Batay Ouvriye Banner

CAFTA-DR:

YON SITIYASYON FATAL POU TOUT TRAVAYÈ!

Pandan otorite ayisyèn yo pa janm pran reskonsabilite yo devan ekzaksyon konpatriyòt nou yo ap sibi nan Repiblik Dominiken, se de òganizasyon pwogresis dominiken menm ki, nan peyi Etazini, ap mobilize ansanm ak de òganizasyon solidarite ayisyen oswa entènasyonal devan konsila yo, devan l ONI... Se menm kowalisyon sa a ki enfòme nou tou sou pwojè Trete Lib Echanj pou Amerik Santral ak Repiblik Dominiken (CAFTA-DR an angle) k ap diskite jounen jodi nan kongrè ameriken e ki prèt pou pase. Nan jan pa nou, nou fè yon tradiksyon youn nan entèvansyon Grassroots Haiti Solidarity Committee sou kesyon an. N ap fè laprès ak sèten lis elektwonik jwenn li, pou piblik la an jeneral.


Trete Lib Echanj pou Amerik Santral (CAFTA an angle) se yon trete rejyonal ki nan negosiyasyon jounen jodi a ant peyi Etazini ak 5 peyi nan Amerik Santral: Gwatemala, Salvadò, Ondiras, Nikaragwa ak Kostarika. Yo vin ajoute Repiblik Dominiken nan mwa dawout 2004.

Ki sa “lib” vle di nan tit “Trete Lib Echanj” la ? Eske se mwen menm, oubyen ou menm, k ap ka twouve de bagay gratis ? Jamè pa ! Sa “lib” la vle di, se senpman ke gwo bwat miltinasyonal yo ap gen piplis libète pou envesti kote yo vle e enpòte san pyès kontrent ak baryè. An menm tan tou, y ap jwenn benefis bab e moustach nan kesyon privatizasyon sèvis piblik k ap akonpaye pwosesis sa a. Y ap simaye tout pwodyi pa yo nan tout peyi domine yo libelibè, pandan y ap benefisye salè mizè travayè peyi sa yo... Gras a kokennchenn avantaj Trete Lib Echanj la ap bay miltinasyonal yo e akòz menas pèmanan delokalizasyon an, travayè yo ap santi yo oblije asepte sitiyasyon “mendèv pi bon mache” a, si yo pa vle pèdi djòb yo la pou la. Lojik sa a, si li reprezante yon avantaj pou boujwazi lokal yo, pou travayè yo, se yon enpas fatal e definitif: sa y ap jwenn na sa: se lamizè ak represyon garanti! Y ap pwomèt nou travay, men se depi nou asepte salè mizè y ap ofri nou a - ki dayè ap vin deplizanpli ba an tèm reyèl - san janmen pwoteste.

Pwosesis sa a deja antame nan peyi Etazini. Vreman vre, la a, anpil konpayi deja fèmen pòt yo e se pa 2 ouvriye ki pèdi travay yo: konpayi yo pral nan peyi “mendèv bon mache” yo ! Pandanstan sa a, nan peyi pòv yo, ouvriye faktori sètoblije rantre nan yon konpetisyon trè di youn anfas lòt pou jwenn travay nan zafè mendèv a pi bon mache sa a, pandan ti peyizan ansanm ak ti antreprenè, tout ap fè fayit youn dèyè lòt.

NAFTA (Trete Lib Echanj pou Amerik di Nò, an angle) enkli Etazini, Kanada ak Meksik depi 1993. Li, li, li deja fè 800,000 ouvriye pèdi travay yo nan peyi Etazini, pandan salè reyèl nan faktori peyi Meksik fè 27 % bès e ke de milye ti peyizan pèdi tè yo.

Vreman vre, “Lib echanj” egal: “Libète pou esplwate” !

Ki sa travayè yo ka genyen nan sa ? Anyen ! An teyori, yo vle fè n kwè yon konpetisyon pi louvè pral mennen yon rediksyon pri men, pou nou menm, sèl rediksyon pri k ap ekziste se sa fòs travay nou ! N ap toujou fòse rann li deplizanpli ba, pou nou ka konsève djòb nou. Pandan sèvis yo (dlo, kouran...), apati privatize y ap privatize yo a, ap vin deplizanpli ra ak deplizanpli chè. Lefèt leta pa soti pou pran pyès reskonsabilite ankò, met sou fayit li tout moun fin klè sou li a, ap fè anviwonman jeneral nou vin deplizanpli mal tou, deplizanpli mizerab.

Poutèt sitiyasyon difisil sa a, poutèt fo santral yo ap jwe tout wòl opòtinis yo, men sitou poutèt represyon ki pral blayi sou klas ouvriyè a e mas popilè yo an jeneral, sendika konbatif yo ka pèdi anpil teren e anpil nan manm yo si yo pa deside lite tout bon. Boujwa lokal yo ansanm ak gouvènman sousou yo ap ede miltinasyonal yo ogmante pwofi yo tèt nèg. Y ap gen tout dwa ! Pandan sila travayè yo, lè yo ekziste, ap rete sou papye. Ak “Trete” sa yo, lavi travayè nan peyi nou yo ki deja sitèlman domine, ap vin tounen yon veritab lanfè. Lavi travayè nan peyi endistriyalize yo tou ap an danje toutan. Nou tout n ap pèdi !

Pwopriyetè faktori, fabrik, kote kapitalis yo ap fè fòtin yo nan syè travayè yo, kit se ann Ayiti kit se an Repiblik Dominiken, se jeran lakou transnasyonal yo yo ye. Yo tout se patnè. Sa sèlman y ap tann, se le moman pou yo vin enstale zòn franch pou yo vin esplwate mendèv bon mache sa a, san gade dèyè. Lesplwatasyon grenn kraze ki deja ap fleri sou tout zile a: se yo ! Depòtasyon ki fèt avanyè la a yo, se pou entimide travayè tou le 2 peyi. Nan peyi Dominiken, represyon travayè Ayisyen yo sèvi pou tou bese salè travayè Dominiken an tou paske, nan sitiyasyon sa a, yo menm tou yo sètoblije asepte de salè pi ba. Lè otorite dominiken yo depòte de vag nan travayè ayisyen yo, sila yo vin gonfle mas chomè yo, bagay ki fè presyon alabès sou salè ouvriye k ap travay yo ankò. E, piplis otorite dominiken yo depòte travayè ayisyen yo ak britalite, se piplis y ap detyi e se piplis y ap an enferyorite pou negosye valè fòs travay yo isit. Kidonk, jan nou kapab wè, si pwosesis sa a pile tout dwa travayè ayisyen yo v, si sètènman li rive menm twomatize yo, okontrè: li pwofite boujwa 2 peyi yo totalman ! Se sa k fè gouvènman ki sou pouvwa yo e ki la osèvis boujwa yo tout kote, kit se ann Ayiti kit se an Repiblik Dominiken, pap janm reyèlman fè sispann krim sila yo, sòf si malpouwont yo rive twò lwen e kòmanse ba yo pwoblèm onivo entènasyonal.

Nan rankont chèf deta peyi Amerik yo (esepte Kiba) ki te fèt nan Monterey, peyi Meksik, 12 ak 13 janvye 2004 la, Aristide, nan bezwen li te bezwen peyi sa yo rekonèt li kòm prezidan, te siyen yon dokiman ki akòde 18 zòn franch bay kapitalis etranje ! Asosiyasyon Endistriyèl Ayisyen (ADIH an vranse) te deja te pwopoze pou yon pati nan yo ta sou tout longè fwontyè a (wè prezantasyon yo te fè nan dokiman yo te pwodyi a ki rele: “Zone franche Ouanaminthe Twin project Haiti and Dominican Republic” Haiti-Adih, june 2002): se mòso poul sa a benyen nan yon sòs pwa blan, kapitalis ameriken, dominiken ak ayisyen ap lonyen jounen jodi a atravè yon plan ki ouvètman pral chache kapitalize sou mizè travayè ayisyen: plan sa a se CAFTA-DR la.

Antanke travayè, nou pa fouti dakò ak yon plan, depi “devlopman ekonomik” li sipoze ap bay la, se sou pwòp lamizè pa nou li chita ! Ann pa kite yo divize nou ! Tout litij ou tande ki genyen ant 2 pèp yo, swa se detay yo ye (e nou pa dwe ba yo enpòtans pou yo pa genyen !) swa se lenmi nou yo ki foure yo nan lespri nou pou yo ka jwi sou do nou tout pandan n ap goumen an. NON ! Okontrè ! Ann ini nou ! Tankou yon sèl ! Tankou yon pèp, PÈP TRAVAYÈ a ! Pou nou FÈ FAS kont pwojè sanginè sa a boujwazi tou 2 peyi yo vle foure nan gagann nou !


Batay Ouvriye, Jen 2005

Pozisyon: