Batay Ouvriye Banner


Mesaj Premye Me 2005

Kanmarad ouvriye ak ouvriyèz, zanmi kanmarad travayè ak travayèz, tout pèp la an jeneral,

Jodi a, se premye me 2005. Premye me, se jou n ap sonje epi komemore tout travayè, konbatan ki te tonbe poutèt yo te kanpe yon premye me 1886 nan yon gwo mouvman BATAY pou revandike jounen travay 8 è d tan nan vil Chikago, Ozetazini. Boujwa yo ki pa t dakò te ranje ko yo ak lapolis pou kraze mouvman sa a. Se konsa anpil ouvriye ki t ap goumen pou jounen 8 è d tan te tonbe anba bal, gawòt ak kout fo jijman nan tribinal apre arestasyon yo. Men sa pa t anpeche mouvman ouvriye onivo mondyal la kontinye goumen pou revandikasyon jounen travay 8 è d tan an. Se yon aspè nan listwa mouvman revandikatif travayè yo ke y ap komemore toupatou sou latè jou ki premye me.

Devan aksyon oswa aktivite ke revolisyonè, sendikalis ak travayè an jeneral konn reyalize nan jounen premye me a (gwo manifestasyon, jounen refleksyon pou fè bilan lit ki te mennen yo epi pran rezolisyon pou vanse pou pi devan), klas reyaksyonè yo chèche detounen vre sans premye me a genyen. Se konsa nan de peyi, yo fè premye me tounen yon jounen pou fè travayè al kole zepòl ak patwon. Se ka pa nou an Ayiti kote yo di premye me se jou travay ak lagrikilti. Alòs : ki sa frize te fè pou koukou pou li ta rele pitit li frizelia ? Se pa anyen nou gen ak ti peyizan, travayè… okontrè, nou panse yo menm tou yo ta dwe gen pwòp jou pa yo pou komemore batay yo e pi mye òganize lavi yo, men se pa premye me. Anplis, de ki ‘travay’ y ap pale a e de ki ‘agrikilti’ y ap pale a ? Se blòf sou blòf. Paske yo pa janm vini ak yon plan pou tout moun ki kapab travay jwenn yon travay pou yo ganyen lavi yo kòmsadwa. Kanta agrikilti a, nou tout wè se an degraba li ye tèlman pa gen okenn pwogram pou fè pwodiksyon nan agrikilti a bay plis e fèt nan pi bon kondisyon kote pwodyi peyi a jwenn pwoteksyon kont konkirans pwodyi sibvansyone k ap soti nan lòt peyi. Kidonk, se nan gwo manti gouvènman peyi a ap klewonnen Premye Me se jou travay ak agrikilti.

Nou menm nan mouvman BATAY OUVRIYE, PREMYE ME, pa nou an, se jou komemorasyon batay klas ouvriyè mennen pou amelyorasyon kondisyon travay ak lavi li. Li enpòtan nou menm ouvriye, tout travayè an Ayiti komemore jou sa a paske jouk jounen jodi a batay pou 8 èd tan pako fini, batay pou nou touche yon salè desan pako fini, batay pou nou jwenn travay nan peyi a pako fini, batay pou nou mete sendika pou defann dwa nou ak enterè nou pako fini. Gen divès kote nan peyi a kote y ap fè travayè travay plis ke 8 è d tan san peye siplemantè. Se ka travayè nan lotèl yo, travayè kay moun tankou bòn ak gason lakou yo. Anpil kote travayè a fè 48 è d tan travay nan yon semenn san yo pa peye li jou repo dimanch lan. Gen anpil faktori k ap fè ouvriye travay anba yon sistèm modil kote se sou randman yo touche. Konsa, anpil ouvriye konn fè 10 zèd tan travay pa jou nan pouse tarif pwodiksyon k ap pete fyèl yo. Gen sa ki konn tonbe devan machin yo e se nan sanatoryòm yo blije al pase kèk jou.

Li enpòtan nou kontinye batay pou fè 8 èd tan an vin yon reyalite ki respekte men tou batay pou divès lòt aspè pou amelyore kondisyon travay nou, lavi nou antanke travayè kèlkilanswa kote n ap travay la. Nou ka site travayè labank yo, travayè bank bòlèt yo, travayè nan etablisman ki bay sèvis yo, atelye fewonnri yo, garaj yo, elatriye... Yo tout dwe pran responsablite yo sou kesyon kondisyon travay yo ladan l la. Li enpòtan tout travayè konstyi òganizasyon otonòm yo pou kontinye listwa klas ouvriyè, mouvman travayè mondyal la pou nou pa kite yo detounen nou de vre objektif nou ki se batay pou yon lòt kalite sosyete kote nou gen pou kaba tout fòm esplwatasyon ak dominasyon klas dominan yo.

Premye 1886, se yon chimen ki te louvri ak yon limyè k ap rete pou nou wè kote nou sòti ak kote nou prale. Moman n ap viv la, ouvriye ak ouvriyèz, travayè ak travayèz, se yon peryòd kote boujwazi peyi Dayiti mare sosis li pi sere ak boujwazi peyi enperyalis yo pou mete ann aplikasyon plan neyoliberal la kote travayè pa gen pou revandike, se lwa mache a k ap deside tout bagay. Lavichè ap fin depafini tout pèp la, to enflasyon nan peyi a ap grenpe chak jou, men salè nou rete trè ba. Salè minimòm lan, ki se pi piti salè yon travayè dwe touche pa sibi okenn chanjman, okenn ajisteman alòske atik 137 kòd travay la mande l depi to enflasyon depase 10% nan yon lane. Jodi a non sèlman to enflasyon an ap ogmante plis pase 10 pou san lan, men salè minimòm lan pa janm chanje, kidonk : salè reyèl ouvriye yo ap bese san rete. Tou sa, se nan kad politik louvri baryè ekonomi peyi a kote envestisè etranje mele ak boujwa ayisyen met ansanm pou souse travayè ayisyen nan faktori, nan zòn franch... Se avantaj bab e moustach salè mizè a y ap vin pran, se pa pyès travay y ap vin ‘bay’ ni ‘devlopman’ y ap vin mete, jan yo vle fè kwè a. Lè w ajoute lavichè a ke pwòp yo menm kreye e ap benefisye a, ou vin wè, vreman vre, se nou menm, pèp travayè, k ap peye pou ‘redresman’ ekonomi peyi a ansanm ak plan osterite gouvènman yo ap aplike youn dèyè lòt, anba direksyon òganis finansyè entènasyonal tankou Bank mondyal ak Fon monetè entènasyonal oswa de pwogram tankou CCI (kad koperasyon enterimè) ki pa kenbe kont de vre bezwen nou, reyalite nou menm travayè men ki nan enterè boujwa yo tou sèl. Tou sa, anba lokipasyon n ap sibi a, kote depi se lavalas, depi se lopozisyon, se yo tout ki te mande li e se yo tout k ap byen mennen ladan l, menm si ka gen ti kontradiksyon nan mitan yo, oswa ti sousou gang yo y ap lage piti piti, jan sa te prevwa. Se yo tout k ap byen mennen, yo tout, sòf nou menm ouvriye, travayè, pèp la an jeneral. Anba lokipasyon sa a, vreman vre : se pi rèd !

Chimen ouvriye yo te pran pou defann enterè yo nan jounen batay premye me 1886 la nan otonomi yo, se chimen sa a pou nou pran nou menm tou jodi a Premye me 2005. Fòk nou kontinye òganize nou nan bon jan òganizasyon otonòm nou, ki rele nou chèmèt chèmetrès ki pa anba dra okenn politisyen reyaksyonè, boujwa k ap pran pòz liberal yo, k ap klewonnen y ap pote travay oswa mande nou siyen yon kontra sosyal ak yo alòske yo refize negosye epi siyen yon kontra kolektif travay ak ouvriye nan antrepriz yo. Nou dwe klè sou vre nati de klas tout moun sa yo pou nou pa al foure tèt nou nan òganizasyon pa yo. Se nou ki pou fòme pwòp òganizasyon pa nou pou nou goumen pou revandikasyon nou yo tèt kale ak tout fòs nou. Se poutèt sa n ap di : Premye me 2005 la dwe yon jou pou nou revandike pwen sa yo :

  • Ogmantasyon salè minimòm 70 goud la. Avèk goud la k ap pèdi valè li chak jou, pa gen yon travayè ki pakab viv ak 70 goud pa jou. Ann atandan, salè minimòm lan dwe aplike sou tout teritwa peyi Dayiti e lè l ap ogmante, se tout kote pou l ogmante tou.
  • Respè pou travayè yo fòme sendika pou defann enterè yo kèlkeswa kote y ap travay la, pou yo negosye konvansyon kolektif ki ba yo plis avantaj pase sa ki nan kòd travay la oswa sa patwon yo deside bay.
  • Fòk gen mezi ki pran prese prese pou ti pwodiktè agrikòl yo kapab jwenn tè, ankadreman teknik modèn, angrè natirèl ak semans ki bay plis randman, dlo pou wouze tè plenn yo, elatriye pou pwodiksyon agrikòl la ogmante. Fòk nou diminye kantite manje n ap achte ak deviz nan peyi lòt bò dlo.
  • Fòk gen yon pwogram pou mete plis travay nan tout peyi a. Travay ki pèmèt travayè a okipe tè li ak fanmi li.
  • Fòk yo tabli yon lòt kalite sistèm sekirite sosyal. Fòk travayè yo gen kontwòl sou l ONA, OFATMA epi fòk enstitisyon sa yo administre nan transparans.
  • Fòk kòd travay la chanje pou dwa tout travayè respekte kit li lavil, kit nan zòn riral, san paspouki.
  • Fòk Ministè Afè Sosyal ak Travay sispann yon zouti anba men patwon pou yo pase dwa travayè anba pye.
  • Fòk gen sekirite nan travay pou travayè kapab fè fas a responsablite yo tout bon vre. Si non se dyòbè k ap genyen en non de travayè pèmanan. Konsa pwogram travay a wòt entansite mendèv ki nan plan CCI a ak sèten ONG ki nan konstriksyon enfrastrikti yo pa nan enterè nou vre, nou menm travayè. Se djòb 2 jou pou twonpe je nou.

Zanmi kanmarad ouvriye, travayè, ti machann, ti boujwa pwogresis, tout kan pèp la an jeneral, Premye Me, se komemorasyon gwo lit, gwo batay travayè kont boujwa kapitalis ansanm ak leta reyaksyonè yo a nan lemonn antye, kote klas ouvriyè a te rache 8 èd tan travay. Se pa fèt ‘travay’ ni ‘lagrikilti’, jan yo vle fè l parèt nan diskou ofisyèl yo. Jodi a, batay la dwe kontinye pou nou rache dòt revandikasyon nan kad òganizasyon otonòm nou pou avansman lit demokratik popilè yo ak travayè yo kòm potomitan. Menm jan ouvriye yo te montre nou wout limyè an 1886, se menm jan an tou jodi a ouvriye yo dwe pran direksyon lit demokratik popilè yo pou altènatif serye kan pèp la ap chèche a, li jwenn li tout bon vre.


VIV PREMYE ME, JOU BATAY TOUT TRAVAYÈ SOU LATÈ!

PÈP TRAVAYÈ AN AYITI, ANN NOU PRAN RESPONSABILITE NOU

POU POTE ALTÈNATIV PA NOU!

VIV LIT OUVRIYE AK TRAVAYÈ VANYAN!

NOS DOSSIERS: