Batay Ouvriye Banner

DEKLARASYON BATAY OUVRIYE

SOU SITIYASYON PEYI A JOUNEN JODI

20 desanm 2003



Nan kad pratik konkrè nou sou teren lit toulèjou ouvriye yo, travayè tout kalite, mas popilè yo an jeneral, pou nou menm nan BATAY OUVRIYE, se te yon bagay deja trè klè : dirijan Lavalas yo, nan kraze yo kontribye kraze tout konpozant popilè ki te konstitye laj mouvman de mas 1984 -1990 la, te vin yon pouvwa totalman anti popilè. E, nan evolisyon sa a menm, kareman reyaksyonè; kidonk, obligatwaman, deplizanpli represif, jouk li rive kriminèl. Se pa jodi nou menm n ap fè fas a sa.

Vreman vre, sou tè grandon, nan izin boujwa, nan Afè Sosyal, nan Lajistis, se toujou kont lit Pèp la k ap revandike dwa l, pouvwa sa a toujou YE ! Tout sou kote nou tou, nan tout egzaksyon yo fè sou malere nan katye, sou ti machann, sou chofè, sou sosyetè koperativ, sou elèv lekòl, etidyan inivèsite, sou travayè laprès, tout kote, endistenkteman, se toujou menm kout bwa a : kraze lit revandikatif yo, tenyen pawòl la! E, pou lite kont enterè ouvriye, ti peyizan, travayè tout kalite, mas popilè yo an jeneral, represyon l toujou dènye wotè, san gade dèyè. Se pa jodi n ap denonse sa !

Men, tankou tout bagay nan sosyete n ap viv la, se lè pouvwa sa a rive atake ti boujwa, fonksyonè, entelektyèl ak boujwa, li vin « inakseptab »... !

Jounen jodi, nan rive yo rive reprime klas ak kategori sosyal sa yo tou, kriz politik la vin jeneral e pouvwa a rive nan yon degre ki lese wè klèman : li bout. Se pratikman tout espas demokratik ki te rive rache a ki detyi e se tout popilasyon an k ap krache dezakò li e mande eliminasyon (dimwen chanjman alatèt) pouvwa sa a.

*

Men, sou yon lòt bò, nan diferan klas, kategori ak sektè k ap pwoteste yo, si nou baze nou sou enterè reyèl pèp la, gen bon mas ak move mas. Se pa anpil regwoupman oswa endividi ki pòte enterè laj mas popilè yo tout bon. E nou ka menm di kare bare : anpil kont enterè mas yo. Se sa ki rann sitiyasyon a konplèks e konplike.

Nou menm, nan BATAY OUVRIYE, nou konnen trè byen boujwazi ayisyen an e kouman vre nati l siyen anti-travayè, anti-pèp. Sa ki pase nan faktori, izin, etablisman, atelye, biznis, gwo kou piti… se nou menm ouvriye, travayè tout kalite, ki konnen l ! Se nou menm ki konnen kalite mepri, imilyasyon, dominasyon, represyon yo bay travayè ayisyen, pou layite yon esplwatasyon san limit yo vle tabli nan peyi a, nan bon jan antant de klas ak miltinasyonal enpèyalis yo. Menm jan an tou, diferan reprezantan klas sa a (politisyen ak entelektyèl boujwa), se toujou denonse y ap denonse pwotestasyon, arè travay, grèv, mobilizasyon tout kalite k ap revandike dwa demokratik travayè, sou pretèks se « dezòd » k ap fè « peyi » a pèdi lajan !

Nou konnen tou nan ki degre se pwòp rejim Lavalas la ki te toujou garanti klas sa yo yon ENPINITE total kapital nan ekzaksyon ak krim li konn ap fè sou ouvriye yo, ti peyizan, travayè yo an jeneral. Nou toujou denonse e lite kont enpinite sa a ansanm ak alyans politik ak ekonomik ki soutni l la. Kounye a, si boujwa yo ap konbat Lavalas, se paske pouvwa sa a, poutèt enkapasite kronik li ak kontradiksyon akayik pa l, pa pèmèt li ni administre Leta a ni konstwi klèman ejemoni klas sa a bezwen nan peyi a dekwa pou li ka blayi yon esplwatasyon san limit. Anfen, si yo rive jouk blije parèt tèt yo pèsonèlman, se presizeman nan kad kriz reprezantativite klas dominan yo sa chita. Nou mansyone kriz reprezantativite sa a plizyè fwa.

Lavalas baze sou aparisyon aklè sa a pou prezante tèt li kòm pi gwo pouvwa popilè sou latè. Men se pi gwo MANTI !

1.) Lavalas toujou bay boujwa avantaj bab e moustach, non sèlman nan tout konfli ant boujwa ak travayè men, ankò, nan tout oryantasyon pwofon politik ekonomik peyi a : kapital finansye (labank k ap fleri toupatou), gwo biznis tout kalite, ak zòn franch kòm prensipal egzanp.

2.) Se boujwa Lavalas ye tou e se ak pi gwo monopolis yo li an afè. Sèlman se pa yo ki parèt aklè.

3.) Se pi gwo kowonpi (nan Leta, nan dwòg, nan kontrebann…, nan eskandal diri, tòl, koperativ…).

4.) Se pi gwo vòlò jeneralteman e se pa pou anyen yo te ba yo non « Gran Manjè ».

5.) Egal : yo pa janm chache satisfè revandikasyon popilè yo, ale wè pou yo ta estriktire yon pouvwa sou baz lit sa a.

6.) Ansanm ak boujwa parèy yo, yo toujou pale de « bay travay », men, nou menm, nou di : nan epòk lakoloni tou kolon franse yo te « bay travay » ! Men, jisteman, se te an esklavaj ! Kidonk, vreman vre : bay travay se youn, nan ki kondisyon, se yon lòt !

7.) Lavalas se pi gwo demantibilè Leta, kote se youn dèyè lòt li te sòti pou privatize enstitisyon Leta yo, bay gwo konpayi boujwa, lokal kou etranje, fè benefis sou sa ki ta dwe de sèvis piblik garanti.

8.) Anfen, Lavalas se pi gwo machann peyi ! kote ni dlo, ni lè, ni fwontyè, ni yon seri zòn …franch, pa nan men ni sou kontwòl otorite lokal yo ankò, men swa nan men gouvènman ameriken, swa anba kontwòl estrik boujwa ak lame dominiken.

Kidonk, nou di l e nou repete l : LAVALAS AK LOPOZISYON BOUJWA A, SE 2 BÒ BOUNDA POURI NAN YON MENM KANSON CHIRE !

*

Nan mouvman jeneral pwotestasyon kont Lavalas la, ki fondamantalman e pwofondeman jis, erezman gen dòt nivo k ap parèt e kòmanse kite anprent yo nan lit la. Malgre tantativ rekiperasyon Lopozisyon boujwa a, piti piti, nivo sa a ap defini tèt li. Fòk li pwofonde nan demach konsyan sa a e pase nan yon etap pi sere pou, nan kad mobilizasyon anti-Lavalas la menm, mete an kesyon e rive kontrekare klèman oryantasyon boujwa a (ki, li menm, enkli non sèlman yon swadizan « eta de dwa » ki derefize menm nonmen, ale wè atake enpinite patwon yo, men, anplis, jan nou konnen l trè byen, tou deja defini tèt li kòm totalman depandan de enpèyalis ekonomik la). Òganizasyon oswa endividi ki kanpe sou bò enterè reyèl mas popilè yo dwe pòte, nan kad lit la menm, revandikasyon fondamantal mas popilè yo : ouvriye, ti peyizan, travayè tout kalite, chomè, elèv ak etidyan malere, tout pwogresis konsekan, egal: KAN PÈP la e, piti piti, konstwi otonomi yo, toujou anba direksyon enterè popilè yo tout bon vre.

Jounen jodi, klas dominan yo vle konfonn enterè reyèl mas popilè yo anba zèsèl yo nan yon kesyon « demokrasi » inikman teknik, abstrè e flou. Ki fè, menm lè Lavalas prèt fèmen espas devlopman lit demokratik yo nèt, fòk nou byen konsyan tout enterè ki vle relouvri l pa menm. E menm genyen ki kontrè ANPIL ak pa nou yo. Fòk nou kenbe kont de esperyans nou te fè ant 1986 ak 1990, kote mas popilè yo te rive grandman anbrigade anba direksyon boujwazi a ak reprezantan l ki te limite e detounen mobilizasyon an.

Se sa k fè n ap repete l, san nou pa janm bouke : Nan mouvman jeneral lit sa a, ki fondamantalman gen baz konkrè pou li egziste e devlope l piplis, fòk mas popilè yo e diferan nivo òganizasyon l yo devlope otonomi konkrè yo e rive pran inisyativ pwòp pa yo, kote enterè popilè yo, enterè travayè yo, klèman defini tou.

*

Nan sans sa a, n ap menm antisipe : fòk nou ta atann nou a yon represyon sevè e petèt osi terib soti nan grandon, boujwa, anba lèzòd enpeyalis (dirèkteman oswa pa lentèmedyè reprezantan entelektyèl oswa politik yo) depi etap sa a reyisi pase e ke n ap vanse nan defann enterè pa nou tout bon.

Se nan lamezi, nan kad e nan devlopman lit la menm, n ap ka rive òganize nou yon mannyè otonòm, n ap ka rive FÒME E KONSOLIDE YON KAN K AP KA DEFANN ENTERÈ NOU TOUT BON E KANPE ANFAS TOUT SA K AP VINI !

ABA LAVALAS PIYAJÈ, SANGINÈ, SANMANMAN !

ABA LESPLWATASYON TOUT PLIM TOUT PLIMAY !

VIV ÒGANIZASYON AK MOBILIZASYON OTONÒM KAN PÈP LA POU PÒTE E DEFANN ENTERÈ PA L TOUT BON AK TRAVAYÈ YO KÒM POTO MITAN ANBA DIREKSYON KLAS OUVRIYÈ A !

Pozisyon: