Batay Ouvriye Banner

RAPÒ SOU KENZYÈM KONGRÈ FEDERASYON SENDIKAL MONDYAL E PREZANS NOU NAN GWO REYINYON SA A KOTE YO TE ENVITE NOU A

Soti premye desanm rive 4 desanm 2005, nou asiste Kenzyèm Kongrè Federasyon Sendikal Mondyal (FSM) ki te fèt La Havana, kapital peyi Kiba, kote se te Santral Travayè Kiba a menm (CTC an panyòl) ki te envite nou antanke obsèvatè. Yo te fè tout moun jwenn yon dokiman sou “Oryantasyon Politik” kongrè a pou nou pote kòmantè nou la, epi pou diskisyon ak apwobasyon. Nan premye jounen an, yo prezante yon lòt dokiman ki t ap enfòme “...sou sitiyasyon FSM la ansanm ak aktivite li depi dènye kongrè li a jouk jounen jodi a” te prezante bay piblik la e diskite nan premye jounen a. Nan pwogram kongrè a te genyen tou eleksyon nouvo Konsèy prezidansyèl la.

Apati pawòl delege yo ansanm ak deba otou prezantasyon yo, diferan tèm dokiman “Oryantasyon Politik” la te diskite ann asanble. Kèk diskisyon pasyèl te fèt tou nan atelye e apwobasyon final la tounen fèt ann asanble. Apati divès prezantasyon yo ansanm ak deba otou yo, yo pwodyi yon “Deklarasyon Final” ki, li menm tou, te pote ann diskisyon, anvan apwobasyon l ak kèk chanjman leje. Anfen, gen de “Rezolisyon” ki mache ansanm ak deklarasyon prensip la. Moun ki t ap pwopoze yo a te remèt Konsèy prezidansyèl la yo e li menm te remèt yon komisyon ki travay sou yo e vin pwopoze asanble a vèsyon final la yo. Tout dokiman sa yo ap disponib sou dit web FSM la byento.

Prensipal tèm yo manyen nan prezantasyon yo ansanm ak deba yo:

• Enpeyalism la ak Entèvansyon Neoliberal grenn kraze li yo (kraze brize, vòl, privatizasyon, ajisteman estriktirèl, trete, dominasyon politik, ekonomik ak kiltirèl...);

• Kapitalism la antanke Lenmi lojik nan kad Koyerans k ap pale a;

• Sendikalism Klas antanke Repons Travayè yo;

• Renouvèlman FSM la e Batay ki pou mennen anfas Biwokratism la ak Ekonomisism la;

• Inite Lit Ouvriye a pou Akimile Fòs men tou antanke Konsantrasyon Kalitatif;

• Ouvèti Estratejik pou Alyans fèt (etnik, peyizan, nan katye popilè, nan foròm...);

• Apyi pou tout Lit anti Enpeyalis e tout sa k ap goumen pou chak Peyi Gran Mounn tèt li;

Dòt, tankou Delokalizasyon, Travay ti Moun, Pwoblèm pou Fanm nan sen Sendika yo menm, Dwa Travayè ki Janbe Fwontyè, Sektè Enfòmèl, Chanjman nan Estrikti Klas Pwoletarya a, Deba sou Oryantasyon nan Klas Ouvriyè Amerikenn la ak Ripti sa rive menm mennen nan Òganizasyon, Lit pou Kontwòl Ouvriye nan Izin ki Pwodyi Enèji yo, Mobilizasyon antanke prensipal Zouti Rezistans, Finasman Lit ak Otonomi, Revokasyon ak Taktik ki pou pèmèt nou Fè Fas, Represyon Gouvènman yo ak Mekanism pou nou rive Reziste, Depasman Kalitatif ki pou fèt Kant Menm nan Moman n ap viv la... ... ... te debat tou anpil.

Menzalò, etan done youn nan prensipal pwen ki te sou tab la pou diskisyon se te kesyon fizyon ak lòt santral entènasyonal (CISL, CMT), tèm Inite a se li ki te piplis debat. Vreman vre, si tout moun te dakò pou gen piplis akimilasyon fòs pou rive kapab fè fas devan ofansiv empeyalism-kapitalism la, se pa tout moun ki te wè elajisman a menm jan an. Sèten nan patisipan yo t ap defann yon tolerans lajmanlaj, pandan dòt (Santral Sendikal Klasis - CSC - Brezil, Konfederasyon Jeneral Travayè Pewou - CGTP -, Fwon Travayè Enèji - FTE - nan peyi Meksik, pami dòt...) te piplis chita sou baz prensip fondamantal ki fè FSM la menm e ki ba li nati klas li pou deklare yo pa ka dakò pou FSM la asepte fè alyans ak santral k ap fè “konsilyasyon” ak laboujwazi e ki te jwe de wòl reyaksyonè nan kad lit pou peyi Amerik Latin yo kapab rete gran moun tèt yo oswa genyen de pouvwa popilè pwogresis.

Nou menm, antanke envite, nou rete dousman, n ap swiv, menm si, apa, nou diskite ak anpil nan delege yo e bay opinyon nou sou diferan pwen k ap debat yo, kote nou t ap apiye pozisyon klas la san pou san e pa dakò pou santral ki pa wè respekte prensip fondamantal sa a ta vin fè yon inite ki, lè sa a, t ap yon bouyi vide danjere. Se konsa, nan dènye jou a, yo envite nou pran lapawòl devan Asanble a. La a, nou pwofite esplike sitiyasyon Ayiti a, ansanm ak deviyasyon popilis ki yon mannyè fatal mennen lit la kote li rive a, sètadi kote otonomi klas lit yo pa respekte, nan yon alyans bouyi vide, san yon estrikti k ap reprezante enterè travayè yo, mas popilè yo vre. Nou tou bay pozisyon pa nou sou alyans yo e ki jan yo dwe mennen ni kont lenmi prensipal la, empeyalism-kapitalism la, ni kont tout deviyasyon ki ka jennen oswa kanpe nan wout lit pa nou yo, an patikilye Popilism la. Televizyon Kiba retransmèt entèvansyon nou a e, ann apre, 2 radyo (Havana ak Reloj) entèvyouve nou sou sa. Pou piplis presizyon, nou mete entèvansyon nou a touswit apre rapò sa a. Tout mannyè, tout entèvansyon yo ap disponib sou sit web FSM la byento.

Dènye jou a, Kongrè a te gen lonè resevwa Prezidan Asanble peyi Kiba, Mesye Ricardo Alarcón Quezada. Ak de mo jis, li fè resòti wòl fondamantal pou klas ouvriyè a jwe nan batay kont ofansiv grenn kraze enpeyalis yo ap fè, san yo pa respekte pyès lalwa, kote yo kanpe sou bit fòs ponyèt brital yo pou jwi yon enpinite total kapital. Klas ouvriyè a, okontrè, se li menm ki pote latè sou do l, li menm ki se prensipal fòs ki kanpe anfas dominasyon ak lesplwatasyon enpeyalis-kapitalis la e, pou sa, se li ki non sèlman kapab mennen limanite nan emansipasyon total li, men tou piplis kapab kanpe anfas lenmi a jounen jodi a menm senpman paske, si se pa sa, “...latè a ap disparèt!”. Lit ideyolojik nou dwe mennen pou sa gwo anpil. Vreman vre, devan tout medizans, manti ak dezenfòmasyon enpeyalis yo ansanm ak alye li yo fè e bay, rechèch laverite a rete enpòtan anpil. Nan sa, pèp ki piplis nan fènwa a se pèp ameriken an menm. Egzanp ki pi frapan an se sa jijman 5 prizonye kiben yo arete nan peyi Etazini yo. La a, pèp ameriken an pa konn anyen nan sa k ap pase, li pa konnen kouman gouvènman an pase anba pye de desizyon legal, dekwa pou li kenbe prizonye yo nan eta yo ye a san yo pa kite pyès enfòmasyon soti sou tout malvèsasyon y ap fè yo. Se chans kèk kanmarad Kostarika tanmen yon denonsiyasyon jou ki 5 nan chak mwa, devan anbasad Etazini, pou fè konnen dosye a e egzije liberasyon 5 prizonye kiben yo. Yon pwopozisyon “rezolisyon” pou se tout kote sa ta fèt tou depoze e asanble a adopte l touswit.

Pou fenmen, nan dènye jou a, gen yon vizit ki fèt nan Lekòl Medsin Amerik Latin la, kote se etidyan pòv divès peyi nan zòn la ki benefisye etid gratis ansanm ak wo nivo kalite ansèyman. Nan apre midi a, yo tanmen pwosesis eleksyon Konsèy prezidansyèl la e, ann apre, yo prezante tout manm eli yo devan Asanble a. N ap ka konn non yo tout toujou sou menm sit web la

*

Te gen lòt aktivite ki te reyalize tou paralèlman. Nan lè repo, pa egzanp, delege ki te enterese nan tèl oswa tèl tèm an patikilye te rankontre apa sou yo. Sila ki te piplis enterese nou yo se te Tekstil, Enèji ak Konstriksyon. Reskonsab yo ap voye sentèz diskisyon yo ba nou e n ap ka jwenn yo nan lokal Batay Ouvriye a. Menm jan an tou, sila ki te santi yo pi pwòch ak pozisyon nou, ba nou jounal ak pozisyon politik òganizasyon yo. N ap mete yo aladispozisyon tout pwogresis ki ta renmen konsilte yo menm jan an tou.

Onivo òganizasyon, kongrè a se te yon gwo reyisit. Sou diferan pozisyon ki diskite e soti yo, nou kapab di kan menm nou panse te manke kritik lisid ki fèt sou sèten pratik de santral ki nan FSM la oswa dòt ki pwòch li toujou ap mennen an tèm biwokratism oswa ekonomisism. An reyalite, sijè sa yo, yo gen yon volonte pou depase yo men pa yo pa mete de mekanism konkrè pou efektye depasman pretann yo. Dòt fwa, de sitiyasyon trè grav sèten ouvriye nan lemonn ap pase, pa rive denonse, ni menm manyen, tankou sa k ap pase ouvriye nan peyi la Chin yo pa egzanp, kote nan izin tekstil yo, se de salè mizè, de kondisyon travay grenn kraze ansanm ak represyon sevè anpil k ap manje yo.

Malgre tou, nou kapab di kongrè a te pote anpil fwi e deba yo, menm si pafwa yo te trè ajite, se te siy, okontrè, ke milye sendikal klas la toujou byen vivan.




PREZANTASYON DELEGE BATAY OUVRIYE A NAN KENZYÈM KONGRÈ FEDERASYON SENDIKAL MONDYA LA (FSM)

Nan non kanmarad nou yo nan Batay Ouvriye, nan non ouvriye, travayè ak mas popilè yo an jeneral nan peyi d Ayiti, m ap remèsye nou pou envitasyon nou fè nou pou nou patisipe antanke obsèvatè nan kenzyèm kongrè FSM la e pèmèt mwen pran lapawòl devan asanble a jounen jodi a. M ap remèsye nou paske envitasyon sa a tou pèmèt mwen vini nan Kiba revolisyonè a. E kapab viv, menm si se pou yon ti bout tan, ak pèp kiben an, travayè yo, ouvriye yo, nan mitan kontantman kè poze yon pèp drèt.

Pèmèt mwen pwofite pou m salye revolisyon kibenn an mach la, ansanm ak pwosesis revolisyonè bolivaryen ki gen alatèt li Venezyela e k ap radikalize li jou an jou. Nou pote tout apyi nou bay pwosesis sa yo k ap chache reyalize revandikasyon travayè yo e rive nan emansipasyon total yo. Menm jan an, nou bay apyi total nou bay tout lit tout pèp sou latè. Ni sa k ap fèt jounen jodi a, ni sa ki te fèt nan tan pase yo, an patikilye gwo viktwa revolisyon pwoletaryen ris, chinwa, vyetnam... yo te pote, san nou pa bliye kokennchenn batay klas ouvriyè amerikenn la te mennen kote se yo ki ba nou jounen 8 è tan an, oswa sila klas ouvriyè franse a ki, nan lane 1871, ak Lakomin Pari, te louvè pòt “pouvwa ouvriye” a.

Se nan menm sans sa a, n ap salye pwosesis renovasyon ak restriktirasyon FSM la e nou swete l ap pwofon. Konsa tou nou salye oryantasyon klasis li, sèl ki kapab wete nou nan sitiyasyon enferenal kote nou ye a e pèmèt nou non sèlman reprann ofansiv la men garanti depasman kalitatif ki gen pou reyalize a.

*

Jounen jodi a, nan peyi d Ayiti, sitiyasyon an grav anpil.

Alaswit yon mouvman popilè laj ki te reyisi non sèlman jete Divalye men kontinye mobilize tèt kale pou pwòp revandikasyon pa l, nou vin jwenn yon veritab deviyasyon, yon dap piyanp tout bon kèk dirijan odebi, pi fò ann apre vin fè sou lit sa yo.

Apre yo te fin rive opouvwa, yo sibi yon koudeta anraje men oryantasyon lit yo fè se ak menm fòs enpeyalis ki te jete yo a yo wè tounen. Nan mouvman sa a, yo voye jete prèske tout sa ki te nan pwogram popilis yo a e rantre nan lage yon kalite koripsyon paske yo te wè sa t ap tou pèmèt yo fè pwòp lajan pa yo nan sa. Lè sa a - e pou sa menm - yo fasilite e menm òganize yon kokennchenn penetrasyon enpeyalis. Militè dabò, ak debakman ameriken 1994 la e ak siyati ann apre yon akò ki pèmèt fòs DEA etazini pran kontwòl total kapital dlo teritoryal yo tankou espas aeryen peyi a; politik, apre, kote yo louvè baryè nèt pou refòm neoliberal FMI yo enpoze yo. Konsa tou, nan domenn ekonomik lan, nou wè, apre destriksyon ekonomi nasyonal la ki te kòmanse depi sou rejim Divalye yo, demaraj akslere kesyon lesplwatasyon mendèv la ki, lè sa a, te vin disponib e kraze nèt nan moman an. Yo siyen kontra sou divès zòn franch san okenn kontwòl, e yo konstri yon premye sou fwontyè a. Nan anbyans total kapital sa a, se pa sipriz si nou wè se moman istorik kote konsantrasyon kapital la fèt pi rapid, gras a kokennchenn devlopman sektè monopolis la e sitou finansye a ki jwenn pasaj ak avantaj bab e moustach pou yo laji kò yo.

Tou sa fèt osakrifis dinamik popilè lit la, osakrifis bon jan lavi travayè yo, ouvriye yo, ti peyizan yo, atizan yo, nan syè nou menm e, pafwa, nan san nou, tankou sa abitye fèt nan konfli ki pi antagonik yo kote boujwa yo ak lòt klas dominan yo te toujou gen apyi gouvènman an nan peryòd sa a.

Ak wout sa a yo trase, se ni pouvwa a ni opozisyon boujwa a - ki toujou youn ak lòt nan yon kontradiksyon senpman opòtinis - ki rele mande yon lòt okipasyon! Konsa, vreman vre, jounen jodi a, se yon envazyon enpeyalis total kapital ki piti piti ap pran fòm titèl, kote fòs l ONI yo anvayi lokal ouvriye ak peyizan, arete sendikalis, imilye ouvriye nan pòs travay yo e, pi rèd, òganize yon seri masak nan katye popilè kote, ak pretèks “konbat ensekirite teworis” la, y ap lanse yon seri ofansiv kont pèp la menm. Met sou sa, kontwòl politik la, se Washington yo mete l anplas, ak entèmedyè diplomat l ONI ak l OEA ki nan peyi a. Yon akò swadizan enterimè, CCI a, (men k ap ret an vigè jouk nan mitan lane 2006 la - kidonk 6 mwa apre nouvo gouvènman eli a enstale sou pouvwa a, e k ap renouvle jouk pou 2009, jouk pou 2015!) ap oryante peyi a definitivman sou wout pwogram neoliberal la ak yon okipasyon ki chita kò l nèt tout bon vre.

Pou fòs sa yo anba kòmandman ak kontwòl enpeyalis ameriken, franse ak kanadyen... pa gen sipriz nan sa. Pou yo anba kontwòl brezilyen, ajanten, irigweyen... de gouvènman ki sanse pwogresis e ki rive sou pouvwa apati konfyans travayè yo te mete nan yo oswa gras a kokennchenn rezistans ak mobilizasyon popilè, se yon lòt bagay... ki fè nou rete men nan machwè e, sètènman, anfas yon kontradiksyon wo nivo! Popilism lan, ayisyen kou latino ameriken, montre nou tout, si sa te toujou nesesè, kalite danje l.

*

Poutèt sa, gen yon tèm ki, nan diskisyon nan atelye ak nan plenyè, pote nou reflechi: se sila “alyans” lan. Nou te vle pataje refleksyon sa yo ak asanble a. Kamarad Libanè a te pale sou alyans k ap fèt andedan peyi l ant boujwazi yo (entènasyonal kou nasyonal) ak klas dominan feyodal yo, tout anba direksyon gran kapital la ak gouvènman ki reprezante l sou plas. La a, nou vin wè presizyon estriktirèl pratik lenmi an: andedan kan l, li konnen gen divès klas e, nan lojik istorik lan, sa k pou dirije a, se li ki dirije. Nan kan pa nou tou, gen divès klas. Pa prensip e fas a lajè atak ki konsène nou tout, alyans andedan kan pèp la obligatwa. E pou nou kapab fè fas a Kapital la - veritab lenmi nan plan neoliberal la - ansanm ak Popilism lan - ki montre nou tout limit li ansanm ak tout dram li pote nan kèlkanswa lit konsekan k ap mennen - kan pa nou a tou dwe byen estriktire. Estriktire tout bon vre e yon mannyè estrik. Non sèlman pou tabli de mobilizayon pi klè, non sèlman pou yon meyè oryantasyon, men tou, e sitou, pou asire pèmanans avansman lit nou, yon fason pou li pa janm kanpe. Poutèt sa, pa dwe gen alyans san estrikti. Klas yo pa dwe mele ni nan menm nivo. Depi nou klè sou objektif enpeyalism lan, depi nou klè dèske se li ki reprezante fòm pi avanse kapitalism lan jounen jodi a, nou dwe afwonte l ak lojik anti enpeyalis ki pi klè a: lojik anti kapitalis la.

Se sèl klas ouvriyè a ki kapab mennen pwojè sa a. Poutèt plas li nan pwodiksyon an, ansanm ak imilyasyon li sibi chak jou ki jou nan men patwon yo, se klas ki vreman vre lèt ak sitwon ak Kapital la. Se sa k fè, nan kad alyans nou ak ti peyizan, òganizasyon katye, nan mobilizasyon ak oryantasyon fowòm lokal, rejyonal oswa mon dyal, nou dwe retounen pran wòl dinamik avangad nou... Se sa ki fè se wòl sa a FSM la dwe tounen pran nan tout alyans l ap tanmen. Kidonk:

VIV RESTRIKTIRASYON FSM LAN SOTI DEPI NAN BAZ

POU LOUVÈ SOU TOUT KOTE KAN NOU AN AP MENNEN LIT!

VIV LIT TOUT PÈP SOU LATÈ AK TRAVAYÈ YO KÒM POTO MITAN

ANBA DIREEKSYON KLAS OUVRIYÈ A!

Pozisyon: