Batay Ouvriye Banner

DEKLARASYON #1 SOU EVÈNMAN

GWASIMAL 27 ME 2002 YO

 

Jou ki te lendi 27 me 2002, yon gwoup travayè nan rejyon Gwasimal, komin Sen Rafayèl nan Nò peyi d Ayiti, t ap prepare yo pou yo te travay tè zorany yo toujou travay depi prèske 50 an. Zorany la, se pou voye bay yon konpayi nan peyi Lafrans ki, avèk yo, pwodyi yon likè ki rele Cointreau. Vreman vre, lò fanmi ti peyizan sila yo te vann tè yo a bay konpayi Gwasimal S.A. a, lè a ki te dirije pa M. Novella, tou le 2 pati yo te antann yo sou yon kontra vèbal (men fèm) ke se manm menm fanmi ki te vann tè yo ki ta pral non sèlman ouvriye nan plantasyon zorany konpayi a te vle mete a men se yo tou ki t ap ka travay tè a nan sezon ki pa sila zorany la. Antant sa a te fèt an 1958! E, depi lò a, se konsa sa te toujou fèt.

Lè yo t ap achte tè a nan men ti peyizan yo, direksyon konpayi Gwasimal S.A a te pwomèt dispansè, wout, lekòl, irigasyon jeneral zòn la, devlopman... Anyen nan tou sa pa janm fèt. Pi rèd, pyès nan dwa ouvriye yo nan travay plantasyon zorany la pa janm respekte nonplis, tèl ke bonis, konje, ekipman pou travay elatriye..., yon seri dwa legal ki ratifye nan Kòd Travay la. Pi rèd toujou, apre yon sèten tan, watchmann direksyon a te mete veye tè a kòmanse egzije pou nouvèl jenerasyon ti peyizan yo ba yo mwatye rekòt yo fè nan sezon yo plante a.  

An mas 2001, yon Sendika Ouvriye ansanm ak yon Asosiyasyon Plantè, tou 2 afilye a Entèsendikal Premye Me-Batay Ouvriye (ESPM-BO), vin kanpe nan Gwasimal sou revandikasyon sa yo espesifikman, ki di: respè dwa ouvriye yo selon Kòd Travay la, eliminasyon kesyon 2 mwatye a e respè pwomès ki te fèt pandan lavant tè a.  

Se lè a kesyon a vin mangonmen. Olye pou direksyon a, ki lè sa a te gen tan pase nan men yon fanmi Novela an lapèsonn Nons Zefi, ta chita ak travayè yo pou satisfè revandikasyon yo, yo pito pa janm rekonèt sendika a e toujou derefize chita avè l pou negosye. Piti piti, sitiyasyon a vin anpire, daprezavwa egzaksyon repete e pafwa vyolan reprezantan M. Zefi yo t ap fè sou ti peyizan yo: yo kaponnen yo, menase manm Komite yo, regilyèman kraze reyinyon ak fraka, frape moun, blese yo e pafwa menm arete yo ilegalman. E, devan batay ti peyizan yo ki t ap itilize mwayen legal ki aladispozisyon yo (grèv, arè travay) direksyon a toujou reponn ak presyon, manti, egzaksyon tout kalite. Pou sa, yo akokinen yo ak otorite nan Sen Rafayèl yo, an patikilye majistra a lepòk la, Brenn Sevère ansanm ak jij Monero.  

Nan debi ane 2001 a, a divès repriz, Entèsendikal Premye Me Batay Ouvriye kontakte Ministè Afè Sosyal pou vin etidye sitiyasyon a e fè respekte lalwa. Demach sila yo pa abouti a anyen. Nan mwa jen 2001, divès atik parèt nan laprès (an patikilye Haïti Progrès ak Haïti en Marche) pou alète opinyon piblik la dèske sitiyasyon a t ap rive trè grav devan refi sistematik direksyon a pou respekte dwa travayè yo e manèv ak presyon li te pito ap fè pou kaponnen yo. Jou 17 jiyè 2001 a, nou ekri fòmèlman 2 lèt, youn bay Minis Afè Sosyal la Mme. Eude St Preux Craan, youn bay Minis Lajistis la M. Gary Lissad kote nou t ap di: “Se yon beny san y ap prepare nan plantasyon Gwasimal!” Pyès repons pa rive jwenn nou, pyès aksyon pa antreprann, pyès preokipasyon pa parèt. Nan jou ki te 26 novanm 2001, nan peyi Lafrans, yon manm Batay Ouvriye rankontre ak yon delege Cointreau, M. Olivier Charriaud, pou diskite sitiyasyon a, kòm nou te konnen zorany la se pou Cointreau li te pwodyi e ke, nan kalite sa a, li ta ka entèveni. Vreman vre, ann apre, reprezantan Cointreau a li menm ekri, nan yon lèt ki gen dat 17 janvye 2002, ke “...an plizyè fwa nou raple jeran Gwasimal la volonte nou pou angajman yo kenbe an antye, selon lalwa e pou dwa fondamantal travayè yo respekte”.\  Malgre sa, dirijan ayisyen yo refize bouje. E, devan egzaksyon sou travayè yo ki, lè sa a, t ap fèt tankou grenn lapli, nou finalman ekri Delege Depatmantal la, M. Myrtho Julien toujou pou avèti l de ki jan pwopriyetè plantasyon a t ap pile dwa travayè yo anba pye, fè frape yo, arete yo e, sitou, sou gravite sitiyasyon a e mande entèvansyon egzekitif la pou mete yon ola e fè respekte lalwa. Ankò: pyès repons pa bay!  

Pandan tan sa a, devan enkapasite l pou bay yon solisyon klè e legal a sitiyasyon a, direksyon a vin remèt pè Sen Rafayèl la, Leonèl Jean François, tè a pou li okipe. Lè a, pè a pa fè ni 2 ni 3, anplis de pran yon valè tè pou pwòp li lenm ak legliz, li deklare tout ti peyizan ki te konn ap travay tè a pap ka twouve l ankò pou travay, e ke li pral chache lòt travayè lòt kote! Li pase lòd sa a, san analize ke revandikasyon ouvriye yo jis e selon Kòd Travay la, san konsiderasyon pou pis pase 400 fanmi ki gen lizaj travay tè a pandan prèske 50 an (kidonk san respè pou sa yo rele ‘dwa koutimye’ a), e san pyès respè pou antant ki te fèt la nan moman lavant tè a.  

Pis pase 400 fanmi ti peyizan nan zòn Gwasimal ki te vann tè yo sou baz antant ki te fèt la, pa gen okenn kote pou yo ta mete kò yo ankò si antant la kraze. Se sa k fè, nan lendi 27 nan mwa me 2002 a, yo te deside al travay tè a, jan sa te toujou fèt e dapre antant ki te toujou klèman egziste, konesan yo konnen yo nan dwa yo legalman. Pou sa, yo te envite de asosiyasyon Batay Ouvriye nan Okap ak nan Sen Michèl pou apiye yo. Anplis, te gen 2 jounalis (Darwin St. Julienpou jounal Haïti Progrès ak Alan Deshommes pou Radyo Atlantik) ki te vin kouvri sitiyasyon  an. Se lè a yo tonbe sou yon ekip grandon, kasèk, asèk ansanm ak yon bann lòt moun yo te mennen avèk yo ki vide sou yo ak wòch, baton, koulin, zam a fe pou masakre yo. Yo blese plizyè ti peyizan, rache 2 nan yo, 2 pèsonaj, tou antere yo e rapouswiv lòt ki t ap chape poul yo. Beny san an te rive!  

*  

Nan menm jou a, aktyèl majistra Sen Rafayèl la, Adonija Sévère, anonse nouvèl la nan laprès tankou yon ekip “dechoukè-teworis”, ki te vin “vòlè tè” e ke Leta entèveni. Anplis, li fè yon amalgam san pye ni tèt ak yon sektè ki te vin koupe de pye zoranj. Li tèmine pou di se yon “viktwa” pou leta ayisyen. An menm tan, lapolis t ap tou arete plizyè nan ti peyizan yo e menm jounalis yo! Nan demen, yon elikoptè vin chache 11 moun ki te nan prizon yo e trennen yo Pòtoprens, kote TNH ak radyo Metwopòl bay nouvèl la menm koulè vòlè tè a, san nonplis mansyone anyen nan dosye a, san pran dizon pyès lòt enterese: yon dezenfòmasyon total, yon montaj sadik.  

*  

Nou menm nan Batay Ouvriye ki konn pwofondè sitiyasyon a, n ap fè remake kouman direksyon ayisyen Gwasimal S.A. a, an la pèsonn Nons Zefi, an tan ke total retwograd, pito rale yon kokennchenn bak an aryè e asosye l ak grandon pi reyaksyonè yo e aksepte tounen nan yon sistèm 2 mwatye akayik, tan pou li ta negosye ak travayè yo e respekte dwa legal lalwa ba yo. N ap fè remake tou ke, an tan ke total sanginè, li toujou apiye san pou san tout egzaksyon ki t ap fèt pa diferan entèmedyè yo. Anfen, n ap lonje dwèt sou lefèt se malgre Sendika a gen atestasyon legal li nan men li, li toujou derefize rekonèt li. Kòmkwa boujwa sila yo anlè lalwa.  

Men an menm tan n ap lonje dwèt tou sou lefèt Leta Lavalas la, pa lentèmedyè tout enstans ki te touche yo, endistenkteman, toujou derefize entèveni, sòf pou vin òkestre beny san ki fèt sou ti peyizan Gwasimal yo nan lendi 27 me ki sot pase a e simaye yon dezenfòmasyon kalkile, sou yon dosye li konnen fen e byen depi pis pase yon lane.  

Pandan n ap koube nou byen ba devan viktim masak sila a, Batay Ouvriye ap ekzije liberasyon vit e prese tout moun ki enjisteman fèmen nan Penitansye Nasyonal la ak reparasyon pou yo.

NOS DOSSIERS: