Batay Ouvriye Banner

KONSÈNAN PWOSESIS ELEKTORAL LA
DEKLARASYON # 1
Gagòt dimanch 28 novanm 2010 la

Gagòt ki pase dimanch 28 novanm 2010 la nan peyi d Ayiti te totalman previzib.
Poutèt nati pouvwa a dabò. Nati pouvwa a, nan moman kontinyite ki plis pase nesesè pou li a (se wòl Leta a menm pou li garanti yon akimilasyon pou sila ki alatèt li yo ansanm ak akolit yo: pwosè konsolidasyon an montre sa, fòtin divalyeris yo menm jan an, dènye dap piyanp lavalas la tou). Nan kad Leta sa yo, lespwatasyon-dominasyon klas sou tout kalite travayè, diktati san pataj sou mas popilè yo, koripsyon, malvèsasyon tout kalite, krim... se de mak fabrik natirèl. Asire kontinyite a (pèsonèl, familyal oswa yon ekip, yon fraksyon klas, yon klas) : se yon obligasyon! Jounen jodi a, se pi rèd, etan done, anplis kontinye asire akimilasyon an, Preval rantre nan konstwi yon Leta mafya!
Poutèt nati “opozisyon” elektoralis la ansyit ki, yon mannyè oswa yon lòt, se menm politisyen rat do kale dènye 50 lane nou konnen yo ki la. Vreman vre: twaka nan opizisyon an, twaka manm palman an an patikilye, ansanm ak tout sila k ap òkestre epi manipile diferan nouvo mekanism dominasyon yo rele “demokrasi” yo a, se nan mouvans jeneral rekonpozisyon klas dominan 50 dènye lane nou konnen yo yo soti. Nan sans sa a, kontinyite fondamantal la ap asire kan menm. Sòf si enkapasite pèmanan klas dominan akayik, rabougri ak totalman pouri sila yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a pa rive kontwole kontradiksyon ki nan mitan bann kadejakè pwofesyonèl yo tout ye a. Bagay ki ta gen tandans pèmèt eksplozyon ki sanble vle parèt la. Sòf si...
Poutèt nati pwosesis elektoral la menm, kote menm lè sèten kandida te sanse trè klè sou malvèsasyon konsèy elektoral pwovizwa a, trè klè sou tandans magouy ak gwo ponyèt tou louvè ki te mete pye a, yo patisipe kan menm. Se yon pwosesis ki, pandan li plen iregilarite, menm lè a tou li gen kapasite pou vanse nan absòbe iregilarite yo. Se nan kad sa a madan Manigat, jounen jodi a, nan yon zak opòtinis k ap rete make nan listwa peyi a ankò (“ankò”, paske nou abitye ak opòtinism Manigat yo depi lontan!), kidonk men madan Manigat deklare l ap patisipe nan yon dezyèm tou, depi konsèy elektoral la – menm konsèy elektoral sa a! – “ba l garanti sa ki pase 28 novanm lan pap pase ankò”!!! Men Martelly ki te devan bann lan (pou anplwaye langaj li), lage “djaz” la tou. Yo gen lè bay kandida sa yo kèk garanti (anvan menm yo fin konte vòt yo?)... Opòtinism lan se yon mak fabrik enpòtan nan sosyete k ap fin pouri yo. Met sou sa, pwosesis elektoral sa a gen pou rezoud kontradiksyon ki twò file nan tèt leta a depi dezagregasyon total aparèy pouri sa a nou konnen an. Nan sans sa a, blokaj pwosesis sa a fè pati nati moman istorik n ap viv la menm kote kontradiksyon nan mitan klas dominan yo depase kapasite yo pou yo rezoud yo. Se nan kad sa a, nou toujou di: YO PA GEN SOLISYON! Se nan kad sa a nou toujou di: enkapasite kronik klas dominan yo, pouriti avanse kote aparèy Leta reyaksyonè yo a rive: SE BAZ OKIPASYON AN! Se baz TITÈL AWOGAN ki anfas nou an.
Vreman vre, la nou rive nan nannan pwoblèm lan. Paske, si gagòt la te previzib, si gagòt la te menm garanti, se prensipalman poutèt politisyen peyi enpeyalis ki sou teritwa a jounen jodi a (sila ki rele tèt yo “kominote entènasyonal” oswa “peyi zanmi” yo epi ki mete popilasyon an anba yon okipasyon-titèl awogan ansanm ak yon mank dega depase konpetan!). Nan dewoulman pwosesis la, gran “zanmi” sa yo kore tout magouy, tout manèv, tout ekzaksyon. Vreman vre, wòl “kominote entènasyonal” enpeyalis sa a enpòtan anpil nan kad pwosesis la, si se pa wòl pi enpòtan an. Tou dabò poutèt yo gen yon pwa politik ki apiye sou lajan y ap bay (oswa pa bay) pou manèv yo ka strikteman nan avantaj pa yo, bagay ki mete peyi a nan yon malè pandye san fon: answa dabò e, pi rèd, lè nou analize ki sa ki se “avantaj” pa yo. Clinton, ansanm ak envèstisè li te vin avèk yo, batay anraje Preval te mennen nan moman lit 200 goud la, lachte palmantè ki te trayi pwòp konsyans yo, pwojè zòn franch CIRH la ansanm ak tout boujwa soutretans yo genyen pou nou kòm malè pandye... tou sa montre nou aklè, nan kad ekonomik la ki li menm detèminan, ki sa “kominote” sa a prensipalman e fondamantalman vin regle nan peyi a.  Sou yon lòt bò, pwa konkrè sousè san sa yo soti nan lefèt sou teritwa nou an, ak benediksyon (ann di: ak soumisyon total) Preval ansanm ak “ekip” kontinyite li a, pwojè sa a apiye, kore, garanti apati 12 mil solda Minista, ansanm ak nenpòt ki 20 mil solda ameriken (ou piplis, si nesesè) depi lide yo di yo. Se yon paramèt ka-pi-tal!
Sou bò pa “Ayisyen” yo, tout sila ki sipoze ap batay nan kad “pwosesis elektoral demokratik, lib, transparan epi endepandan” sila a (youn nan karakteristik sosyete pouri yo, se pèdi yo pèdi tout sans ridikil) kidonk nan kad pwosesis “endepandan” sila a, tout kandida yo, menm si ak degre diferan, se sousou yo ye devan pwojè sa a okipan yo vin foure nan gagann tout yon pèp. Yo la pou ekzekite sa chèf yo egzije yo fè!
Nan sans sa a, maskarad elektoral ki reyalize 28 novanm lan, se yon maskarad ki soti nan nati tout aktè yo ansanm ak nan nati pwosesis la menm. Se sa k fè, nan karakterize kandida yo, nou te di klèman: YO TOUT KONT NOU! Vreman vre, nan tout kanpay la, yo pran plezi nonmen pwojè sa a: “bay travay”, “bay djòb”, “envestisè”, “devlopman”... yon mannyè pou maske lespwatasyon san limit y ap planifye sadikman kont mendèv yo fin rann konsyaman e konkrètman (wè CBI a n a konprann) pi bon mache nan Amerik yo e youn nan pi bon mache nan lemonn. Jounen jodi a, nan sans sa a, klas dominan ayisyen yo depann totalman de enpeyalis yo pou yo siviv. Pwosesis elektoral la pa chape anba règleman definitif sa a. Se enpeyalis yo ki finanse l e, apati feblès ekstrèm klas dominan bò isit yo, se yo k ap dirije l de fèt!
Anfen, si magouy kriminèl 28 novanm lan te garanti deja, se poutèt politisyen enpeyalis sa yo òganikman lye ak magouyè bò isit yo. Senpman poutèt lakay yo menm, se magouyè, sanmanman ak kriminèl yo ye! Fò n pa bliye se toutan youn ap denonse lòt nan peyi pa yo kòm vòlè ak kriminèl; fò n pa bliye tout pwogresis konsekan nan peyi sila yo toujou denonse gouvènman sa yo tankou reyaksyonè fini; fò n pa bliye mas popilè nan diferan peyi sa yo (nan Ewòp sitou) jounen jodi a menm ap leve kanpe kont gouvènman sa yo k ap okipe peyi pa nou a; fò n pa bliye se menm enpeyalis sa yo k ap pote lanmò san rete nan divès lòt peyi, anba divès kouvèti. Kidonk: pa gen pyès rezon pou se pa magouy ak malvèsasyon yo ta ap defann nan peyi isit, pa gen pyès rezon ki fè yo pa ta sa yo toujou ye a bò isit: magouyè, kriminèl!
Wòl rekonpozisyon klas dominan mondyal yo, nan kad kapitalism neyoliberal ki alòddijou a, anba zòd, dikta, bonbadman, lagè ak okipasyon enpeyalis yo, pase pa yon pwosesis yo rele “demokrasi” e ke yo volontèman (ak konplisite klas dominan epi kolaboratè peyi domine yo), redyi a “eleksyon”, menm si, jan nou tout wè sa klèman isit, li fo mamit, pèpè, maskarad... e, menm si pafwa se krim òganize li vin ye: enpeyalis yo pa t janm gen pwoblèm boule ak diktatè pi sanginè yo, depi “avantaj” yo te garanti! Alò, lefèt yo ensiste pou rele pwosesis la “lib, kredib, endepandan...”, se yon detay, lè nou kapte fondman kesyon an.
Gagòt 28 novanm lan te previzib. Tout moun klè sou sa. Men nou ajoute: depi se anba okipasyon magouyè, sanginè sa yo nou ye, PA GEN ANYEN SERYE, DEMOKRATIK VRE K AP KA FÈT! Se sa k fè nou di ak tout konviksyon nou: nan kad sa k ap reyalize jounen jodi a sou tè d Ayiti, si n ap pale de enterè reyèl popilasyon an (mas popilè yo, travayè yo, pwogresis tout bon yo), enterè reyèl peyi a: NENPÒT KI SA KI SOTI APATI PWOSESIS KI DEVAN NOU AN AP KONT NOU! E se ANFAS n ap gen pou kanpe ANFAS li!

Batay Ouvriye
Premye desanm 2010