Batay Ouvriye Banner

Deklarasyon #2 - Gwasimal

15 jen 2002

Pandan Jistis ayisyen an, tankou li toujou ye, kidonk ba, ajenou e sousou, ap fè tout sa li kapab pou kreye yon dosye akizasyon an favè gran boujwa yo, kote sa li rele « popilasyon » an pa anyen dòt ke zakolit majistra Sen Rafayèl la ; pandan menas sou manm fanmi sendika yo pa janm sispann ogmante e zak represif yo ap vin piplis (depwi premye deklarasyon nou an ki t ap esplike klèman fondman dosye plen san sa a, 2 kay – pami yo, sa sekretè sendika a – gen tan boule ra pye tè, ouvètman e kote se menm « popilasyon » sila a ki kareman di li fè pati otorite yo, ki fè l, alòske tout manm sendika yo blije bay zòn nan…) ; pandan otorite santral yo, yo menm tou, alète sou sitiyasyon an ak fòs dokiman a l apwi (wè lèt ak anèks ki voye pou Sekretè d Eta Sekirite Piblik la) men malgre tou poko janm fè anyen pou bay travayè sila yo ki atake e masakre nan egzèsis dwa demokratik yo jistis; pandan, kidonk, vòlè ak esplwatè pèp ayisyen sila yo (kit nasyonal, kit etranje) twouve fonksyonè Lavalas opouvwa yo konkrèt­man kore yo : pwopagann politik fè nwè asasen yo kontinye ap fè chimen l.

Vreman vre, nan debi semenn nan, yon nouvo vag pozisyon ak deklarasyon pi mantò youn pase lòt vin ap parèt an grann manchèt nan medya leta yo. Frè Zefi yo vin santi yo blije vin esplike tèt yo, antan delegasyon palmantè yo t ap remèt yon rapò ankèt kote, klèman, yon lòt fwa ankò, se annik ak asosye masakrè 27 me 2002 yo yo te rankontre.

Li enpòtan nou di medya leta sila yo pa janm aksepte bay reprezantan Sendika Senrafayèl yo lapawòl, malgre yo te, ak tout kouraj yo, eseye pale ladan yo. Pouki yo pa ba yo pale ? Ki « Leta » sa a ki, nan yon konfli ant patwon ak travayè, inikman aksepte defann, pote zepòl, reprezante patwon yo ? Pouki responsab li yo, a tout nivo, ensiste pou yo pa janm konsidere pozisyon travayè yo oswa delege yo ?

Mete sou refi kategorik medya leta yo, se pou nou note Radyo Metwopòl ki, li menm tou, refize bay yon reprezantan travayè yo lapawòl, malgre dwa d repons yo te fè parèt la. Se pa yon aza. E piblik pwogresis la ap kapab konprann koensidans sa a byen alèz.

Sou yon lòt bò, nou vin sispann tande koze « zam fann fwa » a, pawòl sa a responsab lokal ak pòtpawòl pouvwa santral la te mete deyò. Premyèman, paske manti sa a tre twò gwo : kouman yon 40 moun konsa ki t ap atake ak plen zam (« fann fwa ») ta fè blije jete yo devan yon 100 moun dezame ? Men tou poutèt jounalis ki vin lage pandan tan sa a presize trè byen ke pat gen pyès zam nan machin yo. La a menm, bak sa a pwopagann la rale a vin gen yon kokennchenn enpòtans, paske fòk sanse « atakan » sila yo te blije gen zam sila yo pou reyèlman reprezante yon menas a « popilasyon » an ki ta te, lè sa a, deside foure pye l nan koze a. Si vin pa gen zam ankò, ki « atakan » sila yo ki vin te ap afwonte yo, e, sitou, pouki kraze brize sa a ? Efektivman, fòk te gen de enterè ki pi enpòtan lontan, tankou sa grandon zòn nan ki vin twouve yo jennen nèt lè yo wè sistèm akayik demwatye a mete an kesyon (sonje rankont ant Nons Zefi ak yon reprezantan « Kolektif Ayiti » an Frans kote msye te anonse li t ap pase jesyon tè yo bay Majistra Senrafayèl la oswa Pè pawas la), kidonk devan posib benefis yo t ap gen pou touche e jwenn ; ou ankò enterè patwon sila yo ki bezwen fini yon fwa ak revandikasyon ki t ap jennen yo fondamantalman.

E se konsa nou rive nan yon konsiderasyon ki gen yon kokennchenn enpòtans. Paske, si Nons ak Dànyèl Zefi jije l bon pale nan medya yo, se pat pou esplike dosye a answa, men pito pou chèche yon mwayen rale kò yo, pou montre yo te « pouryen nan sitiyasyon an », yo menm ki konsidere tèt yo kòm de patwon korèk, ki respekte lalwa ak dwa yo anvè travayè, ki dayè « toujou satisfè ». Vreman vre, si se te vre, ki dwa sila yo ki pa respekte travayè Gwasimal yo ap pale la a ? Ki « direksyon ilegal » travayè Gwasimal yo ap pale de li a ? E se la nou rive nan nannan kesyon an. Paske, kontrèman ak deklarasyon mantò total kapital yo a, frè Zefi yo repite kòm patwon ki pami pi retwograd nan tout peyi a. E si yo sezi wè se sou yo lit travayè yo toutan ap tonbe, se paske se yo menm menm ki ekspoze yo a sa. Kit se poutèt rayisman yo genyen pou ouvriye, ki mache ak rasism (yo te menm rive blije travayè yo bese je yo lè yo t ap pale avè yo !!!), kit se devan ekzaksyon pi fewòs yo kont sendika yo. Laprèv, se pozisyon ouvriye ki jisteman te ilegalman revoke nan Novela yo (wè « Pozisyon Komite Ouvriye Revoke Kay Novela… » ki enkli ak deklarasyon sa a) ou ankò sa sendika yo, ki an deyò Senrafayèl, anba lòd patwon sila yo (wè « Nòt sou Evènman Gwasimal… » ki enkli ak deklarasyon sa a tou). Prèv toujou, se kantite entèvansyon sendika yo ki depi plis pase 5 lane, ap denonse pratik lesklavaj ki renyen nan diferan etablisman sila yo. Prèv, toujou, entèvansyon yon responsab Ministè Afè Sosyal ki, pandan li t ap òganize yon Seminè nan Nò kote sèten sendika Batay Ouvriye t ap patisipe, nan gwo deba, te fin pa avwe : « se pa konnen nou pa konnen mesye Zefi yo ilegal » !!!

Nan yon demokrasi k ap chache tèt li, douvan jennen yo vin jennen dèske sèten nan pratik sila yo vin parèt aklè deyò a, patwon sila yo anplis glise ke Batay Ouvriye te afilye a yon òganizasyon ki ta pòte non « Sendika entènasyonal pou yon monn san patwon » (se konsa yo di l). Devan sa, n ap reponn anvan tout bagay, ke nou pa afilye ak pyès òganizasyon, ni enstitisyon, sa ki bay, presizeman libète fonksyònman ak panse nou. Men nou ta ajoute ke se ta tout dwa nou pou nou ta chache konstwi yon monn san « patwon », vu, jisteman, konkrè reyalite n ap viv chak jou nan peyi d Ayiti. Dayè, nan fen dènye manda l, eske mouche Aristid pat renwe amitye ak antrèd Pèp Kiben an ak gouvènman l, yon peyi kote pa gen patwon answa e, jisteman, zafè ti bebe k ap mouri ale pou vini, moun ki pa janm ka twouve limyè konesans, kesyon analafabèt, pwoblèm kay, kominikasyon… pou site sila yo sèlman… fini fini nèt ? Kiba, ki, dayè, ap pòte pi gran soutyen bay Pèp Ayisyen sou kesyon jesyon enfrastrikti yo, bous etid inivèsitè oswa fòmasyon pwofesyonèl e sitou, pou sa ki konsène swen sante, pami lòt… Eske mouche Zefi ap pretann mete an kesyon avansman sila yo ak solidarite entènasyonal Pèp san patwon sa a ?

Li ta byen posib paske Nons ak Dànyèl Zefi se, pami dòt, de mesye ki pa santi yo genyen pyès obligasyon respekte leta ayisyen lè, par lentèmdyè yon anplwaye ak konsyans, yo vin twouve yo devan kèk enjonksyon ki fòse men yo. Konsa, pa egzanp, Atestasyon fòmèl Ministè Afè Sosyal la te remèt bay Entèsendikal Premye Me Batay Ouvriye a pa janm « rekonèt » pa Nons ak Dànyèl Zefi ki toujou refize kategorikman rankontre ak delege Federasyon sila a. Ata lè sila yo te yon jou akonpayen pa Direktè Rejyonal Biwo di Travay Nò a, Msye Richa Ejenn, Dànyèl Zefi flanke tout moun deyò epi pwòp li menm tou, li vire do l.

De boujwa, kidonk, ki genyen yon awogans san limit, ki, poutèt yon dwa klas yo pwoklame pou tèt yo, pa santi yo dwe pèsonn anyen, kit se lalwa, enstitisyon, ou nenpòt lòt sosyete.

Ki jan, lè sa a, yo akeyi peyizan sila yo ki te vin reklame dwa yo ke yo t ap pase anba pye (nan Gwasimal, pat janm gen boni, konje, swen sante…, kondisyon travay korèk jan Kòd Travay la bay yo) ? Swit evènman yo fin pa debouche sou masak ke nou te deja montre egzakteman kouman li te fèt nan premye deklarasyon nou. Nan dokiman sa a, efektivman, nou te montre aklè kouman jan yo pa respekte dwa travayè yo, manèv yo fè pou evite obeyi lalwa, presyon ak egzaksyon tout kalite yo fè pa lentèmedyè ajan yo, e, anfen, wòl otorite lokal yo vin jwe (majistra, kazèk, azèk, pè - !-, jij) ke yo te pwomèt yo yon bon pati nan resèt la, se premye kòz la, fondamantal kòz la, sèl kòz la. Men, pou sa, fòk resèt la te rete egzakteman menm, gras a obligasyon prensip reyaksyon an, ki, li menm sèl, kapab anpeche tout jeneralizasyon mouvman an nan zòn nan…, nan peyi a. Se sa ki esplike kokennchenn enpòtans blokaj ki òkestre la a. Se sa ki esplike wotè dechennen zak yo vin poze yo (2 pèsonaj ki te sòti Sen Michèl de l Atalay, ki te fè pati asosyasyon Batay Ouvriye nan zòn sa a – men, kòm « atakan », yo te gen dwa chwazi moun ki pi kabab – 2 gtranmoun, kidonk, ki te vin akonpayen peyizan Gwasimal yo tyake e tere sou plas nan chan an !).

Pou detwi piplis toujou pawòl san sans asasen sila yo e montre degre sinik yo piplis tou, an nou mande tèt nou kèk ti kesyon senp. An nou mete kesyon « atakan » ki te vin vòlè tè a, elatriye, sou kote, pou nou tounen sou yon kesyon ki pi fon. Pwochen travayè ki pral sou tè sa a, kèlkelanswa moun y ap ye a, eske, apre rekòt zoranj la, y ap gen pou remèt mwatye rekòt yo bay watchmann yo, majistra a, pè a… ? Nan pwochen rekòt zoranj si a, eske pwochen ouvriye ap jwenn satisfaksyon benefis sosyal lalwa ba yo a ? Si non : pouki pa ? Si wi : kouman fè ansyen ouvriye yo, sa ki te nan kontra 1958 yo, sa ki fè pati sendika a, sa ki masakre yo, kouman fè yo pat janm jwi yo, yo menm ?

Senp lo kesyon sa a ki, an yo menm, montre konplètman veritab sitiyasyon an, mennen dòt ankò ki genyen menm kalite enpòtans lan. Kouman fè responsab Leta santral la yo toujou refize kareman pou yo kenbe kont de lojik sila a ? Poukisa responsab Leta yo pa janm entèvni ? Depwi yon lane kote se toutan e sistematikman n ap prevni yo, rele yo : yo fè esprè kite sitiyasyon an pouri, rive jouk nan masak ! Kouman fè, dayè, se sèl travayè yo yo arete ? E pouki y ap trete yo konsa nan prizon an (san okenn respè pou yon kenpòt lalwa, san pyès konsiderasyon pou diyite moun) ? Eske se yon rayisman ? Eske se menm rayisman patwon yo genyen pou Pèp la ? Eske, kidonk, se menm mak fabrik « REKONSILYASYON » an ?

NOS DOSSIERS: