![]() |
||
|
31 mas 2008 Kamarad, Nan kad evolisyon pratik entènasyonal nou e, pi presizeman, reskonsabilite n ap pran onivo rejyon Amerik Latin ak Karayib lan, BATAY OUVRIYE fè pati 4 òganizasyon k ap lanse apèl pou yon RANKONT TRAVAYÈ LATINO AMERIKEN AK KARAYIBEYEN. Men tèks “Apèl” la:
Pou tout òganizasyon sendikal ak mouvman sosyal Amerik Latin ak Karayib Kamarad, N ap viv de moman dramatik nan rejyon nou an. Nan tout peyi nou yo, enpeyalism lan ap opere yon ofansiv grenn kraze kont travayè yo. Sa materyalize nan piyaj ak lesplwatasyon transnasyonal yo ansanm ak gwo antrepriz yo ap reyalize; nan modèl ekonomik neoliberal gouvènman yo ap aplike; nan prezans baz militè Etazini; nan okipasyon militè etranje tankou ann Ayiti; etc... Sitiyasyon sa a, lavil kou nan milye riral lan, pòte travayè yo ansanm ak tout lòt sektè esplwate nan sosyete a pou yo lite ak piplis detèminasyon kont lesplwatasyon y ap sibi a. Se rezistans vanyan sa a ki soti nan tout pèp Amerik Latin, Karayib ansanm ak lòt rejyon nan lemonn, tankou sa Irak lan pa egzanp, ki bay kriz nou konnen yo ansanm ak tout difikilte enpeyalis yo genyen nan chache enplante pwojè yo. Men sa pa vle di kriz yo pral lakòz atak yo sispann, ni lesplwatasyon an diminye. Okontrè! Sa n ap viv lan, se yon ofansiv san pran souf enpeyalis ameriken an ansanm ak ewopeyen an ap reyalize, dekwa pou yo ale pi lwen nan piyaj resous natirèl peyi nou yo ak nan lespwlatasyon travayè yo. Pou sa, yo konte ak konplisite gouvènman nou yo. Pou sa tou, yo deklare tout rezistans nou se teworis e, lè a, yo reprimen nou san gade dèyè. Rezilta a, se piplis grangou, piplis mizè, piplis vyolans, piplis dezespwa... Nan kad sa a, nou pa janm ka jwenn yon travay diy e, jou apre jou, peyi nou yo ap transfòme piplis an koloni transnasyonal yo. Reyalite sa a mande pou lit rezistans nou yo vin pi djanm, dekwa pou nou vanse, jouk nou rive opere ofansiv pa nou e anfen pote laviktwa fas a enpeyalism lan ansanm ak gouvènman sousou k ap soutni yo. Pou sa, li nesesè pou tout travayè ak tout pèp Amerik Latin ak Karayib lan ini yo, nan yon laj ak pwofon pwosesis mobilizasyon ak lit, pou nou rive ranpòte laviktwa sa a, fas a menm lènmi nou yo. Men, nan kad sa a, gen yon lòt obstak ki prezante: se lefèt anpil òganizasyon tradisyonèl travayè nan rejyon an abandone pèspektiv lit klas lan e lage kò yo nan modèl neoliberal lan, kote y ap kolabore ak lènmi yo e bliye enterè travayè yo ansanm ak sa pèp yo. Se sa k fè, jounen jodi a, se nan men pa nou konstriksyon inite klas ouvriyè a chita, ansanm ak kowòdinasyon tout sektè ki vle lite, nan yon pèspektiv klè endepandans klas, kont enpeyalism lan, boujwazi chak peyi ansanm ak gouvènman sousou yo. Gen nesesite inifye ak kowòdone lit ak efò nou yo e fè pou batay travayè yo, nan chak peyi rejyon an, fè youn e, konsa, kapab vin reprezante yon fòs pou lit jeneral tout travayè Amerik Latin ak Karayib yo ka rive wete enpeyalis yo sou do nou, fini definitivman ak lesplwatasyon ak dominasyon kapitalism lan e konstwi yon sosyete kote tout moun egal vre: yon sosyete sosyalis. Kidonk, gen nesesite pou nou konstwi yon kowòdinasyon enstitisyonèl, sendikal ak popilè, apati lit travayè yo nan tout rejyon an. Kowòdinasyon sa a ap ini fòs òganizasyon sendikal ak sila mouvman sosyal e popilè yo, lavil kou nan milye riral. Se nan sans sa a, Santral Ouvriyè Bolivyen (COB an panyòl), Kowòdinasyon Nasyonal Lit nan peyi Brezil (CONLUTAS an pòtigè),
Rankont lan ap fèt nan Betim, Minas Gerais, Brezil, nan jou k ap 7 ak 8 jiyè 2008. Depi kounye a n ap konte sou patisipasyon kamarad lit nou yo nan tout Amerik Latin ak Karayib. VIV NASYONALIZASYON SAN ENDEMNIZASYON, E POU RESOUS NATIRÈL NOU YO ANBA KONTWÒL TRAVAYÈ YO! ABA REFÒM NEOLIBERAL YO! ABA PRIVATIZASYON SÈVIS PIBLIK YO, EDIKASYON, LASANTE, SEKIRITE SOSYAL AK ANTREPRIZ LETA YO! NOU PA DWE, NOU PAP PEYE DÈT EKSTÈN AK ENTÈN YO! ABA TRETE LIB KOMÈS YO! VIV TRAVAY KI MACHE AK YON SALÈ DIY! ABA LAKESYON VIN DEKLARE MOUVMAN SOSYAL YO SE KRIMINÈL! ABA REPRESYON KONT LIT AK ÒGANIZASYON TRAVAYÈ YO! FÒK TWOUP ETRANJÈ YO BAY TÈ PEYI D AYITI BLANCH! FÒK ENPEYALIS YO KITE TÈ AMERIK LATIN LAN NÈT! VI YON VRE ENDEPANDANS POU TOUT PÈP NAN REJYON NOU AN! ABA TOUT FÒM LESPWATASYON AK DOMINASYON KAPITALIS SOU DO TRAVAYÈ YO! VIV ENTÈNASYONA;LI PWOLETARYEN AN! Òganizasyon k ap konvoke yo: COB (SANTRAL OUVRIYE PEYI BOLIVI) CONLUTAS (KOWÒDINASYON NASYONAL LIT NAN PEYI BREZIL) BO (BATAY OUVRIYE AYITI) TCC (TANDANS KLASIS AK KONBATIF NAN PEYI IRIGWE) Konvokasyon sa a rete louvè pou tout òganizasyon ki vle rejwenn nou nan batay sa a e ta renmen patisipe nan premye rankont lan, siyen li tou. Jan nou kapab wè, se yon rankont ki gen anpil enpòtans. Non sèlman l ap fè de analiz ki gen plas yo globalman nan diferan pwoblèm n ap pase, men li pòte sèten pozisyon tou e, sitou, li rive mande rezolisyon. Sou kote sa, rankont lan answa, se yon fason pou nou tanmen ap mete sou pye kowòdinasyon travayè ki NESESÈ dekwa pou nou sanble fòs, FÒS ÒGANIZE, pou rache dwa nou piplis e pi djanm, nou chak, e nou tout. Se pou sa anganjman pa nou, nan
Se delege ki prale, men se nou k ap chwazi yo: se sa k fè yo se delege. Kidonk fòk nou tout nou tanmen reflechi sou ki tip ouvriye, travayè, militan ki ta dwe kapab reprezante nou, al pote sa nou panse, sa nou vle ki pote a. Nan kad refleksyon sa a, fòk nou kenbe kont kontradiksyon ki genyen, ni pa rapò a mank bra ki deja genyen nan pratik isit lan men tou pa rapò a sekirite, klwazonman, retrè... Menm jan an tou, fòk sila ki pral pote chaj sa a sou zepòl yo, pran li trè oserye e fòk yo ba li priyorite li dwe genyen. Pou sa tou, dwe genyen yon preparasyon kolektif ak endividyèl sou sa ki pral diskite a men tou sou istorik rejyon an, sitiyasyon konkrè aktyèl lan, enterè reyèl e presi ouvriye yo, travayè yo, pèp yo an jeneral, fas a ofansiv kapitalis yo, entènasyonal kou nasyonal. Fòk nou konnen rapò fòs yo, globalman e nan chak peyi. Nan sans sa a, n ap ensiste sou preparasyon kolektif lan, pou se pa 2-3 grenn delege sèlman ki okouran sitiyasyon divès sa yo: fòk yo se delege yon òganizasyon ki trè byen konnen sou ki sa delege li yo ap entèveni. Se konsa sèlman, dayè, nou tout ap ka deside ki jan pou yo / nou (atravè yo) entèveni. Nan tou sa, se LIY nou an ki pral BAZ sa n ap pote a. Paske, nan brase lide ki pral fèt la, nan konstriksyon ki alòddijou a, menm si laplipa òganizasyon k ap la, se òganizasyon travayè e anpil nan yo se òganizasyon ouvriye, se pa yo tout ki gen menm LIY ak nou. Sèten nan yo pa fè diferans nan Kan Pèp la jan nou menm nou fè l, sa lakòz jan yo panse mete alyans nan sen Kan nou an sou pye, ka pote devyasyon e devyasyon sa yo ka fatal ni pou nou, ni pou travayè yo an jeneral, ni pou lit la answa. Sèten nan yo, menm si yo pa di l ouvètman, menm rive poze, anfèt, direksyon tiboujwazi a nan konstriksyon Kan Pèp la. Nan pa rive twò klè sou liy ak enterè pa yo tout bon, sèten òganizasyon travayè e menm ouvriye deja afilye nan kad liy sa a. Menm si ensten klas yo e revandikasyon reyèl yo bay opozisyon. Se wòl pa nou pou nou kore enterè reyèl yo, konstwi inite ak alyans nesesè ki pou ede balans lan panche sou bò sa nou kwè ki kòrèk la. San opòtinism, men san lachèt tou. San tèt cho, men san trennen. Nan tou sa, n ap gen pou atikile gwo reskonsabilite sa a ak BATAY nou ki gen pou kontinye isit menm. E se nan lamezi n ap byen atikile diferan aks nasyonal ak entènasyonal sa yo n ap kapab vanse kòmsadwa nan moman istorik sa a ki prezante devan nou. VIV LIT MAS POPILÈ YO AK TRAVAYÈ YO KÒM POTOMITAN ANBA DIREKSYON KLAS OUVRIYÈ A! VIV ENTÈNASYONALISM PWOLETARYEN AN! |
||