Batay Ouvriye Banner

BILTEN POLITIK

Janvye 2006

Telechaje dokiman sa a: 


ENTWODIKSYON

Jounen jodi a, Batay Ouvriye ap mete deyò yon nouvo BILTEN. Apre divès bilten rejyonal, apre Bilten nouvèl yo, Batay Ouvriye wè nesesite pwodyi yon bilten ki gen yon pòte global e ki konsènen pi dirèkteman kesyon politik yo, pozisyon politik mouvman an. Se sèten se pa premye inisyativ ki konsène kesyon sa yo. Konn gen trak, nòt de près, atik nan Bilten ; konn gen konferans-deba, entèpelasyon nan diferan zòn. Konn gen pikèt… Men jan nou sot di li a, li nesesè pran nouvo inisyativ sa a k ap gen pou jwe yon wòl sentèz, k ap gen yon sikilasyon pi jeneral e k ap pèmèt devlopman pozisyon ak pratik politik travayè yo an jeneral. L ap ede tou nan konstriksyon yon kan pèp djanm ak travayè yo kòm potomitan.

Nan pozisyon nou pran resaman, nou montre ki jan konjonkti a mete nou nan yon moman kote non sèlman tout klas yo ap entèvni ak fòs, menm si nan ka klas domine yo l ap fèt gaye e san direksyon. Nou montre tou nou nan yon koub desizif. Ak yon konsyans klè e divès pratik agresif, boujwazi a angaje nan yon konba pou reyalize pwojè li genyen pou peyi a. Menm si li lese sèten kontradiksyon parèt ak mèt li, boujwa enpèyalis yo, non sèlman yo segondè men, antanke tyoul politik, ideyolojik ak ekonomik, li pare pou soumèt li a tou moman. Si jounen jodi l ap goumen pou ejemoni politik la, se paske dèyè tou sa, li gen pwojè global pou fòmasyon sosyal la, kit se nan nivo ekonomik la (zòn franch, CCI[1], ogmantasyon esplwatasyon an, repwodiksyon politik neyoliberal la ak mache kom regilatè anndan kou nan rapò ak lòt peyi), kit se nan nivo politik la, kit se onivo ideyolojik. Se sa k ap eseye regle malgre fayit la. Travayè yo dwe klè sou sa. Travayè yo dwe kanpe anfas sa. Kidonk konjonkti a mande travayè yo gen yon lòt prezans. Bilten sa a nou rele BILTEN POLITIK la dwe ede nou pèmèt konstwi, reyalize prezans sa a.

Men yo ka mande : eske pat gen lòt moman ki te deja mande sa ? N ap di kareman wi. Men pou byen konprann se jounen jodi a n ap bay nesesite sa a yon repons, nou dwe lonje dwèt sou yon lòt faktè. Avèk BATAY ki mennen yo, ak travay òganizasyon ki fèt yo, malgre tout difikilte, Batay Ouvriye grandi. Nou vanse. Sa lakòz responsablite nou yo pi gran. Sa lakòz tou kapasite nou yo pi gran. Kidonk nou ka reponn a responsablite ki la devan nou yo, kèlkeswa sa ki nan tèt nou. Tou sa bay baz pou nou pran inisyativ nouvo Bilten sa a.

Nou dwe di tou, devlopman nou pèmèt nou vin pi mi. Nou gen plis kapasite apati refleksyon sou pratik nou yo, pou nou gen yon liy ak pratik ki plis koresponn a enterè travayè esplwate yo. Nan sans sa a, tandans ekonomis ki konn glise, devlope nan pratik nou yo vin pi klè pou nou e nou gen plis kapasite rektifye yo. La ankò, sa bay baz pou rantre nan inisyativ Bilten Politik la.

Pou fini, nou dwe di altènativ ki nan enterè travayè yo toujou rete yon nesesite istorik. Devan fayit klas dominant yo ansanm ak tiboujwazi a ki mennen peyi a nan kriz li ye a, k ap foure nou pi fon nan twou esplwatasyon, mizè, represyon-laterè a, degradasyon moral la, li rete endispansab travayè yo fè santi ALTÈNATIV pa yo. Bilten an dwe kontribye konkrètman nan sa, pami divès pratik.

Bilten an pap yon senp ekzèsis entelektyèl. Li dwe toujou byen chita nan lit nou yo, nan pratik k ap fèt yo. L ap sòti nan pratik yo, l ap rantre nan fè pratik yo vanse, nan kad yon demach kote l ap kontribye nan bati inite politik travayè yo.

Jounen jodi a, kesyon politik ki blayi sou sèn politik la e ki gen yon gwo enpak, se kesyon eleksyon an. Nan divès lòt moman, nou te bay pozisyon. An 2000, pa ekzanp, te gen konferans deba, nan sèten zòn te gen deba ak kandida yo. Jounen jodi a, menm pratik sa yo ap fèt men li nesesè laji difizyon pozisyon nou yo piplis. Se nan kad sa a, nan premye nimewo sa a, n ap chita sou kesyon eleksyon an. Nan divès zòn, yo deja jwenn pozisyon sa yo. Men jan y ap ka wè, Bilten an, kòm kad, bay plis latitid pou divilge yo pi byen. Nou sitou rete sou sa ki pi enpòtan nan moman an. Nou dwe fè yon anons enpòtan : n ap gen pou tounen sou kesyon kolektivite yo, yon fason otonòm.

N ap travay pou lide ki nan Bilten an jwe wòl yo nan mitan travayè yo pou yo vanse nan lit yo e konstwi altènativ yo a.


ELEKSYON 2006 YO : POZISYON BATAY OUVRIYE

Rete sou kesyon ELEKSYON an, se pa yon bagay ki fasil jounen jodi a, sitou l ap fèt nan yon moman kote moun chofe sou kesyon an. Gen anpil pasyon, menm si li pa jeneralize. Se pa premye peryòd elektoral n ap viv antanke òganizasyon. Batay Ouvriye te la an 2000 e nou te entèvni sou kesyon an nan divès zòn. Nou te fè fas a divès agresyon poutèt pozisyon nou. Se nòmal. Jounen jodi a ankò, se menm bagay la. Nan kad abitrè ki gen nan peyi a, yo arete manm nou nan Nòdwès poutèt pozisyon yo t ap eksprime sou kesyon an. Kidonk, akòz enpòtans nou panse kesyon an genyen jounen jodi a, n ap rantre ladan li 2 pye fèm apati enterè nou, enterè travayè yo.

Pou nou rantre nan kesyon eleksyon an, nou dwe presize ki sa eleksyon an ye pou nou. Nou ka di se yon moman kote klas dominan yo ap chèche renouvle moun ki pou al dirije leta a pou yo. Nan moman sa a, yo pèmèt yon patisipasyon mas popilè yo nan al depoze bilten vòt. Nou dwe di, fòm vòt sa a yo rele “inivèsèl” la, kote tout popilasyon an ka vote, se lit yo ki pèmèt pèp diferan peyi yo louvè lòsyè sa a. Lontan, se te senatè ak depite sèlman ki te chwazi prezidan. Sepandan, fò nou klè tou, depi lotan, klas dominan yo gen tan òganize tèt yo, rekipere pwosesis sa a, kontwole l e, jounen jodi a, kanpay elektoral la, se yon moman pou ralye mas yo dèyè divès pati osnon kandida ki anba oswa plizoumwen anba kontwòl laboujwazi. Konsa, yo fè mas yo patisipe nan pwosesis klas dominan yo kontwole gras a leta ki la pou defann enterè yo, gras a medya yo ki rele yo chèmèt chèmetrès, gras a pisans lajan yo. Pwosesis sa a sèvi yo pou kenbe mas yo divize e anpeche yo bati inite yo pou vanse nan lit yo. Li anpeche nou poze nesesite lit otonòm nou. Nan sans sa a, globalman nou ka di: ELEKSYON, SE KLAS DOMINAN YO K AP REGLE ZAFÈ YO SOU DO MAS POPILÈ YO. Men fòm yo itilize a kreye ILIZYON kay mas yo sou baz tout moun swadizan lib, an patikilye lib pou chwazi reprezantan yo. Men nou tout nou konnen, sou baz esperyans, nou wè swadizan reprezantan yo lè eleksyon e yon jou apre eleksyon, nou pa wè yo ankò.

Nou dwe di tou, selon peyi a, eleksyon yo sèvi pou de bagay pi presi. Nan yon peyi tankou Ayiti, jounen jodi a, eleksyon, se yon mwayen pou klas dominan yo ak boujwa gwo peyi k ap peze nou yo, dirije nou, eseye soti nan gwo kriz yo ye a. Se yon MOMAN pou yo eseye bati yon nouvo INITE POLITIK, nan enterè yo, pou yo dirije peyi a KONT NOU. Sa dwe klè.

An menm tan, nan yon peyi kote lamizè a lou, nan yon pèp kote, poutèt lamizè grenn kraze a menm, opòtinism lan fò, se yon moman kote anpil moun nan mas popilè yo wè yo pral fè kòb. E kandida yo fasilite sa. Bagay la si tèlman rive lwen, menm dèyè yon mayo de moun ap kouri. Kidonk, se yon moman kote politisyen yo pwofite pou devlope koripsyon nan mitan mas popilè yo. Se pa konviksyon k ap pale, se pa pozisyon politik k ap pale, se pa chanjman reyèl k ap pale vre, se lajan k ap pale. Ti monnen pou sèten, bèl ti kòb pou dòt. Kandida yo achte konsyans, yo achte moun. La ankò, li negatif pou nou menm nan mas popilè yo. Se enterè klas dominan yo y ap reyalize kont nou, sou do nou.

Jounen jodi a, nou ka di nan ka pa nou an, nan peyi a, n ap travèse yon kriz ki fon anpil. Pandan 20 lane ki fèk pase yo, klas dominan yo ak tout gouvènman peyi enpeyalis yo montre YO PA GEN SOLISYON. Yo pa gen kapasite pou yo soti nan kriz kote fòmasyon sosyal ayisyenn lan ye jounen jodi a. Men, an menm tan tou, nou menm nan mas yo, nou pa rive gen fòs ni kapasite pou nou pote altènativ pa nou. Sa lakòz tout bagay ap pouri nan peyi a e, an reyalite, se sitiyasyon pa nou k ap anpire. Devan enkapasite klas ki reprezante enterè yo, kidonk boujwazi a, vin ap demontre, peyi enpeyalis yo blije vin angaje yo yo menm nan peyi a, e se konsa yo vin mete bòt yo sou kou peyi a tou. Men, pou pa gen twòp pwoblèm anplis nan nivo entènasyonal la, yo di e yo vle fè kwè se “peyi zanmi yo ye”, se “ede yo vin ede nou”. Men, tout moun klè, NOU ANBA YON OKIPASYON, degize ak prezans l ONI (MINUSTAH ak lòt fòm). E klas dominan yo ak tout politisyen rat do kale yo ansanm ak tout kolaborasyonis k ap mòl kò yo a, DAKÒ AK SA !

Malgre tou, jouk jounen jodi a, ni klas domi­nan yo, ni peyi enpeyalis yo, pa gen solisyon. E, nou menm ouvriye, nou menm travayè, nou menm mas popilè yo an jeneral, nou dwe klè: devan sitiyasyon kriz pwofon n ap travèse a, ELEKSYON YO PAP POTE PYÈS SOLISYON POU NOU! E, pi rèd, sitiyasyon an si tèlman mangonmen, kriz la si tèlman fon, nou kapab di: menm nan enterè pa yo, eleksyon an pap pote yon solisyon vre. Kòm gen diferan sektè ki yo menm gen yon opòtinis fini e ki, apati karakteristik sa a, bezwen chèz boure a pou al regle pwòp magouy pa yo, y ap parèt tèt yo antanke moun ki vin sove peyi a. Men, vreman vre, eleksyon sila yo (ki se eleksyon pi chè nan listwa peyi d Ayiti e ke n ap gen pou kontinye peye pandan yon bann tan) pap pote OKENN SOLISYON VRE ni menm pou yo, okenn solisyon antanke klas dominan e, pi rèd, okenn solisyon nan kriz estriktirèl pwofon peyi a ap travèse a. Nan kad blokaj reyèl sa a ak enkapasite yo devan sitiyasyon istorik sa a, nou kapab di: yo vle sèvi ak de mekanism konjonktirèl pou chache rezoud yon kriz estriktirèl. E se la yo twonpe yo. Men, an menm tan tou, pwojè mekanism konjonktirèl la, kidonk eleksyon yo, vle tabli a, CCI a pou nou pi presi (egal: bandonnen tout politik ki te ka genyen preokipasyon « nasyonal » pou yon lesplwatasyon grenn kraze nan zòn franch nan prensipal benefis kapitalis etranje), se prensipalman sou do pa nou, nou menm ouvriye, nou menm travayè, nou menm ti peyizan e menm ti kapitalis lokal oswa nasyonal yo, se sou do pa nou gwo miltinasyonal kapitalis yo, ansanm ak gran manjè yo kòm sousou, vle tabli l. E, ak eleksyon yo, se la y ap chache twonpe nou.

Konpleksite a ankò pi gran lè nou kenbe kont eleksyon an sanse yon zak « souvrente nasyonal ». Epoutan eleksyon yo ap fèt anba okipasyon. Se yon kontradiksyon yo pa ka sot ladann e sa montre pwofondè kriz la toujou.

*

Nou menm, nou te ka di: se yon malpwòpte, ann vag li! Men se ta mal poze pwoblèm lan. Se sèten, SE YON MALPWÒPTE ! Men se yon malpwòpte nou dwe byen analize e defini sa n ap fè pa rapò a li. Tout jan, nou dwe travay pou bloke pourisman an, ranmase plis fòs e vin ak ALTÈNATIV pa nou finalman.

Si n ap gade sèn politik la, nou ka di gen yon polarizasyon ki klè. Sou yon bò, gen yon fòs k ap vin pi gwo. Se apati kandidati PREVAL la. Nou ka di kandidati Preval la vin bay pwosesis la yon kredibilite. Li pèmèt plis moun al enskri nan yon moman kote pi fò moun te vag. Men, an menm tan tou, kandidati Preval la vin gate jwèt la. Ekip ki te voye Aristid ale yo (kit se ayisyen, kit se etranje) pa ka kontinye ap fè yon ti jwèt “antre yo”.

Sou yon lot bò, gen fòs ki te voye Aristid ale yo. Yo pa ini menm jan an, sèten menm rive ap chèche fè alyans ak kan Preval la, anba chal. Dòt wè bloke Preval e yo montre sa klèman. Men se pa sa ki enpòtan. Yo vle fè kwè se “diktati” y ap bloke men, si nou gade byen, n ap wè SE YON KOURAN « FACHIS » K AP KONSOLIDE LI. Yo vle fè kwè se popilism ak “dezòd” lavalas yo y ap bloke men, an reyalite, SE LIT POPILÈ YO MENM Y AP CHACHE ELIMINEN. Yo vle fè kwè se “devlopman” y ap vin pote men vreman vre, SE YON ESPLWATASYON SAN LIMIT Y AP VIN CHACHE REYALIZE NAN SYÈ AK NAN SAN TRAVAYÈ NAN KAD YON LAMIZÈ JENERALIZE POU TOUT PÈP LA. Tou sa, nan gwo represyon, anba gwo laterè.

Yo fè 20 lane esperyans tout kalite tantativ pou jwe yon jwèt “demokratik" e sa toujou fware. Sèl mwayen yo genyen, se grenn kraze, se fachism la, malgre tout pale anpil. Nou ka pran kèk ekzanp. Bekè ak eslogan LÒD, DISIPLIN, TRAVAY li a. Nou dwe sonje nan peryòd esklavaj te gen lòd, disiplin ak plen anplwa ! Se menm jan an. Lè sa a, nou konprann ! Se menm Bekè a ki te rele SIMO vin bimen ouvriye k ap revandike, se menm Bekè a ki refize peye ouvriye li revoke, se menm Bekè a, ak men pa li, ki al fè foto militan ki vin distribye trak devan izin li an, pou monte dosye pou fè arete yo. Yon lòt ekzanp se REBI: li menm tou li pwomèt baton. Li di li ak bouch li. Nou pa dwe bliye se nan peryòd li t ap dirije kan Leyopa, yo t ap bat ouvriye ARMTEX ki t ap revandike nan pak endistriyèl la e menm fanm ansent te pran kou. Gen lòt kandida ki te nan tèt jwèt yo pandan koudeta 91 la, gen lòt ki te kriminèl sou Divalye... Yo tout la jounen jodi a, y ap konsolide kan fachis la.

Anplis tou sa, yo youn pa gen pwogram e menm lè yo pretann prezante yon swadizan pwogram, se de bagay vag, lajman laj, klasik, san okenn presizyon, san pyès mekanism konkrè pou aplike sa y ap di y ap vin fè yo. An fèt, yo depann de peyi enpèyalis yo e pwogram reyèl yo se aplike plan enpèyalis yo, anfas mas yo, sou do mas yo. Nan kad pwosesis sa a, gen yon polarizasyon k ap kreye, men se pa yon polarizasyon mas popilè kont klas dominan. Sitiyasyon an pi konplèks.

*

Nan sitiyasyon sa a, MAS POPILÈ YO DWE KENBE OTONOMI YO. Yo dwe klè sou PLATFÒM LIT YO e di tout kandida yo: MEN KWA MANMAN YO, MEN KWA PAPA YO, SI YO KAPAB VIN PILE LI! BATAY LA FÈK KOMANSE ! Se sa ki pi enpòtan pou nou, SE SA KI BOUSÒL NOU.

Malgre tou, nou dwe klè sou sa k ap pase a e gade kisa ki pou fèt la. Tou dabò, kouran fachis la, menm si li gen 2, 3 fo demokrat ladan li oubyen ki akonpaye li, menm si li vle pran degizman sosyete sivil ak kontra sosyal, nou dwe konnen nou gen responsablite BLOKE li. Fòk nou denonse li san rete, anpeche moun nan mas yo pran ladan li, menm kant yo gen kòb e vle achte mas yo. Nou dwe montre yo nou pa pou vann.

Sou kote sa, nou dwe klè sou lòt pòl la. Nou dwe klè Preval ak ekip li a pa pral fè pou nou. Yo deklare l klèman dayè. Anplis, Preval pral sibi presyon peyi enpeyalis yo ak presyon boujwazi a. Preval ak ekip li a pote anpil kontradiksyon. Men anfas kouran fachis la, ki pral bouche tout pòt pou nou, se gen dwa li ki ka mache ak SÈTEN KONDISYON pou nou vanse nan lit nou yo. Vreman vre, fò n pa bliye sa yo vin rele “Lavalas” la, se te yon laj mouvman popilè ki te dechouke Divalye e t ap mennen gwo lit pou pwòp revandikasyon pa l. Se apati li menm menm, Aristid ak tout ekip li a rive sou pouvwa. Se li tou ki pèmèt Preval premye vèsyon an. Kidonk: SE NOU MENM TRAVAYÈ, TRAVAYÈZ, LAVIL KOU ANNDAN PEYI A, CHOMÈ, TI BOUJWA DEFAVORIZE, MAS POPILÈ YO AN JENERAL KI, A CHAK FWA, KANPE POU METE YON LÒT POUVWA NOU TE KWÈ KI T AP YON LÒT KALITE POUVWA SOU PYE. Poutèt nou te manke òganize yon mannyè otonòm e ak èd chimen kwochi sektè boujwa ak tiboujwa reyaksyonè yo nan lit fen ane 80 yo, kèk arivis - pèp la pral touswit rele “gran manjè” – te rive pran tèt pouvwa sa a. Apati koudeta a ak transfòmasyon radikal yo sibi a, “retou” a te vin fèt ansanm ak 20 mil militè ameriken, sou tè Desalin la, anba lezòd enpeyalis la. Depi lè sa a, gran manjè sa yo vin chak jou piplis ap sèvi ak pouvwa a pou bay boujwa yo pasaj nètalkole, bloke tout lit travayè, pandan pwòp yo menm y ap vòlè tribòbabò nan leta, dekwa pou, yo menm tou, yo ka vin boujwa. Lè maryaj yo ak laboujwazi ki pa nan leta a fin dekrenmen, yo rele anmwe e fè kòm si yo ta renmen rechita sou revandikasyon popilè pou dirije. Fò n pa pran lalin pou fwomaj. Apèl sa yo, se te de apèl dezespwa pou fè nou pran lari nan kwè yo se yon “gouvènman popilè”. Si se te vre, nou t ap gen tan wè sa pandan plis pase 10 lane yo te fè sou pouvwa a, ki sa yo te reyalize nan sans enterè nou tout bon, kit nan politik jeneral yo, kit nan jan yo jere konfli travayè yo anfas boujwa ak grandon ! Malgre tou, malgre tou, malgre tout blòf li, malgre tout trayizon li, pouvwa sa a, SE SOU BAZ BATAY NOU, BATAY PÈP LA, LI TE VIN PARÈT ! E li te pòte kontradiksyon sa a anndan l. Si, nan premye tan sa yo, arivis yo, gran manjè yo sèvi ak pouvwa sa a kont nou, si opòtinis yo te ka pran tèt mouvman an, SE PWÒP ERÈ, FEBLÈS PA NOU! Malgre tou, malgre tou, mobilize lòt zèl boujwa a te vin mobilize kont yo a te ede plis moun demaske tou 2 lenmi nou yo e, jounen jodi a, VERITE A SE: PA TONBE NAN MENM ERÈ A ANKÒ, KOTE MOUN AP VIN DIRIJE NAN NON NOU ! Nou pa pral mande yo fè pou nou ; okontrè, nou dwe pare pou sèvi ak kondisyon yo, KONDISYON PWÒP NOU MENM N AP KREYE YO, pou vanse nan lit PA NOU, vit e byen. Fòk nou depase limit konsyans ki te egziste nan premye tan yo e ki kontinye egziste. Nou pa pral tann yo fè pou nou, nou dwe DEFANN PWÒP REVANDIKASYON PA NOU ! Se sa k fè, pandan se nou k ap mobilize pou kreye kondisyon sa yo, nou dwe pare pou KANPE ANFAS TOUT ANSYEN ARIVIS, NOUVO GRAN MANJÈ, BOUJWA ESPLWATÈ, TI BOUJWA OPÒTINIS, KI PRAL CHÈCHE, ANKÒ YON FWA, VIN SÈVI AK NOU POU YO RALE BENEFIS SOU BÒ PA YO ASE, SOU DO MOBILIZASYON NOU YO.

Nou di pòl Preval la ap pote kontradiksyon:

  • Premyèman, lavalasyen pwo-Aristid ki soutni Preval yo pral yon gwo presyon. Yo menm, yo reprezante yon kouran negatif. E nou dwe travay pou bloke ansyen oryantasyon yo a ki vle sèvi ak mobilizasyon mas yo pou regle zafè yo. Nou dwe bloke tandans negatif y ap rale avè yo ak tout efè yo sou ekip ki alatèt kan Preval la. Yo plen pouri nan mitan yo. Nou dwe izole sa ki pou izole yo e ralye sa ki ka ralye yo. Anndan lit la menm.
  • Gen ansyen granmanjè ki sou kote Preval yo. Se vre, yo te gen tan mete anpil sou kote, osnon yo pa la. Men yo toujou ka re-glise kò yo e dayè yo deja ap fè sa. Se yon lot kouran negatif enpò­tan yo pa dwe souzestime. Nou dwe travay pou bloke yo, denonse yo, chase yo.
  • Gen nèg k ap vin fè alyans yo. Anpil se reyaksyonè fini, menm gen makout ladan yo. Nou dwe fèm anfas yo. Nou dwe fèm sou efè yo ka genyen sou Preval ak ekip li a. Fòk nou genyen, nou menm, yon oryantasyon politik klè anfas yo, fòk nou lite pou li e fè pou tout moun k ap vin pwoche klè fòk yo aksepte li. Eleman nou konnen ki pa kòrèk yo, se pou nou denonse yo e lajistis dwe fè travay li. Fòk nou mobilize pou egzije lajistis fè travay li.
  • Gen moun nan mas yo menm ki gen tandans apiye Preval annik pou yo ka jwenn djòb, yon jan pou yo al fè ti bè yo nan leta a oswa al devlope yon “ti pouvwa”, dekwa pou yo ka vin fè pik yo sou do pi piti yo an jeneral. Eleman sa yo, si yo ka tande, fòk nou travay avè yo pou yo ka pran konsyans e devlope yon lòt konsepsyon pratik politik la. Sila ki rabi nan pozisyon sa a, fòk nou denonse tantativ yo e, lè sa va nesesè, bloke yo.
  • Genyen diferan kandida “Lespwa” yo. Sa nou konnen, sa nou pa konnen. Sa nou pa konnen yo, se pou nou chache konnen yo, pou, depi nou pa dakò avè yo, kapab denonse sa ki pou denonse yo. Sa nou konnen deja yo e ki, d apre nou, gen dwa reprezante yon oryantasyon travayè oswa menm popilè posib, se pou nou entèpele yo nan tout zòn kote nou ye yo, fè yo konnen platfòm lit nou pare kolèktivman ansanm lan e mande yo sa y ap fè avè l, ki kote yo kanpe pa rapò a li menm, ki sa e, sitou, ki jan yo panse vin aplike sa sitiyasyon nou an ap egzije a. Sa nou deja konnen kòm vakabon malpouwont, gran manjè, asasen, fòk non sèlman nou denonse yo, men fò n mobilize kont yo e rele chalbari dèyè yo sou teren an. Menm jan an tou, fòk nou vanse nan menm sans sa a ak tout kandida ki nan zòn oswa katye kote nou ye yo, menm jan an tou ak tout kandida ki vle al nan wotè aparèy deta a (senatè, depite, majistra...) menm lè yo pa “Lespwa”, dekwa pou se Platfòm Lit pa nou an ki an vigè vre. Fòk nou di yo tout: MEN KWA MANMAN N, MEN KWA PAPA N, SI NOU KAPAB, VIN PILE L !
  • Sou kote tou sa, gen Preval li menm. Li plen kontradiksyon nan tout kò l. Li ka vini, l ap vini ak divès oryantasyon negatif pou nou. Se pou nou gen kapasite kanpe anfas yo ! Pa egzanp, li deja kòmanse ap di nou : “poze” ! Oryantasyon sa a nou pa dwe aksepte li. Si nou pran ladan li, se dòmi nou pral dòmi ankò, lage kò nou nan men yon pouvwa ki, menm lè se nou ki mete l la, menm lè l ap gen mak fabrik sa a anndan li, nenpòt lè, li ka vire kont nou pou al kole moustach ak enpeyalis, boujwa oswa grandon k ap domine-esplwate nou yo. Ekip sa a, ak tout Preval, deja ban nou prèv yo ka fè sa. Gen yon lòt oryantasyon tou ki bay pwoblèm, se lè Preval di “li pap vin fè” ! Sa sa vle di ? Pou nou ta mobilize, mete yon pouvwa sou pye, pou pwòp li menm l ap vin di nou “li pap vin fè” ! Kòmkwa li pa “garanti” l ap ka fè! Ni pou amelyorasyon lavi nou, ni nan konfli nou genyen ak lenmi nou yo. Sa sa vle di ? N ap mande. Non ! Nou pa dakò. Fòk nou montre Preval ak ekip li a se gras a nou yo la e fòk nou fòse yo pran reskonsabilite yo pa rapò a nou. Nou dwe byen konsyan se mobilizasyon pa nou, mobilizasyon travayè yo, mobilizasyon mas popilè yo k ap chache rache dwa yo anba dominasyon kote nou ye a e k ap chache defann lavi yo, nan lamizè san fon nou twouve nou a k ap reyèlman fòse li.

Kidonk sitiyasyon an pa senp. Men, nou dwe konsyan : li pa t ap janm senp.

*

Kidonk, se pou nou konstwi. Fòk nou mete sou pye yon FÒS ÒGANIZE ki non sèlman ap kanpe anfas fachis yo, men tou ki konstitye, konsyaman, yon KONTREPWA anfas tout tandans negatif pòl Preval la mache ak yo a. Nou dwe konstwi li nan yon konsepsyon kote sa k ap prensipal e fondamantal pou nou, se avansman lit kan pèp la ak travayè yo kòm potomitan. Pou sa, nou dwe byen mache sou 2 pye nou, kidonk, sitou, se pou nou vanse nan lit otonòm nou. Se pou nou konstwi fòs ki pou mennen lit demokratik popilè yo byen e nan enterè nou tout bon vre. E, sou yon lòt bò, fòk kontrepwa a tou kontribye, an menm tan, nan konstwi kan pèp la. Li dwe bay baz pou sektè nan kan pèp la ki ka e ki vle, poutèt nati yo, prezan sou sèn politik la apati enterè travayè yo, prepare prezans yo e rive al pi lwen pase senpman “gate jwèt la” jan Preval rive fè li a.

Kidonk, sou baz tou sa, n ap di:

* Nan kad eleksyon yo, fòk nou trè klè : se pa zafè pa nou k ap regle. Enpòtan an, se toujou vanse nan lit otonòm nou.

* Men, nan kad eleksyon yo toujou, kontradiksyon nan mitan lènmi an, enkapasite pou yo gen yon solisyon, debouche sou fòmasyon 2 pòl. Nou dwe kanpe anfas reyaksyonè yo, fachis yo bloke reyaksyonè yo / konstwi kontrepwa a e vanse nan lit otonòm nou.

Nan bloke a, menm si nou bloke yo nan moman an, nan sistèm lan e nan travay pou yo eseye sòti nan kriz la, ap gen eleksyon. Se pou li kwoke nan gagann yo. Si gen travayè, si gen moun k ap fè abstansyon, li pa dwe pasif. Li dwe militan pou avansman lit mas yo. Li dwe yon abstansyon ki toujou baze sou pozisyon fondamantal nou yo e ap difize yo. Men li dwe konsyan nivo global mas yo pa rive a abstansyon e pap rive a abstansyon militant nan konjonkti sa a la a. Li dwe yon abstansyon ki atikile ak favorize pòl ki anfas fachis yo.

Moun ki pap fè abstansyon yo dwe klèman tou kanpe anfas pòl fachis la. E, nan sans sa, favorize pòl ki ka pèmèt meyè kondisyon pou devlopman lit nou yo. Kidonk, pòl ki otou Preval la. Fòk nou konsyan se pwosesis la menm k ap kreye polarizasyon moman an (anfas kandidati gwo boujwa yo, kriminèl makout yo oswa de poutchis pèsonn pa bliye...). Se enkapasite “demokrat” yo pou jere sitiyasyon an ansanm ak dominasyon enpeyalis yo ki pèmèt tout eleman negatif sa yo ka parèt aklè nan lavi politik fòmasyon sosyal la. Men, an menm tan, se reyaksyon mas yo devan sa, ki pèmèt pòl Preval la konstwi. Kidonk, jounen jodi a, se nan men pa nou debouche a ye. Men fò n fè trè atansyon, debouche n ap kreye nou menm la, si nou pa metrize li tout bon, li ka vire kont nou, jan sa te fèt deja. Kidonk, nan kad lit otonòm nou e pandan n ap pote ak plis fòs revandikasyon nou yo, nou dwe travay pou bati kontrepwa a e rann li pi aktif e pi pèfòman.

*

KÈK PWEN PA NOU NAN KAD ELEKSYON 2006 LA

Oryantasyon gouvènman an nan tèt leta a:

* Oryantasyon gouvènman an, pou sèvi yon pèp ki se sou baz lit li li monte, se pwen kle tout sitiyasyon an. Jan nou wè l la, mobilizasyon nou se garanti reyalizasyon enterè nou. Se nan lit n ap rache yo. Men, pou lit demokratik sa yo ka mennen vre, premye bagay ki dwe egziste, premye oryantasyon ki dwe prime, se libète demokratik yo ki dwe louvè, elaji, anplifye nètalkole, dekwa pou tout pèp la nèt ka eksprime l tou tan. Se espas sa a ekip gran manjè a te vle fèmen an dekwa pou yo te kapab vòlè e bay gwo boujwa pasaj jan yo te kòmanse fè a. Jounen jodi a, nou nan yon peryòd elektoral, yon peryòd kote kandida yo ak tout klas dominan yo bezwen pèp la « pran lari » menm, pou li ka vin rele viv e ka gen lenpresyon se li k ap deside nan kad pwosesis la. Men, ann fè trè atansyon ! Kou moman sa a ap pase, nou pral jwenn yo pi fewòs pase chen anraje. Kan fachis la deja pwomèt LÒD AK DISIPLIN pou lesplwatasyon san limit yo a ka reyalize nan sa yo rele « bay travay » la. Menm jan ak nan lesklavaj. Pòl Preval la : ki sa l ap di nan sa ? Tout ti gwoup ak sektè negatif ki nan li a, pral kanpe sou menm oryantasyon sa a, si nou kite yo fè, si nou kite se yo ki pran devan. Elajisman libète demokratik yo, se premye vre batay nou. An menm tan, se yon batay ki pral pèmanan. Nan sans sa a, gouvènman an dwe yon zouti pou pèp ki eli l la ka eksprime l e rive gen kontwòl li sou sa k ap fèt la. Li dwe ankouraje, fasilite tout mobilizasyon kote travayè yo e mas popilè yo an jeneral ap batay pou defann dwa yo e chache rache dòt.

* Menm jan an tou, fòk gouvènman an kontribye nan fè rapò sosyal yo vanse, nan sans pwogresis tèm la, nan sans demokratik li, pa nan sans reyaksyonè a. Fòk rapò sosyal akayik ki egziste nan pwodiksyon an jounen jodi a, kit se nan milye riral la, kit se nan izin lokal yo, kit se nan faktori yo eklate e bay lye a dòt pi avanse e pi pwogresis. Menm jan an tou, fòk yo depase rapò sosyal ki egziste nan kay, nan sèvis yo tou e eliminen sa k pou eliminen yo. Egal, fòk gouvènman an kontribye nan bay fòs ki pi dinamik ak pi pwogresis yo jarèt.

* Tou sa dwe fèt yon mannyè ijan, san pyès doutans ak mekanism pou garanti yo.

* Konsènan Kapital la, fòk gouvènman favorize mobilizasyon kapital disponib nan peyi a apati inisyativ leta, kote li fasilite envèstisman ak reenvèstisman Kapital nasyonal la, nan kad yon mentyen ak yon repwodiksyon yo nan peyi a. Sa dwe mache ak efò pou egzije peye taks e sispann prije ti kontribyab nan taks yo pa menm konsyan de yo. Nan sans sa tou, yo dwe ankouraje, fasilite e òganize koperativ ti travayè-pwopriyetè yo.

* Fòk envèstisman etranje yo kontwole. Nan domenn soutretans la, fòk gen yon oryantasyon kote se pa annik tcheke ak gwo mak men, pito, fè lyezon ak envèstisman k ap goumen pou genyen yon pwodiksyon « pwòp ». Fòk yo pa annik kite kesyon sa yo nan men patwon, fòk gouvènman an pran inisyativ pa l e menm fè l fè pati politik etranjè li.

* Nan kad sa a, pou pèmèt tou sa ka fèt, fòk yo eliminen politik neyoliberal la e fòk nou konbat li menm, paske gen divès ajan boujwa rapas e apatrid ki, ansanm ak fonksyonè osèvis yo, ap veyikile pwojè lanmò sa a e, an bon jan senkyèm kolonn yo ye, yo ki pral fè tou sa yo kapab pou sabote tout oryantasyon pwogresis. FÒK GOUVÈNMAN AN GENYEN YON ORYANTASYON KLÈ POU LITE KONT YO AK TOUT FÒS LI E RIVE ELIMINEN DEFINITIVMAN ORYANTSYON NEGATIF SA A. Nou dwe konsyan sa ap mande yon gwo atansyon ak yon gwo mobilizasyon. Pandan mas popilè yo ap mache nan sans sa a, se tach yon ekzekitif dwe pran an men san tade.

Nan milye riral la:

* Depi an lagan e toupatou, men patikilyèman nan plenn yo, fòk egzijibleman leta fè respekte lalwa sou kesyon 3 lo a, pou soti nan dimwatye ren pou ren an ki li menm ilegal e ki se yon dominasyon grandon ak gwo kolon yo ap fè sou ti peyizan. Fòk leta trè vijilan sou sa e mete menm de komite espesyal pou verifye toupatou atik lalwa sa ap aplike tout bon.

* Fòk yo pran dispozisyon pou jete Kòd Riral la tout bon vre. Globalman, nan yon pakèt aspè, pa dwe gen diferans ant milye riral la ak lavil. Kidonk, nan sans sa a, pa bezwen, pa dwe gen yon espesyal Kòd Riral. Sepandan, kòm gen de espesifisite nou nan milye sa a, fòk yo ta analize yo pou sa yo ye. Dwe gen yon komisyon espesyal e ijan ki mete sou pye pou analize e rezoud kesyon sa a. Sa ki pi enpòtan, se pou dwa ak enterè travayè riral yo respekte e amelyore tout bon vre, dekwa pou amelyore lavi yo ansanm ak kapasite òganizasyon yo.

* Fòk yo pran dispozisyon pou vanse nan yon vre refòm agrè k ap poze pwoblèm tè leta yo, men tou pakèt tè grandon ki baz pou yon pakèt gagòt ak esplwatasyon. Yo dwe baze sou lit ki deja ap mennen sou teren an. E yo dwe favorize regwoupman ti mouchwa tè yo yon mannyè pou yo efikas, pou refòm la pa yon refòm regrè.

* Nan kad refòm agrè tout bon an, fòk leta fè ministè agrikilti a bay ti peyizan yo bon jan ankadreman dekwa pou amelyore randman tè yo. Menm jan an tou, fòk agwonòm yo devlope de pwojè irigasyon tè travayè yo ansanm ak ti peyizan yo. Zafè pou se tè grandon sèlman k ap jwenn bon jan dlo a: fòk sa sispann !

* Menm jan an tou, fòk tout ti peyizan jwenn api pou kapab achte angrè, semans, ensektisid, zouti… nan de pri abòdab, selon kapasite yo. La tou, fòk leta pran yon desizyon pou ede tout viv oswa danre ki malad, tankou kafe a, nan sèten zòn, bannann nan dòt... e fòk travayè yo fè pati komite ak komisyon k ap travay sou kesyon sa yo. Zafè pou se “notab” tou sèl ki chita ap reflechi ansanm ak leta pou rezoud pwoblèm nou yo: FÒK SA FINI !

* Kredi a, tou, se yon lòt posibilite nou dwe jwenn toupatou, ak de to enterè ki ba nèt, dekwa pou nou ka siviv e pwogrese tout bon nan amelyorasyon kilti nou, travay nou, lavi nou.

* Menm jan an tou, se pou ti peyizan yo jwenn dispansè, bon jan lekòl, mache ki valab e òganize, dlo potab jeneralteman, kouran pou ba yo enèji yo bezwen pou pwodyi a, wout pou yo ka bwote pwodyi yo ansanm ak moun ki bezwen deplase. Sou kesyon sa a, se pou pwoblèm gaspiyaj pwodyi agrikòl yo poze. Wout enteryè yo dwe fèt pa etap, etap pou chak wout fizikman, etap nan atikilasyon ant wout yo. Yon sèl jan pou sa fèt, se nan mobilizasyon popilè rejyonal. Yon sèl jan pou mobilizasyon popilè rejyonal yo pran vre, se si yo nan enterè travayè yo vre, ti peyizan yo.

* Kidonk, se pou milye riral la, agrikilti a, peyizan yo, travayè riral yo jwenn atansyon espesyal yo merite a, yon jan pou yo ka jwenn avantaj nan milye pa yo, pou yo pa gen pou deplase kite tè kote yo leve a. E, gras a refòm agrè a, fòk yo ka jwenn plis tè disponib pou yo travay tan pou se pèdi y ap pèdi yo, jan sa te toujou konn ap fèt, jan sa toujou kontinye ap fèt jouk jounen jodi.

* Pou sa ki konsènen konfli nan milye riral la, konfli tè sitou : fòk leta pran reskonsabilite l defann travayè, ti peyizan k ap pote peyi a sou do yo e ke grandon ansanm ak kolon ap fin vòlè e kraze nan mete de swadizan polis riral ak konplisite jij nan bouk yo pou atake nou. Se pou tout kozman degrenngòch sa yo, kote se grandon akayik yo leta toujou vin ap defann la, sispann !



Lavil:

* Anvan tout bagay, fòk katye popilè yo jwenn yon atansyon espesyal nan men gouvènman k ap monte sou pouvwa a. Lojman kolektif ki pou ranplase vye kay katon kote lamizè boujwa yo planifye a voye nou, adokinay tout wout penetrasyon, chimen adokinen kote pou moun mache klè, kiray ravin, asenisman jeneral, mi sèk nan tè pandye yo, eskalye pou moun pa glise lè lapli, twalèt toupatou, zòn kolektif ki pou òganize pou travayè ka travay oswa pou popilasyon an ka gen lwazi yo ak fè reyinyon yo, pye bwa ki pou plante, dlo potab, kouran... Nou pa vle de lojman “minimòm”, de katye “minimòm”, de sèvis ‘minimòm”... Nou pa konn pouki, nou pa konprann pouki, nou menm travayè ki pote peyi a sou do nou, nou menm mas pèp la ki se nou menm ki an jeneral nan yon peyi, leta dwe kalkile espas pa nou yo toujou nan de pwopòsyon “minimòm”. Nou vle yon planifikasyon kòrèk, anndan katye nou yo kou ant katye nou yo, ni tou atikile ak fonksyònman vil la an jeneral. Nou vle tout sèvis, tout fasilite, tout òganizasyon pou nou ka viv byen.

* Nan rès vil la menm, sa ki pi enpòtan pou nou se transpò a. Fòk transpò piblik la òganize, sistematize, demiltipliye, ranje. Dekwa pou nou ka sikile alèz, lakay nou. Fòk de nouvo solisyon parèt tou. Pa egzanp, nan Pòtoprens, nou dwe ka sèvi ak lanmè a pou travèse soti waf Jeremie rive lamarin, soti waf Kè Kolon rive Maryani… Menm jan an tou nan Okap ant Rival ak Laptitans, menm jan an nan Senmak, menm jan an Gonayiv… E tout kote sa yo se leta ki pou pran sa an men. Se pa ka de moun ki pral chache fè katafal benefis yo sou do nou e ki pral egzije nou gwo lajan oswa ki pral di pwojè sa a pa ka fèt, li pa « rantab ». E ki pral tou fè nou echwe. Pwoblèm transpò a enpòtan anpil pou nou. Jounen jodi a, li mal anpil pou nou.

* Nan tout vil yo (men, jan nou te di deja, menm jan ak andedan peyi a) fòk gen sant sante, dispansè, lopital ki fonksyone san pou san, gratis e ak de swen kalite e, sitou, devouman serye e konpetan.

* Nan tout lavil la yo tou, fòk Travo Piblik ranje wout yo. Fòk sitou yo fè nouvo wout ki pou amelyore trafik nan zòn pa nou yo. Pa egzanp, deja gen 4 wout ki relye kote boujwa yo rete (Petyonvil, Laboul…) ak anba lavil la (Boudon, Kanapevè, Delma, Taba !) pandan dezyèm wout Kafou a poko ka janm fèt. N a fin tounen pwatann anvan sa fin fèt. Oswa bout ki deja fèt yo ap gen tan fin kraze lè dènye bout yo a va fini. Fòk blòf sa a sispann ! Fòk mati sa a sispann pou nou ! Fòk gen wout Dal la ki pou fèt tou ak yon bann lòt andedan Kafou. Menm jan an nan Okap ak wout Lafòsèt la oswa sila Bèlè a, menm jan an nan Jeremi, menm jan nan Okay…

* Tout kote nan vil yo tou, tankou nan bouk, fòk yo ranmase fatra a, fòk yo netwaye, fòk yo pwòpte, yon mannyè pèmanan. Fòk tout koridò yo netwaye pou yo pa santi, pou yo pa rabi ankò, pou yo pa chaje jèm maladi. Fòk pa gen koridò ankò. Fòk tout lakou yo ka respire. Fòk tout ti moun ka kouri.

* Fòk mache yo òganize. Non sèlman fòk kesyon vin touche taks sou ti machann pou malandren al foure lajan sa a nan pòch yo SISPANN, men tou fòk mache yo pwòpte, òganize. Epi fòk gen piplis toujou nan tout vil yo. Nan sans sa a, fòk yo trete e òganize tout ti machann k ap vann pwodyi kòmsadwa tou. Se pa de moun ki « vin nan vil la » e k ap « anvayi vil la ». Vil la, se pa yo li ye tou. Dayè, se travayè fanmi pa yo ki te konstwi vil yo, menm jan an se travayè yo ki konstwi tout peyi a e ke, si peyi sa a yon jou va gen pou rekosntwi, se travayè yo sèl ki ap ka rekonstwi l.

* Nan lari, fòk travayè ki pa gen lòt kote pou yo travay la ka rive òganize tèt yo ak èd leta dekwa pou yo pa rete ap travay anba pousyè ak tout risk travay nan lari a ekspoze yo.

* Fòk yo pouswiv, arete e kondane imedyatman tout moun, gwoup oswa sektè k ap ame e antreteni gang kriminèl yo e k ap kòmandite vyolans kont pèp la. Nan menm sans sa a, fòk yo pouswiv e detyi gang sa yo dekwa pou popilasyon an ka viv san kè sote e soti anba nouvo fòm represyon-laterè sa a. An reyalite, se pratik travayè yo e mobilizasyon popilè yo k ap bay baz pou rezolisyon sitiyasyon sa a, men fòk gen pratik dirèk ki fèt tou.



Ouvriye ak Travayè Esplwate an Vil yo:

* Nan prensipal vil yo, se la klas ouvriyè a, ansanm ak anpil lòt travayè, anfas boujwa k ap eksplwate yo a. Tou dabò, fòk leta sanzatann fòse tout kapitalis ki pap respekte lalwa rantre nan lòd. Nan zafè peye taks nan DGI, peye kouran, dlo, elatriye : fòk yo pa nan pyès griyen dan, ni delè, ni asepte pyès ti tchotcho pa anba. Fòk yo fòse yo peye ONA ak OFATMA. Fòk yo rantre nan lòd touswit e de chatiman egzanplè dwe pare pou sila ki pa rantre nan lòd imedyatman.

* Menm jan an tou, nan faktori yo, kote tout dènye tan sa yo, kapitalis yo fè sa ki nan lide yo, jan yo vle, lè yo vle, fòk sa sispann. Fòk yo fòse tout boujwa asepte egzistans sendika e asepte kontra travay kolektif la, jan Kòd Travay peyi a e jan kòd kondyit konpayi k ap bay kòmann nan soutretans lan mande li. Fòk gen sanksyon egzanplè ak de chatiman trè fò k ap tann tout sila ki ta tante pa respekte diferan akò ak kòd an vigè yo. Se swa yo respekte lalwa, swa, ankò yon fwa, gouvènman an ap vin blofe travayè yo ak tout nou menm nan mas yo.

* Nan Kòd Travay la, genyen Atik 137 la. Li gen yon kokennchenn enpòtans pou nou, etan done se li ki pale sou ajisteman salè nou e se li ni leta kowonpi yo ni boujwa esplwatè yo pa janm vle respekte. Dapre li, trè klèman, ajisteman salè dwe fèt chak fwa kou lavi a ogmante pase 10 %. Kidonk, si nou kalkile kou lavi a sou devalyasyon goud la, pa egzanp, nou wè senpman : pou salè ouvriye yo ajiste, fòk, omwen, li ka sa li te ye sou Janklod. Lè sa a, 15 goud salè minimòm la te vo 3 dola ameriken ekzakteman. Kidonk, sou baz sa a, si nou vle reyèl, fòk salè ouvriye yo, jounen jodi a, rive 127.50 goud pa jou pou pi piti. Sa se pou pi piti. Ajisteman sa a dwe fèt depi an lagan !

Lè nou konsidere tout depans ki vin anplis (akòz distans yo, akòz nouvo bezwen yo, akòz maladi ki vin piplis, akòz lamizè a ki vin pi gran jou an jou - kidonk dèt yo tou -) lè nou konsidere klas ouvriyè a vin pi kapab, pi espesyalize nan sa l ap fè a, lè nou konsidere tou sa, yon senp ajisteman salè dwe ale nan nenpòt ki 300 goud. Si, kounye a, nou vle ogmante salè ouvriye yo, ki se klas k ap pwodyi tout sa k ap fèt nan faktori yo, olye kite fòs reyèl sa a fin deperi, depafini, mouri…, jan boujwa yo ansanm ak diferan gouvènman rèstavèk osèvis yo soti pou fè nou rive, si, kounye a, nou vle pale sou yon amelyorasyon lavi travayè, jan sa ta dwe ye klèman pou yon gouvènman yon pèp mete sou pouvwa konsyaman pou ede l soti nan twou kote li ye a (kidonk, an tèm klè, takle ogmantasyon lesplwatasyon an ki devlope pi mal pase tout tan nan 20 dènye lane yo), lè a, n a kòmanse pale.

* Menm jan an tou, fòk kapitalis ki pa respekte lalwa nan milye soutretans la ki se yon milye totalman ilegal e k ap fonksyone nan yon enpinite total, resevwa de amann, de sanksyon ak de chatiman egzanplè. Enpinite katastwofik sa a mache men nan men ak enpinite politik la. Kidonk fòk nou konprann atikilasyon yo byen pou rezoud tou 2 nan menm elan an.

* Paralèlman, fòk yo refè Kòd Travay la. Nan sans, se pa ka travayè a ki dwe sibi lojik boujwa k ap anplwaye l la. E, la ankò, yo dwe pran sanksyon san gade dèyè kont tout sila ki pa soti pou swiv nouvo règleman k ap vini yo.



Fonksyonman leta a :

* Pou tou sa fèt, menm jan ak nan milye riral la, se mobilizasyon ouvriye yo, mobilizasyon travayè yo, mobilizasyon mas yo jeneralman ki pou fè sitiyasyon an vanse e rezoud vre. Sou yon bò, jan nou toujou repete l e jan nou di l klèman tou nan kòmansman Bilten sa a, menm lè se yon gouvènman pwòp se gras a nou li rive nan tèt leta a, sèl garanti pou enterè nou respekte, se mobilizasyon nou, mobilizasyon òganize nou, estriktire, planifye e ak yon konsyans ki mache ak enterè kolektif nou yo tout bon. Se sèl vre granti nou. Anndan sa nou pral mete a, plen kontradiksyon, jan nou t ap wè pi wo a. Anpil nan yo trè negatif pou nou. Yo kont nou menm. Se mobilizasyon nou ki se sèl lespwa nou. An menm tan, òganizasyon sa a, se li ki pou atikile ak egzijans nou yo devan / fas a leta a. Yon gouvènman nou mete dwe atikile aksyon li yo ak kapasite òganizasyon nou yo. Se sèl jan pou tout pwoblèm yo rive abòde e rezoud, san se pa ni moun k ap vin fè gwo benefis sou do malè nou, ni fonksyonè leta k ap vin vòlò, ni peyi etranje ki gen pou vin lonje fiti dèt nou ba nou san anyen pa ni fèt ni menm bay. Kapasite rezolisyon mobilizasyon popilè a te lajman pwouve nan lane 86 la lè, apre dechoukay Divalye yo, nou pwòpte lari a, kannal yo, dekore mi yo, mete yon pafen nan vil la ki pa t janm egziste. Nan sans sa a, se yon apyi nou bezwen nan men leta, yon meyè kowòdinasyon, de zouti, yon sèten pwa teknik, teknolojik. Travay la, nou konnen l. Kidonk, leta dwe fonksyone pou kowòdone e demiltipliye enèji travayè òganize yo. Chak sektè, chak katye, dwe relye a yon branch nan TPTC, nan SNEP, nan EDH, nan ministè lasante, ministè ledikasyon, ministè agrikilti… yo tout ki pou ba nou apyi pandan y ap santralize, amelyore, kowòdone e egzekite pwojè ak aksyon konsète yo.

* Pou sa rive fèt, li klè : nou dwe chase tout vòlò, tout kowonpi, tout enkapab, tout parazit ki nan biwo leta yo. Pou kòmanse ! Fòk nou lite pou transparans la egziste tout bon vre. Li esansyèl nan defans enterè reyèl nou. Nou konnen, vòlè nan leta yo, kowonpi yo, pral kanpe anfas nou. Gran manjè yo te deja pwouve n sa. Fòk nou mobilize pou egzije depa yo. Men, nou konnen trè byen tou, tout rakèt, tout koripsyon serye, toujou gen de gwo potanta dèyè yo. Jan yo toujou fè, yo pral chache met ansanm ak kowonpi nan leta yo pou chache pèpetye sistèm pouri yo a. FÒ N ÒGANIZE NOU E KONSTWI YON FÒS POU DECHOUKE YO TOUT ! Fò n rive konnen yo tout, denonse yo, pou egzije leta arete yo, kondane yo menm jan an.

* Nan batay sa a, lajistis la dwe jwe yon wòl kle. Pou sa, premyèman, nou pa ka kite yo parèt ak de makout nan tèt lajistis la ankò tankou sa te fèt an 91 ! Fòk nou lite pou aparèy kowonpi sa a chanje pak an pak. Fòk gen nouvo estrikti, nouvo lejislasyon, ak de jij nouvo, rezistan, militan ki pran lajistis la an men. Pakèt gwo krim yo pa janm pini, ki gen dosye yo ki chita ap pouri depi yon pakèt tan, se pou yo atake yo. Fòk nou lite tou pou jistis fèt sou tout krim ak tout vòl yo te fè anvan e apre 2004. Fòk yo defini nouvo pwosedi ak fonksyònman, soti nan tèt rive nan baz sistèm jidisyè a. E fòk yo mete mekansim sou pye e fè yo fonksyone menm pandan aparèy la ap chanje a.

* Menm jan an tou, nan Ministè Afè Sosyal, nou pa ka kite se de boujwa yo mete alatèt li, jan gran manjè lavalas yo te fè l ak yon boujwaz ki te fè travayè monte yon maswife pa do e kowonp ministè a nan sèvi avèk resous leta a pou pwòp biznis li. Refòm Ministè Afè Sosyal la dwe takle politik sosyal leta a, li dwe defini e mete an vigè yon reyèl politik sekirite sosyal, pa egzanp. Li dwe reyèlman okipe konfli travay yo ki trè wo sou baz Nouvo Kòd Travay ki gen pou fèt la. Ministè Afè Sosyal la pa dwe annik yon biwo kote y ap bay ti chèk lè vandredi. Li dwe gen mwayen pratik ki byen defini, anplwaye konpetan e, nan sa, se tout konsepsyon Byen-Èt Sosyal la (IBESR) yo dwe repanse e menm jete, depi sa nesesè.

* Kidonk, politik leta a pa dwe yon politik piyajè e fòk anplwaye leta yo rann kont sou tou sa y ap fè, sa y ap touche e poukisa. An menm tan tou, fòk gwo anplwaye sa yo, NAN NENPÒT KI NIVO YO YE YO pa touche de lajan ekstròdinè, mete sou de katafal frè ak ‘pèdiyèm’, jan yo te toujou konn ap touche a jouk jounen jodi. Fòk salè ak frè gwo anplwaye yo bese drastikman. Leta se pa yon kote moun vin pou fè lajan. Se dwe vreman yon sèvis. Ki fè se tout salè anplwaye leta yo ki pou rebalanse, kontwole, ajiste.

* Nan sans sa a, fòk ni entelektyèl yo, ni teknokrat yo konprann tèt yo. Yo menm ki toujou ap bat bouch yo e ki depi digdantan pa janm rezoud anyen. Dènye gouvènman enkapab sa a montre nou tout limit yo, pandan li t ap kontinye montre nou aspè sousou pannan klas tiboujwa sa a genyen.

Pou tou sa reyalize, pou leta kòmanse fonksyone nan objektif rezoud pwoblèm ki anvayi nou yo e rive bay de sèvis vre, non sèlman se mobilizasyon nou ki se sèl garanti nou, men, ankò, nou dwe mete yon kontwòl sou pwosesis chanjman an menm. Menm si nou kanpe djanm, mobilizasyon an se pa yon zouti ki ka ba nou presizyon sou sa k ap fèt yo, ki jan y ap fèt la e si y ap nan enterè nou tout bon. Se kontwòl la ki pou pèmèt nou swiv, verifye, mande rektifye, egzije bloke… Kontwòl ouvriye nan Afè Sosyal, kontwòl òganizasyon travayè nan katye sou travay TPTC, EDH, SNEP… ni sou teren, ni nan biwo. Anplis, fòk nou chache aji sou de bagay konkrè. Pou nou gen matyè pou swiv sa nou bezwen swiv la tout bon e byen. Se sèten, tou sa, se rache pou nou rache yo. Sa nou kòmanse fè sou kesyon sa yo nan zòn kote nou ye yo dwe kontinye nan liy nou e ak plis konviksyon toujou, ak plis lespri responsabilite. Men gen yon bagay ki enpòtan tou : fòk tout moun klè sou fayit boujwazi a ak tiboujwazi a. Fòk yo klè pou yo fè nenpòt ki avansman jounen jodi a, fòk se apati enterè nou menm travayè, kit se pasyèlman, kit se totalman.



Gran Dosye leta dwe rezoud san tèt cho men san trennen :

* Premye gran dosye gouvènman k ap rive sou pouvwa a dwe rezoud san tade yon segonn, se pran dispozisyon pou wete lame etranjè sa a nan peyi a. Wete lame etranjè sa a nan peyi a, ansanm ak tout dominasyon « kominote entènasyonal » la k ap imilye Ayisyen depi nan senp prezans yo. Menm jan an tou, li dwe eliminen tout akò ki siyen pou lage dlo teritoryal ak espas aeryen peyi a nan men lòt pisans. Konsa tou, nou dwe kontwole fwontyè a, ak yon atansyon espesyal pou respè dwa travayè ayisyen yo.

* Konsa tou, pwoblèm lame a pa ka e pa dwe eskive. Fòk gouvènman an louvè yon deba sou kesyon an, pou li debat e trete ak patisipasyon travayè yo reyèlman. Nan sa, nou menm, travayè, n ap mobilize pou fè enterè nou yo pase.

* Yo dwe abòde dosye travayè ayisyen yo nan Repiblik Dominkenn nan enterè 2 pèp yo. Kidonk ak tèt frèt. Men, tou, san demagoji ni twonpri ki jouk jounen jodi a, toujou akonpaye analiz sitiyasyon sa a. N ap raple pozisyon Batay Ouvriye fè parèt kote li montre se klas dominant 2 peyi yo ki gen enterè nan divize pèp travayè 2 peyi yo. Rezoud pwoblèm la enplike yon konsyans klè sou baz sa a nan pwoblèm la.

* Nan menm lespri sa a, fòk gouvènman sa a pran pozisyon klèman sou CCI a, ki se yon kòd reyaksyonè ki nan tèt peyi a jounen jodi a osèvis boujwazi rapas, apatrid ak antinasyonal la mare nan kou peyi a.

* Se pou yo tabli yon kontwòl sou ONG yo ki ap boule san pyès moun pa konnen sa y ap fè, sa yo pap fè nan tout peyi a. E, si nesesè: fèmen sa ki dwe fèmen yo. Pwoblèm disparite salè y ap repwodyi nan peyi a dwe rezoud. Entèvansyon reyèl nan zòn operasyon yo dwe chita piplis sou solidarite pase sou imanitè blòf. E fòk li reyèl. Kidonk, fòk yo kontwole yo ak èd leta e ak èd òganizasyon reyèl ki sou teren an. Fòk ONG nan zòn riral yo sispann jwe wòl kote y ap kontribye nan repwodyi disparite ant moun, nan asepte nèg vin ak swadizan ti pwojè pou yo jwenn kòb pou yo vòlè epi kreye baz, kapital pou yo tounen ti politisyen k ap vin dòmi sou mas yo. Fòk gen bon jan vijilans ak etik nan sa.

* Pwoblèm anilasyon dèt la dwe poze rapidman e byen. Non sèlman pou pèmèt, nan yon premye tan, Kapital disponib, men pou retire chaj la sou do ti peyizan ak travayè lavil. Vreman vre, se yo menm ki, atravè enterè men wotè sou kredi yo, ap peye dèt sa a apati travay yo.

* Youn nan pwodyi ki pi kle nan kou lavi k ap monte san rete a, se petwòl la. Fòk gouvènman an ta gen yon pozisyon klè nan kesyon sa a. Ni pou ratresi radikalman benefis kapitalis yo ap fè sou do popilasyon an. Ni pou jwenn de sous altènatif kote n ap apwovizyone nou. Fòk yo favorize yon politik enèjetik tou ki gen ladann van, solèy, chit dlo, sibstiti pou gazolin. Fòk politik etranjè a pèmèt pri gaz la, sitou, bese radikalman.

* Dwe gen yon politik pou rezoud pwoblèm dlo potab (pwoteksyon, foraj, sous).

* Pou tou sa ka fèt san boulvès ni tèt chaje, fòk gen yon politik monetè pou bloke enflasyon an, yon politik ki baze sou kontwòl pri tout machandiz nan yon objektif klè, deklare ak de mekanism efikas pou bese lavichè a.

* Fòk oryantasyon lasante a klèman pou rezoud sante popilasyon an. Nou pa ka kite se de moun k ap vin fè lajan sou do malad k ap dirije oryantasyon yon gouvènman yon pèp konsyan mete sou pye. Kidonk, fòk medsin la jeneral, prevantiv e kominotè. Nan sans sa a, travay doktè kiben yo se yon egzanp klè. Fòk kooperasyon sa a soutni e elaji. Doktè Ayisyen ki etidye e gradye nan peyi Kiba e ki gen oryantasyon sa a pi klè lakay yo, dwe fè youn ak eksperyans doktè kiben yo dekwa pou pi mye òganize e etann oryantasyon medikal sa a. Se yon oryantasyon ki osèvis popilasyon pa nou an vre, kote ata medikaman yo ap mache entegre ak konesans fèy la, pi byen e mwen chè, e yo kapab trete plis maladi. Yo dwe ranfòse, elaji e repete oryantasyon sa a nan tout lòt domenn, edikasyon ak agrikilti espesyalman. Fòk politik gouvènman an nan domenn sa yo pa rete global e san aplikasyon reyèl.

* Sou kesyon leta ak larelijyon : Fòk tout relijyon yo ka fonksyone egal ego e sou yon baz prive e pèsonèl, ki pa enplike leta. Nan sans sa a, san mize, tout atak, kit louvè, kit an soudin, sèten sèvitè enpeyalism la ap fè kont vodou a an patikilye dwe aboli e mago lajan k ap ranmase e simen nan sèten chapèl evanjelik pou divize pèp travayè a dwe aboli. Leta dwe jwe wòl li pou diferan relijyon yo kapab atenn ekilib/egalite nan fonksyònman jeneral yo nan peyi a, pandan l ap akòde enpòtans a vodou a antanke yon patrimwàn kiltirèl nasyonal. Kidonk, pandan yo dwe eliminen tout sibsid (lajan leta ayisyen peye legliz katolik) - nan kad kokennchenn mizè pèp la e sitou ak fòtin Vatikan an - e yo mete Konkòda a an kesyon, yo dwe defini e fasilite yon travay espesyal pou pèmèt estriktirasyon vodou a depi nan baz li, kidonk lakou nan zòn riral yo ak lakou e peristil nan vil yo, yon fason pou pèmèt leta reyèlman an mezi mete an vigè lejislasyon ki rekonèt li kòm relijyon. Yo dwe kontwole kantite legliz pwotestan k ap gaye nan peyi a san pèsonn pa konnen zak yo.

*

Sa, se yon minimòm. Pou nou atenn li apati mobilizasyon nou yo, se nan kad konstriksyon kontrepwa a byen trese ak devlopman pratik otonòm nou yo. Men leta ak òganizasyon divès sektè dwe jwe wòl pa yo. Sa ap mande tou : transfòme antrepriz leta yo ki te baz pou vòl ak sinekiris. Pou leta kontwole sektè estratejik yo, e piplis chak jou. Bloke tout privatizasyon. Re-nasyonalize sa k te deja privatize e repran yon kontwòl òganize. Chache jwe sou tèm echanj yo e sòti nan asistana. Egal : soti nan oryantasyon neoliberal la radikalman.

Tou sa ap mande gwo batay. Men, jounen jodi a, li egzijib : fòk nou pran pozisyon. Fòk leta pran de mezi pou vanse. Fòk gen deba pèmanan sou tout kesyon a pòte global yo. Ekzekitif la dwe jwe yon wòl klè nan sa. FÒK NOU FÒSE LI !



ABA PÒL FACHIS LA !

ANN PARE NOU POU NOU VANSE NAN BATAY LA SAN RETE !

VIV LIT MAS POPILÈ YO AK TRAVAYÈ YO KÒM POTOMITAN !



[1] Kad Kooperasyon Enterimè (CCI, an franse) ki ap prepare yon dokiman pou pwochen gouvènman k ap monte an 2006 la pou yon peryòd jiska 2009, ak posiblite renouvle pou jouk an 2015.