Batay Ouvriye Banner

KRIZ LA

Deklarasyon Yon Kowalisyon Pwogresis Ayisyen nan Nouyòk an Solidarite ak Lit Otonòm Mas Popilè yo Ann Ayiti

Mas 2004



Pwogresis Ayisyen yo nan Nouyòk reyini pou reponn a kriz kap devore peyi nou, Ayiti, depi kèk tan. Nou klè pi gwo responsab kriz sa a, sou yon bò, se te gouvènman lavalas ak Aristide/Neptune alatèt ansanm ak chimè l yo. Sou yon lòt bò, se lopozisyon, enperyalis yo, epi klas dominan reyaksyonè yo. Depa Aristide ak Gouvènman lavalas la se twokèt la. Chay la se lokipasyon enperyalis yo ak tout reyaksyonè k ap kolabore ak okipan yo. Nap di yo, ‘Pa bliye Vilbrun Guillaume Sam’.

Sèl solisyon pou sòti nan kriz la se òganizasyon ak lit otonòm Mas Popilè yo nan Kan Pèp la. Se sèl Kan Pèp la ki ka kanpe toutbon devan YON OKIPASYON oswa tout fòm dominasyon ki enkli jouk klas dominan anndan peyi a menm. Pwogresis Ayisyen nan Nouyòk ap travay pou pote Solidarite a òganizasyon epi lit otonòm Kan Pèp la ann Ayiti. Nap travay pou mare kòd lonbrit nou ak lit ki nan enterè fondalnatal Kan Pèp la. Se nan lespri sa a, nap ofri zanmi Ayisyen kou Etranje analiz pa nou de kriz kap apwofondi pi plis chak jou ann Ayiti a.

1. Koudeta

Jean Bertrand Aristide lage yon bonm peta nan yon entèvyou li bay CNN Mèkredi 3 Mas, 2004. Li te di se zam alamen Merin Meriken te debake lakay li nan granm maten Dimanch 29 Fevriye 2004 la. Yo kidnape li pou voye li an egzil nan Repiblik Sant Afrik. Kidonk li di se yon koudeta kont li. Deklarasyon sa a fèyon tole entènasyonal. KARIKÒM (Kominote Karayibeyen), yon asosiyasyon ekonomik plizye peyi nan Karayib la ke Ayiti manm, deja montre li pap kolabore nan voye twoup ann Ayiti nan ka sa a.Gouvènman peyi ki nan KARIKÒM yo wè yo menm tou ka viktim mannigans enperyalis US la. Se yon deklarasyon ki te gen efè li tou ni ann Ayiti, ni nan emigrasyon an. Koudeta 1991-1994 la kite yon sikatris nan memwa popilè a. Se lè lame d’Ayiti anba jal Raoul Cedras, Brasa wouj, zenglendo, gwoup para-milite FRAPH ak Louis Jodel Chamblain e Emmanuel Constant alatèt sou lobedyans CIA te touye 6,000 pitit pèp la. Se youn nan rezon depi Aristide tounen an 1995 ak gouvènman lavalas la, li toujou ap ajite sou yon konplo koudeta toutlasentjounen depi gen moun ki opoze a gouvènman li a. Se menm jan Divalye te konn pale de ‘kamoken” lè li te bezwen regle zafè li ak opozan a gouvènman li a.

Jounen jodi a, nan konjonkti politik la, deklarasyon sou koudeta a gen potansyèl kouvri tout aksyon anti-pèp gouvènman lavalas la. Li gen potansyèl eklipse lesansyèl: lit an pwofondè ki dwe mennen kont okipasyon an. Gen potansyèl pou lit kont okipasyon an detounen nan yon lit pou retou Aristid sou pouvwa a. Nou pa dwe etone si gen moun ki pare pou rantre nan chimen sa a. Se sèten, Aristid, ak foli pouvwa li a, ta prefere sakrifye lit kont okipasyon an pou li tounen sou pouvwa a toujou sou lobedyans enperyalis yo. Dayè, li dakò ak lokipasyon an.

Nou sipòte sektè òganize konsekan nan Kan Pèp la ki te mobilize kont rejim pouri dirijan popilis-opòtinis-demagojik lavalas yo ki te gen Aristide alatèt. Mobilizasyon popilè kont gouvènman lavalas la t ap gwosi atravè tout peyi a. Kondisyon yo te reyini pou Aristide ale. Men Enperyalis yo ak klas dominant yo pat vle mobilizasyon an devlope yon fason enkontwolab. Yo pat klè sou kisa ki anndan mobilizasyon sa a. Mobilizasyon an te gen dwa pase pran non sèlman gouvènman lavalas la men atake enterè klas reyaksyonè yo ak enperyalis yo tou. Konsa, yo pat vle pran chans. Lè sa a, yo te mare yon konplo ak ansyen manm lame reyaksyonè a epi ansyen dirijan Fraph yo pou bloke mobilizasyon popilè a. Se yon taktik pou demobilizasyon. Yo pike devan paske klas reyaksyonè yo ak enperyalis yo te pè mobilizasyon popilè a.

Ositou, koudeta 30 Sektanm 1991 la se te yon aksyon tou louvri, sanglan/fewòs/vyolan kont Pèp Ayisyen an. Li te montre nou klèman kouman enperyalis yo ak klas dominant yo pat gen ase tolerans pou te menm respekte règ minimòm pwòp jwèt demokratik yo: demokrasi pèpè a nan epòk la. Tandis ke jounen jodi a, nou dwe klè kit li koudeta kont Aristid oubyen demisyon volontè Aristid, sa ki sòt pase la a rantre danble nan yon lit amò nan mitan kan lenmi Pèp Ayisyen an. Si koudeta 30 Sektanm 1991 la te yon gwo pèt pou pèp la, koudeta 29 Fevriye 2004 la pa reprezante yon pèt ditou pou Pèp Ayisyen an. Se yon koudeta kont yon diktatè-otokrat, tyoul enpèyalis yo. Dayè, jan nou tout konnen li deja, se Aristide li menm ki te mande entèvansyon enperyalis yo nan peyi a.

Kidonk, sa ki dwe bousòl detèminan Kan Pèp la, se lit kont okipasyon enpèyalis yo ak tout ajan yo nan peyi a ki enkli klas dominant yo ak lòt tyoul yo: Restan kouran reyaksyonè lavalas la ak lopozisyon an epi gwoup para-militè reyaksyonè yo.



2. Denonsyasyon pratik lavalas ki kreye kondisyon pou okipasyon

Sa anpil moun deja reyalize men ke zòt pakò reyalize sè ke gouvènman Aristide la te tounen ak pwojè enperyalis yo anba bra li pou te konsolide/ onore koudeta 30 Sektanm 1991 la. Pou lesansyèl, gouvènman lavalas la, pandan 14 lane ki sòt pase la a tap vanse nan yon pwojè anti-pèp tèt kale. Gouvènman lavalas la se te yon ajan enperyalis yo ak klas dominant yo ki anfèt tap krabinen travayè ak tout tantativ òganizasyon otonòm Kan Pèp la. Sa esansyèl e trè enpòtan pou konprann dekantasyon osen mas popilè yo e pèt de vitès lavalas nan peyi a. Depi 1994, Batay Ouvriye, mouvman otonòm ouvriye ak travayè a nan peyi a, t ap denonse represyon lapolis, CIMO/UDMO, chimè lavalas yo sou ouvriye ak travayè nan izin, faktori ak plantasyon. Gouvènman lavalas la te bay enpeyalis la tout sa li te bezwen kit li ‘akò trilateral Dominikani-Ayiti-Etazini pou enperyalis la kontwole fwontyè a, kontwòl espas ayeryèn ak dlo teritoryal Ayiti, avantaj bab ak moustache endistri asanblaj, Zòn Franch anba direksyon Grupo M, yon monopòl boujwazi dominiken la, mendèv bon mache, ajisteman striktirèl, epi tou privatizasyon. Ositou, Lavalas te deja trayi enterè fondamantal Pèp Ayisyen an.

Kidonk retou gouvènman lavalas la ak Aristide alatèt an 1994 rive jounen jodi a, 10 zan apre, te pèmèt yo reyalize anpil nan plan enperyalis yo te genyen depi 1980 pou Ayiti. Lè li fè sa, Lavalas la te rive efektivman vyole konfyans Pèp Ayisyen an. Okenn lòt gouvènman pat ka rive bay enperyalis yo tout sa. Pèp la tap definitivman rele chalbari dèyè yo lontan. Men lavalas fè fayit nan rive mete sou pye yon leta demokratik pèpè nan peyi a poutèt koripsyon an pwofondè, eskandal, enkonpetans, vòl nan kès leta, ak machanday dwòg. Pratik biwokratik Aristide li menm depouye tout enstitisyon leta yo de tout otorite. Anfèt, kouran lavalas la t ap travay pou rebati boujwazi biwokratik la ak Aristide kòm otokrat. Se te yon pwojè iltra-reyaksyonè. Se pwojè fonksyonè ki itilize plas yo nan Leta a pou akimile kapital. Kwak Granmanjè yo te rive fè anpil kòb men yo pa rive konstitye yo an boujwazi biwokratik jan Divalye te rive fè li nan lane 60 yo. Toudmèm, gouvènman lavalas la te rive defann enterè ni klas dominant yo, ni enperyalis yo. Men yo pa janm rive reyèlman rekonèt gouvènman lavalas la kòm vrè reprezantan yo. Dayè, gouvènman lavalas la, malgre tout demagoji popilis li pa janm reprezante enterè mas popilè yo. Sa te kreye yon kriz reprezantativite.

Anplis gen kriz lejitimite a tou kote se mwens ke 10% elektora a ki te vote nan eleksyon lane 2000 yo. Eleksyon sa yo, ni nan nivo palman an, ni prezidans la, te fèt nan gagòt ak anpil fwod. Yo te fèt tou nan yon kontèks kote lopozisyon an te bòykote yo. Akòz aksyon anti-pèp gouvènman lavalas la, kapasite li pou te kontinye blofe tout mas popilè yo t ap bese seryezman. Nan sa, gen tout skandal sou zafè diri, tòl nan palman lavalas la, men sitou, kokenn chenn vòl san vegòy koperativ yo. Tout sa te diminye kapasite blòf la anpil. Dènye kou ki pou touye koukou a, se lè gouvènman lavalas eseye pran kontwòl Inivèsite a ann Ayiti. Atak kontinyèl lavalas la sou etidyan yo te soulve etidyan yo kont gouvènman an. An menm tan, sa te pèmèt ke lopozisyon ansanm ak boujwazi konpradò a rive pran apui sou lit etidyan yo e tiboujwazi a an jeneral.

Sa nou denonse pi wo yo se tout yon ansanm pratik gouvènman lavalas la te fè ki fasilite entèvansyon enperyalis yo pou yon lòt okipasyon peyi a. Nan konjonkti politik jounen jodi a, Pwogresis Ayisyen yo dwe ede lòt Pwogresis ak tout zanmi Pèp Ayisyen an dekouvri tout aksyon anti-pèp gouvènman lavalas la te mete sou pye.

3. Denonsyasyon Okipasyon an

Enperyalis yo, patikilyèman enperyalis meriken an, te toujou bezwen rantre pou regle zafè yo dirèkteman ann Ayiti. Sa vle di plan neyo-liberal la, etablisman zòn franch, mendèv bon mache, posibilite jete dechè toksik, ak etablisman yon baz militè. Kit li an 1915, kit li 1994, oswa 2004, enperyalis meriken an toujou konsistan nan pousuiv detèminasyon ekonomik la ann Ayiti setadi laji baz eksplwatasyon an pi plis toujou (faktori soutretans yo, agwobiznis ak zòn franch). Se pou sa, yo te kreye lame d’Ayiti avan yo te kite peyi a an 1934 kòm garan enterè ekonomik yo.

Se sèten, enperyalis meriken tap jwe ak plizyè pyon depi depa Janklod Divalye pou reyalize okipasyon nou wè jounen jodi a. Lis pyon yo trè long: Tout gouvènman ki pase avan 1990 yo, an pasan pa premye gouvènman lavalas la, koudeta 30 Sektanm 1991 la, tonbe nan retou gouvènman lavalas la ak lopozosyon epi sipò ansyen tòsyone nan lame d Ayiti yo ak Fraph. Enperyalis meriken an rive jwe tout pyon sa yo nan chita sou diferan kontradiksyon ki genyen nan mitan yo. Li te sèvi ak pakèt negosyasyon ant lavalas ak lopozisyon sou lobedyans OEA pou te rache divès konsesyon swa nan men lavalas swa nan men lopozisyon an. Kidonk enperyalis yo ak tout pyon li yo te jwe patisyon pa yo nan sak rive nan peyi a. Li te gen ase tan pou li planifye tout bagay.

Jounen jodi a, nou dwe klè. Se pa mas popilè yo ki te mande entèvansyon, ni okipasyon peyi a. Se Aristide, gouvènman lavalas la, ak lopozisyon an, yo chak pou rezon pa yo, ki te mande entèvansyon fòs miltinasyonal yo. Yo pa fouti pèmèt yo vin fè demagoji sou lit kont okipasyon. Okipasyon an rive an dous paske lavalas ak lopozisyon te mande li. Men tou paske mas popilè yo pa ko pare politikman ak militèman pou te met fren a li.

Sètènman, plan enperyalis yo se mete sou pye yon fasad demokrasi pou lagalri pandan y ap kontinye ekzèse represyon sou travayè yo nan faktori, izin, fabrik, plantasyon ak zòn franch yo. Se ap fondamantalman yon leta anti-pèp menm jan ak gouvènman lavalas la. Li pap mobilize pou okenn chanjman nan rapò sosyal nan pwodiksyon an vre, ni sou pwopriyete mwayen pwodiksyon yo, an patikilye latè. Li sitou prezante kriz la tankou yon senp bagay teknik. Kidonk, enperyalis yo ak okipasyon yo a pral foure peyi a nan twou a pi fon toujou. Yo pa gen solisyon. Klas dominant yo pa gen solisyon. Politisyen yo pa gen solisyon. Tout sistèm ekonomik, politik ak ideyolojik la ann Ayiti ak atravè lemonn an pourisman pèmanan. Lit kont okipasyon an ak dominasyon enperyalis yo dwe kenbe kont de tout sa.


4. Pratik Otonòm Kan Pèp la

Depi lane1980 yo, diferan òganizasyon ki t ap goumen pou yon transfòmasyon radikal leta ak sosyete a ann Ayiti te konn milite kòt-a-kòt nan Kan Pèp la. Nan fen lane 1990 yo, yon sektè nan boujwazi a ak tiboujwazi a, sou baz oryantasyon enperyalis yo, vini ak yon konsèp ki nouvo ann Ayiti ki rele Sosyete Sivil kòm yon kont-pwojè a konstriksyon Kan Pèp la.

Paralèlman, pandan 10 zan ki sòt pase la a, gouvènman lavalas la te ranplase lame d-Ayiti ak Fraph nan fè represyon sou tout òganizasyon ki tap pran rasin nan mas yo ke lavalas pat ka kontwole. Li te sèvi ak divès gang nan zòn popilè yo pou fè presyon sou divès mouvman ki tap konstwi nan Kan Pèp la. Pa ekzanp, gen chimè/lame wouj nan Potoprens, lame kanibal nan Gonayiv, balewouze nan Sen Mak, dòmi-nan-bwa nan Ti Gwav, ets. Yo te rive detwi òganizasyon yo te ka detwi. Se Depatman Lenteryè ki te gen chaj peye gang sa yo pou tout ekzaksyon yo tap fè sou mas popilè yo. Yo te fè presyon, entimidasyon, menas lanmò, represyon, eliminasyon fizik sou tout sa ki pat mache anba lòd gouvènman lavalas la nan zòn popilè yo. Gang yo te efektivman ranplase makout yo. Apre gwo kou Kan Pèp la te pran nan men lame ak fraph, se te tou pa gouvènman lavalas la pou te mete absè sou klou nan represyon an sou mas popilè yo. Anplis, boujwazi a te konn rele lapolis ak chimè yo nan komisarya yo pou vin bat, arete ouvriye oubyen kraze grèv ak pwotestasyon ouvriye nan izin yo.

Divès konbatan epi pwogresis konn ap denonse represyon sa yo depi kèk tan. Gen ekzanp, ouvriye yo te bat nan Pak Shadecosa ann Out 2003, epi tou travayè latè yo te touye nan Gwasimal, andeyò St Raphael an Me 2002. Gen tou ouvriye UDMO te bat e arete nan Brasri di Nò nan Okap ann Avril 2003. Se nan sans sa a, gouvènman lavalas la te sèvi enterè patwon yo, e te kosyone enpinite patwon yo kont ouvriye yo ak travayè yo. Kan Pèp la pran de gwo kou nan men divès gouvènman anvan lavalas, pandan pouvwa lavalas la e dwe pare pou pran plis kou toujou pandan okipasyon enperyalis yo. Tout sa te jwe yon gwo wòl nan febli Kan Pèp la. Anpil moun ki fanatik Aristide oubyen senpatize ak kouran lavalas la pa gen enfòmasyon sa yo paske laprès dominant yo pat enterese pote kalite enfòmasyon sa yo devan piblik la. Se pwogresis yo anndan kou deyò peyi a, ki pi souvan pa gen gwo mwayen, ki konn eseye pèse pou fè enfòmasyon sa yo pase.

Twò souvan, de politisyen boujwa ak tiboujwa ekzèse enfliyans sou mas popilè yo pou trennen yo nan pwojè klas dominant yo ak enperyalis yo. Pa ekzanp, an 1987, yo te mennen mas yo a-la-bouchri nan eleksyon ki te benyen nan san pèp la. An 1990, yo retrennen mas popilè yo nan eleksyon ki fini an koudeta Sektanm 1991 la nan san pèp la. An 2000 ankò, yo te eseye men se te yon fèb pousantaj pèp la ki te mache nan eleksyon yo. Sa te montre mas popilè yo te kòmanse tire leson. Delimitasyon sa a parapò a politisyen lavalas yo te gen yon enpòtans politik serye. Li dwe kontinye fèt tou parapò a politisyen nan ansyen lopozisyon an ak tout nouvo politisyen.

Ositou, Kan Pèp la gen pou kontinye konstwi tèt li estratejikman. Sa mande, tou dabò, diferan klas ak kouch sosyal nan peyi a detèmine enterè otonòm yo epi òganize yo otou enterè sa yo ki espesifik a yo. Gen divès konbatan nan peyi a k ap akonpaye mas popilè yo nan divès lit pou rache de revandikasyon imedya ke yo genyen. Nap goumen pou otonomi Kan Pèp la. Nap goumen pou revandikasyon minimòm tankou jistis, respè dwa moun, lekòl pou tout ti moun andeyò kou lavil, pwomosyon agrikilti ak devlopman nan enterè mas popilè yo, respè dwa ouvriye, peyizan ak tout lòt travayè nan peyi a. Lit kont esplwatasyon an dwe kontinye pi rèd.

Men an menm tan tou, Kan Pèp la dwe rantre 2 pye fèm nan batay kont okipasyon an epi dominasyon enperyalis yo kèlkeswa fòm li pran ak travayè yo kòm potomitan pou kanpe anfas klas dominant yo ak enperyalis yo. Nou klè ke travayè yo reprezante fòs lavni pou peyi a. Se yo ki kapab mete yon Leta nèf kanpe sou Tè d’Ayiti. Sitiyasyon mizè, chomaj pèmanan e degize ak apovrisman jeneralize mas popilè yo fè ke Ayiti se youn nan peyi sou Latè ki swaf yon chanjman radikal nan rasin sosyete a menm. Pwogresis yo dwe fè sa klè pou tout moun.


5. Kisa Nou Pwopoze? Kèk Leson ak Pèspektiv

Yon bagay ki rete klè se ke popilism-opòtinism ayisyen an ak Aristide alatèt fè fayit ann Ayiti. Ni nan monte li nan debi 1990 yo, ni nan desann li nan ane ki suiv yo, li rive demobilize anpil moun. Popilismopòtinism la se kouran politik nou te konn rele gòch opòtinis la anfèt ki demisyone epi tou kapitile devan enterè politik ak ekonomik klas dominant yo ak enperyalis yo.Yo te montre, se enterè moun sa yo, yo te vle defann a tou pri. Lefèt ke populism-opòtinism la fè bèk atè jounen jodi a pa vle di li pa ka repouse ankò. Li klè pou nou, popilarite Aristide te baze sou kapasite li pou li blofe mas popilè yo. Nou dwe kenbe kont de fòs aspè mesyanik la tou ki te akonpaye figi Aristide la sitou sou yon mouvman laj de mas ki te kanpe anfas kandidati Marc Bazin epi Roger Lafontant.

Dirijan Lavalas yo te eseye itilize konpozant popilè sa a pou pafwa twaze laboujwazi menm si se te an blòf. Blòf la reprann menm onivo entènasyonal kote nou wè menm pwogresis etranje yo pran ladan li. Jiskaprezan, li gen kapasite sa a toujou men li bese seryezman nan peyi a. Gen de kouran politik nan peyi a ak deyò a ki prefere defann Aristide ak lavalas olye yo denonse blòf la. Kouran politik ayisyen ki rantre nan demach sa a gen yon natia opòtinis ak reyaksyonè. Se ekzanp, an patikilye, dirijan Pati Popilè Nasyonal yo (PPN) ann Ayiti ak Haiti Progres, sou yon bò, epi Komite Chalo Jaklen nan Nouyòk, sou yon lòt bò. Kouran politik etranje yo ki tonbe nan demach defann Aristide yo dwe mennen plis ankèt bò kote kouran politik nonopòtinis yo pou yo ka mye enfòme sou pratik anti-pèp ak reyaksyonè lavalasyen yo. Nan sans sa a tou, pozisyon gouvènman Kiben ak Venezwelyen yo pat kenbe kont de reyalite anti-popilè e reyaksyonè lavalasyen yo.

Kan Pèp la pa nan eta li te ye an 1990, ni an 1994. An 2004, gen de avanse ase sibstansyèl ki fèt. Gen anpil zòn nan peyi a kote mas yo bati òganizasyon otonòm yo e ap vanse nan batay yo apati platfòm lit ki koresponn a revandikasyon espesifik yo pou zòn la. Evolisyon sa a ap fèt nan tout 9 depatman peyi a. Lit sa yo dwe kontinye.

Nap fè rekòmandasyon sa yo:

. • Pwogresis nan Nouyòk yo kwè nan nesesite Kan Pèp la kontinye bati pou lite pou revandikasyon popilè minimòm yo jwenn satisfaksyon epi tou pou elaji espas demokratik la anndan peyi a. Yo dwe itilize tout jwen ki parèt nan kontradiksyon nan mitan lenmi Kan Pèp la pou vanse san opòtinism. Opòtinism la reprezante ideyoloji klas dominant yo anndan Kan Pèp la. Ideyoloji dominant lan se ideyoloji klas dominant yo ki se anfèt, fondamantalman, endividyalism la. Kan Pèp la, pou li rive konstwi sou de bon baz, dwe lite kont ni opòtinism la, ni endividyalism la. Nou pwopoze pwogresism la ak kolektivism la kòm ideyoloji pou gide konstriksyon Kan Pèp la.

. • Kan Pèp la bezwen solidarite entènasyonal lòt Pèp nan devlopman lit yo epi nan ede soulaje mizè ak soufrans li nan peyi a. Pèp Kiben an, depi plizyè lane, ofri ekzanp yon solidarite san esplwatasyon bay Pèp Ayisyen an. Solidarite entènasyonal pa vle di ni charite, ni okipasyon. Tout moun ki gen orijin Ayisyen dwe mare kòd lonbrit yo ak travay solidarite sa a. Solidarite a dwe fondamantalman baze sou lit kont esplwatasyon ke okipan yo vin blayi anndan peyi a, kidonk kont enperyalis la nan pwojè fondamantal li - wòl detèminasyon ekonomik la nan kad okipasyon an (Zòn Franch ak Izin Soutretans).

. • Nou rejte tout angajman ak konsesyon gouvènman an ta bay okipan yo sou do Pèp Ayisyen an swa nan kad pwojè neo-liberal yo oubyen onivo kontra ak trete entènasyonal tankou pa ekzanp konsesyon baz militè sou teritwa Ayiti. Anplis, nou rejte tout desizyon ak tout aksyon gouvènman sa a pran ki pa pati de enterè fondamantal Pèp Ayisyen an. Anfèt, tout desizyon ak aksyon gouvènmantal ki pa kenbe kont de enterè fondamantal Pèp la egal yon deklarasyon lagè kont Pèp la.

• Nou estime se Kan Pèp la ki sèl fòs lejitim peyi a ki ka poze pwoblèm ‘Dosye Reparasyon’ an non sèlman ak Franse yo men tou ak Meriken yo, Kanadyen yo epi Alman yo. Yo tout dwe Ayiti e yo dwe ranbouse nou avèk enterè. Lajan sa a dwe sèvi pou satisfè revandikasyon fondamantal Pèp la nan domèn edikasyon,

lojman, dlo potab, elektrisite, sante, asirans lavi, travay, byenèt sosyal pou moun ki enkapab ak nan vyeyès. E nou dwe popilarize sa onivo entènasyonal pou montre rezon ki esplike Ayiti se peyi ki pi pòv nan Emisfè li a, yon bagay près boujwa entènasyonal la renmen repete anpil. Kòz yo estriktirèl: se dominasyon ak esplwatasyon enperyalis la epi rachitism ekstrèm boujwazi a ki rann peyi a nan eta sa a.

. • Nou rejte enèjikman tout jefò ak tout mannèv okipan yo ak klas dominant reyaksyonè yo ap fè pou yo rekonstitye lame a. Apre eksperyans Pèp Ayisyen sòt fè ak lame pouri premye okipasyon meriken te kite pou nou an, nou pa bezwen yon lòt lame konsa ankò. Bay kou bliye, pote mak, sonje! E Nou Pap Dòmi Bliye! Nou pap janm bliye 6.000 frè ak sè nou lame d Ayiti te masakre nan peryòd koudeta 1991 – 1994 la. Nou estime se Pèp Ayisyen an, nan òganizasyon li, ki gen konpetans pou defini si li bezwen yon lame, ki kalite lame l ap ye selon nesesite l ap genyen nan moman sa a. E se li ki pou konstwi lame li apati fòs otonòm li. Andeyò de sa, nenpòt lame okipan yo mete sou pye ap yon lame anti-Pèp kap la pou kraze zo Pèp la. Nou rejte sa ak tout fòs nou depi kounye a.

. • Nou denonse tout konplo enperyalis yo pou derasinen òganizasyon mas popilè yo nan peyi a sou okenn pretèks.

. • Nou denonse prezans ansyen Makout ak FRAPH nan peyi a.

. • Okipasyon Fòs Miltinasyonal yo ann Ayiti, san okenn dout, se yon deklarasyon lagè kont Pèp Ayisyen an. Nou mande enèjikman pou yo kite peyi a prese-prese. Otreman, y ap jwenn ak zo grann yo menm jan sa te fèt de 1791 a 1804 lè Esklav yo te leve kanpe kont kolon blan yo pou deklare Ayiti Endepandan. Menm jan tou, konbatan KAKO yo te kanpe pou goumen anba direksyon Charlemagne Peralte ak Benoit Batraville kont okipasyon merin meriken yo 28 Jiyè, 1915.

ABA TOUT REYAKSYONÈ AK ENPERYALIS! VIV LIT OTONÒM KAN PÈP LA!

Siyatè: Rezo Solidarite ak Batay Ouvriye, MOKAM, SELA, Daniel Simidò pami dòt Pwogresis Ayisyen nan New York.

Pozisyon: