Batay Ouvriye Banner

Pòtoprens, 20 oktòb 2010

DÈNYE LIY DWAT
MOBILIZASYON ANTI OKIPASYON
POU LANE 2010 LA

Touswit apre dezyèm kongrè Kòdinasyon Nasyonal Lit (CONLUTAS an pòtigè - 3 ak 4 jiyè 2010) nan peyi Brezil ak an apre rankont inifikasyon òganizasyon sendikal ak popilè yo te fè jou 5-6 jiyè ki te swiv yo, te gen yon rankont espesyal, nan jou ki te 7 jiyè, kote diferan delegasyon etranje ki te envite nan kongrè a te reyini sou bò pa yo ansanm ak Conlutas tou pou pouswiv rapwochman politik ki te tanmen nan mitan nou epi vanse nan kowòdinasyon entènasyonal lit yo.
Se nan rankont sa a, pou premye fwa, delege BATAY OUVRIYE ki te prezan an te poze nesesite yon ansanm mobilizasyon ki ta pral soti 28 jiyè ane 2010 sa a (dat rasanbleman tout pwogresis ayisyen otou memwa dat makab sa a lè merin meriken yo te anvayi peyi nou an pou premye fwa) pou rive 15 oktòb (dat renouvèlman lawont kontra Minista a). Mobilizasyon yo t ap reyalize prensipalman nan peyi d Ayiti men, depi yo te kapab, diferan delege peyi prezan yo ta pral apiye yo nan peyi pa yo.
Rive nan peyi d Ayiti, nou poze posibilite reyalize ansanm mobilizasyon sa a pou kanpe anfas fòs okipasyon MINISTA yo nan peyi a ak diferan zanmikamarad. Menm si pratik sa a te jwenn akò vèbal yon pakèt endividi ak òganizasyon, se pa anpil ki te konkrètman patisipe nan miz sou pye a ak pratik yo kòmsadwa. Men, sila ki te toujou la yo, ankò yon fwa montre detèminasyon yo pou lite tout bon epi pote labannyè rezistans reyèl la nan peyi a.
Nan Pòtoprens, ansanm ak nou menm nan Batay Ouvriye, sila konstan yo, te: Mouvman Demokratik Popilè - Modèp -, Plate Forme des Employés Révoqués des Entreprises Publiques - Pevèp, Central Autonome des Travailleurs Haïtiens - Cath -, Antèn Ouvriye, Komite Relèvman Divivye - KRD -, Tèt Kole Òganizasyon Popilè, Fwon Refleksyon ak Aksyon sou Kesyon Kay - FRAKKA -, ak Chandèl.
Ansanm mobilizasyon sila yo, se te yon fason pou make dezakò total nou ak sitiyasyon Okipasyon-Titèl fòs ame enpeyalis MINISTA yo ak soutyen sousou machann peyi k ap akonpaye pwosesis sa a blayi anwo yon popilasyon k ap sibi dominasyon global yo ansanm ak tout kalite ekzaksyon yo tou pwofite reyalize depi yo kapab. Nou toujou montre aklè tou kouman Okipasyon teritwa nou an, dominasyon pèp lan, se osèvis lespwatasyon miltinasyonal enpeyalis yo ansanm ak yon boujwazi restavèk k ap paweze nan peyi d Ayiti ak soutyen tout tchoul nan Leta yo l ap fèt. Pa gen diskisyon nan sa! Tout moun ki pran nan jwèt “demokrasi” tèt chat, demokrasi-diktati, demokrasi-represyon, demokrasi-asasinay, demokrasi-blòf ak mistifikasyon y ap foure nan gagann nou an (nou fè yo kredi se “pran yo pran nan jwèt...” !), se patisipe y ap patisipe nan fè tout sila ki po ko klè yo kontinye pran lalin pou fwomaj. Bagay k ap kontribye nan anfouraye popilasyon an piplis toujou nan twou kote li ye deja a.

 

Pandan tout peryòd REZISTANS sa a, nou pa ka di nou jwenn anpil soutyen reyèl. Depi nan premye moman lansman an, kote nou t ap montre klèman si nou pa reyaji, woulo konpresè enpeyalis-sousou lokal la ap depafini ak tout sa ki rete nan nasyon an (wè entèvansyon “Nou ale” nou an), gen moun ki ekri nou pou ankouraje nou, genyen ki rele nou. Gen lòt ki pale ak nou nan lari. Tout moun sila yo toujou di: vreman vre fòk nou tout ta leve kanpe! Nan lari a menm, gen moun ki bat bravo lè manifestasyon yo ap pase, genyen menm ki leve pwen yo! Nan tout moman, tout kote, plen moun ki apiye nou ...nan kè yo. Men se ti kras ki mete kò yo deyò, kareman, vreman, pou siyifye dezakò yo ouvètman anfas Okipasyon an, nan espas piblik la, kay pèp la, kote vreman vre kontradiksyon sosyal yo demele-pou-vanse: lari a.
*
Dènye liy dwat ansanm mobilizasyon anti okipasyon pou lane 2010 la, se te soti premye oktòb rive 15 oktòb. Sou kote prensipal rasanbleman ki te lanse nan dènye moman an, sitin ak mach premye oktòb la ki te reyalize nan divès vil nan peyi a (wè repòtaj sou jounen sila a), menm jan ak pandan tout peryòd la, te genyen diferan kalite mobilzasyon sou kesyon salè tou, sou revandikasyon moun k ap sibi nan Kan dezespwa yo, sou kesyon katye popilè yo ki, apre latè tranble a, lage tankou pitimi san gadò e ke boujwazi granpanpan-sousè-san an vle soti pou tou eliminen, sou sitiyasyon ti machann yo anba lavil la, sou kesyon lekòl gratis pou tout ti moun jan lalwa egzije l UNOH te reyalize (kote yo menm pèdi yon manm yo lapolis touye kareman gwo lajounen!), sou kesyon jistis, sou kesyon ti peyizan ak tè, sou dedomajman anplwaye sèvis piblik revoke yo pa janm jwenn malgre tout pwomès yo te fè yo... ...!
Jou ki te 14 oktòb la, ankò yon fwa, se te devan Ministè afè etranjè a nou te ye, sou Bwavèna (wè foto yo ki atache la menm). Ankò yon fwa, nou make dezakò total nou anfas okipasyon-imilyasyon nou tout konnen an, nou rele, nou chante epi, ankò yon fwa, nou boule drapo brezilyen a ansam ak sila ameriken an. Nan fen sitin lan, pòt pawol nou an li “Deklarasyon 14 Oktòb” nou an. Li anekse. Li di tout bagay.
*
Nan moman sa a tou, anplis mobilizasyon ki te reyalize nan vil Okap (wè repòtaj filme 15 minit ki sou sit nou an: http://www.batayouvriye.org/akey.html) , genyen tou ki te fèt nan Plezans ak nan Limonad.
Nan Plezans, se ansanm ak Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen, Asosiyasyon Solidarite ti Peyizan Plezans (ASPP) ak Mouvman Òganizasyon ti Peyizan Plezans (MOPP), Batay Ouvriye te reyalize yon mach nan bouk la. Ansanm ak anviwon 200 - 250 ti peyizan, delegasyon Batay Ouvriye ki te soti Okap la defile nan bouk la ak bandwòl, pankat, eslogan tout kalite kont Okipasyon malpouwont la epi delege diferan òganizasyon yo fè diskou nan diferan mitin ki fèt yo nan pakou macha la. Fò n di sèten kandida pou depite ak senatè te vin apiye pozisyon anti okipasyon an pandan mach la tou. Aba Minista! Aba okipasyon! Viv lit ak òganizasyon ti peyizan! Men tou: Aba semans FAO yo k ap kraze pwodiksyon mayi nou!
Nan Limonad, se Asosiyasyon Kiltivatè ak Elvè Pistè - Batay Ouvriye (AKEP - Batay Ouvriye) ki te òganize manifestasyon an. Soti 8 è nan maten rive midi, manifestan yo fè yon pakou trè long soti Pistè pou rive nan bouk Limonad. Menm jan an, yo defile ak bandwòl, pankat, entèvansyon ki t ap distribye epi eslogan ki t ap lanse. Prensipal revandikasyon yo se te kont semans Mosanto yo k ap depafini ak pwodiksyon lokal la, tè a epi ak sante popilasyon an. Men yo konsyan tou sou rapò sere-sere ki egziste ant sitiyasyon sa a epi okipasyon fòs ame Minista yo kote sila yo, se enplantasyon miltinasyonal yo menm yo vin garanti. Kidonk, klèman: Aba Mosanto! Aba Jetrofa! te fè youn ak Aba Minista! Aba Okipasyon! Aba tout sousou lokal k ap apiye sitiyasyon sa a! Aba Preval machann peyi!
*

Nan jou ki te 15 oktòb la, jan nou te fè konprann la, diferan mobilizasyon te reyalize nan rejyon Amerik Latin lan. Vreman vre, mobilizasyon ak diferan kalitre aktivite reyalize nan peyi Brezil (São Paulo, Río ak Brasilia), nan peyi Ajantin, nan Kiba, nan Meksik ak nan Pòtoriko. Kontni diferan pwotestasyon sa yo te manyen dèt kriminèl enstitisyon finansye entènasyonal yo (Bank Mondyal, FMI, BID elatriye...) ap fè peyi nou yo sibi ansanm ak dezokipasyon Ayiti (wè deskripsyon anekse Jubileo Sur fè nou jwenn sou sa).
Nan peyi d Ayiti, ansanm òganizasyon ki te mobilize yo te prevwa 2 manifestasyon: youn pou reklame jistis ak reparasyon devan lanmò pwpofesè yo touye nan manifestasyon UNOH pou lekòl gratis pou tout ti moun lan epi youn pou boukle ansanm 28 jiyè-15 oktòb la devan prensipal baz Minista a ki sou wout ayewopò a, bò kote DCPJ.
Si mobilizasyon ledikasyon an fèt san pwoblèm, soti Ekòl nòmal siperyè rive devan Ministè edikasyon nasyonal, sila anfas fòs lame okipasyon Minista a, se an lagan fòs represif kò lame okipasyon sa a bloke l, kraze l. Kòmkwa, Ayisyen pa ka revandike devan yo. Nou te deja konnen kouman sanginè sila yo, pyès atik lalwa ayisyen pa ka jije yo (n ap fè referans, pami tan dòt, ak solda Srilanka yo ki, malgre yo pwouve vyòl ak ekzaksyon yo te fè sou ti fanm 14 - 15 lane!, yo annik fè yo tounen lakay yo san pyès jijman, ale wè kondanasyon!!) nou te deja konnen kidonk kouman pyès atik lalwa ayisyen pa ka jije sanginè sila yo, jounen jodi a nou vin konprann: Ayisyen pa ka revandike devan lakay yo!
Vreman vre, manifestasyon an annik lage, solda Minista yo anvayi ak gaz lakrimojèn. Manifestan yo eseye reziste. Lè a, solda etranje yo chaje sou foul la. Goumen mete pye! Epi yo tire anlè. Foul la gaye. Nou pèdi bandwòl nou te vin ak yo, pankat pèdi lavi yo, ata pasan ak ti machann ki nan zòn lan blije bwaze. Lè manifestan yo eseye regwoupe yo ankò, se lapolis espesyal nasyonal la ki pran larelèv. Yon polis nasyonal solda Minista yo malmennen, andyoze, imilye lè yo vle mezanmi! ...men jounen jodi a y ap bloke manifestasyon kont Minista!
2 jou apre, 17 oktòb, se te komemorasyon asasinay Desalin...
Sousou pannan yo bay pou Preval la, gouvènman lawont li a, ansanm ak tout kolaboratè tout plim tout plimay ki te ede Minista enstale tèt li, yo tout, an senèryen, yo fè diskou “onon zansèt yo”! Lapolis “nasyonal” la, jou sa a, ankò yon fwa, te “avozòd” reyaksyonè yo.
Listwa va retni tout evènman sila yo.

BATAY LA FENK KÒMANSE!