Batay Ouvriye Banner

ENPINITE PATWON

Mak Fabrik Kriz La

oktòb 2000


Tèks sa a baze sou yon prezantasyon ki te fèt a Pari nan reyinyon 24 jen 2000 Amnesty International sou tèm : "Haïti, lajistis ak libète ki an danje toujou yo".


Nan tout radyo, nan tout jounal, … nan tout medya, men tou nan bouch anpil moun, nou toujou tande, jounen jodi, pale pawòl ENPINITE a, ki vle di: moun ki kòmèt yon fòt kont lalwa men ki pa jwenn SANKSYON ki pou PINI l vre, ki fè li toujou kapab kontinye mennen menm pratik li te konn ap fè a, san li pa janm enkyete.

Enpinite y ap pale a, se toujou sou kesyon dwa moun, represyon, oswa moun yo touye. Pafwa, men se pa souvan, nou konn tande tou yo akize moun k ap vòlè nan leta san anyen pa rive yo.

Dèyè tout sa, se kesyon `Leta de Dwa' yo vle tabli nan peyi a. Men nan `Leta de Dwa' sila a, nou pa janm tande pale de ENPINITE PATWON NAN FAKTORI, NAN IZIN OSWA NAN ATELYE. E, nou menm ouvriye tout kalite, travayè, k ap viv sitiyasyon ENPINITE PATWON sa a tou le jou, se nou ki konnen ki jan sa sakaje konsyans nou, demantibile òganizasyon nou, detyi lavi nou...

Ki sa ki esplike, nan `Leta de Dwa' yo vle tabli a, yo pa janm rete sou ENPINITE PATWON yo?

Se tou senpleman paske `Leta de Dwa' sa a, SE NAN ENTERÈ PATWON YO Y AP CHACHE TABLI L. Kidonk li vin enpòtan pou yo pou yo pa pale de LI, MASKE L nan pale de tout lòt kalite enpinite yo SÈLMAN. Se paske nan `Leta de Dwa' y ap klewonnen a, YO BLIJE GEN ENPINITE, AN PATIKILYE ENPINITE PATWON YO, etan done se POU PATWON yo y ap chache tabli fòm leta sa a. Piplis toujou, nan kad devlopman kapitalism sanginè ki chita nan peyi d Ayiti, boujwazi a pa janm rive pran dispozisyon vre pou dechouke sistèm akayik GRANDON an. Sa tou bay baz pou, nan `rekonsilyasyon' jeneral la, repwodyi e ranfòse enpinite sila a.

Pou nou menm OUVRIYE, TRAVAYÈ, `Leta de Dwa' a, se PA yon sitiyasyon ki mache ak emansipasyon reyèl nou: se lwa pa yo, nan kad konstriksyon pa yo. E lwa sila yo, ansanm ak sitiyasyon jeneral yo vle konstwi a, se toujou KONT NOU y ap chache mete l sou pye. Kidonk se pa la n ap jwenn satisfaksyon reyèl nou tout bon vre. Men li enpòtan tou pou nou KONTINYE GOUMEN LADAN L e konstwi ÒGANIZASYON OTONÒM NOU. E, nan kad BATAY sa a, li enpòtan pou nou konprann byen KI JAN tout konstriksyon yo menm y ap eseye fè a, se pou enterè fondamantal boujwazi a.

Se la enpòtans tèks sa a. Li baze sou yon temwayaj Batay Ouvriye te prezante a Pari nan reyinyon 24 jen 2000 Amnesty International sou tèm: "Haïti, lajistis ak libète ki an danje toujou yo". Si, byen souvan, li natirèlman pran fòm yon denonsiyasyon, li la tou pou ede nou KONPRANN de MEKANISM klas dominan yo ap chache repwodyi e elaji pou pwoteje tèt yo, pandan yo vle anbake nou nan yon `demokrasi' fo mamit.

Y ap eseye MASKE ENPINITE PATWON a paske li fondamantal pou yo, men tou pou chache maske KRIZ JENERALIZE k ap vin pi fon chak jou a.

Nan sans sa a, fòk nou byen konprann WÒL KOURAN K AP TRAVAY NAN ENTERÈ BOUJWAZI a nan mete tout lòt kalite enpinite yo DEVAN e pale de yo SÈLMAN.

Fòk nou byen konprann tou WÒL LAVALAS patikilyèman, nan kontinye pòte e jere mistifikasyon sila a.

Pou wè tout aganman sila yo tout bon vre, fòk yo ta poze kesyon enpinite a nan tout pwofondè li, nan tout aspè alafwa prensipal e pi pèmanan li: FÒK YO TA POZE ENPINITE PATWON YO!

BATAY LA FÈK KÒMANSE!


... Sa yo fè sou do n,

yo kouri ak li nan oto.

Sa yo fè sou nou,

y al manje l dèyè do nou.

12 è d tan ou bay,

se pou plen sakpay boujwa.

Se sou tout longè

ak ni pye, ni ponyèt, ni tèt,

w ap lage kouray ou bay.

Pou yo ba w ki sa ?

- yon bourad

pou mòso kasav ak manba.

G.C.


Nan kad lit klas ouvriyè a, ENPINITE PATWON YO se yon obstak majè ki parèt devan nou tout tan. Se reflè yon rapò de fòs ki tou deja an favè boujwazi a nèt: an patan, kapital la reprezante yon fòs anfas a ouvriye yo. Dezyèmman, apre 30 lane Divalye yo ki te sistematikman kraze nan ze tout tantativ serye e konbatif pou klas ouvriyè a òganize l, KLAS LA VIN EPAPIYE. Anfen, se yon klas ouvriyè ki jenn anpil e, nan batay li, li manke anpil ekspèyans. Met sou sa, anpil ouvriye fèk soti nan peyizànri a k ap destriktire e depafini piplis chak jou. Sa lakòz, pou yon gwo pati, klas ouvriyè a, se yon klas ki gen ladan li anpil moun ki "detwi", an feblès, nan yon milye yo poko abitye avè l, lavil, ki vin twouve yo anfas klas patwon yo, ki li menm deja òganize e opouvwa.

Se nan kad rapò de fòs totalman defavorize sa a ENPINITE PATWON YO vin blayi sou nou. Vreman vre, pa gen anyen, anyen, anyen yo pa ka fè. Kit nan dominasyon dirèk sou ouvriye yo nan izin, kit lò konfli yo rive nan Afè Sosyal oswa nan Tribinal Travay. La a, lalwa pou yo e, mete sou sa, ti lòsyè dwa ansyen kanmarad ouvriye nou te rache nan Kòd Travay la, ata respekte yo pa respekte yo: PATWON YO PA JANM APLIKE LALWA a.

Pou piplis klate, an n gade yon mannyè sistematik koman enpinite patwon yo manifeste. l


KOUMAN ENPINITE PATWON YO MANIFESTE?

1. Nan Kote Klas la Travay

Enpinite a, nou jwenn li: kit nan faktori soutretans, kit nan izin pou pwodiksyon lokal, kit nan atelye, kit nan plantasyon... Nan tout kote travayè ap vann fòs travay yo pou yon ti kraze monnen, yo kapab di se yon règ jeneral. Inite pwodiksyon yo, se yon chan kote relasyon konkrè ant 2 klas yo mare: yon chan ki vyolan a lestrèm, kit nou gade li lè kapitalism lan parèt sou tè Dayiti, kit nou gade li jounen jodi an . Si nan ansyen tan yo grandon te konn koupe zòrèy travayè, jounen jodi, patwon faktori sitèlman maltrete ouvriye, ata TIRE youn tire sou ouvriye ki t ap revandike an 1989, nan W.B. Apparel (pak Mez, Pòtoprens), pou trase yon egzanp e, konsa, chache bloke tout revandikasyon. Apre zak sanginè totalkapital sila a ki fèt aklè: ANYEN PA RIVE PATWON AN!

Mepri Total Kòd Travay la :

An reyalite, lejislasyon sa yo rele Kòd Travay la rete grandman fiktif pou travayè nan twa-ka peyi a. Sa vle di: tout otan yo pa pran konesans dwa yo genyen e òganize yo pou defann dwa sa yo, e nou ka menm di: pou rache dwa sa yo, yo pa janm manke benefisye dwa Kòd sila a ba yo. Patwon yo, sou bò pa yo, pa janm pran inisyativ pou respekte preskri lalwa yo e yo vyole yo ak tèt klè, san gade dèyè. Chaje ka kote sendika nan etablisman yo lonje dwèt sou patwon k ap vyole Kòd Travay la nan izin yo. Menm lè patwon sila yo reziyen yo chanje sa nan izin an kesyon yo, yo pa chanje anyen nan lòt izin y ap dirije e kote y ap vyole menm dwa sa yo tou! Se ka Danyèl ak Nons Zefi, nan Etablisman Novella (youn nan pi gran espòtatè kafe ak kakao nan Nò) ki direktè Manye-Lapostòl (yon gran plantasyon trètman po zoranj ki espòte pou pwopriyetè Grand-Marnier) tou. Mesye Zefi sa yo kontinye vyole dwa travayè yo, menm lè youn nan 2 sendika nan etablisman y ap dirije yo te deja fè yo wè sa. Vyolasyon delibere sa yo, yo jwenn yo nan tout sektè yo, sòti nan sektè agrikòl, an pasan pa atizana, rive nan endistri lokal kou entènasyonal. Kontra travay yo fèt nan yon lespri "bay travay" kote patwon konsidere se favè y ap fè travayè yo ki, yo menm, pa gen pyès dwa pou revandike anyen. Menm lè de "envestisè" etranje ta gen preokipasyon konnen lalwa e fè respekte nan izin yo sa ki gen pou respekte d apre leta ayisyen, asosyasyon endistriyèl anndan peyi a rapidman esplike yo sa pa nesesè! Konsa:

A. Salè:

- Minimòm legal la pa respekte nan yon bann etablisman. Yon ankèt nan sektè soutretans lan an 1995 (Eric Verhoogen/NLC "How to get Rich...") te montre 2/3 izin yo pat peye salè minimòm lan. Kay Abraham ("Seamfast Manufacturing Co." ki fè rad ak etikèt "Ventura" ak "Kelly Reed" pou Kmart ak JC Penney) se youn nan sant esklavay ki pi anraje yo - li rive konn peye moun 13 goud pa jou, menm sa grandon peye ouvriye agrikòl. Sektè pèlaj ak bwodri a, se yon lòt sektè ki, nan pwofite aspè "djòb" li bay ouvriyè yo, konn finalman peye ouvriye pi piti kòb pa jou. Anfen, sektè agwo-ekspò a brital anpil tou nan sans sa a: kay Jean-Baptiste, Okap, se fi ki non sèlman triye kafe a, men bwote l tou, monte mach eskalye ak sak sou do yo pou tann kafe a sou dal la... tou sa, pou 12 goud pa jou!

Patwon yo vyole salè minimòm la prensipalman sou 2 fòm:

  • Premyèman: kare bare, gen kote yo peye mwens ke salè minimòm lan, tankou nou fèk wè l.
  • Dezyèmman: patwon ki fè sa sou yon fòm degize. Se sistèm tarif "sa ou fè se li ou wè", kote tout otan moun lan pa rive ranpli yon sèten tarif, yo pa touche minimòm salè a. Pa egzanp, Kay Jòj Mourra ("Quality Garments"), nan No. 2 Pak Endistriyèl, kote yo fè rad pou Disney, yo ekzije ouvriye yo koud 204 pè pijama pou touche 40 goud. Men nan 8 è tan gen moun ki pa rive fè plis pase 144 pè. Lè sa, yo peye yo 28 goud, an vyolasyon salè minimòm lan. Lwa a di konsa: "Kote ouvriye yo travay alapyès ou pa djòb, pri y ap peye pou inite pwodiksyon an dwe pèmèt ouvriye k ap travay 8 è d tan an reyalize omwen salè minimòm lan". Sa vle disi, nan kwota, ouvriye a rive fè 20 goud sèlman, se pou patwon yo mete 16 goud la anwo l: sa rele "mekòp". Kay Jòj, poutan, yo te rive afiche pawòl sila yo: "Apati vandredi 19 mas 1995 pap genyen mekòp nan izin sa a. Bò isi a, se ouvriye ki vle travay pou fè lajan nou vle ase". Yon sistèm ki asime ilegalite li, kidonk, men ki kontinye egziste, menm si nan anpil izin, ak lit ouvriye mennen, ak solidarite entènasyonal, anpil patwon fè bak (sitou koulye a salè minimòm 36 goud ki te fikse an 1995 la fin pèdi valè nèt). Malgre tou, y ap relanse menm pratik yo plizyè kote.

Lalwa di yo dwe ajiste salè a selon enflasyon an (Atik 137 Kòd Travay la). Sa pa janm fèt, alòske goud la ap degrengole chak jou piplis. Nan plizyè etablisman ak izin, pwoblèm sa a poze konkrètman. Nan Elektro Star, pa egzanp, li rive mennen a yon gwo konfli ant ouvriye yo ak direksyon an. Afè Sosyal li menm annik montre: "se yon deba, yo pap entèvni sou sa!" e patwon yo kontinye mennen menm pratik yo menm jan an.

Depi ouvriye yo òganize yo e mennen lit tèt kale, patwon yo twouve yo bare e yo blije ajiste salè a. Men, lè sa a, yo ogmante ritm travay la. Konsa pa egzanp, nan Eksèl Apparel ki prodyi pou Hanes, yo ogmante kwota 133%, soti 360 pyès pa jou rive 840 pyès pa jou! Apati ajisteman salè 1995 la. Nan Nòtonn, lè presyon ouvriye yo te fòse yo mete yon ti monnen sou salè a, yo ogmante vitès travay la, sa ki fè esplwatasyon an vin pi gran e, globalman, sa ki vin nan men nou pi piti.

Devan sitiyasyon sa a, ki sa ki rive?

·Nan anpil izin, ak lit ouvriye mennen, ak solidarite entènasyonal, anpil patwon fè bak. Men y ap relanse pratik yo plizyè kote.

·Leta pa entèvni. Menm lè ouvriye fè grèv pou fòse patwon yo chanje pratik, entèvansyon ajan ministè Afè Sosyal se plis pou fè ouvriye sispann grèv yo e rekòmanse travay. Pa gen okenn enstans pou anpeche vyolasyon sa yo. Yo fèt an gwo ponyèt nan yon enpinite total.

B. Boni, prestasyon: pa respekte. Nan plantasyon ki pwodyi pou Cointreau, pa egzanp, se yon ba savon yo remèt ouvriye yo an desanm 1999 kòm boni. Nan yon pakèt lòt, kote boni a pa manke reprezante 1/12yèm salè a, jan lalwa prevwa l, se yon 100-200 goud patwon an lonje bay ouvriye a an siy "bon papa". Konje anyèl, konje maladi, yo vag sou sa nèt e se sèl nan ka ouvriye konsyan ak kote Afè Sosyal tou prè revokasyon fèt ak prestasyon legal yo. An règ jeneral, patwon yo annik revoke travayè yo, san okenn obligasyon.

Se pi rèd nan etablisman kote travay la sezonnye, kit agrikòl, kit bwodri, pèlaj, vestimantè. La a, kòm travay konn "pa rantre", patwon yo pwofite pretèks sa a pou di ouvriye yo si yo pa dakò, yo pa blije vini. Egal ouvriye yo vin tankou de dyobè pèmanan, lè gen travay, yo pran, lè pa genyen, se reziyen yo.

D apre Kòd Travay la (Atik 33), depi yo fin fè 30 jou san travay, patwon ta dwe dedomaje yo. Poutèt sa, nan sèten ka, yo konn fè yon riz: chak tanzantan yo bay yon ti kras travay, jis pou entewonp peryòd san travay la.

La tou, ouvriye yo gen gwo difikilte pou fè respekte dwa yo. Vyolasyon sa yo fèt ak èd Afè Sosyal, ke patwon achte sou divès fòm. Gras a sa, yo fonksyone andeyò lalwa. Anyen pap rive yo: enpinite a total.

C. Kondisyon Travay

- Enstalasyon fizik sektè soutretans la se yon bagay depi yo wè l, sa bay frison. Se de kote ki tankou prizon ak gwo gad ame k ap pwoteje yo. Pou ouvriye rantre ou sòti, se yon tray. Izin yo menm fèt ak gwo mi blòk men wotè, yon tòl sou tèt yo, chalè a enfènal sitou pandan mwa jen-jiyè-out yo. Vantilasyon ominimòm. Nan sa, pou sektè k ap pwodyi rad yo sitou (men sa ki nan agwo-alimantè tankou kafe ak zoranj tou) gen pwoblèm respirasyon an ki vin difisil e menm toksik; poud twal, pousyè kafe, asid zoranj... chaje poumon ouvriye yo ki byen souvan tonbe malad poutèt sa.

- Enstalasyon ijyenik pa egziste: dlo fre pou ouvriye k ap travay di kapab bwè, se yon liks. Konn pa gen dlo menm pou bwè, tankou nan Mànye-Lapostòl nan zòn Okap kote se dlo pi a ouvriye yo reziyen yo bwè. Oubyen tou se annik yon dwoum (Etablisman Novella) ou yon basen (Blòk Lawòch) ki nan lakou a, ouvriye yo pou bwè ladann. Dlo sa yo konn vèt (Lawòch), yo konn kale vè (Novella), yo konn chaje fatra (Megatex, Nòtonn, elatriye).

Youn nan pi gwo lit klas ouvriyè a ann Ayiti se pou kapab genyen de twalèt ki fèt pou moun. Byen souvan pa genyen, se deyò ouvriye blije chache yon ti kote pou yo degaje yo. Lò genyen anndan, se de latrin sal, ki pa janm netwaye (Kay Abraham, Novella, Alladin Manufacture...).

Douch ra anpil; lò genyen, pòt yo konn kraze, dlo pa vini.

La ankò, se Afè Sosyal ki pou ta entèvni. Pa gen enspeksyon e menm lè ta genyen, patwon pito achte Afè Sosyal. Leta pa tabli kapasite pou enpeskyon fèt. Menm nan ka kote gen sendika, enspeksyon yo trennen e finalman, an jeneral, yo pa abouti. Enpinite pi rèd.

- Patwon yo pa respekte lè siplemantè ak konje ferye : Pi fò etablisman k ap prodyi pou lòt bò dlo ekzije ouvriye yo fè siplemantè lò "komann yo gen pou ale". Siplemantè sa yo pa yon bagay ouvriye yo ka refize; si yo vle kenbe djòb yo, yo blije aksepte l. Kay Jòj Mourra, yo ekzije ouvriye yo travay 50 jou d afile, san yon sèl jou repo, jiska 70 è pa semenn, ann ete.Yo peye wikènn yo menm jan ak semenn lan, san ajoute yon fwa edmi lavalè lalwa ekzije a. Pafwa yo konn sèvi ak kesyon siplemantè sa a an fòm pinisyon, kont ouvriye k ap revandike (nan ansyen izin "Bamako" Boulos, pa egzanp

Nan plizyè otèl se pi rèd: kèlkanswa "shift" travayè a gen pou fè, se toujou menm salè a. Ata poubwa yo, trè souvan, etablisman yo pa ba yo l. Zafè peye ouvriye "repo ebdomadè a" (tout ouvriye gen dwa touche 7yèm jou repo l, depi li travay 6 jou - Atik 107 Kòd Travay la), sa pa respekte pyès.

Patwon yo vini ak yon sistèm modil ki fasilite yo piplis pou yo derespekte lwa sou lè siplemantè yo. Izin lan vini yon prizon kote depi ou poko fin fè "modil" la, kèlkeswa tan li pran, ou pa ka sòti. E w ap touche menm kòb la. Anfèt yo ogmante longè jounen travay la. Konsa, yo vyole plizyè atik Kòd Travay la e leta pap di anyen, sou pretèks patwon gen dwa òganize pwodiksyon an jan li vle e li ka travay ak moun li vle. Pami izin-prizon sa yo kote modil ap voye ouvriye lopital san rete, gen izin Richard Coles ap dirije yo e k ap pwodyi an patikilye pou Gildann, yon gwo konpayi kanadyen.

- Diskriminasyon fè kenken. Patwon soutretans konn egzije se fi ki travay nan izin yo paske yo pi "dou". Lè gason fè menm travay yo, yo konn touche piplis. Gen ka ki pi grav. Nan izin k ap prodyi pou Cointreau, pa egzanp, gen yon kategori travayè ki, malgre yo fè menm travay ak lòt yo, yo peye yo mwatye salè lòt travayè yo.

- Asèlman seksyèl: Ouvriyèz yo sibi anpil abi nan izin yo, patwon ak sipèvizè konn manyen yo, fòse yo kouche avèk yo pou yo ka jwenn oswa kenbe travay. Nan US Foundation, pa egzanp, yon ajan sekirite bat yon ouvriyèz ki te derefize avans msye t ap fè sou li. Lè li al poze sa ak patwon an, ak tout san sou li, patwon an reponn li li "bat kò l twòp"...

- Kafeterya, sal repo: Se reyalite anraje sa a kote ouvriye chita nan lari, anba gwo sole cho ak pousyè, y ap kraze yon ti manje... Lapli konn bat machann manje kwit yo, vè konn ap gouye anba chodyè...

- Transpò : Tout zòn endistriyèl Pòtoprens la chita andeyò limit vil la, men kwak lalwa byen di depi yon etablisman andeyò limit vil la, se pou li founi ouvriye yo transpò, sa pa fèt. Yo pito jwe sou vil la ki swadizan laji.

- Konje matènite : pa peye le pli souvan.

- Fanm ansent revoke: Nan anpil izin, depi yon fanm ansent, yo revoke li e se kache yo blije kache gwosès yo pandan tout tan yo kapab.Lè yo pa revoke, yo voye yo lakay yo san kòb, pou yo tounen apre yo fin akouche.

Lalwa swadizan prevwa sanksyon pou tou sa, osnon anpeche tou sa. Men lalwa pa aplike e patwon yo klè sou sa. Sa bay baz pou plis enpinite.

D. Avantaj sosyal : Sa fèt souvan nan peyi a ouvriye fin travay nan yon etablisman pandan tout vi yo, non sèlman yo pa rive genyen yon kay menm pou yo rete, men ankò yo blije mande lacharite, fanmi yo blije prete kòb pou tere yo. Yon sitiyasyon krèv kè kote pansyon ak asirans tout kalite patwon ta sipoze peye yo, yo byen vag sou yo. Menm lè lwa sou ONA ak OFATMA yo deja plen twou, ata ti kras sa yo prevwa yo, yo pa respekte yo, sa ki lage ouvriye yo nan malè devan chak maladi, chak vyeyès.

E. Règleman Enteryè: Malgre premye devwa Kòd Travay la bay patwon se afiche règleman enteryè ki pou pèmèt fikse règ kondwit yo anndan etablisman yo, sa pa janm fèt menm, yon fason pou bay patwon yo plis latitid pou yo esplwate ouvriye yo fason yo vle. Nan kèk ka kote yo egziste, yo pa afiche yo, ouvriye yo pa konnen yo, menm lè anbochaj patwon yo pa pran inisyativ enfòme yo.

Si nou gade kondisyon travay yo ak pratik patwon yo, kidonk, nou ka wè se sou vyolasyon tout ouvriye ap mache. Vyolasyon yo pran tout fòm e yo etann yo sou tout kesyon. Men malgre tou, patwon yo pi alèz chak jou. Leta pa fè anyen e lè ouvriye pran inisyativ defann dwa yo, se plis difikilte yo rankontre. Globalman, anfas tou sa, enpinite patwon yo trè gran. Jan nou ka wè, kit lwa yo, kit se pratik lajistis yo, se kore yo kore enpinite a.

Despotism

Anndan izin yo, patwon yo se mèt e senyè. Apre yo, se lyetnan yo, kontwolè ak sipèvizè tout kalite; nan izin kafe yo, yo byen ba yo non "majò". Moun sa yo gen tout dwa sou ouvriye, yo rele sou yo, frape yo e menm konn anpeche moun gade yo nan zye. Yon atmosfè prizon kote, nan sektè soutretans lan patikilyèman, se apati yon ti kare è-kondisyone, ap siwote kafe, diktatè sanginè sila yo deside sou lavi ak lanmò travayè.

- Blam, Sispansyon, Transfè, revokasyon avan 3 mwa : Alòske, jan nou fèk wè l, mèt izin yo ap benyen nan yon ilegalite total kapital, pi piti fòt yon ouvriye fè, li sibi de kokennchenn sanksyon, blam, sispansyon, revokasyon abitrè... Nan sa, malgre lalwa pa prevwa sa, kesyon voye ouvriye al chita lakay yo pandan plizyè jou pou kenpòt mankman (kèk minit reta, absans non-motive, pale pandan travay la, sòti san otorizasyon...) fè kenken. Lè yo konsidere nan lavi ouvriye yo chak jou konte pou manje fanmi yo (anpil se manman san papa), nou konprann pwa sanksyon sa yo.

- Imilyasyon: jouman, rèl, bese je...: Ti diktatè ki sou flò yo pran plezi nan defoule yo sou ouvriye yo. Yo konn joure yo tout non, imilye yo pou gran mèsi. Nan depo alimantè Pwogram Alimantè Mondyal la Okap, pa egzanp, yon kontwolè yo rele Frantz Mesidor toutan rele ouvriye yo chyen, vòlò elatriye... fòse yo netwaye soulye l! Nan Kwasan d Ò, yon boulanjri franse nan menm vil Okap la, patwon yo voye farin nan figi travayè yo pou danri. Nan "Seamfast", Pòtoprens, direktè izin nan, Abraham, toutan ap pwomèt ouvriye yo "machacha" (ki vle di touye yo). Gen yon pakèt etablisman kote travayè yo gen pou ale chache manje pou kontwolè yo. Joslen Jean-François, pwopriyetè Joyce Beading, joure ouvriye yo "kochon", "madivinèz _masisi", "vòlè"... ale pou vini, li nimewote yo tankou prizonnye e fèmen yo anndan yon pak tankou bèt. Pyès bri pa gen dwa fèt. Direktè Frank Chal ansanm ak adjwen li, Lawochèl, nan Chancerelles Manufacture S.A. (pwodiksyon pou "Elsie Undergarments") joure ouvriye yo "salòp", "bouzen", "kaka", "chen", pami lòt.

- Mank total konsiderasyon : Chita fè jounen devan pòt izin pou konnen si travay rantre, ki lè travay la ap reprann, se yon pratik kouran nan milye sa a. Nan izin Max Dezè, Dèlma 20, ki fè bwòdri, nan epòk travay pa rantre (ki konn dire 3 mwa!), se 2-3, jiska 5 fwa pa semenn ouvriye yo gen pou peye kamyonèt osnon telefòn pou fè tyèk. Patwon pa grate tèt chache konnen fason pou kominike pi klè ak ouvriye yo, sistèm afichaj pa egziste. Se tou senpman ouvriye yo pa gen dwa a konsiderasyon konsa. Yo la pou yo sibi, si yo vle travay se pou yo reziyen yo. E atitid sa a rive nan pwen kote, lè gen travay pa ekzanp, kondisyon yo vin enfènal pou ouvriye yo. Yo pa ka leve sou chèz yo, menm twalèt yo kontwole: nan Megatex, pa egzanp, yo revoke moun poutèt yo t al pipi "two souvan". Gen lòt ouvriye, nan menm izin la, yo revoke poutèt yon ti bwat lèt yo te rantre avè l poutèt yo pat gen tan manje pandan lè midi a.

Eske lalwa di yon bagay sou sa? Kòd Travay la gen divès atik ki ta sanse anpeche kalite pratik sa yo. Malgre tou, plen vyolasyon e yo fèt nan kad menm enpinite a.

Abi fizik

Vyolans fizik la, se ekstrèm lan. Poutan li parèt byen souvan nan milye a e sou divès fòm. Sa fè sonje pase esklavajis sosyete a. Paske pa gen okenn rekou, viktim bouwo yo blije aksepte travay nan kondisyon sa yo ki pase anba pye pwòp prensip fondasyon nasyon an.

Objèktif vyolans sa a, se entimidasyon. Anvan anyen, patwon rale zam yo, montre zam yo pou entimide ouvriye yo e fè yo fèmen bouch yo.

· Kou

Jounen jodi a, Batay Ouvriye genyen 3 ka l ap plede nan Tribinal pa rapò a kou nou pran nan men patwon. Premye a, se ka Magalie Pierre-Louis nan No. 38 Pak Endistriyèl ki te sibi yon pakèt kou, kò l domaje, anba yon ajan sekirite ki te derefize l dwa pou li pote yon lèt Afè Sosyal bay patwon an, Richard Coles, prezidan ADIH, gwo demokrat devan letènèl. Dezyèm lan, li site pi wo a, se ouvriyèz US Foundation ki te sibi anba yon ajan sekirite tou, nan yon ka asèlman sèksyèl. Twazyèm la, se nan Okap Ayisyen sa fèt, se ka Odilè Diwozo, koòdonatè adjwen Sendika Ouvriye Etablisman Novela, nan mwa desanm 1999, patwon kou ajan sekirite te rive benyen anba kou. Sa ki pwovoke sa, se pat mande Odilè t ap mande patwon an lajan sòl li, ke yo te vle kenbe abitrèman (Kòd Travay la fikse trè klèman fòm pou lajan ki prete ranbouse). Se pito pèseverans li nan lit sendikal la, malgre lajan li te prete, ak defans enterè tout klas li a toujou devan. Konsa, patwon yo ak sekirite yo manke pete yon grenn je l, yo kraze l anba kout pye, kout kròs; yo pran l, yon pye yon bra, lage l nan rigòl lari a devan etablisman an. Se lapolis ki vin pran kò san konesans lan, mennen l lopital. La a, li fè 3 jou kouche ap pran sewòm. Aktyèlman, ka sa a nan Tribinal.

Ka sa yo pa ra ditou nan milye ouvriye a ann Ayiti. Se pito yon règ jeneral depi patwon yo deside fè yon fen ak yon seri revandikasyon. Nou sibi yo nan men Medina, bouwo Classic Apparel la; nan men Lefranc, nan Alladin... Kay Jocelyn Jean-François, Dikini, sekirite yo bouwade 4 ouvriye ki t ap reklame dwa yo. Nan Blòk Lawòch, Okap, Gabi, yon asosye izrayelyen, met men nan kolèt Faustin Joseph ki t ap revandike. Nan mwa me lane 1988, sivil ame te fè iripsyon nan Zwicker International pou kraze mouvman pwotestasyon travayè yo e yo te fè vyolans sou 12 dirijan sendikal. Nan mwa jen menm ane a, se manadjè Intercorp menm ki te kraze yon travayè anba kou, devan lòt anplwaye yo, alòske li t ap senpman mande re-entegre travay la...

Kalite pwoblèm sa yo mennen ouvriye yo obligatwaman nan tribinal travay ak nan tribinal de pè. Kit nan youn, kit nan lòt la, lwa yo pa anfavè ouvriye malgre yo sanse nan dwa yo. Aparèy la osèvis patwon yo / klas dominant yo, san degizman. Sa konn lakòz ouvriye yo pa menm anvi rive la. E, la ankò, anfas tout vyolasyon sa yo, nou rejwenn menm enpinite a.

·Lame / lapolis

Vyolans sa a vin yon vyolans òganize, san rezèv lè se lame oswa lapolis (apre koudeta a) ki vini kraze pwotestasyon ouvriye yo. Depi nan Jebsa (antrepriz Jan-Edwa Baker) sa te fèt. Men se te menm bagay la nan Elmaco, kote yo te rele lame pou kraze grèv ouvriye yo fas a revokasyon anti-sendikal. Nan Rawlings, lame te anvayi izin nan nan menm lane 1988 sa a e yo te rete nan etablisman an pandan plizyè mwa. Minotri, Siman d Ayiti... menm bagay la. Ohmicron: lame Kazèn te menm kase bra yon ouvriye e bat lòt manm sendika a lò yo te pwoteste kont yon bès nan pri travay la. Nan Chancerelles, lame kraze ouvriye ki t ap mande salè minimòm: Marie Yolande Jean-Pierre, ansent 5 mwa, te avòte.

Nan sektè soutretans la, menas vyolans etatik sa a konstan e klè. Pak Endistriyèl leta kou prive antoure ak zam, depi ouvriye di yon mo, yo deja sennen l. Men fòm sa a egziste nan rès peyi a tou. Pa egzanp, tout atak anti-sendikal ki fèt nan Okap Ayisyen benefisye api lapolis. Kurt Beck, Daniel ak Nonce Zefi... se nèg ki kiltive koneksyon yo anivo sa a. Konsa, lè Zefi te fin bat Odilè Diwozo, lapolis pat pran okenn tan pou yo te vin ranmase msye nan rigòl lari a, al avè l. Ouvriye te blije vole nan kamyon an pou asire se pa yon fen definitif yo t ap pral fè avè l. Otèl Bèk, depi travayè yo pwoteste, lapolis debake pou kraze mouvman an touswit. Nan Pwogram Alimantè Mondyal, lè travayè yo te kanpe kont despotism kontwolè travay la, Frantz Mesidor, msye pat fè ni 2, ni 3: li rele lapolis fè konnen yon bann "chimè" t ap kase depo manje yo. Konsa lapolis debake, malmennen travayè yo, brake zam sou yo e menm arete yo, san yo pat janm chache verifye fo enfòmasyon an.

Kanta pou travayè agrikòl yo ak ti peyizan de-mwatye: lò asosyasyon peyizan Sen Michèl de l Atalay te koumanse pran zèl pou li poze pwoblèm zòn nan vre, nouvo chèf seksyon yo (sa yo rele Kasek ak Asek yo) fè arete dirijan yo pandan plis pase 2 mwa, yo fè divès zak gwo ponyèt e te planifye yon masak.

Vyolasyon Anti-Sendikal

Depi yon sendika mete sou pye ann Ayiti, reyaksyon imedya patwon yo se chache kraze l. Sa fèt sou yon bann fòm, sòti nan annik pa rekonèt sendika a, inyore l konplètman _ sa ki gen efè bloke tout tantativ kominikasyon sendika a (egzanp, Otèl Bèk jounen jodi a) _ rive nan revokasyon masif, an pasan pa atak dirèk sou komite sendika yo e menm rele lame/lapolis pou kontrekare aksyon sendikal la. Depi vè lane 1987 yo, atak anti-sendikal total kapital sa yo te fèt nan Caribbean Contractor, Haiti Fashions, Acierie d'Haiti... Anndan Batay Ouvriye, jounen jodi a, nou ka di sou 12 sendika izin soutretans ki te resevwa rekonesans legal an 1998, majorite nan yo te sibi demantèlman nan men patwon nan lespas mwens pase yon lane. Komite sendika yo, an patikilye, te premye pran gwo kou. N ap site Worldtex, BVF, Megatex, Chancerelles... Okap, menm sitiyasyon an prezante l divès kote tankou Hotel Beck, Etablissement Bloc Laroche e pi resaman Croissant d'Or. E gen revokasyon ki fèt pou aktivite sendikal menm kant poko gen sendika, tankou nan Vètex, L.V. Myles, CEE ki te travay pou Disney.

Premye so pa so. Menm lè sendika yo rive simonte difikilte premye moman sa yo, poutan, pèsekisyon pa rete la. Yo toujou kontinye ap resevwa gwo presyon nan men patwon ak tout diferan kò anplwaye l. Tantativ koripsyon, simen divizyon pami ouvriye, pratik diskriminasyon se toutan sa fèt. Nan Athletic Equipment, pa egzanp, pou yo fè prezidan sendika a demisyone, yo te dezajiste aparèy li t ap travay sou li a, pou depi li te koumanse travay li te koupe pwent dwèt li. Sa rive 3 fwa anvan yo dekouvri sa. Malgre tou, pa gen okenn sanksyon ni ankèt ki fèt pou twouve sa ki te dèyè sabotaj sa a.

Depi vè 1986, JEBSA (Jean-Edouard Baker S.A.) te trase wout revokasyon an mas ouvriye sendika sa yo: konsa plis pase 300 ouvriye te pèdi djòb yo lò sendika a te koumanse fòmile revandikasyon. Se yon ka ki kouran anpil. Nan menm peryòd la, nou te jwenn menm pratik yo nan SOSCA, Ayiti America, D and R, Ohmicron, Dannfred Textile...

Non sèlman lwa yo pa presize dwa sendikal la, men yo bay jwen pou enpinite patwon yo layite kò li. Jan nou deja di li, patwon yo travay ak moun yo vle. Yo kapab kase kontra yo san gwo difikilte. Menm lè yo ta gen pou peye yon amann, li trè piti. Kidonk, depi la, gen kondisyon pou enpinite a layite kò li. Mete sou sa, aparèy lajistis la la pou reyalize osnon kore enpinite anvan tout bagay.

Rive la, nou dwe chita sou pratik leta sa yo menm.

2. Fas a Leta

Nan Afè Sosyal

Afè Sosyal, se branch leta ki espesyalize nan pèmèt patwon reyalize enpinite yo byen. Sa fèt gras a mil fòm dilatwa, penyen lage, trennen, pèdi tan ak chouchout cheri ki dekouraje ouvriye ki konbatif e travay pou redyi lit yo a zewo. Patipri Afè Sosyal pou patwon, se yon bagay yo pa menm kache ankò, byen souvan li aklè nèt. Pwosè-vèbal dosye konfli ki regle nan rankont tripatit yo, pa egzanp, toujou fòmile yon mannyè ki montre tre klè patipri ki genyen pou patwon yo.

Depi nan izin lan menm, Afè Sosyal gen devwa fè enspeksyon, men li pa prèsk janm ranpli devwa sa a. E lè l fè li, li plis anvi pale ak patwon e li toujou prese.

Lè yo sou yon ka, enspektè yo, se plis patwon y ap defann. Byen souvan, se an fransè pawòl yo pale. Gen mepri menm pou ouvriye yo: yo pa menm kite yo pale, defann tèt yo.

E, depi afè yo rive Afè Sosyal, ouvriye dwe deja reziyen yo konnen se pa ni 2 ni 3 jou yo pral pèdi nan trennen nan biwo sa a kote menm yon lèt yo pa ka ekri, menm yon lèt pa ka resevwa paske yo pa vle bay so resi, pa egzanp.

An 1998, Afè Sosyal Okap te rive non sèlman ap manke sendika yo dega kareman, fèmen pòt nan figi yo, men yo te voye nèg swadizan òganizasyon popilè sou yo pou bat yo.

Nou pa menm bezwen di travay enfòme ouvriye yo sou dwa yo, Afè Sosyal pa fè sa pyès. Okontrè, chak premye me, se mistifye li kontinye mistifye ouvriye yo nan enterè patwon, fè yo konprann kouman pou "lajan ak travay fè bon menaj".

Afè Sosyal jwe yon gwo wòl nan kraze sendika. Patwon revoke ouvriye sendike yo. Lè konsa yo konn asepte peye dedomajman pou absans preyavi. Afè Sosyal fè tou sa li kapab pou ouvriye annik pran kòb la e al Tribinal.

Nan Tribinal

Kòm an jeneral Afè Sosyal pa janm ka rezoud pwoblèm yo vre, pi souvan, se Tribinal yo voye ka yo. Sa dwòl, lè n ap reflechi de ka ki poutan byen senp, tankou kòb prestasyon ouvriye patwon gen pou voye, patwon annik pa prezante Afè Sosyal, ka a blije ale jouk nan Tribinal.

Tribinal, se kote patwon yo chita pi alèz. Depi an lagan, se yon estrikti kote lapawòl se pou patwon li ye, ouvriye pa prèsk ka pale. Pi fò komisè yo, jij yo, se de moun ansyen rejim, konsèvatè. Lè ka ouvriye anfas gwo patwon parèt, swa yo klèman pran bò patwon, oswa, lè yo wè ouvriye yo pare pou defann jistis yo, lè sa a, yo mawonnen, pa parèt, derefize pran ka a an men. Se la nou twouve gwo delè tankou 2 zan pou yon jijman parèt.

Wisye, se yon lòt depans tribinal ki chè pou ouvriye paske chak fwa pou ou siyifye yon pawòl bay patwon, se peye wisye nenpòt 100, 200 goud. Nan ka ki nan milye riral yo, se pi rèd, se peye deplasman, sa ki rive nenpòt 500 a 1000 goud.

Se sa ki esplike anpil fwa ka yo blije ale Kasasyon. Men la ankò, yo sibi abi nan blije peye de kòb byen wo ke lalwa di yo pa bezwen peye. Se ka kòb anrejistreman jijman yo nan Kontribisyon ki, nan ka 7 ouvriye revoke Okap resaman, te monte plizyè santenn dola. Jiska prezan li poko rezoud e dosye yo bloke pou sa. Diskriminasyon kont travayè: si w pa gen kòb, ou pa bezwen al nan lajistis.

An gwo, kidonk, patwon pa konn lalwa, lalwa pa pou li. Kesyon arete patwon pou vyolasyon dwa travayè yo (e menm pou krim dwa komen tankou patwon ki tire, fè vwa d fè, menas lanmò sou ouvriye!!!), sa pa janm mennen a ankèt ale wè arestasyon, menm pwovizwa! Patwon leve sele sou pòt izin Tribinal deside mete mezi sa a sou li paske yo pat peye yon gwo kantite ouvriye. Yo rache sele yo.

3. Nan Kad Lejislasyon an

Kòd Travay la kreye kondisyon pou enpinite a :

Lalwa di li garanti dwa travayè yo pou yo defann enterè lejitim yo. Sa menm make nan Konsititisyon peyi a (Atik 35-1). Poutan pa gen okenn pwoteksyon vre pou sendika, jan nou deja wè l. Sa sòti nan yon mank total de veritab sanksyon kont patwon yo epi pwoteksyon pou ouvriye yo. Dwa rekou yo limite anpil. Se pa tout kote ki gen Tribinal Travay e menm kote ki genyen, absans yon reyèl chanjman fondamantal lakòz se toujou menm sistèm lan ki chouke nan Tribinal sa yo. Toujou gen menm lejislasyon feyodal la, estrikti ak fonksyònman aparèy sa yo pa chanje e nan anpil ka se menm ansyen moun yo ki la pou fè menm pratik yo.

Pa gen pyès pwoteksyon pou sendika yo vre. Se sa ki pèmèt yo kraze yo ale pou vini konsa. Maksimòm domaj ak enterè yo ka fòse yon patwon peye nan yon ka revokasyon anti-sendikal, se douz mwa salè ouvriye a: tenan kont salè minimòm lan, 15.000 goud se gen dwa pi gwo penalizasyon patwon an genyen nan yon ka konsa e sa pa anyen pou li pou li debarase l de sendika. Anplis, yo ka konte sou dwèt ka kote jij rive bay penalizasyon sa a.

Nou dwe ensiste sou pwen sa yo:

  • Depi nan Kòd Travay la, patwon an travay ak moun li vle. Kidonk li revoke jan li vle.
  • Li gen dwa òganize izin li jan li vle, chanje plas ouvriye a lè li vle e dekouraje li. Li monte tarif jan li vle.
  • Amann yo trè fèb. Li kraze kontra san preyavi depi li estime li nesesè.
  • Pa reyèlman gen kontra kolèktif.

Non-respè konvansyon entènasyonal yo:

Malgre konvansyon sa yo konn pi avanse pase lejislasyon nasyonal e genyen fòs de lwa nan peyi siyatè yo, yo pa aplike pyès ann Ayiti. Nou ka site ekzanp Konvansyon No. 87 e 98 ki touche kesyon dwa d asosyasyon ak dwa negosyasyon kolektif.

Patwon yo, gras a lalwa, gen posiblite fèmen izn yo jan yo vle. Lè konsa, yo annik chanje non an pou yo relouvri. Sa ede nan reyalize enpinite total kapital la. Li sèvi kòm zam ekonomik pou yo jwi ekzanpsyon finansyè (pa peye taks). Li sèvi kòm zam politik: kraze lit ouvriye, pa dedomaje yo.

Absans responsablite pwoprieyetè fonsyè fas a ouvriye / travayè agrikòl :

Pa gen okenn lejislasyon ki touche kondisyon travay ouvriye agrikòl k ap "vann jounen" ak travayè de-mwatye k ap sibi dominasyon anba grandon. Si yo pale de yo, se nan yon Kòd Riral ki plis ke aryere e ki annik bay rapò prekapitilas yo baz legal yo. Sa lese jwen pou tout fòm abi fèt sou yo andeyò e vreman vre, fòm abi sa yo fè kenken. Yo mare yo, file manchèt sou yo, bat yo, koupe zorèy yo, tyake yo ak dòt atwosite feodal. Asirans sosyal se zewo: sante, salè minimòm, kantite è siplemantè, elatriye... tou sa pa egziste pou travayè riral yo ki, okontrè, depi yo genyen mwenn ti revandikasyon, ti mouvman òganizasyon, sibi pi gwo represyon, masak (Jan Rabèl, pa egzanp). Nan ka sa yo, lotè move zak sa yo trè vag, anyen pa enkyete yo. Malgre tout demagoji k ap fèt se dènye tan sou kesyon jisits, anyen pa chanje. Se chak jou òganizasyon peyizan yo anfas zak kazèk, azèk, majistra... ki lib fè sa yo vle ak yo. Yo wete chèf seksyon nan zòn riral yo ki t ap rache, koupe, touye. Kazèk-azèk ranplase yo.

Dominasyon patwon yo nan lajistis

Pozisyon dominan patwon yo nan sosyete a e nan "jistis" la tou parèt aklè depi nan lalwa. Premyèman, si n gade nan Chapit 3 Kòd Travay la ki defini obligayon chak pati yo, n ap ka wè ouvriye yo gen pou soumèt yo a tout lwa patwon yo alòske patwon yo menm "deside", "delibere"... fè sa yo pito.

Konsa tou, anndan sistèm sa a, se toujou ouvriye yo ki genyen pou yo pwouve inosans yo: patwon yo toujou anlè, yo pa janm gen pou ni jistifye ni pwouve sa yo avanse. Si patwon chwazi fè revokasyon, pa gen anyen ki kenbe l. Se ouvriye a ki blije pwouve se yon revokasyon ilegal ou abitrè.


KAD KOTE ENPINITE SA A CHITA

I. AKIMILASYON KAPITAL BOUJWAZI LOKAL LA

Pami klas dominan yo, se boujwazi a ki prensipal aktè ki sou teren an nan fòmasyon sosyal ayisyenn nan jounen jodi: se POU YO, pou tablisman yo, konsolidasyon yo ak afimasyon yo antanke klas dirijan tout òganizasyon "demokrasi" a ap fèt. Nan prensipal estasyon radyo yo, apa kesyon eleksyon yo, se ajanda devlopman ekonomik boujwazi a k ap pale 24 sou 24: envèstisman, liberalizasyon mache yo, privatizasyon, zòn franch, pri dola, ets. Estabilite politik tout chèf pati yo ap pale a, anfèt, se pou pèmèt esplwatasyon an reyalize pi byen..

Boujwazi sila a te toujou trè fèb fas a fòs pre-kapitalis ki te egziste nan peyi a (kidonk, sistèm grandon-demwatye a, enpò-espò). Malgre jefò li te fè pou tabli ejemoni li, boujwazi a monte sou gwo resif. Kontradiksyon nan mitan klas dominan yo debouche sou divès kriz tou louvri e yon enstabilite ki t ap vin pi gran. Sa t ap kreye pretèks ak kondisyon pou premye okipasyon ameriken an. Avèk okipasyon an, fraksyon boujwazi ki te kòmanse ap devlope l la vin pran gwo kou. Pou layite kò li nèt ale nan peyi a, enperyalis lan frape fò sou boujwazi sa a ki t ap boujonnen an. Tou sa pral kreye kondisyon pou divès kriz devlope nan peyi a e favorize aparisyon ak devlopman boujwazi biwokratik la ki pral jere kontradiksyon grandon / boujwazi a e rive bati ejemoni boujwazi a atravè ejemoni fraksyon boujwazi biwokratik la.

Avèk devlopman soutretans lan, nesesite ouvèti demokratik, efò pou restriktire blòk opouvwa a , n ap rantre nan yon nouvo kriz ejemoni anndan boujwazi a menm, kriz k ap vin pi fon jouk li debouche sou kriz leta a menm, nan kad yon kriz jeneralize kote klas dominan yo pa reyèlman gen solisyon.

Se nan kad sa a, peyi a pral travèse peryòd 1983 rive jounen jodi a. Pandan peryòd sa a, n ap gen, patikilyèman ak koudeta 91 lan, yon veritab ekzplozyon kontrebann, tranzaksyon ilegal tout kalite, biznis dwòg. Sa pral sèvi baz pou yon ekzplozyon nan akimilasyon kapital nan boujwazi a e nan renouvèlman boujwazi biwokratik la. Se konsa peyi a ap vin gen yon bann bank k ap louvri ladann, estasyon gazolin men lajè, ak divès lòt biznis k ap komanse fleri.

Si nou gade sitiyasyon an nou ka wè:

Enpinite / Akimilasyon kapital boujwazi lokal la: pou boujwazi a te rive akimile, pou li kontinye akimile, li blije jwi yon enpinite san bòn. Kit se boujwazi biwokratik la k ap akimile nan vòlè nan leta, nan tout kalite move zak. Kit se boujwazi konpradò a k ap jwe sou yon fòm rapò prekapitalis yo e ki nan soutretans lan. Ti kras pen ki tonbe nan men li yo, fòk li pran tout. E lè sa a, fòk li gen kapasite fè sa li vle nan antrepriz yo. Menm si ouvriye ta gen dwa, fòk yo tre limite, rete sou papye. Jeneralman, boujwazi a ap fè sa li vle san okenn enkyetid. Kidonk, enpinite total. Akimilasyon, repwodiksyon, elajisman kapital la mande enpinite total la. E leta la pou kore li, asire li.

Nan yon moman istorik konsa, rapò kapital / travay la, se yon rapò esplwatasyon san bòn, dominasyon an pi fewòs pou to pwofi a ka pi wo posib nan kad dominasyon enperyalis la. Nan kad sa a, blije gen mekanism pèmanan pou bès salè reyèl la anndan izin yo (tarif k ap monte, modil) e andeyò izin yo (lavichè ke boujwazi a kreye e kontwole). Tou sa mande enpinite sou tout fòm e tout nivo.

II. ENPINITE NAN KAD FÒM LETA AYISYEN AN

Men enpinite sa a (ki, jan nou fèk wè a, se yon mekanism enpòtan pou pèmèt akimilasyon maksimòm kapital la, nasyonal kou etranje) pa posib san wòl aktif leta a: lejislasyon, tribinal, fòs represif. Nou te montre wòl li jwe nan garanti enpinite patwon yo san pou san. Koulye a, fòk nou konprann enterè li gen nan sa.

Youn nan objèktif prensipal gouvènman Divalye a, se te tabli de mekanism klè e rapid pou pèmèt yon kokennchenn akimilasyon anndan leta a menm. Konsa, li vin kreye yon boujwazi biwokratik ki gen enterè dirèk li tou nan akimilasyon kapital la. "Tout revòlt ouvriye ki pou anpeche kapital etranje a tabli kòrekteman isit ap benyen nan san" _ se pwòp pawòl Franswa Divalye nan diskou l pandan ane 1960 yo, lò premye izin soutretans yo ap tabli e lò, presizeman, minis li yo tankou pwòp fanmi pa l ap fè milyon ven nan Reji di Taba, dwa ladwann ets... Se nan menm epòk sa a youn nan pi gwo demantèlman sendikal peyi a janm wè te fèt. Sa pral bay, jounen jodi, yon pratik jeneralize kote se nan kad enpinite total patwon yo gen abitid fonksyone. E, sou yon lòt bò, yon elajisman lajman laj de akimilasyon anndan leta a, ki se fòm leta aktyèl la pouse omaksimòm nan kad sa ki vin rele: "gran manjè" a.

Tiboujwazi a ki jwe wòl ekzekitan yo nan pwòp enterè karyeris yo, sousou e magouyè. Kowipsyon an jeneralize nan aparèy sa a, represyon an se yon règ kont mas popilè yo ak ouvriye yo an patikilye.

Ejemoni boujwazi biwokratik la mande yon leta kraze brize baze sou represyon ak laterè nan enterè klas dominan yo. Kriz ejemoni a vin mande menm kalite leta a nan enterè boujwazi biwokratik la k ap chache kenbe ejemoni li. An menm tan tou, pou yo chache rezoud kriz la e devan monte lit popilè yo, leta kraze-brize baze sou represyon-laterè a dwe egziste piplis toujou. Kidonk yon devlopman enpinite jeneralize nan nivo politik la. Enpinite sa a mache an kòkòt ak figawo avèk enpinite patwon yo. Se sa ki esplike fasilman nou jwenn raliman patwon yo dèyè fòs pi retwograd yo pou asire pwòp enpinite pa yo. Globalman nou ka di: enpinite patwon yo an korespondans ak fòm leta a. E nesesite enpinite patwon yo pou akimilasyon - repwodiksyon kapital yo, se baz alyans yo ak fòs retrograd ki nan tèt leta a.


III. ENPINITE A NAN KAD DOMINASYON ENPERYALIS LA, "GLOBALIZASYON" AN

Si, nan mitan klas dominan yo, prensipal aktè sou teren an se boujwazi sa a k ap chache tabli ejemoni l, mèt kesyon an, se enperyalis la, ki di kapital peyi endistriyalize yo, ki, nan pwòp lojik pa l, anvayi peyi a pou louvè mache l men sitou pwofite de mendèv la ki, jeneralman, mil fwa mwen chè pase lakay li. Li fin destriktire ekonomi nasyonal la nan:

  • "dumping",
  • destriksyon pwodiksyon sik,
  • destriksyon pwodiksyon diri,
  • masak kochon kreyòl,
  • "èd" alimantè de enstitisyon tankou CARE, CRS, PAM ("sinistre")...
  • pèpè tout kalite, depi pwason, vyann, pou toujou lite kont lapèch ak èlvaj jouk rad ak soulye k ap fin disparèt metye tayè ak kòdonye.

Sou kote destriksyon pwodiksyon nasyonal la pou kapab pi byen anvayi mache a, enperyalis la itilize fòs travay bon mache a pou bese kou sèten pwodiksyon lakay li. Se sa yo rele: delokalizasyon. Li vin pwodyi rad, bal bezbòl, pyès elektwonik, ti jwèt nan peyi a. Kalite pwodiksyon sa yo pa ka reyalize to pwofi mwayen a nan peyi pa yo. Yo pote yo nan de peyi tankou Ayiti kote mendèv la pi bon mache serye, sa ki pèmèt yo bese kou pwodiksyon an pou ogmante to pwofi a.

Sitiyasyon sa a tou mande gwo enpinite nan rapò patwon ouvriye. Si yo pa jwenn li, si pwofi yo diminye, y ap "delokalize". Se pa yon aza si pi gwo slogan boujwazi a nan peyi a se "sou mache entènasyonal la, avantaj konparatif peyi d Ayiti, se mendèv li ki pi bon mache".

Sa sa vle di? Tou dabò, yon salè nominal ki pa dwe janm monte; answit, yon salè reyèl ki dwe vin toujou pi ba e, anfen, enposibilite pou klas ouvriyè a òganize l pou lite kont sa. Sètadi: represyon. Sètadi enpinite patwon total kapital.

Jan plan ajisteman striktirèl la poze l: "Salè ba, Sendika pa, Afè Sosyal pa m".

Nan kad sa a, nou kapab wè aklè non sèlman kokennchenn entegrasyon politik la anndan sfè ekonomik la, men tou: detèminasyon ekonomik la.

Pwa miltinasyonal yo, ajoute a konplèksite dominasyon an - pwòp anndan peyi a -, bay yon reyalite kote vyolasyon tout dwa moun - jouk rive nan entegrite imèn -, fèt ojoulejou e an pèmanans nan milye ouvriye a.

Dèyè enpinite pawon yo, nou rejwenn rapò sosyal fondamantal ki nan peyi a. Se, finalman, kle ki pèmèt dekouvri esplikasyon egzistans, fòm ak degre kriz k ap boulvèse peyi a jounen jodi a. An menm tan tou, se toujou degre enpinite patwon yo ki pèmèt konprann enpinite jeneral k ap blayi kò l.

Mas pèp la, travayè yo, ouvriye yo ki ap viv sitiyasyon sa a deja montre yo rejete l nan efò y ap fè san rete pou kanpe anfas li. Rete pou tout pwogresis konsekan pòte solidarite pa yo nan denonse lojik sa a, kanpe tou anfas pwojè klas dominan yo, difize lit travayè yo, anplifye yo, kore yo.


Pou piplis enfòmasyon osnon komantè, kontakte BATAY OUVRIYE:

Tel: 222-6719
B. P. 13326, Dèlma, Ayiti
E-mail: batayouvriye@hotmail.com

Pozisyon: