Batay Ouvriye Banner

DEKLARASYON
APRE LATÈ TRANBLE 12 JANVYE 2010 LA

Anpil pale ap fèt, gen anpil zak y ap poze. Sitiyasyon an grav anpil. Anpil. Tèt chaje a anraje! Latè tranble 12 janvye 2010 la demantibile plizyè vil nan peyi a. Li souke tan dòt tou, yo pa pale sou sila yo. Se sitèlman Pòtoprens, Leyogan, Ti Gwav, Jakmel frape. Jan tout moun konnen, anpil anpil moun mouri osnon disparèt, anpil moun estwopye, anpil kay kraze, anpil moun sinistre. Anpil moun ki te nan travay yo sikonbe, plizyè ouvriye peri nan faktori kote yo t ap travay yo, ti machann, anplwaye nan sèvis piblik, nan kòmès, etidyan, moun nan lari, moun nan katye... Sa rèd.
Yon bagay pou nou chache ekate an lagan, se entèpretasyon ki vle fè moun kwè se “Bondye ki aji”, kòmkwa se ta yon “malediksyon ki frape”... Konsiderasyon sa a ap detounen nou, fè nou soti nan vre kòz yo ki, yo menm, dirèkteman natirèl e ke espesyalis te menm prevwa. Sou yon bò li tou ogmante reziyasyon nou ta sanse dwe genyen devan “zak diven” sa a e li lage nou 2 bra pandye nan yon chita tann, yon alyenasyon; sou yon lòt bò li tou ede maske reskonsabilite leta a yo te avèti e ki pa fè anyen pou chache pran devan epi, nan sa li ta kapab malgre tou, rezoud sèten nan konsekans yo.
Kidonk li nesesè kenbe tèt nou frèt, li nesesè nou poze vre pwoblèm yo, reflechi byen, ansanm, pou nou debouche sou vre solisyon yo.
Nan fè sa, fòk nou klè sou :

  • Nan ki kontèks, nan ki moman nou te ye lè latè tranble a frape nou;
  • Sèten danje ki devan nou;
  • Sa nou dwe fè devan kokennchenn defi sa a, apati enterè ki klas.

***

NAN KI KONTÈKS, NAN KI MOMAN LATÈ TRANBLE A FRAPE NOU
Nou dwe sonje, depi yon sèten tan, gouvènman an ansanm ak boujwa izin yo te lage kò yo nan yon politik kote y ap bat bouch yo sou yon “relans ekonomi peyi a”. Anfèt, se menm moun ki te kritike “Plan Ameriken pou Ayiti” nan ane ’80 yo sou Janklod Divalye a ki vle tounen ak menm “Plan” sa a yo te sitèlman ap kritike a, san chanje yon vigil. Nou dwe klè se yon plan ki deja fè fayit e ki mennen nou kote nou ye jounen jodi a. Malgre li t ap anfouraye peyi a, klas dominan yo pa t menm ka aplike l. Jounen jodi a, ak apwofondisman kriz la: se pi rèd! Nou te deja nan yon marasm ekonomik. Met sou sa, nou pa t rive soti tout bon vre nan kontèks siklonn 2008 yo kote, anplis enfrastrikti ki pa t janm rive konstwi yo, nou te devan yon bann eskandal parapò ak divès kòb yo te vide sou peyi a.
Yon lòt mak fabrik moman an, se konjonkti politik la: nou toujou anba menm kriz reprezantativite a ki makonnen ak kriz lejitimite nou konnen an. Eleksyon fo mamit fèt, ta pral fèt. Anpil gwo konfli te tanmen ap pete tou apati ekzekitif la k ap chache tout mwayen pou li genyen yon “kontinyite” ki ta garanti l kenbe pouvwa a pi lontan (si se pa nèt). Pou sa, li t ap fè tout kalite magouy. Tou sa, nan kad yon “leta” mafya ak kriminèl ki, daprezavwa moun ekzekitif la te chwazi kòm kandida pati “kontinyite” yo a, ta pral pi klèman mafya ak kriminèl toujou. Se vre, jounen jodi a, apati katastwòf 12 janvye a, yo vin nan yon pozisyon feblès men batay politik la nan mitan klas dominan yo, nan mitan politisyen ki defann enterè diferan fraksyon klas dominan yo, toujou rete trè sere. E, vre chèf tout kesyon an, enpeyalis la, te apiye pwosesis sa a, menm si li te gen sèten pwoblèm ak karakteristik mafya ak kriminèl leta a t ap devlope. Nan sa, nou pa dwe bliye batay ki te genyen otou kesyon premye minis la e efè li ka genyen jouk kounye a nan rapò enpeyalis yo ak dirijan aktyèl yo. Tout ansanm sa a montre nou nou te nan yon bouyon eksplozif! E latè tranble 12 janvye a, menm si li rive maske kontradiksyon sa yo, li pa eliminen yo pyès.
Anfas tou sa, gen mas popilè yo. Yo montre klèman sa ki t ap regle a, se pa zafè yo, li pa nan enterè yo. Yo kanpe lwen. Dènye eleksyon avril 2009 yo te trè klè: sa ki t ap regle a, se sou do yo li t ap regle, yo sa, yo konn sa. Pou mas yo, an gwo, menm si te gen yon seri ti opòtinis ki t ap chache bay magouy politisyen yo jarèt, eleksyon ki ta pral fèt nan mwa fevriye 2010 la, te pòte yon gwo kontradiksyon: sou yon bò, klas dominan yo ansanm ak tchoul yo ki nan tèt leta a pa ka kontinye ap dirije jan y ap dirije a men, sou yon lòt bò, angrenaj pouvwa a mete sou lespwatasyon san limit yo genyen kòm pwojè a, pa ba yo lòt chwa. Egal: yo pa gen solisyon! Y ap rantre piplis chak jou nan yon pouriti definitif. Yo bout. Men, nan sa ki konsène nou, nou menm nan Kan Pèp la, pourisman san rete sa a ap anfouraye peyi a piplis chak jou!
Genyen tou lefèt mas popilè yo te kòmanse ap remobilize: genyen mobilizasyon grangou klowòks avril 2008 la, genyen mobilizasyon ouvriye soutretans yo nan batay pou 200 goud la, gen mobilizasyon sosyetè ki te pèdi kòb yo nan kesyon kowoperativ tèt chat yo, gen mobilizasyon anplwaye sèvis piblik yo ki pa t ka touche salè yo kòmsadwa, gen mobilizasyon etidyan yo, gen mobilizasyon anfas politik privatizasyon ak vann peyi gouvènman an, gen tout kalite mobilizasyon kont okipasyon an... Anfas tout revandikasyon lejitim ak jis sila yo, pouvwa a te toujou genyen yon grenn repons: represyon! Kit se ak lapolis, kit se ak Minista: represyon! Yon lòt reyaksyon ki montre ankò ki jan yo bout, ki jan yo pa gen solisyon! E, la pou la, te menm kòmanse genyen asasina ki t ap reprann, asasina politik militan ki t ap defann kòz pwogresis yo.
Sou yon bò, nou dwe byen sonje kontèks sa a ki t ap montre nou vre nati pouvwa sa a; sou yon lòt bò, nou dwe konprann kontradiksyon nan mitan lènmi a. Nou dwe konsyan, an menm tan, y ap itilize kontradiksyon sa yo pou mistifye nou, pou, jisteman, kache kontradiksyon fondamantal yo genyen anfas mas popilè yo. Menm si kontradiksyon lavalas-GNB a bout, menm si sila lavalas-lespwa a bout tou, menm si sila lespwa-lopozisyon an vanse fini, menm si yo gen difikilte, jounen jodi a, pou vin ak lòt..., yo pral chache yon mannyè kan menm pou divize nou ankò. Nan kad objektif sa a, menm si jounen jodi a nou pa twòp ap viv gwo wòl popilism la t ap jwe a, sa pa vle di l efase.
Kontradiksyon mas popilè yo ak lènmi yo, malgre detounman objektif tout reyalite latè tranble a vin bay (katastwòf la answa - moun mouri, blese, kay kraze... - men tou kesyon pèdi tout bagay, grangou, maladi, dòmi deyò... ki swiv la, mete sou pwoblematik “èd imanitè” a, elatriye...), kidonk, malgre tout detounman objektif latè tranble a vin ajoute, kontradiksyon mas popilè yo ak lènmi yo toujou rete eksplozif. Nenpòt leve kanpe toujou posib. Nan kad sa a, teren pou yon lòt altènativ apati lòt enterè fin debleye men, si li pa devlope, pourisman fòmasyon sosyal la, lè a, ap irevèsib. E ni okipasyon, ni menm titèl pap ka “bay” anyen.
Se nan kontèks jeneral sa a, nan yon minit, latè tranble a frape... E soukous li poko fini! Absè sou klou!

SÈTEN DANJE KI DEVAN NOU
Nan kad sitiyasyon jeneral nou sot raple a, nan kad pwojè lespwatasyon san limit klas dominan yo ki toujou la, malgre tout “èd” y ap pale a, mizè a pral ogmante pi rèd. Sèten nan izin soutretans relouvè pòt yo, pa egzanp. La ankò: tarif pete fyèl yo se pi rèd; yo di “gen reta”! Sèten kòmès, biznis, oswa izin lokal tou pwofite pa peye 200 goud la: yo di “yo pap kapab”!
Sou bò pa yo, nan menm kesyon “èd” sa a, enpeyalis yo anvayi ak fòs. Yo jwenn yon kouvèti yo pa t espere: “èd imanitè”. Reyèlman, jan peyi a ye a, pa gen kapasite pou fè fas ak sitiyasyon an vre, kidonk nou bezwen yon entèvansyon “imanitè”. Men sa nou ta bezwen tout bon, se yon reyèl solidarite. Jounen jodi a, mond lan pa pèmèt sa manifeste ak fòs, men li egziste kan menm tankou efò sèten kamarad klas nou, kan nou, k ap mobilize pou pote reyèl solidarite n ap pale a. Mobilizasyon sila yo mache ak de pozisyon politik diferan òganizasyon sa yo pran ki klè sou sa k ap pase a, jan l ap pase a, e y ap chache klarifye l piplis toujou.
“Èd imanitè” n ap jwenn jounen jodi a, se yon èd y ap fè posib yo pou jwenn sivivan, voye doktè, medikaman ak kèk dlo epi manje. Men sa se kouvèti a. Vreman vre, se yon èd pou kenbe dominasyon an epi apwofondi l menm. Ameriken yo vini ak yon fòs ki pa rete ak fòs! Yo gen pase 16 mil konbatan, la, tou pare, sou tè a deja oswa nan bato dispoze pou anvayi, yo gen gwo materyèl pou lagè, ata pòtavyon yo vin avè yo! Pòtavyon, ki di: avyon; ki di: bonbadman... Y ap fè patrouy lajounen kou lannwit, sou pretèks sekirite y ap mete kontwòl sou tout reyinyon k ap fèt nan katye popilè yo.
An menm tan tou, se yon “èd” nan kad objektif jeopolitik enpeyalis yo, nan kad reyalizasyon plan yo pou kontwòl peyi a, pou kontwòl rejyon an, pandan y ap konfime prezans yo e aksantye depandans popilasyon an. Nou te deja anba okipasyon, kounye a, se yon titèl total kapital y ap met an plas. Nan sans sa a, nou pa dwe pran nan demagoji premye minis k ap di: “nou pèdi enpe nan souverennte nou”. Non! Jounen jodi a, se kontwòl la ekzekitif la pèdi nèt!
Fò n di klèman, dominasyon sa a deja fè fayit! Se LI ki te ba nou malpwòpte ki anplas la. Sou yon lòt bò, “rekonstriksyon” y ap pale a, nou dwe mande nou: nan enterè kiyès, nan enterè ki klas l ap fèt? Nou menm nou klè: “rekonstriksyon” an, se KONT NOU L AP FÈT! Tou dabò, se ak salè mizè a li pral fèt, ansanm  ak kontinyasyon piyaj dènye resous peyi a. Answit, se nan kad soutyen yon retay politik leta sa a te deja vin ye (yon popetwèl k ap sèvi enterè enpeyalis yo - zòn franch, salè mizè, represyon,  koripsyon...) li pral fèt. Anba prezans militè ranfòse yo a, se ranfòsman dominasyon yo a ki pral alòd di jou, pou jwe wòl leta ayisyen pa ka jwe a.
Jan yo vle fè nou konprann kesyon an, “rekonstriksyon” an, se teknik, se bon kè, men nou menm nou konnen se pou asire pwojè lespwatasyon-dominasyon yo a pi rèd, anba gwo represyon ak asasina jan sa te kòmanse deja ap parèt anvan latè tranble 12 janvye a. Vreman vre: Preval te deja ap jwe wòl Datignav li, jounen jodi a, li soti pou depase l nèt!
Sou kote tout sa, pou tout sa, y ap fè yon travay lave sèvo ki fò anpil. Se yon MISTIFIKASYON ideylojik li ye, kit nan nivo nasyonal, kit nan nivo entènasyonal. Travay sa a reprezante yon gwo danje: l ap mistifye mas yo nan peyi a, l ap mistifye sèten moun nan lòt peyi ki ta vle pòte yon reyèl solidarite...
Kesyon “èd” sa a pa nouvo, men nan ka latè tranble ki frape nou an, li sitèlman fò li maske lefèt se YO ki mete nou nan sitiyasyon kote nou ye a, YO: enpeyalis yo, klas dominan lach e sanginè bò isit yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a. Met sou enterè imedya ak nan lon tèm yo genyen nan peyi a, sitiyasyon sa a ba yo yon reskonsabilite moral devan katastwòf la. Se tou sa y ap regle. Se pa renmen yo renmen nou.
Sou yon lòt bò, politisyen ki nan tèt leta a tou jwenn meyè kondisyon pou travay pou “kontinyite” yo t ap chache a, kidonk: kontinyite ak apwofondisman leta mafya-kriminèl la. Etan done nou konnen sèten kontradiksyon enpeyalis yo te genyen ak pwosesis sa a, jounen jodi a: ki aranjman k ap fèt? nan enterè kiyès presizeman? Kesyon sa a trè serye.
Jan nou tout konnen, politisyen sila yo, apa magouye pou jwenn pòs oswa kenbe tèt yo nan tout tèt leta a, pa t janm ka pran kòz pou pèp la vre: nan kesyon ak oryantasyon fondamantal yo, yo te toujou osèvis enpeyalis yo, osèvis boujwa oswa kareman absan. Jounen jodi a, absans sa a parèt pi aklè, li vin pi kritik toujou. Vreman vre, gen yon dezòganizasyon total leta a. Nou dwe klè, jan “èd” la ap fèt la, l ap ranfòse dezòganizasyon leta a. Pa gen pratik pou òganizasyon reyèl. Enpeyalis la, nan fè pou nou, ap fè nan plas nou. E, nan fè sa, y ap ogmante enkapasite konkrè leta a. Konsa, y ap ranfòse kondisyon pou KRIZ la vin pi fon.
Sou kote yon leta pouri, dekremen, sa ap mennen nou tou dwat nan ranfòse wòl ONG yo. ONG yo, ki te deja ap detounen mas yo, fè yo soti nan mobilizasyon lit yo; ONG yo, ki te deja ap favorize yon ti klik ti boujwa vin ap parèt, ak yon salè ki t ap pèmèt yo pa menm ak lòt ankò, yon bagay ki vin trè negatif nan kad konstriksyon kan pèp la; ONG yo ki te foure tèt yo nan tout sistèm sante a, tout sistèm ledikasyon.... jounen jodi a, se yo ki anchaj: se yon lòt fòm titèl la pran.
“Ed” la, agresivite Ameriken yo ladan li, mache ak kontradiksyon ant enpeyalis yo. Sètènman, ejemoni ameriken an ap pèmèt diminye kontradiksyon sa yo. Men sa pa dwe distrè nou. Nou dwe pran kontradiksyon sa yo pou sa yo ye e nou dwe vijilan anfas yo. Se yon lòt gwo danje: anwo tèt nou, yo pral goumen antre yo. Nan liy nou pou moman an, nou dwe kenbe kont de sa tou, pou relve gwo defi ki parèt devan nou an.

SA N DWE FÈ DEVAN KOKENNCHENN DEFI SA A, APATI ENTERÈ KI KLAS
Depi peryòd istorik ki te louvè ak depa Janklod Divalye a, defi a te deja wo anpil pou mas popilè yo, travayè yo, klas ouvriyè a. Jounen jodi a, ak absè sou klou ki vin parèt la, li vin pi gran toujou. Nou dwe ranmase kouraj nou pou nou leve li, e leve li tout bon!
Nou lonje dwèt sou sèten danje enpòtan. Nan kanpe anfas yo, nou dwe pèmèt konprann yo rapidman e byen, dekwa pou nou ka toke kòn ak yo kòmsadwa. Nan moman an, ak enpak latè tranble a genyen sou mas yo, sa pap fasil, nou dwe jwenn meyè fòm pou li pran. Fòk nou byen atikile konpreyansyon sitiyasyon an ak lefèt fòk nou rive kanpe anfas: fòk nou byen atikile ajitasyon ak pwopagann. Fòk nou fè ajitasyon, men yon fason pou tout moun nan Kan nou an konprann sitiyasyon an, KONPRANN sitiyasyon an. Fòk sa fèt nan meyè fòm lan, yon fason pou tout Kan an, mas popilè yo an patikilye, dispoze konprann reyalite a e, apati konpreyansyon sa a, ak enterè li devan, dispoze kanpe anfas li.
Prezans dirèk nou nan mitan mas yo, prezans dirèk tout travayè, tout ouvriye ki deja gen konsyans yo, prezans tout pwogresis konsekan, dwe pèmèt vanse nan sans sa a. Pa dwe gen chita tann parapò a swadizan “èd” la, ni yon atitid 2 bra kase ki pap pèmèt vanse. Lènmi a ap jwe sou dekourajman nou, l ap jwe sou chita tann nou, l ap jwe sou depandans mas yo parapò ak yo, depandans k ap ogmante si nou kite pwosesis sa a chape nan men nou. Fòk nou viv, se vre, nou dwe viv! Men lavi nou se BATAY tou e, jounen jodi a, se pi rèd! Nan estrateji nou pou aplike liy nou nan moman an, nou dwe bay lit kont danje nou pale sou yo pi wo a yon gwo enpòtans. Nou dwe pèmèt konprann vre jwèt k ap jwe a nan tout mannyè posib, nan prezans dirèk nan katye ki rete kanpe yo, sou plas piblik yo okipe yo, nan izin ak faktori ki deja louvè yo, nan laprès, nan fanmi nou... tout kote nou dwe fè konnen e denonse malè pandye ki sou tèt nou mas popilè yo, ki sou tèt peyi a.
Jan nou deja di li, plen bagay negatif k ap regle. Pou kanpe anfas yo, fòk nou chita sou enterè kan pèp la, sou enterè travayè yo, yon mannyè pozitif. Fòk nou transfòme negatif la an pozitif. Pou sa, ankò yon fwa, fòk enterè travayè yo devan. Sa mande yon konpreyansyon sou ki jan katastwòf la pral afekte enterè sa a, sa mande nou kalkile konsekans materyèl, ekonomik ak politik latè tranble a. Rapidman fòk nou manifeste prezans nou sou kesyon sa a, nan tout nivo, sou sèn politik la.
Nan mitan kan nou an, Kan Pèp la, dwe genyen yon maksimòm solidarite. Yon maksimòm solidarite nan mitan nou menm k ap pote peyi a sou do nou depi tout tan. Sa mande nou pran inisyativ anndan peyi a ak nan emigrasyon an, apati enterè pa nou. Sa mande nou kapab resevwa solidarite k ap vin sot nan diferan kalite kamarad nou, zanmi nou, alye nou. Fòk nou òganize pou sa. Ankò yon fwa, n ap fè diferans ant solidarite n ap pale a ak “èd” y ap vide sou nou an. Se sèten, nou pap reve, solidarite a pap vo twòp devan “èd” y ap vide a. Men li fondamantal. Nou dwe travay pou li nan yon lespri LIT ansanm ak nan yon lespri konstwi Kan Pèp la, KAN ki ka pèmèt nou soti tout bon vre nan mèlmòk, nan java kote fòmasyon sosyal la ye a isit, sèl Kan ki ka pèmèt limanite soti nan twou li ye a.
Sepandan, menm si nou konnen tout pwoblèm ki genyen nan “èd” la, menm si nou konsyan tout devyasyon li pral trennen, fòk nou fè yon fason kan menm pou li rantab pou nou menm mas popilè yo. La tou, tankou nan tout lye, nan tout moman, nou dwe travay pou li bay baz pou konstriksyon-devlopman òganizasyon otonòm mas popilè yo. Lè yo vin distribye “èd” la nan yon zòn, pa egzanp, fòk gen komite otonòm pou resevwa l, distribye l kòmsadwa, nan meyè fòm posib la. La, nou dwe lite kont tout sila ki mete tèt yo ansanm pou vòlè, pou fè distribisyon an fèt an moun pa, etènèl ti raketè yo! Fòk Komite pa nou yo klè, onèt, reskonsab, kolektif: se sèl jan n ap ka soti ak depase sitiyasyon sa a ki foure nou tout nan mas la  nan twou pi rèd. Komite sa yo dwe antre an kowòdinasyon youn ak lòt, yon mannyè dinamik, san bouyi vide, san karakteristik lach ak opòtinis komite ki lye ak pouvwa a yo genyen, osnon komite sèten opòtinis kouri mete sou pye pou regle zafè pa yo sèlman, san lespri mandyan an sila yo toujou genyen. Fòk estriksti pa nou yo fèm, konsekan, serye, onèt, dinamik ak konbatif. Konbatif, etan done, daprezavwa sa nou te pale pi wo yo, non sèlman nan sitiyasyon aktyèl la menm nou genyen yon seri lòt eleman, pafwa òganize, ki pote mak fabrik karakteristik negatif dominasyon klas dominan yo (gang, vòlè, opòtinis elatriye...) men, nou menm konsekan, nou pral gen pou fè fas kare tou, sitou, ak ofansiv klas dominan yo ki pral vide anwo nou, nan kad pwojè lespwatasyon yo a ki, jan nou raple l klèman... TOUJOU LA! Fòk komite resepsyon “èd” nou yo, apati karakteristik konsekan yo gen pou devlope yo, kapab transfòme tèt yo an komite lit. Kit se Brigad Vijilans kont gang yo, kadejakè yo, kit, pi devan, se Komite k ap òganize REZISTANS kont tout manèv sal klas dominan yo ak leta reyaksyonè yo a pral fè kont nou, tankou deplase nou san gade dèyè, ekspedye nou nan swadizan “Kan” ki lwen anpil (jouk Kwadèboukè, yo di!), ki pa gen pyès planifikasyon (ale wè planifikasyon ki ta nan enterè nou!), ki pa an rapò ak nesesite nou, ak pwoblèm nou, ak lavi nou..., ki pa genyen pyès atikilasyon ak travay nou, agrikòl tankou endistriyèl, ki pa gen lekòl, ale wè inivèsite...
Nan sans sa a, nan zòn ki pi sinistre yo, an patikilye nan Pòtoprens, nou dwe deja anrejistre, enteryorize diferan danje nou pale sou yo pi wo a yo, reflechi sou yo, yon mannyè òganize, nan kad BATAY jounen jodi a menm, pou nou konnen ki jan nou pral fè fas kare ak yo. Nan kad kowòdinasyon n ap mete sou pye a, menm si se yon kowòdinasyon “pou resevwa, òganize ak distribye èd”, nan kad kowòdinasyon popilè konsekan sa a n ap tou mete sou pye a, fòk nou deja ap santralize diferan refleksyon yo, sentetize yo a diferan nivo epi retounen yo, pi avanse, mye òganize nan mitan tout milye ki te pwodyi refleksyon inisyal yo, ansanm ak nan mitan mas popilè yo jeneralteman. Konsa, n ap fè pratik entèn pa nou vin pi dinamik, dekwa pou, lè n ap pi gwo nèg, pi fò, pi estriktire, pi vanyan... n ap kapab fè fas kare ak lènmi a kòrèkteman.
Jan nou deja fè konnen pi wo a, klas dominan yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a devlope yon lojik: Pòtoprens kraze egal peyi a kraze. Fòk nou pa pran ladann! Lojik sa a, non sèlman li soti nan enkapasite leta enkapab ak enkonpetan ki la a e ki, apati karakteristik rachitik li yo, pa ka gen yon vizyon peyi, men li soti tou nan nesesite yo genyen pou kontinye santralize tout bagay. Alaverite, se yon enkapasite mele ak yon nesesite pou yo kenbe tèt yo nan ti pouvwa kapital la, gras ak cha Minustah, gras ak represyon lapolis e, jounen jodi a, gras ak lame ameriken ak tout pòtavyon yo ki toujou pare pou bonbade. Nou menm, nou pa dwe rete nan konsepsyon rachitik-represif sa a: fòk nou mennen pratik nou sou tout teritwa a. Fòk nou mennen pratik yo, lit yo nan lòt zòn nan peyi tou. Militan oswa travayè konsekan k ap deplase yo, tounen nan zòn kote fanmi yo te soti a, dwe kapab pwofite sitiyasyon sa a pou pote pawòl konpreyansyon-mobilizasyon an tout kote. Sou kote sa, fòk nou vanse nan lit yo globalman nan fòmasyon sosyal la. E, ankò yon fwa, jounen jodi a, sèn politik la fondamantal. Fòk nou anvayi l, akapare l, transfòme l, fè li vin pa nou!
Nan sans sa a, tout kalite revandikasyon nou te genyen yo, depi nou kapab, pi vit posib, dwe refè sifas. Fòk tè peyi d Ayiti redistribye yon lòt jan! Fòk refòm agrè a fèt! Se zafè tout tè peyi a nan men yon ti ponyen grandon ak gwo fonsye ki fè nou te blije kite zòn lakay nou vin gonfle nan tout vil, jouk latè tranble a fè nou pa ka siviv. Fòk kesyon tè a regle! Fòk tout anplwaye leta kapab gen travay yo ASIRE! Fòk kesyon lekòl bòlèt la KABA! Fòk inivèsite a tou rekanpe sou prensip “gratis ak kalite” li te toujou egzije a; jounen jodi a, fòk nou tou franchi yon etap kote nou relanse mobilizasyon an non sèlman pou amelyorasyon fòm ak kontni inivèsite a men pou yon lòt inivèsite, LYE AK BEZWEN MAS POPILÈ YO DIRÈKTEMAN, LYE AK BEZWEN PEYI A! Yon inivèsite diferan ak sila wòwòt, domine, alyenan dirijan ki la aktyèlman yo te vle remèt nou. La tou, fòk nou pwofite lemonn antye ap gade peyi a pou nou tou denonse pratik makout dirijan sila yo te kòmanse ap fè nan pèmèt, egzije pou lapolis ak Minista rantre nan fakilte yo jan lide yo di yo, vin blayi represyon divalyeris yo ankò sou etidyan ki t ap revandike!
Anvan tout bagay, Fòk tout moun kapab travay! Fòk tout sa ki bezwen travay yo travay, fòk tout sila ki an wout pou travay yo kapab klè nan lavni yo: fòk kesyon TRAVAY la regle! Nan yon mannyè ki KLÈ! Travay endistriyèl lye ak sila agrikòl la, tou 2 lye ak inivèsite, ak lekòl, ak administrasyon jeneral sa k ap fèt la, nan kad yon plan jeneral devlopman kote ENTERÈ TRAVAYÈ YO DEVAN, anba kontwòl TRAVAYÈ yo!
Pou sa, nou dwe klè deja: leta ki la a, pap ka fè l, ni pap vle fè sa nou bezwen an, se pa leta pa nou, se pa leta travayè yo. Okontrè se yon leta boujwa, ki kont travayè yo, ki kont pèp la! Kontèks nou deja rete sou li pi wo a e ke tout moun ka sonje, ka fè nou klè sou sa. Leta SA a pa la pou reyalize enterè pa nou, objektif pa nou, nou menm travayè, nou menm mas popilè yo! Si nou vle reyalize enterè pa nou, pa gen ni youn ni 2, nou bezwen yon lòt leta! Nou bezwen LETA PA NOU!
Jan nou kapab wè deja: TOU SA PRAL MANDE BATAY! Vreman vre, kesyon “Rekonstriksyon” y ap pale a, se nan yon kontèks politik nasyonal konkrè. Nou dwe klè sou sa. Jan nou deja wè l pi wo a, klas dominan yo, sou bò pa yo, ansanm ak enpeyalis yo, y ap travay pou kreye kondisyon pou konsolide politik pa yo. Nou klè YO PA GEN ENTERÈ NAN YON BON JAN REKONSTRIKSYON KI TA NAN ENTERÈ NOU MENM MAS POPILÈ YO. Se yo ki t ap “konstwi” malpwòpte ki la a depi plis pase 200 zan. Nou menm, nou dwe poze konstriksyon peyi a yon lòt jan, apati enterè pa nou, apati enterè mas popilè yo, apati enterè travayè yo. Sa pa t janm fèt! E se SA ki se sèl solisyon jounen jodi a. Fòk nou gen LIY estratejik ak taktik pou sa. Soti nan revandikasyon aktyèl yo, rive nan objektif a pi lon tèm yo, nan yon LIY estratejik ak yon aplikasyon taktik presi. Egzanp: si nou vle rive nan kontwòl travayè n ap pale a, èske, pou kòmanse, jou n ap tounen travay la, n ap asepte vye 125 goud la nan soutretans la, vye 200 goud nan lòt kote yo? NON! Fòk nou tou ranmase karaktè nou, òganize nou, BATAY! Dekwa pou nou kapab wè yon jan pou nou kapab soti nan kalamite katastwòf latè tranble a blayi anwo nou. Pou sila k ap travay yo, se salè a ki omwen kapab fè yon jan, yon premye jan pou soti nou nan sitiyasyon mizè dirèk la. Menm si nou ka aksepte yo ede nou jounen jodi a apre katastwòf enferenal sila a, nou pa bezwen pou se tout lavi nou ki kontinye konsa, kote nou pa gen yon salè ki ka pèmèt nou viv, kote se mande nou toujou ap mande, kote boujwa ap fè sa yo vle avèk nou, kote leta a se YO tou sèl l ap apiye! Se menm jan ak tout lòt revandikasyon nou yo: FÒK NOU KANPE REVANDIKE POU YO!! Nan fè sa, n ap òganize nou pou pi devan.
Ouvriye ak travayè pi konsyan yo, militan nan pami pwogresis yo dwe pèmèt tout moun nan mas popilè yo enterese nan kesyon sa a yo, angaje nan kesyon an, soti nan lojik y ap “fè pou nou” an, kidonk kote nou chita n ap “tann yo fè” a, soti nan reziyasyon se enpeyalis, boujwa ansanm ak tchoul yo ki tou sèl kapab / dwe ap dirije epi fè!
Pou kòmanse koNprann byen, fòk mas popilè yo rive poze: nan enterè kiyès rekonstriksyon sa a ap fèt la? Nan ki lojik y ap anvizaje li?
Sou bò pa nou, vre konstriksyon nou ta poze a rantre nan yon pèspektiv estratejik. Men nou pa ka pa prezan sou kesyon sa a jounen jodi a epi kite enpeyalis yo, ansanm ak bann valtay bò isit yo, ap poze li pou kò yo, anwo nou.
Depi an lagan, nou poze nesesite pou li fizik (enfrastrikti, sèvis, nan de kote kòrèk, ak nan bon jan relasyon ak rès vil la...) men li globalman sosyal tou. E, lè sa a, se la kesyon salè a entèvni, se la tou fòk nou poze rapò sosyal yo nan agrikilti, fòk nou poze konsepsyon devlopman endistriyèl nou bezwen jounen jodi a e, sitou, pou tout sa ka fèt byen ak vreman: NESESITE YON LÒT LETA! Ki pa leta piyajè, kowonpi, mandyan, fèb, san manman, mafya, kriminèl ak mistifikatè ki te anplas la, ki t ap mache vin sa pi rèd e ki la toujou! Jounen jodi a, nou bezwen yon leta , baze sou enterè reyèl travayè yo, ki kapab endike e kontwole fòm konkrèt mobilizasyon Kapital la dwe pran, ki devlope klèman yon lòt politik etranjè, apati, dabò, DEZOKIPASYON an nan objektif klè pou retabli SOUVERENNTE REYÈL peyi a: souverennte administratif, souverennte alimantè, souverennte nan kad oryantasyon fondamantal nou, souverennte politik! Si nouvo leta sa a ap toujou bezwen “èd”, petèt, men se nan yon nouvo konsepsyon kote pratik sa a ap atikile ak travay pou solidarite reyèl la.
San BATAY sa a, n ap toujou rete tchoul. N ap toujou genyen leta LABOUYI sa a ki la a e ki pa menm ka reprezante tèt li tout bon. Ak leta sa a ki la a, “rekonstriksyon” an, se anba yon okipasyon reyèl ansanm ak yon titèl objektif ki pral grandi jou an jou, malgre tout pawòl van y ap pale jounen jodi a poutèt yo pa ba yo ase lajan pou tou foure nan pòch yo jan y abitye fè!
Pou tout sa ka reyalize: se BATAY! Nan kad objektif sa a, nou dwe travay pou ranfòsman kan pwogresis la andedan kou deyò peyi a (nan vant tig la). Nou dwe travay pou ranfòsman Kan Pèp la. Se ansanm pou nou reyalize konstriksyon sa a, e se apati enterè travayè yo sèl li ka fèt. Se nan sans sa a nou menm nan Batay Ouvriye n ap travay. Fòk pratik nou anfas katastwòf la pòte nou tout Kan Pèp an konstriksyon an sou sèn politik la. Fòk pratik nou anfas katastwòf la entegre nan pratik pou nou ka anvayi sèn politik la yon mannyè OTONÒM apati enterè travayè yo e atikile ak pratik fondamantal nou yo, revandikasyon tout kalite nou yo, pratik estratejik nou yo, lit fondamantal nou pou yon lòt sosyete, baze sou enterè travayè yo.
Nan nivo entènasyonal la tou, pratik la enpòtan. Nou dwe travay pou jwenn pi gwo solidarite nou kapab. Tout òganizasyon pwogresis, tout òganizasyon ki chita / vle chita nan Kan Pèp la dwe chèche tout solidarite li kapab. Pou ede nou fè fas ak pwoblèm imedya yo. Men li dwe ede nou vanse tou, anvan tout bagay, nan ranfòsman òganizasyon nou, andedan peyi a tankou nan vant tig la, nan vant tout tig yo. Se solidarite travayè lemonn antye li ye. Se solidarite kamarad pa nou. Travay sa a dwe touche tout kote: Amerik Latin, Ewòp, Afrik, tout kote... epi Etazini menm menm! Nou dwe di se yon travay ki deja kòmanse e ap fèt yon manyè konsekan. Kamarad ouvriye, travayè, pwogresis nan lemonn antye kontakte nou e ap pote solidarite konkrè yo, yon mannyè serye epi k ap anvizaje rapwochman pi sere. Ansanm ak tout kamarad solidè nou yo, n ap kontinye ladan li 2 pye fèm.
Sou bò pa nou, nou menm Kan Pèp peyi d Ayiti nou an, nou menm ouvriye, travayè, pwogresis, mas popilè yo an jeneral, Kan Pèp la, ansanm, fòk nou vanse, nan Pòtoprens tankou nan rès peyi a, pandan n ap byen kenbe kont pratik lènmi an. Kapasite li pou fè presyon - ak represyon - ogmante anpil, gras ak fòs militè yo ki anvayi peyi a, sou pretèks “èd imanitè”! Men pou nou kapab toujou vivan politikman, se nan vanse n ap asire kapasite sa a.
San dezanpare e ak fòs nou dwe fè klè, tout kote, sa nou kont li a
San dezanpare e ak fòs, nou dwe fè klè, tout kote, sa n ap goumen pou li a,
(kit nan yon tan ki pi long, kit nan limedya)
San dezanpare e ak fòs, la pou la!
San dezanpare e ak fòs, nou dwe fè tout moun nan Kan nou an klè sou sa n ap fè konkrètman
Pandan n ap travay pou piplis moun vin ranfòse li, yon mannyè estriktire, byen òganize
San dezanpare e ak fòs nou dwe travay pou laviktwa!

VIV LIT PÈP AYISYEN !
Viv lit travayè yo !
VIV LIT KLAS OUVRIYÈ A !

SOLIDARITE ANT TRAVAYÈ AYISYEN
SÈL JAN N AP KA WETE PEYI A NAN TRAY LI YE A !
VIV SOLIDARITE NAN MITAN KAN PÈP LA NAN PEYI D AYITI !
VIV SOLIDARITE ENTÈNASYONAL LA !

Menm si nou pran kou, menm si jounen jodi a Absè vin sou klou
 NOU DWE KANPE
VANSE NAN LIT NOU YO
 Ak enterè pa nou devAn
toujou!

 Lavi nou se travay men lavi nou se BATAY tou
Jounen jodi a, sa pi vre toujou

Nan objektif geri peyi a YON FWA POU TOUT!

Pòtoprens, 7 fevriye 2010