Batay Ouvriye Banner
Seri II, No. 1

Bilten Politik

Me 2007

Sou Pwojè Reyèl Klas Dominan yo ak Reprezantan yo nan Tèt Leta a e Pratik yo fas a tout sa ki pati de Enterè Mas Popilè yo, Travayè yo.

[N ap fè sonje depi nan janvye 2006, Batay Ouvriye te fè parèt yon Bilten Politik kote li te pran pozisyon sou pwosesis elektoral la. Nan sa, pandan nou t ap denonse tout pyèj ak detounman pwosesis elektoral boujwa a pòte e nesesite kontinye mennen lit otonòm nou yo antanke aks prensipal, nou te poze klèman nesesite fè fas a sektè boujwa ak grandon pi reyaksyonè yo, Bekè an patikilye. Nou te montre tou ki sa Preval t ap pote e, depi li t ap posib, nesesite fè yon kontrepwa anndan leta a menm, san ilizyon. Jounen jodi a, apati atikilasyon doub esperyans sa a, Batay Ouvriye ap montre kouman sitiyasyon an, ni anndan, ni deyò leta a, pa janm chanje, okontrè, se deteryore l ap deteryore. Anfèt, sa travayè yo ap konfwonte ojoulejou se pwolonjman yon « pwojè defakto ».]

[ Klike la pou desann fichye a sou fòma PDF]

Youn nan gwo pwoblèm nan kanpay elektoral ki te debouche sou eleksyon 2006 yo, se kandida ki pa t gen pwogram ak absans tout deba politik serye. Yon sitiyasyon konsa, se yon gwo pwoblèm. Men li nòmal. Pou plizyè rezon. Gen pwofondè kriz la, an patikilye kriz reprezantativite a : menm lè prèske tout kandida yo ki se tiboujwa ki tou pare pou al defann enterè klas dominan yo ak enpeyalis yo, sila yo pa rekonèt yo kòm reprezantan reyèl yo. Nan peyi a, pa genyen nonplis yon pratik kote se klas yo ki, yon mannyè estriktire, ap òganize pwojè a e ap goumen pou aplike l. Men bagay la al pi lwen : klas dominan yo, nan kad fayit yo a, pa gen solisyon reyèl ki pou ta, an yo menm, pèmèt yo gen yon pwogram. Se youn nan rezon okipasyon an. Se yon bagay ki grav ! E li chaje ak konsekans.

Sou kote sa, gen yon lòt gwo pwoblèm : malgre tantativ ki fèt sou bò boujwazi a pou mete sou pye ‘Gwoup 184’, Pati Liberal… osnon voye Bekè kòm kandida, kliyantèl ki nan « Pati » yo osnon ki pou ta ale nan leta a pou yo, se de tiboujwa opòtinis, arivis, visye. Moun sa yo wè sèvi ak leta a pou ranmase kòb, jwi pouvwa yo e reyalize tèt yo. E, pou sa fèt, fòk gen koripsyon, vòl, san mank. Koripsyon ak vòl la vin fonksyone kòm si gen yon enstitisyon menm pou sa. Mekanism yo deja la, lè yo chanje moun, yo annik kontinye fonksyone ; ale wè pou lè yo pa chanje moun, jan ekip aktyèl la ak Preval nan tèt li fè li a.

Li enpòtan toujou klè sou sa, pou konprann rezon ki fè nou devan yon kriz k ap vin pi fon jou an jou. Yon nouvo ekip ki nan tèt leta a, k ap fonksyone trè mal e, pi rèd, nan move sans lan. Se sèten, jan nou deja di li, se pa privilèj ekip aktyèl la, men sa ki enpòtan, menm lè pa gen pwogram, menm lè pwa tiboujwa visye, arivis yo pral gen tout efè li, menm lè desandan janklodis sa yo ap vini ak pwòp estil fonksyonman pa yo ki, an jeneral, kontinye mennen a divès fòm otokratik, menm lè ka gen nan yo ki pa fin konsyan endividyèlman de sa… : NOU TOUJOU DEVAN MENM PWOJÈ DE FAKTO A. Li rete nan limit dominasyon klas dominan reyaksyonè yo, men gen divès mekanism politik, ekonomik, ideyolojik e sosyal ki rele dominasyon sa a chèmèt chèmetrès, ki ase solid toujou e ki pèmèt pwojè reyaksyonè a pase. Nan kad kriz la, pwofondè kriz la, sa fèt ak gwo kontradiksyon, men fòk lòlòj pèsonn pa pati, ni vire, poutèt 2-3 aspè segondè, osnon apati yon analiz an sifas.

Nou anfas yon pwoblèm ki trè grav. Men nou dwe klè tou toujou gen posibilite pou yon lòt pwojè jenmen e menm devlope. E, sou divès teren, gen esperyans BATAY, kote tou 2 pwojè yo youn anfas lòt. Li enpòtan konnen e konprann : gen lòt pwojè. Li enpòtan konnen e konprann pou yo aplike yo, fòk yo byen poze sou ki klas yo baze, e atake antagonism ant klas yo kòm sa dwa. Depi gen chan pou BATAY pou yon NOUVO PWOJÈ, fòk nou mennen batay la, san ilizyon ! BATAY sa a, se pou demaske vakabon, se pou kòmanse fè esperyans, se pou ranmase fòs. E se pou fè transfòmasyon ki nan enterè travayè yo e, nan sa, vanse piplis posib, depi li posib, pandan lit fondamantal yo ap kontinye vanse sou bò pa yo, nan liy otonòm yo.

Nou ka ilistre tout sa nou di la a ak de egzanp presi. Nou pral chita sou yo, yon fason pou konprann pi byen sitiyasyon konkrèt n ap viv jounen jodi a nan peyi a, ponktyèlman e globalman.

KÈK EGZANP NEGATIF AK POSIBILITE POZITIF KI PARÈT

DLO POTAB NAN ZÒN RIRAL LAKAYÈ

Poutèt tè a ki donen anpil, Akayè, se youn nan komin ki pi rich nan peyi a. Tè sa a pèmèt kilti bannann lan fèt trè byen la. Poutan, popilasyon an rete trè pòv, nivo esplwatasyon yo trè wo e, koulye a, politik neoliberal la, mete sou sistèm akayik dimwatye a, pèmèt bannann dominiken an ap taye banda sou tèt pwodiksyon Lakayè. Ajoute ak sa, represyon grandon yo trè fò nan zòn nan.

Apati pratik Batay Ouvriye anfas blokaj ki te genyen nan zafè dlo potab nan Lakayè, kanmarad yo te pran inisyativ pou popilasyon an pran kesyon an an men apati enterè travayè yo. Sa vle di tou apati LIY ki nan enterè travayè yo ak konsepsyon yo genyen sou pratik la. Se konsa, nan kad aplikasyon liy mas la, nan kad demokrasi ak patisipasyon dirèk popilasyon travayè a e nan kad otonomi pratik travayè yo, kanmarad Batay Ouvriye yo te vanse nan etap « pran an men » an. Esperyans sa a te pase nan moman depa Aristid la e kontinye anba Latòti.

Nou derape apati yon sitiyasyon katastwofik : non sèlman responsab yo te gen yon blokaj total kapital nan distribisyon dlo bay abone yo men, nan dènye moman an, aparèy pou distribisyon dlo a pa t menm fonksyone ankò e, met sou sa, dèt yo te trè wo. Divès reyinyon fèt nan zòn konsène yo e, nan kad diferan komite popilasyon chak lokalite te mete sou pye ak nan yon gran asanble jeneral ki te fèt nan fen premye etap pwosesis lan, desizyon pran : abone yo mete sou pye yon Komite Jesyon Demokratik. Sa vle di, komite sa a : se yo ki te reyini pou chwazi l ; ansyit, li gen yon kont pèmanan pou li bay popilasyon an ; anplis, gen yon kontwòl, li menm tou pèmanan, popilasyon an genyen sou pratik komite a ; anfen, nenpòt ki manm nan komite a kapab jwenn revokasyon li nenpòt ki lè, depi li pa fè travay yo mete l la pou fè a e depi diferan gwoup ta denonse sa e ke ansanm popilasyon an, nan yon asanble jeneral òdinè oswa ki ta planifye pou sa, ta pran desizyon pou chanje l. Depi la, vin gen gwo pwoblèm. E se te yon gwo batay. Fòm demokratik sa a te jennen anpil moun, kit se te ansyen responsab yo ki pa t janm fè anyen pou distribye dlo a kòm sa dwa, kit se nouvo moun ki te bezwen glise kò yo pou al vòlè kòb sou bò pa yo. Devan transparans ak demokrasi reyèl alabaz sa a, yo pa t alèz. Rapidman, yo kòmanse mete opozisyon yo. Batay mete pye. Men, ak anpil mobilizasyon tout kalite, popilasyon an rive fè esperyans lan fèt : abone yo bay kontribisyon finansye yo nòmalman, konsa yo rive peye tout dèt e fon an menm ogmante. Nan kad sa a, rezo a rive bay sèvis pou li bay la an rapò ak enstans konsène yo. E yo te menm kòmanse poze elajisman rezo a. Yo peye teknisyen yo pou ranje tiyo yo e, finalman, dlo a distribye kòrèkteman.

Esperyans lan montre : anfas pwojè vòl ak gabji tiboujwa arivis-visye yo ki yo menm lye ak gwo pwopriyetè fonsye yo, te ka gen yon lòt pratik, yon lòt pwojè, kòrèk, serye, pozitif tout bon. Men, esperyans lan montre tou : pou pratik sa a ka konsolide e jeneralize, pou li ka dire a lon tèm, menm si nan ti bout tan sa a travayè yo rive akimile fòs, FÒK GEN YON POUVWA REYÈL NAN ENTERÈ TRAVAYÈ YO KI POU PÈMÈT LI CHITA E VANSE. Vreman vre, gras a pouvwa reyaksyonè ki chita nan bouk Lakayè a, kapasite li toujou genyen pou repenetre zòn lan e kowonp, kaponnen, pèsekite, arete… mete sou konplisite pouvwa santral Pòtoprens la, yo rive bloke esperyans lan e tounen nan vòl ak gabji. Jounen jodi a, se menm tray abone yo ap pase pou jwenn dlo, se menm dominasyon an yo tounen ap sibi.

NAN DIFERAN LÒT ZÒN RIRAL

Jan tout moun konnen, se pa ni youn ni 2 nesesite ki genyen nan zòn riral yo nan peyi d Ayiti. Men, lè travayè yo pran inisyativ pou fè fas a yo, chaje ak sabotaj e, si posib, represyon. La ankò, se menm kalite moun yo ki opoze yo a pwojè otonòm travayè yo : azèk, kazèk, politisyen wòwòt avèk apyi meri bouk yo. Trè souvan, aparèy jidisyè a entèvni tou pou lejitime pratik reyaksyonè yo e bloke inisyativ travayè yo. Tout ekip reyaksyonè sila yo rive nan represyon pou ti krik ti krak. Tou sa pèmèt repwodiksyon pratik dominasyon gran don yo ak akimilasyon granmanjè yo. Sa te konn fèt depi tan benbo, sa ap fèt pi rèd jounen jodi a.

Nan zòn Chatlen, nan Latibonit, popilasyon an deside atake pwoblèm lekòl la. Ansanm ak kanmarad Batay Ouvriye yo, travayè nan zòn sa a pran yon lekòl kominotè an men pou chache fè l mache, etan done swadizan responsab yo te annik ap fè kòb sou do nou, pandan lekòl kominotè a t ap kraze piplis jou an jou e ke yo menm t al monte lekòl prive pa yo.

Eben, non sèlman pa gen pyès apyi leta bay pou esperyans sa a mache, men kòmanse gen entimidasyon ak represyon nan zòn nan, non sèlman poutèt travayè yo ap pran desten yo an men, men tou poutèt y ap fè reyinyon, asanble, kote desizyon ap pran, avansman nan konsyans ap fèt, tou sa nan otonomi travayè yo. Pratik sa a jennen ansyen responsab yo ki kòmanse deja ap òganize yo pou ‘fèmen lekòl la’ e reprann li pou yo, jan yo te konn ap mennen l lan. Anfèt, menm si yo pa genyen yon pwojè yo menm, menm lè yo pa konnen ekzakteman sa y ap fè, y ap defann yon pwojè byen spesifik : yon sosyete san lekòl valab pou travayè ak pitit travayè, yon sosyete kote sa grandon ak boujwa bezwen se de travayè ki pa bezwen gen pyès konesans pou travay yo mande yo fè a. Konsa, pwojè negatif sa a ap pèmèt yo repwodyi privilèj fasil yo, l ap pèmèt yo repwodyi klas yo. Sa n ap di la a apati enterè travayè yo, yo ta ka aplike l tou nan ka tiboujwazi defavorize a. Se ke pwojè reyaksyonè enpeyalis, boujwa ak grandon an pa bezwen yon ledikasyon serye pou pyès moun nan kan pèp la. Si gen 2-3 fakilte ki ta vle aprann moun yon bagay, se pou 2-3 ti boujwa ki gen mwayen ka al fè kòb yo ann apre e repwodyi fraksyon klas sa a senpman. E menm la !

Pwoblèm batistè gratis la li menm, se tout kote nèt li poze. Nan zòn Nò, Nòdwès ak Nòdès, an patikilye, se pa 2 batay kanmarad Batay Ouvriye yo te blije mennen pou chache fè yo respekte sa lalwa mande. Prèske tout kote nou te rive fè yo respekte dekrè a, depi yon nouvo « eli » monte, li rekòmanse pi rèd nan vòlè kòb ti peyizan e, pou anpeche travayè tout kalite pwoteste, se represyon nètalkole. Nan bouk Lakayè pa egzanp, te gen yon gwo mobilizasyon Batay Ouvriye te reyalize ansanm ak Jistis e Pè. Te gen yon gwo patisipasyon travayè nan bouk la ansanm ak ti peyizan ki te soti nan divès seksyon riral. Tiboujwa lavalasyen yo, ansanm ak meri bouk la met ansanm ak lapolis pou fè yon operasyon rigwaz ak tout zam nan men yon ekip atoufè pou gaye manifestasyon an e anpeche revandikasyon an pase, menm lè yo konnen li te jis e legal. An reyalite, pwòp yo menm yo pase yon dekrè demagojik, men, nan pwojè global y ap defann lan, menm jan ak tout gouvènman reyaksyonè yo, idantite travayè yo pa nesesè e, sitou, yo pap pèmèt travayè yo fè okenn mobilizasyon apati enterè pa yo tout bon vre. Okontrè ! Lefèt travayè yo pa gen papye idantite, se garanti pou pi wo nivo esplwatasyon klas dominan yo sou yo. Se sa yo menm yo vle malgre tout demagoji yo : se sa pwojè yo a !

Gen lòt pratik travayè ap fè ki montre opozisyon pwojè defakto a ak yon lòt kalite pwojè, yon lòt kalite pratik. Nan Nòdwès, devan ewozyon ki fè bon tè kiltivab la ap fin ale, devan deboulonnen tè sa yo ap deboulonnen e vin kraze jaden ti peyizan yo pi ba, travayè zòn lan (nou pap presize ki zòn, ni ki kalite travayè, pou nou pa jennen BATAY sa a k ap kòmanse la), kidonk travayè zòn sa a pran inisyativ bati de mi sèk pou chache kenbe tè a anwo mòn lan. Sa te kòmanse pòte bon jan fwi. Men yo monte sou menm kalite resif la kan menm : otorite zòn lan entèvni ! Yo montre tè kote travayè yo fè mi sèk la pa pou yo, se pwopriyete prive lòt moun ; yo montre « se pa travay ti peyizan sa, se travay leta ! » Ak agiman sa yo, anplis zam ki nan men yo, y ap chache bloke pwojè a, menm si peyizan yo pa annik rete la ap asepte blokaj la. BATAY lan la jouk jounen jodi a.

Egzanp sa a montre nou ki jan ‘pwopriyete prive’ a souvan an kontradiksyon ak rezolisyon yon pwoblèm kolektif, sa montre nou ki jan li ka an kontradiksyon ak prezèvasyon tout yon zòn, ki jan li an kontradiksyon ak yon rezolisyon nasyonal, kote pwoblèm ewozyon sila a, se yon pwoblèm jeneral li ye. Leta a ki pap fè anyen, pito bare lawout pou ti peyizan yo pa pran an men pwòp lavi pa yo, pwòp devlopman pa yo, pwòp peyi pa yo. Pou bloke tout avansman, leta a mete devan : pwopriyete prive a !

La ankò, nou rejwenn menm pwojè de fakto a, ak menm nati anti pèp la, menm nati anti nasyonal la. Menm lè, nan diskou nan palè ak nan ministè, y ap fè demagoji sou ‘konbat ewozyon’. Vreman vre, se pa pou yo sa : pwojè pa yo a bloke tout inisyativ travayè yo. Yo pa gen pwoblèm vre ak ewozyon k ap depafini ak peyi a, yo gen ankò mwens pwoblèm ak jaden ti peyizan k ap kraze. Men, an menm tan, y ap defann tèt kale ‘pwopriyete prive’ a, inilateralman, san pyès lòt konsiderasyon, sitou lè li anfas de pwojè ti peyizan, de pwojè travayè.

Transfòmasyon reyalite tèt anba peyi sa a, se enterè travayè yo sèl ki devan li tout bon. Leta sa a ki sèlman ap defann grandon, boujwa ak enpeyalis, pa gen anyen pou wè ak enterè travayè, sitou lè sila yo vle pran lavi yo an men. La a, w a tande baton, w a tande zam, w a tande lajistis k ap entèvni, w a tande vòlè k ap pale nou mal.

Men, si egzanp sa a pèmèt nou wè afwontman ant pwojè yo, li montre nou aklè tou nesesite pratik a yon nivo pi elve ki pou poze pou reyalize enterè travayè yo, menm lè nan pwojeksyon aktyèl yo, yo trè limite.

Menm pwoblèm yo parèt sou kesyon sante. Tout moun konnen ki jan pratik doktè kiben yo ap reyalize nan tout peyi a bay mas popilè yo yon ti souf, kouman moralite yo ak angajman yo egzanplè. Eben, se tout kote yo menm tou yo plen pwoblèm, se ak zong yo y ap travay, yo mete yo nan de kay an dekonstonbray, yo viv mal. Pi rèd, pi fò nan doktè ayisyen yo bare yo lawout, sabote yo. Lopital kote y ap travay yo pa gen bidjè, sant sante yo pa ekipe : se yon absans total leta, se, anfèt, planifikasyon pou vòl, gabji ak koripsyon jeneralize. Nan sa, doktè ayisyen yo k ap swadizan travay nan lopital piblik yo jwe yon gwo wòl. Nan Okap, pa egzanp, Sendika Travayè Lopital Jistinyen - Batay Ouvriye te mennen yon gwo lit kont privatizasyon doktè ayisyen anplas yo ap fè nan lopital sila a. Yo fè peye pou kabann, pou swen, menm pou medikaman ijans. Tan pou yo apiye batay travayè yo ki t ap goumen kont koripsyon jeneralize sa a, ministè sante piblik pito pini travayè yo, revoke manm pi aktif sendika a. Konsa tou, medsin prevantif doktè kiben yo vle mete sou pye a jwenn gwo retisans : fòk moun malad pou doktè ayisyen yo jwenn ‘kliyan’ !

Se konsa tou pou sous dlo yo pa janm pwoteje, se konsa pou ma dlo yo k ap fin santi, k ap fin chèche… Ankò yon fwa, non sèlman yo pa okipe kesyon sa yo pyès men, lè travayè yo vle pran yo an men, jan sa te kòmanse fèt nan zòn riral Sen Michel Latalay pa egzanp, yo gen menm demach la k ap fè konnen : « se pa responsabilite travayè yo sa » !

Sou kesyon tè a, sa pi grav toujou. Lè ti peyizan yo mete an kesyon sistèm dimwatye a, ki se youn nan pi gwo rezon ki lakòz pwodiksyon agrikòl la ap depafini an e ki, anplis, ilegal (se 3 lo menm vye Kòd Riral la mande), se represyon san gade dèyè ! Nan objektif trè klè pou pèmèt sistèm akayik ak ilegal dimwatye a kenbe. Se youn nan pi gwo wòl Azèk, Kazèk (kèlkilanswa « Pati » yo ladann lan) ap jwe. Yo pran kòb nan men grandon yo pou defann yo ak fè represyon. Menm lè te gen demagoji sou refòm agrè a, pa t gen okenn plan serye. Jounen jodi a, ata demagoji sou refòm agrè a pa pale ankò ! Depi lontan, nan listwa peyi d Ayiti, goumen pou tè a gen yon kokennchenn enpòtans. N ap fè sonje Akawo ak Lame Soufran li a ki te deklare depi nan lane 1840 yo : « Tè a, se pou moun k ap travay li a ! ». Yon represyon grenn kraze blayi sou yo e se nan san klas dominan yo tenyen soulèvman yo te reyalize yo.

Jounen jodi a, nan tou sa, klas dominan yo ansanm ak sousou yo ki nan leta a, jwenn kolaborasyon gwo bwat ONG yo. Sila yo la pou pote dòt fòm mistifikasyon. Yo pran pòz y ap fè yon bagay (yon ti bagay, ke deja yo gwosi nan pwopagann yo), men, an jeneral, se ankadre y ap ankadre ti peyizan yo (oswa tou diferan kouch mas popilè yo nan katye yo lavil), nan objektif konkrè demobilize yo. Vreman vre, depi gen « pwojè » sa yo nan yon zòn, ti peyizan yo demobilize nèt e pa menm ka louvri je yo non sèlman sou tout kalite pwoblèm yo genyen an jeneral men ankò sou pwoblèm ONG sa yo menm pòte nan zòn lan, tankou, prensipalman, dekalaj salè, ki pa janm pa mennen koripsyon. Tout jan, tiboujwa ONG yo, se pa pou yo sa : nan tout « pwojè » sa yo, yo menm y ap fè kòb yo sou do travayè yo, y ap repwodyi tèt yo byen alèz nan kad transfè klas yo espere a e y ap travay pou li a. Nan fè sa, yo kontribye nan devlope yon sèten fraksyon nan tiboujwazi a ki, objektivman, ap separe l deplizanpli de enterè mas pèp la, travayè yo e, konsa, yo kontribye nan divize kan pèp la.

Se tou sa PWOJÈ DEFAKTO a : yon pwojè se pa nou ki chwazi li, se klas dominan yo ki blayi l sou nou. Li toujou kanpe anfas tou sa ki pa li, sitou lò se travayè yo k ap chache devlope yon altènativ. Se te toujou konsa e se toujou sa, jouk jounen jodi a. Se yon pwojè reyaksyonè, k ap konsolide l nan sèten ka, k ap eseye siviv nan dòt. E tèt leta a swa apiye l san gade dèyè, swa fèmen je sou li, kidonk kosyone l.

NAN KAD RAPÒ KAPITAL / TRAVAY

La tou, chaje pwoblèm. Nati rapò yo lakòz pwoblèm lan pran dòt fòm. Nou ka sonje sou kesyon salè a, an 91, senatè Paran te vin ak yon pwopozisyon ogmantasyon. Non sèlman yo vag li men yo fè dekwa pou salè reyèl la bese. Se menm bagay la ak 36 goud Aristid la. Gen moun nan leta a ki vin ak nouvo pwopozisyon men, anndan leta a, nan tèt leta a, pwojè reyèl yo se vag, lè se pa represyon. E bese salè reyèl la toujou akonpaye demach blokaj salè a, nan lentansyon kenbe sa yo rele ‘avantaj konparatif’ yo a. Jounen jodi a, se menm bagay. Depite S. Benoit vini ak pwopozisyon ogmantasyon salè a : yo vag li. E, nan pwogram yo, se kenbe salè a jan li ye. Kidonk, ak ogmantasyon kou lavi a ki li menm pa rete, valè reyèl salè a kontinye bese, pandan sa pèmèt boujwa ayisyen ak etranje fè piplis milyon sou do travayè.

Men se pa tout. Yo swadizan ap voye lwa lachanm. Tout lwa se pou fasilite envestisman, kidonk louvri vant peyi a. Alòske depi plis pase 20 lane, pwoblèm Kòd Travay ki mare nan kou ouvriye yo ap poze. Pwoblèm Kòd Riral fatra a ap poze. Se pa pwoblèm pa yo. Yo pa menm konnen sa ki rele 3 lo a, yo pa konnen sitiyasyon salè vann jounen. Pwojè pa yo se kite lavi vanse, fè represyon pou lavi vanse, asepte lavi vanse… men toujou nan kad dominasyon grandon ak boujwa, ak anvayisman enpeyalis yo piplis chak jou. Pou sa fèt byen, si ta gen moun ki jennen yo, se ekate yo ! E si li nesesè : eliminen yo !

Nan kad kontradiksyon yo, klas dominan yo, enpeyalis yo ap mennen batay pa yo. Y ap apiye sou depite, senatè reyaskyonè, si posib achte yo, fè yo fè lòbi, fè presyon sou ekzekitif. Goumen pou fòse yo vyole ata vye kòd travay la. Ekzanp lan klè jounen jodi a lè senatè tankou Boulos, tyoul Gwoupo M Dominikani an, ap fè presyon pou vyole kòd travay la sou kesyon salè ouvriye k ap travay lannyit nan zòn franch Wanament la. Se vre pwojè sa a poko pase. Li gen difikilte. Men se paske, sou teren an, ouvriye yo, malgre lavi difisil yo, kanpe fèm. La toujou, se menm pwojè defakto a ki vin anfas ouvriye yo. Menm jan an toujou, lè leta aji, se nan enterè boujwa rayaksyonè yo ansanm ak enpeyalis yo. E, la ankò, koripsyon an jwe yon gwo wòl. Anfas, gen lit, pwojè klas ouvriyè a, malgre limit ki genyen toujou nan sa ki parèt.

Jan nou ka wè, nan ka kapital / travay la, opozisyon ant pwojè yo pran dòt fòm, non sèlman boujwazi a pi aktif dirèkteman, menm lè sèten fwa kontradiksyon manifeste nan tèt leta a, men tandans jeneral la se opozisyon dirèk boujwazi a ak klas ouvriyè a, nan sèten ka travayè yo. Sa bay baz pou presize, defini BATAY ki pou mennen yo pi klèman ak fòm pou yo pran.

Men, pi rèd, sèten pratik tèt leta a rann sitiyasyon an difisil pandan y ap repwodyi demagojikman menm rapò yo nan menm pwojè defakto reyaksyonè a. Sa manifeste nan pakèt reyinyon y ap fè ak « sektè sendikal » la. Anfèt, menm jan ak tout lòt rankont anvan yo, malgre yo swadizan konnen se yon bann fo òganizasyon, fo santral, yon bann bidon, yo chwazi yon demach dilatwa, ba yo tribin pou yo vin mande kòb (menm chema koripsyon an), ba yo vi pou yo kontinye defann enterè patwon. Non sèlman se menm pwojè a, men y ap kreye ilizyon. E se pa konnen yo pa konnen.

Se nan kad sa a tou, yo « komemore premye me » nan menm alyenasyon an, nan menm lojik kolaborasyon de klas la. Kidonk : menm pwojè a toujou.

Nou gade ekzanp nan vil pwovens, komin, zòn riral, nou gade rapò kapital - travay... men nou dwe gade ekzanp nan tèt leta a tou. Se sèten, plen lòt. Men sa n ap pran yo ap ilistre 2 pwoblèm : pwoblèm pwojè a ansanm ak pwoblèm koripsyon an. Nan lane ki sot pase a, chaje pwoblèm koripsyon ki eklate. Yo tout lonje dwèt sou pwoblèm pwojè defakto a. Men lè sitiyasyon an gen 2 pwojè youn anfas lòt, mete sou vòl ak koripsyon ki mete pye, sa pèmèt wè pi klè.

NAN KAD KONTRADIKSYON NAN MITAN KLAS DOMINAN YO MENM

Youn nan premye kote kontradiksyon yo parèt nan mitan klas dominan yo menm, se nan lajistis. Lajistis, se yon ka espesyal, apa, ki bay anpil ansèyman.

Sou kesyon jistis sosyal, pou kòmanse, nou wè trè klè ki jan depi sou premye gouvènman lavalas yo, lit ti peyizan yo nan lane ’80 yo ki te mobilize pou kapab rive jwenn tè pou yo travay, te gen efè nan tèt leta a. Lè a, responsab yo te vin ak kesyon « Refòm agrè » a. Men, jan nou wè trè byen, kontradiksyon jeneral yo, pwa boujwazi biwokratik la, nan alyans li ak grandon yo, bloke tout desizyon, tout oryantasyon sèten pwogresis te vle reyalize nan avantaj ti peyizan yo, nan objektif yon redistribisyon tè nan yon mannyè pi ekitab : anyen pa fèt, konfli pete pi rèd, ata masak mete pye, san tèt leta a pa pran pyès responsabilite, epoutan se li ki te tanmen pwosesis lan. Gouvènman sou gouvènman pase, anyen pa janm fèt.

Nan Wanament, pi resaman, Bank Mondyal, apre lit ki te deja mennen onivo entènasyonal, ansanm ak mobilizasyon travayè yo nan peyi d Ayiti tou, te rive asepte reyalize yon plan konpansasyon sosyal, kote yo t ap bay ti peyizan ki te pèdi tè yo kay nan nouvo kote pou yo rete (nan kote leta ayisyen te gen pou òganize), ke yo t ap distribye dlo ak kouran nan vil Wanament lan, fè lekòl, bati dispansè, adokinen wout, elatriye… Sou kesyon tè a, INARA, nan ka sa a tou, pran dispozisyon pou akonpaye pwosesis sila. Ministè Kòmès ak Endistri si tèlman bloke an li menm, jouk kounye a anyen pa ka fèt e leta ayisyen pa fouti fè reyalize plan sa a. Non sèlman y ap trennen men, anplis, yo mete gwoup ti peyizan benefisyè yo sou de tè dòt ti peyizan te deja ap okipe depi ann apre masak 1937 la, kidonk yo mete ti peyizan youn anfas lòt. La ankò, responsab INARA yo pwopoze pou rezoud konfli yo, men ministè kòmès ak endistri a kontinye ap bay vag e lese kesyon an trennen. Ki fè, jouk jounen jodi a, plizyè lane apre enplantasyon zòn franch lan, non sèlman yo poko rive dedomaje ti peyizan yo pou tè yo te pèdi yo, non sèlman yo poko jwenn nouvo kote pou yo rete, men tout popilasyon Wanament lan ap soufri enkapasite leta santral la. Enkapasite kwonik sa a, anfèt, ki demaske prezans e pwa mekanism akayik kowonpi yo ki toujou ap fonksyone pou bare lawout a tout avansman pwogresis, menm lè gwo konpayi miltinasyonal yo rive asepte reyalize yon minimòm. Jouk jounen jodi a, se konsa !

Nan aparèy lajistis lan menm, menm nivo kontradiksyon sa a parèt aklè. Tout moun konnen kouman lajistis se yon sektè ki retwograd anpil, ki kowonpi jouk nan mwèl zo. Nan aparèy jistis la, jij yo, se youn nan prensipal poto nan estrikti dominasyon klas la. Nou konnen trè byen tou nan enterè kiyès y ap travay, ki klas y ap defann.

La a, ankò, nou pap menm rete sou lajistis k ap depafini ak travayè, sila k ap kraze pèp ayisyen an tankou foumi : ankò yon fwa, n ap rete sou lajistis boujwa a ki twouve li ann opozisyon ak mekanism jistis akayik yo. Vreman vre, nan kad demagoji demokrasi a, jounen jodi a, gen yon « Refòm lajistis » ki planifye. Ann di pito : ke yo pale de li. Yo mete responsab pou ekzekite refòm sila a, yo wè se nan aparèy lajistis lan menm refòm lan dwe piplis chita, dekwa pou fonksyonman an ka chanje tout bon. ‘Ekspè’ sot lòt bò dlo vin bay vèdik sou lajistis peyi isit. Tout moun klè fonksyonman sila a twò akayik : li pa respekte anyen nan zafè dwa minimòm moun, ni li pa gen yon etik menm minimòm, ni li pa wè nesesite pyès ajisteman ki pou ta chache kontribye nan rezoud yon sitiyasyon bloke : se yon lajistis feyodal, sanzavni nan tablisman yon sosyete menm boujwa.

Epoutan, ki sa nou wè ? Anyen ! Reyèlman anyen ! Pa gen yon avansman ki fèt, pa gen yon bagay ki chanje. Pi grav: sou pretèks otonomi lajistis, yo te soti pou tabli yon diktati jij reyaksyonè, kowonpi, kidonk: konsolide sa ki genyen jounen jodi a... Ata yon refòm boujwa gouvènman sa a pa ka fè. Ata okipan an vle demontre ke pou nenpòt ki chanjman ta fèt nan nivo sa a, ankò yon fwa se de etranje ki pou ta vin reskonsab !

An reyalite, kesyon lajistis sa a, enkapasite fè yon pa ladann lan, montre nou, ankò yon fwa, enkapasite total leta sila a, konplisite total gouvènman sila a, stagnasyon total klas dominan sila yo, pandan sa ap demontre nou tou enkapasite yo tout pou yo ta pwopoze yon avansman menm minimòm nan peyi a.

Enkapasite boujwazi sa a rezime l a kite kesyon militè yo nan nan men fòs okipasyon Loni yo, pandan li kite fonksyonman jidisyè a nan men aparèy ki pi akayik la, aparèy feyodal la. La, mekanism pi degradan yo, pi vil yo, se yo ki fonksyone, eta despri pi sal la, se li ki toujou alòddijou : se pwojè defakto a nan pi ba nivo l.

NAN MINISTÈ YO MENM

An jeneral li pi difisil pou nouvo pwojè parèt. Nan ka sa yo, mas yo, travayè yo, pa dirèkteman prezan menm jan an. Men, ak kontradiksyon nan leta a, li rive gen nouvo pwojè ki parèt e ki pati de enterè travayè yo. La ankò, nou jwenn menm blokaj yo, menm represyon an, an favè devlopman pwojè reyaksyonè a. Fewosite a, menm kant li pran dòt fòm, konn ankò pi gran, sitou vòl a nivo sa a gen dwa konsène plizyè milyon dola ki pou separe. Rezistans fas a sa ki baze sou enterè travayè yo pi gran tou. Mekanism yo te deja la, e ak yon gouvènman ki kite yo ap repwodyi, osnon ki kosyone yo, sa ankò pi grav.

Oryantasyon pou ministè lakilti : Nou pran ekzanp sa a, se pa paske kilti a se li k pi enpòtan. Men se paske nan moman spesifik la, se youn nan teren kote kontradiksyon nan leta yo te pèmèt batay pou yon lòt oryantasyon. Nou ka di yo t ap vanse nan oryantasyon pou devlopman yon lòt kalite pratik kiltirèl. Yo te rive vini ak yon oryantasyon global ki te touche divès aspè. Oryantasyon an te kouvri tout aspè danti ki genyen nan sosyete ayisyenn la, patrimwàn si tèlman enpòtan sila a, ann atikilasyon ak ouvèti modèn ki pi enpòtan jounen jodi a, tankou makònay patrimwàn konstwi ak imateryèl. Li t ap pèmèt peyi d Ayiti, Kiba, Venezyela, Brezil… tabli yon chenn solidarite sou baz idantite, devlopman komen ak pwojè avansman diferan pèp yo.

Konsa, gen inisyativ ki komanse vanse. Men, brid sou kou, vin gen yon blokaj sèk. Yo pran swadizan mezi administratif. Minis la fè parèt klè oryantasyon sa a pratikman inadmisib. Nan yon ka konsa, kote yo te vin ak yon pwojè ki t ap touche pèp la pi dirèkteman nan esans listwa l ak pratik kiltirèl li, se pwojè defakto a ki kanpe anfas ankò: yo annik redwi l nan yon minimòm, kidonk prèske pa fè anyen e sa k ap kontinye pase a, se pratik reyaksyonè yo. Eske minis sa a pa t la lè yo t ap pale mete sou pye oryantasyon sa a ? Eske gen eleman nouvo ki parèt ? Kote yo sòti ? Ka gen eleman nouvo ki parèt apati enpeyalis yo, apati de sektè reyaksyonè boujwazi a ki otou prezidans lan. Sa ka vini de lit anndan ministè a menm kote reprezantan pwojè de fakto yo gen fòs (chèf kabinè, direktè…).

Se konsa, nan komemorasyon « Lane Jacques Roumain », yon vanyan gason ki te goumen pou ouvriye, ti peyizan te ka jwenn liberasyon yo tout bon vre e ki, pou sa, te tanmen fè yon ripti konsekan ak klas d orijin li, sèten moun te pwopoze fè resòti aspè sa yo prensipalman, anfas rekiperasyon boujwa yo ansanm ak tyoul yo ki vle sèlman prezante Roumain tankou yon ekriven, yon powèt, yon siyantifik abstrè. Eben, apre yon premye peryòd demagojik, yo fin pa bloke oryantasyon pwogresis la : yo fè dilatwa jouk anyen pa ka rezoud pou gwoup sila a, yo menm rive ekate responsab ki, nan komisyon nasyonal la, t ap pote oryantasyon sila a.

Men gen plis toujou, e tout moun dwe konn sa.

Youn nan pwojè ki t ap demare yo, yon pwojè « Mizik ak Etid » te mande 20 milyon goud pou yo reyalize li. Yo rive jwenn kòb sa a. Men, brid sou kou, san konprann e san responsab yo pat mande l, yo double kòb la ! 20 milyon goud anplis ! E yo di ki pou itilize anvan fen sektanm !! Egal nan 5 mwa. E, si reskonsab yo aksepte : ki entansyon yo, yo menm tou ? Pou responsab pwojè a, si yo te resevwa kòb sa a, se nan pwojè a e pwojè a sèlman yo t ap gen pou itilize li. Men, pou minis la ak magouyè ki sou kote l yo, èske yo t ap itilize li nan lòt bagay ? Etan done kòb la la e li pa jistifye. Alòs : nan ki lòt bagay yo pral itilize l la ? Minis la li menm di se apati Lachanm, Sena, ‘mouvman’ sa a fèt. Gen lè y ap pwofite foure l apati bidjè rektifikatif la. Li parèt tou senatè ak depite k ap grate nan ministè a, se dèyè lajan yo konn ye. Ki sa tou sa vle di ? Tout mannyè, nou anfas yon sitiyasyon grav. 20 milyon goud ! Yon kòb yo pral detounen ? Kidonk, fòk yo ekate tout moun ki ka jennen yo. Paske, moun ki nan tèt pwojè a, fòk li ta nan detounman an… ! E se konsa yo ekate reskonsab ki pa t dakò pou koripsyon sa a pase.

Men, byen konte mal kalkile. Nou pa ka nan yon sitiyasyon kote se lè kabrit fin pase y ap rele bare. Depi kounye a, nou dwe denonse yo, bloke yo. Si gouvènman an vle mennen lit kont koripsyon, fòk li di èske minis sa a nan gouvènman an ? Kouman konbinezon sa a fè ap fèt la ? Osnon, ki kalite gouvènman k ap mennen lit kont koripsyon an ? Fòk gen ankèt sou 20 milyon goud anplis sa a : kote l soti, pouki sa yo mete l la alòske yo pa t menm mande l la, ki jan li pral itilize… ? Fòk tout moun konnen, pazapa. Sitou nan yon sitiyasyon kote pa gen lekòl, pa gen lopital, pa gen dlo, pa gen kouran, pa gen wout… nan peyi a. Kote priyorite yo ye ? Fòk nou wè klè. Nou konn ki kalite batay ki genyen nan yon kesyon konsa, men BATAY LA FÈK KÒMANSE !

JAN YO ÒGANIZE E REYALIZE PREZIDANS LAN

Pi bonè se granm maten. La ankò, an n pa tann kabrit fin pase. Nou dwe di nou jwenn menm pwojè defakto a. Tout pratik k ap fèt yo pèmèt sèten klan pran fòs nan jiwon prezidans lan. Se sèten sektè nan boujwazi a k ap mennen milye sa a ak fòs. Kanta pou fonksyonè onèt yo, y ap anpyete sou responsablite yo san rete. Yo menm, yo rete ap sibi. Menm sistèm koripsyon anvan an kontinye ap fonksyone ak fòs. E tandans a otokrasi kote prezidan an gen tout zèl kat yo nan men li e ap fòse dirije tout bagay malman ap devlope piplis chak jou. Men nou dwe mande : nan enterè kiyès ? Nou gen dwa pa nan sitiyasyon Janklod Divalye (menm si gen yon Michèl Benèt an pisans e an devlopman rapid) kote se klèman ejemoni boujwazi biwokratik la li t ap kenbe pandan l ap eseye restriktire blòk opouvwa a. Nou gen dwa pa nan sitiyasyon Aristid kote se remanbre li t ap remanbre boujwazi biwokratik la ki te an kriz, an fayit total apre dekonstonbray militè yo, ak nouvo moun. Men nou nan yon sitiyasyon kote se menm pwojè defakto fondamantal la ki atikile ak menm fòm gouvènans lan, menm si jounen jodi a li san baz e akayik. Otokrasi a ap fonksyone tèt kale. Ak yon ilizyon yo pi entelijan pase tout moun, y ap fè ekilib san rete. Kòm si dirije peyi, se travay move jwè pokè ki gen ògèy. (Fòk tout moun klè pa gen ògèy sou pòtay ankò. Nou pa nan moman ògèy la ! Se poul glase k ap benyen nou ak òmòn, ak tout kalite maladi ki genyen.) La ankò, gen lòt oryantasyon ki parèt, gen kritik ki fèt. Men, toujou : menm mekanism ekate moun k ap pòte oryantasyon popilè yo, pwogresis yo, nasyonal yo, reparèt. Epi : bay vag. Kidonk, menm fòm pratik yo, nan kad menm pwojè fondamantal reyaksyonè a.

AN KONKLIZYON

Li enpòtan tout moun pran responsablite yo. Sa ki parèt anfas pwojè defakto reyaksyonè a dwe piblik, e lit yo dwe piblik tou. Anvan li twò ta. Se enterè global peyi a ki an kesyon. E, jan nou konnen, kèlkeswa sa ki ta nan tèt nou, se apati enterè travayè esplwate yo nou blije poze enterè global peyi a. Pou nou menm, li klè : se sèl enterè travayè esplwate yo ki koresponn tout bon vre ak enterè global peyi a.

Nou pale anpil de pwojè defakto. Fòk pa gen konfizyon. Se yon pwojè ki la san yo pa di li la. Okontrè, y ap fè tou sa yo kapab pou maske li, maske ekzistans li. Li se yon pwojè anti-nasyonal, anti-popilè. Nou ensiste sou defakto a, paske yo pran pòz poko gen ni pwogram, ni liy. Yo swadizan ap fè konsiltasyon sou tout kesyon, men fòs sosyal yo ap aji. Fòs reyaksyonè yo ap aji. Yo fò tout kote e nou dwe di yo fò nan prezidans lan. Y ap manevre san rete. Gen yon chwa ki fèt, y ap vanse ladan li. Sèten pratik entènasyonal pa dwe maske li.

An menm tan, gen esperyans ki fèt, ki te konn fèt e k ap kontinye fèt anfas pwojè defakto a. Se menm batay la k ap kontinye. Nan batay sa a, gen divès aspè ki atikile youn ak lòt. Men, sa ki rete, sa ki dwe rete fondamantal, se avansman lit otonòm mas yo ak travayè yo kòm potomitan, anba direksyon klas ouvriyè a, pandan n ap kontinye itilize tout jwen ak kontradiksyon nan mitan lènmi a, tout jwen batay nou pèmèt kreye, nan enterè estratejik travayè yo, an patikilye klas ouvriyè a.