Batay Ouvriye Banner

PEPSI-COLA E LESPLWATASYON AN AYITI :

YON KA EKSTRÈM !


Pami divès bwason Brasserie Nationale SA fabrike an Ayiti, youn nan gwo pwodiksyon yo, se mete yo mete an boutèy PEPSI-COLA.

PEPSI-COLA, jan anpil moun konnen, pretann gen yon imaj trè respektab nan sikwi pwodiksyon an atravè lemonn antye. Epoutan, branch yo a an Ayiti, se yon kalvè, yon maswife pa do y ap fè ouvriye Ayisyen yo pase : vreman vre, miz an boutèy PEPSI-COLA, an Ayiti, se youn nan pi gwo lanfè pou travayè ayisyen.

PEPSI-COLA miz an boutèy an Ayiti pa Brasserie Nationale SA. Izin sa a se pwopriyete Michaël MADSEN. Lafanmi MADSEN se yon gwo fanmi boujwa ki soti nan peyi Danemark. Fanmi MADSEN la, an menm tan tou, se konsil onorè peyi Danemark an Ayiti. Èske se pwofite li te vle pwofite tout avantaj diplomatik sa yo ki fè PEPSI-COLA se pa fanmi sa a li pase? Èske se pwofite li te vle pwofite tout avantaj diplomatik sila yo ki fè Michaël MADSEN vanse nan kraze zo ouvriye ayisyen yo konsa?

An atandan, jou ki te 22 avril 2003, ouvriye Branord (yon filyal Brasserie National nan Nò peyi a), t ap revandike yon ajisteman salè, etan done sa yo te touche a, 36 goud, non sèlman pa t fouti fè yo viv, ki dirè fanmi yo, men, met sou sa, dekrè prezidansyèl ki te ajiste salè a 70 goud la te deja soti nan “Le Moniteur”, jounal ofisyèl gouvènman an, depi 17 avril. Pou kapab pote revandikasyon jis e legal yo, ouvriye yo abòde Leslie Duchatelier, direktè rejyonal izin la, ki mande yo tann. Epi, la pou la, li rele ni Afè Sosyal, ni lapolis. Se UDMO, youn nan fòs espesyal lapolis, ki anpremye rive nan lakou izin la. Yo pa fè ni youn ni de, yo tonbe simen baton anwo travayè yo e, devan rezistans 2 nan yo ki t ap pwoteste, deklare se dwa yo y ap defann legalman, yo pran yo, kale yo rèd chèch. Se te Ronald Toussaint ak Lexius Lainé. Anba baton tribò babò, yo bake yo, bwote yo nan prizon Okap.

Devan zak sanginè, abitrè sa a, direksyon izin la pa manke mete ola. Okontrè, youn nan reskonsab yo, enjenyè André Chéry, te menm mande pou lapolis ta tou eliminen yo!

Rive UDMO rive ak 2 ouvriye yo nan komisarya a, yo kale yo ankò pi rèd. Jouk jounen jodi, ouvriye yo ap soufri kou yo resevwa. San pyès chaj ni akizasyon kont yo, ouvriye yo pase 5 jou nan prizon. Menm jan an tou, alaswit yon delegasyon espesyal Madsen voye sot Pòtoprens e ki te akonpaye pa Réginald Vieux, sipèvizè izin nan Nò a, yo lage yo san pakè pa janm tande yo.

Sòti yo sòti, se lopital dirèkteman fanmi travayè yo blije mennen yo. E, sa ki pi rèd, jounen jodi, pandan ouvriye yo ap chache al tribinal pou reklame jistis, lopital la derefize ba yo atestasyon medikal! Menm jan an tou, direksyon izin la derefize rekonèt pyès tò e pa menm soti pou peye mesye yo prestasyon legal yo kòrèkteman, ale wè dedomajman.

Aktyèlman, anndan izin la, se yon presyon pèmanan e sou tout fòm (kaponay, siveyans, menas...) direksyon an ap fè sou ouvriye yo pou pyès pwotestasyon pa jenmen, pou pyès dwa pa kontinye reklame.

Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Imen (POHDH, an franse), t al mennen yon ankèt sou le lye e, anplis rapò yo ki, pou anpil, se baz done nou fèk dekri yo, yo te relve vyolasyon ki te fèt nan afè sa a:

1. Vyolasyon Libète Sendikal. Anndan izin sa a, ouvriye yo pa gen pyès dwa pou òganize yo an sendika. Si yo manke vle aplike dwa sa a yo genyen an, direksyon izin la revoke yo san grate tèt. Se konsa, dayè, anvan evènman 22 avril pase a, yo te deja revoke 25 ouvriye ki t ap chache reklame menm ajisteman salè a. Bastonad ak arestasyon an, se dezyèm egzaksyon direksyon an t ap reyalize nan mwens pase yon mwa e, dapre sa pwòp yo menm yo deklare an apre, yo “espere kal sa a a va sèvi egzanp”! Tout sa, toujou dapre POHDH, se kareman an vyolasyon Kòd Travay ayisyen an, ansanm ak Konstitisyon an menm, san konte Konvansyon Entènasyonal 87 ak 98 Òganizasyon Entènasyonal Travay (OIT an franse) sou libète sendikal, ke Leta ayisyen ratifye poutan!

2. Atent a Entegrite Fizik. Ouvriye yo te pran anpil kou, nan mepri atik 25 ak 44-1 Konstitisyon a, ansanm ak atik 7 ak 10 Pakt Entènasyonal Dwa Sivil ak Politik; menm jan an tou, tout egzaksyon sa yo fèt nan mepri atik 3 ak 5 Kòd Deontoloji lapolis.

3. Arestasyon Ilegal. Nan moman arestasyon an, tou le 2 viktim yo te nan pòs yo, yo pa t ap mennen pyès aktivite ilegal oswa sibvèsif; yo pa t ap fè pyès zak vyolans; ki fè tèz “flagran deli” a pa kenbe etan done yo pa fè pyès enfraksyon ni yo pa t gen manda kont yo.

4. Detansyon Abitrè. Yo kenbe yo 5 jou nan prizon san chaj, alaswit yon arestasyon ilegal.

Met sou vyolasyon diferan konvansyon, nasyonal kou entènasyonal, POHDH fè nou rekonèt la, PEPSI-COLA a sanse genyen, li menm, yon Kòd Kondyit. Nan ka sa a, li konplètman vyole tou.

Ki rezon ki fè PEPSI-COLA lese pase konsa de egzaksyon si grav sou travayè ayisyen? Èske ba salè ouvriye ayisyen an e lesplwatasyon san limit boujwazi entènasyonal la ap fè a kont pou PEPSI-COLA bliye tout bèl pawòl li toujou chache pwojte konsènan imaj li nan sikwi pwodiksyon an? Oswa tou, eske se jisteman bèl pawòl pou kouvri ki jan, alaverite, se maspinen y ap maspinen travayè sou latè antyè?

Otorite nan rejyon Nò a, sou bò pa yo, demisyonen totalman. Pou jistifye demisyon sa a, yo deklare ke patwon yo vin menasan lè y ap chache pran mezi pou ramne yo alòd. Vreman vre, dapre youn nan enspektè Biwo di Travay Afè Sosyal la, boujwa yo kareman ekspilse fonksyonè leta yo lè yo prezante yo nan izin yo. Malonèt an gwo ponyèt sa a double lò fonksyonè rejyonal yo plenyen bay biwo santral la ki nan ministè a menm e ke siperyè yo joure yo kòm kwa se yo ki an tò: “se pa dwa fonksyonè leta pou yo ni deranje, ni jennen boujwa”!

Sitiyasyon sa a montre nou aklè kouman se yon konplo jeneral e entènasyonal k ap mennen kont travayè ayisyen yo, kote non sèlman se de fanmi diplomat etranje k ap fè lalwa an Ayiti, men tou, kote, malgre tout pawòl “diyite” ak blòf “2004” yo a, gouvènman lavalas la se nan men boujwa etranje yo lage peyi a ! Men li montre nou tou kouman tout bèl pawòl miltinasyonal yo se van, kote PEPSI-COLA pase kareman sou sipoze “kòd kondyit” yo di yo genyen a dekwa pou lesplwatasyon yo a kapab reyalize san limkit sou do, nan syè ak nan san travayè ayisyen.

Devan sa, ankò yon fwa, nou menm nan BATAY OUVRIYE, nou deklare se MOBILIZASYON TRAVAYÈ yo ansanm ak LIT ÒGANIZE yo sèl ki ka sòti nou nan sitiyasyon lesplwatasyon ak dominasyon san limit n ap viv la. E se MOBILIZASYON TRAVAYÈ YO ANSANM AK LIT ÒGANIZE yo sèl tou ki ka rezoud kriz k ap depafini ak peyi a e sòti li nan twou kote li ye a.

Menm jan an tou, nou klè mobilizasyon ak lit travayè yo pa janm dwe rete fèmen nan yon sèl peyi. Se sa k fè nou deklare tou INITE OUVRIYE TOUPATOU SOU LATÈ se yon prensip fondamantal pou reyisit lit nou e SOLIDARITE aktif tout pwogresis se youn nan aspè enpòtan nan konstriksyon Kan Pèp la.

ABA LESPLWATASYON AK DOMINASYON BOUJWAZI NASYONAL KOU ENTÈNASYONAL ANSANM AK LETA REYAKSYONÈ YO!

VIV LIT TRAVAYÈ NAN LEMONN ANTYE!


NOS DOSSIERS: