt fòm ankò: pa egzanp, nan izin Apèd yo, ouvriye pa gen dwa antre anndan izin la ak yon papye ekri. Se dekwa pou yo pa ka kenbe pyès entèvansyon, pyès trak, pyès jounal ki ta distribye deyò a e ki ta nan enterè yo. Si y ap bay yon trak devan izin lan, ata li, kounye a, ouvriye yo pa ka li li, ata pran yo pa ka pran l. Pou sa, Apèd ak sipèvizè l yo òganize divès ti sousou ki vin veye pou wè kiyès k ap pran e yo revoke yo san preyavi! Nou pa bezwen di: la a, dwa sendikal la, se yon rèv!

Nan izin GILDANN ki nan Taba a, yo revoke san okenn rezon 5 ouvriye. Men, lè nou gade byen, nou ka wè tout se ouvriye ki te jwe yon wòl nan lit pou kòb transpò ouvriye yo te mobilize pou rache a (se yon kòb yo dwe yo !). Yon lòt egzanp se sila Bekè a, ki fè de patizan l al pran foto militan ak plak machin moun ki vin distribye trak oswa vin pale ak ouvriye yo ! Menm Bekè sa a pral eseye sèvi ak Afè Sosyal pou pa peye ouvriye li te revoke an mas yo apre depa Aristid la. Ekzanp sa yo deja pèmèt wè klè. Yo tout la depi anndan izin lan. E, depi yo panse l nesesè, yo rele aparèy leta a pou frape ouvriye e pouswiv yo jouk lakay yo. La ankò, nan ekzanp ki pi resan, se toujou Bekè ki rele SIMO pou vin frape ouvriye !

Represyon an mache ak enpinite. Vreman vre, enpinite a, se yon kondisyon nesesè pou represyon an ka layite kò l jan l vle. Si se pa sa, ta oblije gen omwen yon sèten retni. E, depi ouvriye yo ta ka louvri yon lòsyè, yo t ap vanse piplis toujou. Kidonk pou represyon an ka fonksyone ak tout efikasite l, fòk enpinite a toujou la. E piplis enpinite a total, piplis li sèvi lesplwatasyon an. Represyon ak enpinite, se kondisyon pou yo reyalize lesp1watasyon lanfè y ap fè chak jou a.

Se anfas sa n ap devlope pratik « Komite pou rache dwa sendikal la » ki blije gen yon karaktè anbachal, jouk rive gen kapasite pou parèt aklè devan patwon sa yo. Se nan kad sa a lit yo ap vanse. Gen de kote, ak lit la, apati lit la, sèten kondisyon travay rive ame1yore, sèten ajisteman salè rive fèt. Men yo rete totalman ensifizan. E menm patwon ki rive souke kò yo, entansifye travay ideyolojik pou ouvriye pa rantre nan sendika. Jounen jodi a, plizyè fè pwomès amelyorasyon. Men, pou nou, globalman, se yon batay ki pou vin pi sere ki pou fè patwon sa yo bouje tout bon. E se nan sans sa a n ap vanse. Kidonk sèl repons nou se : BATAY ! E, jan nou toujou di li, BATAY LA FÈK KÒMANSE ! E NAP KONTINYE VANSE LADAN LI 2 PYE FÈM.

LIT NAN IZIN GILDANN YO

Nan pami tout pratik nan izin soutretans yo, gen youn jounen jodi a nou bay yon atansyon patikilyè, se izin GILDANN yo. Nou menm nan Batay Ouvriye, nou gen yon relve konplè izin nan Pòtoprens k ap pwodyi pou gwo miltinasyonal Kanadyen yo rele GILDANN lan. E batay nou mennen nou prezan nan plizyè nan yo. Sou yon lòt bò, GILDANN gen izin nan divès lòt peyi nan rejyon an. Prensip entènasyonalis ouvriye nou mennen nou a bay yon gwo enpòtans a lit rejyonal ak mondyal ki kowòdone yo, ki planifye. Kidonk nou vize, an lyezon ak òganizasyon ki dispoze e k ap pote tout bon solida¬rite yo nan lit la, vanse nan yon lit global anfas GILDANN ansanm ak tout tchoul boujwa li yo nan peyi a.

GILDANN ap pwodyi nan divès lòt peyi tankou Salvadò, Ondiras, Meksik... Nan peyi sa yo, gen lit k ap mennen tou. Fòk nou rive kowòdone tout lit sa yo. Nou gen yon gwo wòl nou ka, e dwe jwe nan sa. Nou deside fè fas a responsablite nou kòm sa dwa.

Nou dwe fè konnen GILDANN se yon gwo miltinasyonal ki gen baz prensipal nan peyi KANADA. Li se pi gwo pwodiktè mayo. Li prezan nan peyi a depi lon¬tan. Nan yon premye tan li te parèt se Richa Kòls, alye Aristid, ki te premye responsab pwodiksyon pou GILDANN nan peyi a. Men, Richa Kòls vin pedi kontra yo e se Apèd ki vin jwe wòl la. Jounen jodi a, gen plizyè boujwa nan soutretans lan k ap pwodyi pou GILDANN. Yo tout osnon pi fò ladan yo ap itilize Modil la pou souse san ouvriye yo, jan nou dekri l pi wo a, ak yon kontwòl represif ki depi nan òganizasyon pwodiksyon an menm. Yon fòm esplwatasyon ki pèmèt ogmante kadans yo tèt nèg e divize ouvriye yo sou menm elan an. Konsa tou, li tou pèmèt pa peye lè siplemantè yo, etan done se ouvriye yo ki swadizan « mande rete piplis tan ap travay» pou yo ka tèmine TARIF modil la egzije yo fè a. E, nan sitiyasyon konplètman ilegal e sanginè sa a, GILDANN se esplwatè pi sadik la. Kidonk, batay anfas GILDANN lan se yon konsantrasyon ki, pami dòt, gen yon enpòtans kapital nan moman an.

GRÈV LAN GILDANN:

Semenn premye out la, nan 2 izin GILDANN nan Pòtoprens, CLERCINE 16 ak sou wout ayewopò a, nan do izin Apèd ki rele AGC a, ouvriye yo bloke travay la pandan 2 jou. Rezon: semenn anvan an, 2 izin yo fèmen san diskisyon ak ouvriye yo e yo refize peye ouvriye yo jou travay yo. Nan izin wout ayewopò a, ouvriye yo rive fòse patwon yo peye jou yo. Nan izin Clercine 16 la, nan wout Shabisco a, patwon yo kenbe yo pap peye, men yo peye 2 jou grèv yo. Malgre kalite espontane lit sa yo, ouvriye yo montre tandans pou relanse lit yo. E, nan monan refli difisil lit travayè yo, lit popilè yo globalman ap pase a, sa gen yon kokennchenn enpòtans. Aapati mobilizasyon an menm e kontak nou alenteryè izin sa yo, Batay Ouvriye te entevni nan lit yo:

[ Trak Gildann la ]

7 IZIN K AP PWODYI POU INIVÈSITE AMERIKEN NAN PEYI A:

Se yon lòt sitiyasyon ki enterese nou. Se de izin kote kondisyon tra¬vay yo pi pa bon, esplwatasyon an pi wo e represyon an trè aktif. Se ekzanp izin Albè Andal. Batay Ouvriye deja ap travay pou devlopman lit ouvriye nan izin sa yo. Teren an favorab pou devlopman lit yo. E li favorab tou pou devlopman solidarite entènasyonal. Nan ka sa yo, solidarite entènasyonal la, patikilyèman nan milye etidyan ameriken yo, ka fasilite chanjman nan sitiyasyon ouvriye k ap pwodyi nan izin sa yo. Se sèten, sa ki fondamantal, se batay nou sou teren an e n ap vanse ladan l. Men, gen sipò etidyan yo tou ki ka pòte yon apyi konkrè e reyèl, etan done se yo ki prensipalman achte pwodyi ki fèt isit yo nan izin sa yo (mayo, djin, tenis…), kidonk mobilizasyon yo gen sans e gen yon pwa konkrè. Sou yon lòt bò, gen National Labor Committee (Komite Nasyonal Travay – NLC ann angle), nan peyi Etazini, ki an kontak ak nou e, plizyè fwa, arive bay yon apyi sèten. Anfen, gen Solidarity Center (Sant Solidarite AFL-CIO, ann angle) ansanm ak WRC (Workers Rights Consortium – Tèt Ansanm pou Defans Dwa Travayè, ann angle) ki ap kowòdone e pòte apyi yo tou. Yo te gen yon wòl enpòtan nan lit zòn franch la, nan fè presyon sou Bank Mondyal ansanm ak konpayi k ap voye konmann yo, Levi Strauss ak Sara Lee, nan pwòp peyi pa yo. Kon sa, sou tout teren, batay la ap vanse, deplizanpli kowòdone, planifye.

LIT LEGAL APATI LIT NAN IZIN YO :

Tout pratik sa yo mennen ase souvan a de konfwontasyon legal. Nou menm, nan tout pratik nou, nou toujou chache mache sou 2 pye nou. Kidonk, nan kad lit nan izin yo kont patwon yo ki soti pou souse ouvriye yo jouk nan zo san pyès moun pa janm di yo krik e, apati enpinite sa a, ranmase yon volim lajan sou do nou, nan syè nou, gen batay dirèk sou teren an, men gen batay sou plan legal la tou. Malgre tout demagoji yo soti pou fè chak tanzantan, Afè Sosyal ak Tribinal Travay pa janm chanje : yo toujou la pou defann enterè patwon ! ¬Men, malgre tou, se yon teren kote nou kontinye goumen e gen rezilta. Vreman vre, nou pap bliye 12 mwa dedomajman yon responsab ouvriye nan MEGATEX te rive rache nan men Michel Lyoto, menm kant se sezi yo ta pral sezi machin a koud li yo ki fè li te asepte peye ! Men, jounen jodi a, gen divès lot ka : anfas Albè Andal, pa egzanp, nou gen yon jijman k ap vanse. Se yon izin kote makout, nan tan pa yo, chimè, nan tan pa yo, te toujou prezan pou anpeche yo bay trak devan izin lan. Se nan kad sa a yo te agrese plizyè manm Batay Ouvriye. Jijman an ap fèt jounen jodi a e, nan kad mobilizasyon nou, n ap travay pou ouvriye yo pòte laviktwa, menm si, jan nou konnen trè byen, tribinal la pral fè tou sa li kapab pou bay patwon yo rezon.

Sou yon lòt bò, gen 5 ouvriye GILDANN yo fèk revoke yo. Ka a nan Afè Sosyal. Yo refize peye ouvriye yo preyavi yo, malgre karaktè ilegal e abitrè revokasyon yo. N ap goumen pou fè yo respekte dwa ouvriye yo.

Gen plizyè ouvriye, ki fèk revoke abitrèman ankò nan boulanjri SEN MAK. Yo refize peye yo dedomajman ki nesesè a lè yo pa bay preyavi nan revokasyon an (sa tout ouvriye konn rele “preyavi” a). Ka a nan Afè Sosyal. Konsilyatè a kòmanse montre vre vizaj li, l ap fè sa li pa dwe fè selon lalwa: fè ouvriye yo asepte mwens pase sa lalwa egzije patwon yo bay. La ankò, se yon batay.

Gen ka ki toujou ap trennen nan Kasasyon. Youn nan yo, se yon ka ki soti nan Okap, lè direksyon PAM (Pwogram Alimantè Mondyal) te fè lapolis arete 3 ouvriye ki t ap distribye bilten sendika ki nan ajans l ONI sa a. Jijman an fèt depi plizyè lane. Tou dabò, malgre vèdik lan bay direksyon PAM la tò e egzije yo peye ouvriye yo yon dedomajman, PAM kareman derefize peye. E lè lajistis egzije yon sezi, leta ayisyen kouri di : kite sa, l ap peye tout bagay li menm ! Se te sou Lavalas. Jouk jounen jodi a : nada ! Ouvriye yo, gouvènman apre gouvènman, pa janm ka jwenn 5 kòb e Kasasyon an, seyans apre seyans, toujou ranvwaye ka sa a.

Gen jijman plizyè ouvriye anfas konpayi WILBÈS ki te nan nimewo 5 Pak Mez la e ki toujou gen 2 izin nan Pak Endistriyèl la. La tou, se te yon entèvansyon lapolis direksyon an te rele pou maspinen ouvriye yo nan kad yon senp pwotestasyon e demann yon chita pale. Maspinay la te mennen yon leve kanpe jeneral tout ouvriye e deblozay te pete nètalkole. Etan done ouvriye yo sèten sou rezon yo, yo trenen patwon yo devan tribinal. Men, ankò yon fwa, lajistis derefize bay ouvriye yo rezon. Youn nan teknik y ap aplike, se fè ka a trennen, dekwa pou ouvriye yo pa ka kenbe, lage sa e pou tout lòt ouvriye wè aklè li initil atake patwon nan tribinal. Men, ankò yon fwa, se san konte ak òganizasyon nou e kouraj sèten ouvriye ki kanpe djanm, malgre tout difikilte lavi nou konnen an, pou soutni ka a e toujou prezan e mobilize nan tout sa ki gen pou fèt. Nan de ka kon sa, se ochan sèl nou ka voye pou konsyans, kouraj e detèminasyon kanmarad sila yo.

Anfen, mete sou de konfli tè nan Kazal ki gen pou jwenn desizyon legal yo, gen yon seri ka nan Okap ki mete divès travayè, an jeneral ilegalman e abitrèman revoke, anfas de patwon, an patikilye Nons ak Danyèl Zefi, de asosye Jak Novela, yon ansyen konsil franse ki te akimile mago lajan l sou Divalye e ki toujou kontinye fè l, gouvènman apre gouvènman. Tout ka sa yo, menm jan an, ap tann depi dè e dè lane, san yon desizyon final pa ka rive pran. Nan tout, ansanm ak avoka nou yo e aladispozisyon mobilizasyon ki chak fwa nesesè a, n ap travay pou fè respekte dwa travayè yo.

LIT NAN IZIN AK LIT NAN ZÒN POPILÈ :

Nan vanse nan diferan lye travay ouvriye yo, n ap chache trese lit sa yo ak lit ak mobilizasyon nan zòn popilè yo. Kontrèman ak pratik l84 yo ki toujou ap achte chimè pa yo pou fè fas a pwoblèm ki gen nan zòn sa yo, nou rete kwè se pratik travayè yo ki dwe pran chè. E pratik sa yo konsène tout travayè, kit se ou¬vriye kit se sa ki pa ouvriye. Nou menm n ap vanse nan sans sa a, patikilyèman nan gwo vil yo (Pòtoprens, Okap) men tou nan dòt, tankou Wanament pa egzanp. Nan diferan kote sa yo, gen divès asosiyasyon travayè ak komite ouvriye ki mete sou pye e, nan sèten ka, konsistans pratik la ak nivo konsyans ki akonpaye l la, rive pèmèt genyen de komite politik. La, nou poze klèman eleksyon pa dwe vire tèt travayè, fè yo sot nan chimen batay yo. Nan plizyè zòn, divès kalite travayè ap mande pou kalite òganizasyon sa yo. N ap travay pou ofri yo altènativ la. Kote pwoblèm zòn yo poze, an lyezon ak pwoblèm global yo e ak lit nan izin yo.

Menm si se pa yon izin dirèkteman, men mobilizasyon ki fèk fèt nan otèl Beck la, Okap, montre enpòtans kowòdinasyon pratik n ap pale a. Vreman vre, devan ensistans direksyon lotèl sa a ki te derefize chita ak sendika a pou diskite revandikasyon ouvriye yo, gen yon mobilizasyon solidè ki reyalize. Non sèlman te gen tout anplwaye lotèl la ki kanpe travay la e deside fè yon arè jouk Beck asepte finalman rankontre ak delege sendika a yo (dwa y ap reklame yo legal e se jistis yo y ap tann !) men, anplis, te gen de delegasyon ouvriye ki soti nan lòt sendika nan vil la (Manye Lapostòl, Novela…) ki te vin apiye mobilizasyon anplwaye lotèl la yo. Met sou sa, te gen divès moun katye kote lotèl la ye a menm yo te kontakte e ki vini vreman vre pòte solidarite yo ak lit travayè yo. Egal : ansanm sa a te bay yon bèl pwa pou batay la e patwon an sètoblije finalman asepte chita ak sendika a e rele Afè Sosyal pou vin jere kesyon an. Apre deba nan lotèl la menm, answit nan biwo leta a, yo atenn yon alamyab ki, pou moman an, rive kontante laplipa travayè yo.


PRATIK NAN ZÒN RIRAL YO :

Youn nan pratik ki fèt regilyèman nan zòn riral yo sitou, se de Konferans-Deba kote divès travayè diferan zòn vin diskite pwoblèm yo e konstwi de solisyon òganize e an lit. Konferans fèt sou Platfòm Lit, sou kesyon Sante, Edikasyon, Kolektivite Teritoryal, Alfabetizasyon, Prensipal Aks Batay travayè yo dwe rantre ladan yo, Eleksyon, Ansyen Militè, Batistè... … Kantite moun ki enterese vini yo varye: nan zòn kote nou fèk tanmen pratik la, konn gen yon 50-60 moun konsa. Nan zòn kote nou deja chita, asistans la konn arive depase 300 moun. Travay sa a gen yon gwo enpòtans nan sa ki dwe fèt globalman. Li chita konesans sou diferan kesyon yo men li chita rapò yo tou, patililyèman rapò ki dwe ekziste e kòmanse ap ekziste ant Batay Ouvriye e popilasyon travayè yo an jeneral. Nan sèten ka, deba yo mennen a dispozisyon e, pafwa, dispozisyon imedya. Se ka Konferans-Deba ki te fèt nan Okap, Wanament, Lakayè, Ba Latibonit, divès kote nan Nòdwès elatriye… sou kesyon Batistè a. Etan done se yon bagay kle pou itilizasyon travayè yo nan lavi yo (e, ak penetrasyon / devlopman kapitalism la, deplizanplis), tout moun te imedyatman mobilize pou kabeste ti vòlè yo rele ofisye eta sivil yo k ap fè yo peye batistè yo tèt nèg - pafwa jouk 500 goud! - pandan dènye dekrè sou sa te deklare l gratis ! Kidonk, se nan landemen menm (an jeneral Konferans-Deba yo fèt nan dimanch), ki di lendi, gwoup travayè yo bay randevou pou, ansanm, al egzije respè lalwa. An jeneral, lè nou debake an mas, ofisye eta sivil yo pantan anpil e, devan fòs mobilize a, yo asepte diskite la pou la, rekonèt tò yo e negosye yon minimòm nou dakò pou bay, etan done leta santral la pa ba yo 5 kòb vre pou fonksyone (egal: konkrètman, li voye yo fè ekzaksyon), ki fè nou rive antann nou, an jeneral, pou yo ba yo 25 goud pou papye tenbre, ekriti pyès la elatriye… Men, gen dòt pafwa, nan biwo eta sivil yo, chimè yo te konn ap donnen e, otorite yo te voye yo kont nou. Nan Lakayè, pa egzanp, te gen gwo afwontman ki rive fèt pandan pouvwa Lavalas la. Semenn pase a menm, nan Ba Latibonit, nou fè yon kanpay afich pou denonse sitiyasyon an. Menas yo pa tade! E ofisye eta sivil yo rele Chenè a di jij la ba l dwa arete kenpòt moun ki ta anpeche l fè lajan l sou batistè gratis yo! Met sou sa, jounen jodi a, l ap monte gang li pou vin agrese travayè li konnen k ap pwoteste yo oswa k ap prepare pwotestasyon. Men, domaj pou li, li pa konte ak detèminasyon travayè yo e konnen nou konnen batistè a, se legalman yo deklare l gratis, kidonk ti vòlè tankou ofisye eta sivil Chenè pap ka fè nou kanpe sou revandikasyon jis nou. Dosye sa a, se youn nou gen pou denonse e mobilize sou li nasyonalman. Li montre tou kouman magouyè yo santi yo piplis sou pouvwa yo toujou jounen jodi a !

Globalman, menm devan advèsite klas dominan tout kalite yo mete devan nou, menm lè advèsite sa yo an jeneral totalman ilegal e ap fèt an gwo ponyèt tou sèl, pratik k ap fèt yo montre travayè yo DESIDE PRAN LAVI YO AN MEN pandan y ap VANSE NAN LIT YO. Dènye ekzanp nou ka pran, se nan GRANGWAV. Apre siklòn Denis, Batay Ouvriye nan zòn lan te mete yon nòt pou laprès deyò. Li reyini ak 4 lòt òganizasyon pou planifye sa k ap fèt. Ansanm, nou kòmanse entèvni sou wout ki mennen Benè a. Men, an menm tan, nou menm, nou te wè mobilizasyon, an tan ke prensip menm nan lit la men, tou, paske, nan moman an, pa t gen lòt chwa, otorite yo totalman absan e soti pou pase nou nan betiz, jan yo toujou fè, sètadi : chak fwa yo pase, se pwomès sou pwomès e, answit, nadmarinad! pandan pèp ap peri...! Se nan kad sa a, yon distribisyon masif trak fèt arebò pon ki kraze a e gen lòt inisyativ k ap vini.

[ Trak Denis la ]

Nan zafè tè, nou ka siyale divès konfli trè serye. Menm kant nou wè lite pou 3 lo a nan kote se sitiyasyon sa a ki alòddijou, li enpòtan nou klè: travayè yo gen dwa, tout dwa!, nan sitiyasyon about yo twouve yo jounen jodi a, pou monte sou tè leta ki an frich yo pou travay yo: TÈ A PA KA RET ATÈ A, LA, KONSA, PANDAN TRAVAYÈ AP MOURI ! Sèlman vwala, grandon yo, ki toujou deklare tout tè leta se pa yo san gade dèyè, menm si yon tè leta pap fè anyen, yo derefize kite nou travay li. Men, jounen jodi: SE PA POU NOU SA ! Devan sitiyasyon nou menm travayè nou ye a, devan ilegalite vin deklare tè leta a se pa w la, e konnen nou konnen travay nou se li ki bay tout moun lavi, egal: fòk nou menm tou nou ka jwenn lavi e, pou sa, FÈ TRAVAY NOU RESI VIN NAN ENTERÈ PA NOU E PWOFITE NOU ! Kidonk, afwontman pete toupatou kote gen pratik sa yo e nou tout ansanm nou deklare: NOU PAP FÈ BAK! E kòmanse gen piplis tè kote se travayè yo k ap oganize pwodiksyon an yo menm.

Gen divès lòt pwoblèm nou gen pou kòlte ak yo. Menm jan ak pou batistè a, nou diskite e chache konprann pwoblèm sa yo (fondman yo, konpleksite yo, solisyon yo…) nan Konferans-Deba. E, nan kad rezolisyon nou pran yo menm, toujou rive gen yon priz an men, karakteristik, lè sa a, de yon nivo konsyans, yon nivo angajman konkrè. Gen pwoteksyon sous yo, pa egzanp, an lyezon ak pwoblèm sante; gen pwoblèm wout yo. Gen pwoblèm absans, enkapasite kronik oswa patipri reprezantan leta yo; gen divès travay, gen divès batay. Gen kote reprezantan leta yo blije bwaze, gen kote, pou yo travay, se avèk avi nou. Gen kesyon sante a nan otonomi li, ki trè enpòtan pou nou. Sou kesyon sa a, nan kad prensip liy otonòm nou, nou pran kontak ak divès òganism nan lespri : FÒK YO FÈ TRAVAY YO DWE FÈ YO SI YO VLE PREZAN ! Nan zòn Akayè, nou fèk wè ak reprezantan SADA yo. Se yon ONG ki okipe kesyon lasante ansanm ak kredi pou sa, pami dòt. Reyinyon an te trè pozitif e li dwe bay baz pou vanse nan enterè travayè yo. Nan BA LATIBONIT, nou rantre an kontak ak SOE, yon òganism ki okipe kesyon sante tou, ansanm ak HAS (Lopital Albè Schwatzè, an franse). Nou gen pou wè ak yo pou chita kalkile sa ki dwe fèt nan enterè nou, enterè travayè yo, enterè pèp la. Tou sa, n ap gen pou tounen sou yo.

KRIZ JENERALIZE A KREYE KONDISYON POU TOUT KALITE MAGOUY! APATI ENTERÈ TRAVAYÈ YO, ANSANM AK TRAVAYÈ YO, BATAY OUVRIYE KANPE ANFAS YO.

Nan WANAMENT, pa egzanp, gen konpansasyon yo gen pou bay peyizan yo te pran tè yo pou fè zòn franch CODEVI a. Fòk yo dedomaje yo rekòt yo pèdi yo ansanm ak kay yo yo pèdi tou. Dedomajman rekòt la ansanm ak kay la se CODEVI ak Bank Mondyal ki pou degaje yo bay yo. Men tè pou fè kay la, se leta ayisyen ki angaje bay yo. E gouvènman sa a pa wè lòt bagay pou li fè, li voye DGI apante tè Vensan te bay sivivan masak Twouyiyo te fè kont travayè ayisyen sou fwontyè a nan lane 1937 ! Kidonk li vle voye ti peyizan goumen youn kont lòt e, konsa, pwofondeman divize travayè yo. Men, Batay Ouvriye la : SA PAP FÈT ! Vreman vre, nou gen tan reyini ak tou 2 pati yo e n ap travay pou, okontrè, chache kowòdone aksyon yo e fasilite youn pòte solidarite bay lòt nan kad mobilizasyon yo chak gen pou mete sou pye kont leta ki soti pou detwi nou tout la. N ap gen pou tounen sou evolisyon sitiyasyon sa a.

Nan SEN RAFAYÈL, yon ekip malandren ki gen pami yo kolonn grandon ki, ansanm ak otorite Lavalas yo, te nan lit Gwasimal la kont travayè yo, vin ak yon swadizan pwojè ayewopò leta gen pou reyalize nan zòn la. Pou sa, gen yon seri ti peyizan yo chwazi tè yo kareman pou swadizan vin konstwi ayewopò sila a. Yon 600 kawo ! Yo parèt byen angran, yo di ti peyizan yo: se pwojè leta, yo ba yo 6 semenn pou degèpi ! Nan rejyon sa a, apati elajisman asosiyasyon travayè Gwasimal yo, Batay Ouvriye prezan. Kidonk, nan pwochen asanble jeneral, pwoblèm lan poze. Lè kounye a yon reskonsab Batay Ouvriye al verifye nan leta Okap la, pyès moun pa okouran pwojè sa a ! Kidonk: se vòlè grandon yo te vin vòlè tè ti peyizan. Ankò ! Pi rèd, malandren sa yo, se pwofite y ap pwofite pa gen leta a, pou, kounye a, chache fè yon magouy pi wo nivo, kote y ap di kareman se leta ki voye yo, se leta yo reprezante: se leta yo ye ! Men, konnen nou vin konen magouy yo a, menm jan an: MOBILIZASYON PARE POU TANN YO E KANPE ANFAS YO KÒMSADWA. Yon lòt dosye k ap evolye e ke n ap gen pou tounen sou li.

Nan MÒL SEN NIKOLA, yon ekip nèg vin swadizan bati yon waf. Yo te deja fè menm tantativ sa a pandan koudeta 1991 lan. Jodi a, yo tounen e y ap apiye sou divès opòtinis nan zòn la ansanm ak gran don yo. Yo soti pou fè travayè fè kòve. Toujou nan non leta, yo vle peye 36 goud pa jou ! Ki vre wòl leta nan kesyon sa a ? Èske li la vre ? Si wi, ki moun ki bay otorizasyon ? Ki sa k ap regle ? Kòman pwoblèm deposesyon an poze nan ka sa a ? Batay Ouvriye la. N ap mennen ankèt, n ap swiv e MOBILIZASYON TRAVAYÈ YO KÒMANSE !


KONTAK AK LÒT ÒGANIZASYON :

Nan Pòtoprens, nou wè ak yon delegasyon WRC ki te vini prensipalman pou 2 rezon: youn, se te planifye ak nou kowòdinasyon ki gen pou konstwi nan kad lit kont patwon GILDANN yo, etan done yo an rapò tou ak ouvriye nan peyi Amerik Latin lan kote yo pwodyi pou konpayi sa a; apyi etidyan nan peyi Etazini ak Kanada repoze nan kad sa a e yo montre milye sa a dispoze mobilize, kote se tann y ap tann siyal pou pòte apyi yo nan kote e nan jan k ap nesesè a. Dezyèm rezon ki te mennen delege WRC yo isit, se te pou rankontre ak de dirijan ADIH. Nou patisipe nan rankont sa a. La a, pami analiz sou sitiyasyon tekstil la nan lemonn e dispozisyon patwon ayisyen yo nan lojik global la, nou lonje dwèt sou kontradiksyon yo e, patikilyèman, enterè travayè yo yo gen tandans, nan kad lojik la menm, pase anba pye. Answit, nan menm kad sa a, WRC poze respè Kòd Kondyit konpayi k ap voye konmann yo etan done yo gen done sou patwon ayisyen yo k ap vyole règleman minimòm sa yo san rete. Devan delege WRC yo, dirijan ADIH yo montre y ap travay pou Kòd Kondyit sa yo respekte. Nou menm, n ap tann pou nou wè. E n ap goumen pou sa.

Anvan li te rive nan Pòtoprens, delegasyon WRC a te ale nan WANAMENT rankontre ak SOKOWA. Yo patisipe nan yon rankont ak komite a nan samdi, kote diskisyon k ap fèt ak direksyon zòn franch la sou kontra travay kolektif la debat anpil; nan dimanch, se nan asanble jeneral la yo patisipe, ansanm ak tout ouvriye ki te vin planifye pousyit batay la ansanm ak alye sa yo tou.

Nan LAKAYÈ, nou rankontre ak dirijan SADA yo, jan nou t ap di pi wo a. Yon rankont pozitif ki pèmèt rete sou pratik nou tou 2 e sa ki dwe fèt. Gen yon ranmase detaye k ap sikile nan Akayè sou rankont sa a pou tout manm nou yo ansanm ak tout popilasyon a tou okouran sa k ap fèt la, sa ki gen pou fèt, vin debat li, bay opinyon yo e, ansanm, pran desizyon ki pou pran yo nan diferan nivo asanble yo.

Nan LATIBONIT, Batay ouvriye wè ak yon òganizasyon fanm. Gen bon pèspektiv ki louvri e n ap kenbe nou enfòme sou avansman yo.

Anfen, nou te resevwa 2 envitasyon. Youn pou Sen Domeng, pou al diskite nan milye inivèsitè a sou sitiyasyon peyi d Ayiti e ki pozisyon pwogresis ak tout kalite òganizasyon dwe kapab pran sou li, dekwa pou yo pa kite se klas dominan yo tou sèl k ap opine piblikman sou kesyon ki konsène pèp tou 2 peyi sou zile a. Lòt envitasyon an se te pou peyi Venezyela, nan objektif al patisipe nan yon Kongrè Etidyan Amerik Latin. La a, yo te envite nou pòte yon pozisyon sou sitiyasyon peyi d Ayiti e, menm jan an, diskite ak zanmi kanmarad tout kalite sou sa k pou fèt an tèm entènasyonal. A nivo sa a, etan done patisipasyon an t ap bokou plis entènasyonal, sitiyasyon mondyal la t ap poze e debat tou. Se nan kad li yo t ap resantre sitiyasyon Ayiti a e analize solisyon ki pou konstwi ansanm. Pwoblèm kowòdinasyon ak viza anpeche nou patisipe nan tou 2 rankont yo.

*

Vre pwoblèm yo, se apati ENTERÈ TRAVAYÈ YO yo ka poze. Se travayè yo ki ka pèmèt poze yo. Se LIT TRAVAYÈ YO ki ka pèmèt debloke yo, ba yo bon jan solisyon, jis, a lon tèm, estab, dinamik e nan enterè pèp la vre. Se yon tach ki long, etan done pou li fèt tout bon, se ak anpil pwofondè e ak gwo fèmte pou li mennen. Menm jan an tou, nan kad konstriksyon sa a, LIY OTONÒM TRAVAYÈ YO dwe respekte toutan, nan tout nivo, pandan, an menm tan, se an mas e ak konsyans pi avanse a pou nou vanse.

Gen moun ki panse Batay Ouvriye se zòn franch, Batay Ouvriye se sendika. Menm si lit sendikal la gen tout enpòtans li e, nan sa, sila zòn franch la patikilyèman, tach la bokou pi laj, entèkonekte e konplèks. Nouvèl k ap vini pezape yo ap pèmèt Kan Pèp la non sèlman gen yon lòt vizyon de mouvman Batay Ouvriye an men, tou, yon lòt vizyon de lit ki pou mennen yo, lit nou dwe mennen yo, nan enterè nou tout bon. BATAY LA FÈK KÒMANSE !

NOS DOSSIERS: