Batay Ouvriye Banner

Deklarasyon #3 - Gwasimal

Nan non ENTÈSENDIKAL PREMYE ME / BATAY OUVRIYE, k ap fonksyone legalman nan peyi a, n ap salye tout jounalis ki vin patisipe avèk nou nan konferans pou laprès jodi a. n ap pwofite okazyon an pou remèsye yo tout pou kouvèti yo bay evènman kit e eklate lendi 27 me a, ak tout sa ki dekoule de evènman sa yo. N ap remèsye patikilyèman jounalis Nò yo ki te fè e kontinye ap fè yon gwo travay nan sans sa a. Konferans pou laprès jodi a se yon okazyon tou pou nou menm nan BATAY OUVRIYE, nou menm nan ENTÈSENDIKAL PREMYE ME / BATAY OUVRIYE, nou remèsye piblikman tout zanmi kanmarad ki leve kanpe sou yon fòm osnon yon lòt pou pote apyi yo a travayè yo, patikilyèman travayè ki nan prizon yo.

Jan nou tout konnen, depi 27 me 2002, divès travayè, ansanm ak 2 jounalis, sibi e ap kontinye sibi abitrè leta a, patikilyèman ekzekitif la ki pran dosye a nan men li. Arestasyon ilegal fèt, detansyon ilegal ap kontinye. Blokaj lajistlis la ap kontinye. Nou menm nan ENTÈSENDIKAL PREMYE ME / BATAY OUVRIYE, nou deja fè sikile 2 deklarasyon pou fè konnen pozisyon nou. Gen plizyè konferans pou laprès ki fèt pou denonse zak ki fèt kont nou yo. Plizyè òganizasyon pran pozisyon piblikman. Malgre tou, li nesesè kontinye pran pozisyon. Li rete nesesè nou ranmase fòs pou bay yon repons pi solid e pi adekwa. Li nesesè kontinye lite. Pou nou, konferans pou laprès jodi a rantre nan kad sa a.

KOTE NOU YE ?

Jan nou tout konnen, te gen arestasyon ilegal, toujou gen detansyon ilegal, san dosye (menm kant y ap eseye fòje youn), kanmarad yo arete yo pa pase devan jij natirèl yo, sou pretèks flagran deli. Pandan tan sa a, vre asayan yo, nèg ki rache moun ak manchèt yo, vre asasen yo ap layite kò yo, ak pwoteksyon leta. Paralèlman, represyon an ap kontinye. Laterè ap gaye piplis. Apre atak nou sibi nan Gwasimal 27 me a, fòs reyaksyonè yo boule kay manm sendika a e y ap pran mezi pou boule piplis kay. Lajistis pouri a, anba lòd Ekzekitif la, te fè tantativ fè manda kont plizyè kanmarad nan yon premye tan. Jounen jodi a, yo aktive manda yo. E lapolis deja pase kay plizyè manm sendika a nan Gwasimal. 19 kanmarad ap kouri risk arestasyon. E nou konn sa sa vle di.

Avèk entèvansyon dirèk Ekzekitif la, pwosesis jiridik la gen gwo difikilte pou li vanse. Nou ka menm pale de efò k ap fèt pou bloke li. Anpil responsab onivo jistis ap montre se pa yon ti dosye ( !), yo pa ka rantre ladan l ( !!). Penitansye refize bay sètifika pou di depi ki lè kanmarad yo fèmen. Swadizan yo pa resevwa lòd. Sa, se youn pami lòt fòm efò pou blokaj la pran. Tou sa, se sou yon bò. E nou ka di atak yo fè sou nou nan Gwasimal la pèmèt nou wè yon bagay enpòtan : se inite ant grandon/boujwa (patikilyèman boujwa nan Nò) ak LETA (kidonk, gouvènman an, palman an, aparèy jistis la, san konte lapolis). Li klè nou wè kiyès ki anfas travayè yo e nou ka di kiyès k ap anfas travayè yo.

Men, sou yon lòt bò, li montre nou SOLIDARITE trè laj nan peyi a tankou lòt bò dlo. Nou menm, nan ENTÈSENDIKAL PREMYE ME / BATAY OUVRIYE, nou salye solidarite sa a e nou kwè se yon siy enpòtan : n ap rantre nan yon moman kote fòk kat la rebat sou baz leson Kan Pèp la aprann nan tout esperyans ki fèt depi ’86 rive jodi a. Tout travayè, tout pwogresis dwe klè sou sa, an patikilye sa ki anfouraye dèyè tout kalite politisyen k ap vann peyi (tankou nan zafè zòn franch la), osnon k ap kontinye simen laterè menm jan sa fèt depi ’86 rive nan Gwasimal, osnon k ap fè e òganize represyon kont travayè ak fòs manti. Pwogresis, travayè ki anfouraye dèyè politisyen k ap tann tou pa yo pou al kontinye menm travay sa a, tankou sa ki nan swadizan opozisyon yo, dwe klè sou sa tou.

N AP DENONSE

NOU MENM, NAN ENTÈSENDIKAL PREMYE ME / BATAY OUVRIYE, n ap denonse represyon laterè rejim an plas la ap fè sou travayè yo. N ap denonse wòl rejim lan nan pase anba pye dwa travayè yo e nan fè lalwa pou boujwa ak grandon kontinye pase anba pye, malgre yo nan enterè yo fondamantalman.

N ap fè yon apèl pou tout fòs travayè, pwogresis, reyèl fòs popilè yo, ranmase fòs yo pou vanse nan inite nan mitan yo pandan y ap vanse nan lit yo, san tonbe nan inite fòse, twò rapid, san prensip e ki pap dire yon jou.

Men, jan nou konnen tou, represyon ak laterè toujou mache ak jefò pou fè moun pran lalin pou fwomaj. Medya leta yo ki, anfèt, se medya gouvènman an, ap jwe yon gwo wòl nan sa. Nou ka pran ekzanp TNH ak l INYON, an patikilye, ak swadizan rapò – repòtaj yon sèl bò y ap fè yo, anba direksyon Ekzekitif la. Nou konnen se nòmal. Yo montre vre wòl yo depi lontan : sèvi gouvènman an, sèvi klas dominan yo. Pou nou, medya leta yo, yo se yon zouti pou fasilite e ranfòse dominasyon reyaksyonè yo. La tou, nou menm nan ENTÈSENDIKAL PREMYE ME / BATAY OUVRIYE, nou denonse yo. Gen sèten medya prive ki pa jwe yon wòl diferan, menm si nan sèten ka li mwen lèd. Yo pa etone nou. Yo menm tou, nou denonse yo.

Jan deklarasyon komin lan di li, nou mande LIBERASYON TOUT KANMARAD KI NAN PRIZON YO SAN KONDISYON. N ap batay pou yo jwenn reparasyon. N ap batay pou vre asasen yo, vre bouwo yo, vre asayan yo, ak tout chèf yo jwenn sa lajistis ta dwe ba yo. Ak lajistis pouri a, nou konsyan l ap trè difisil : ENPINITE A, PATIKILYÈMAN ENPINITE PATWON YO, SE LWA FONDAMANTAL PEYI SA A.

N ap denonse e n ap lite pou kontrekare ogmantasyon represyon an : manda sou baz fo dosye yo pap pase ! N ap denonse e n ap lite pou kontrekare pratik boule kay la. Pratik sa a pran yon anplè trè serye nan moman an. Nou menm nan ENTÈSENDIKAL PREMYE ME / BATAY OUVRIYE, yo boule kay kanmarad nou nan Lagonav, Nòdwès e plizyè lòt kote ane sa a, san konte sa yo te boule ane pase. Yo fè divès zak krazebrize kont manm nou, yo rantre lakay fanmi yo, bat yo. Tou senpman paske, tout kote sila yo, travayè yo t ap revandike dwa yo, dwa legal yo ! N ap denonse tout fòm sa yo ki se menm represyon laterè ki te gen sou Nanfi / Avril / Sedras… ki se yon represyon laterè ki toujou fondamantalman nan enterè klas dominan yo e kont travayè yo e k ap kontinye jounen jodi a anba direksyon lavalas la.

Nou konsyan e nou konn di li klè : klas dominan yo pa gen solisyon devan kriz k ap devore peyi a. Reprezantan yo, kit yo nan tèt leta a, kit yo nan lit ak matlòt yo pou al dirije leta a, pa gen solisyon. Fas a travayè yo, lavalas ap montre vre vizaj li.

Moman an difisil men, ansanm ak lòt zanmikanmarad nan Kan Pèp la, n ap mennen BATAY la paske, vle pa vle, lit pou travayè yo defann dwa yo dwe vanse e ap rete bousòl nou.

ABA REPRESYON LATERÈ

LIBERE PRIZONNYE GWASIMAL YO SAN KONDISYON !

VIV LIT TRAVAYÈ YO !

VIV SOLIDARITE NAN KAN PÈP LA !

VIV LIT KAN PÈP LA !

NOS DOSSIERS: