Batay Ouvriye Banner

POZISYON BATAY OUVRIYE SOU REYINYON L AK GRUPO M - IFC OTOU REVOKASYON WANAMENT YO

Mèkredi 10 mas, 2004

Jou ki te premye mas 2004, 34 ouvriye sendike Zòn Franch Kodevi Wanament twouve revoke ilegalman e abitrèman. Sou inisyativ Batay Ouvriye, yon rankont te òganize jou vandredi 5 mas, 2004 la, ant Batay Ouvriye ak Grupo M sou kesyon an. Kòm apre anpil è d tan diskisyon, yo potko janm rive jwenn yon konklizyon, tout pati ki te prezan yo tonbe dakò pou reyini ankò jou lendi 8 mas 2004 la.

Men moun ki te prezan yo :

• Grupo M (Limbert Cruz, Direktè Jeneral, 5/3/04; F. Capellan, pwopriyetè, ak Limbert Cruz 8/3/04)

• IFC (Salem Rohana, Direktè Repiblik Dominikenn, 5/3/04; Mark Constantine, Biwo Washington, Cassandra Colbert, Fonksyonè Envestisman, Washington, ak Salem Rohana, 8/3/04)

• Batay Ouvriye (Paul Philomé ak Anna Jean-Charles, delege Batay Ouvriye pou tach sa a ; Abel Rodriguez, avoka Batay Ouvriye an Repiblik Dominikenn, tou 2 jou)

• Ignacio Hernandez (Fedotrazona) ak Raphael Abreu (CNUS), tou 2 sou envitasyon Batay Ouvriye nan rankont 5/3/04 lan poutèt ekspèyans yo nan izin Grupo M Repiblik Dominikenn.

Reyinyon yo te fèt nan “Pak Endistriyèl Karayib” Grupo M, Santyago, Repiblik Dominikenn.

1. Batay Ouvriye fè parèt pou tout moun ki te prezan yo kouman li te travay di pou tabli kominikasyon ak Grupo M depi premye jou pwojè a te mete sou pye, men ke direksyon GM, apre li te fin voye 2 lèt repons, chwazi pa janm fè swivi reyinyon pwopoze yo, malgre plizyè lèt Batay Ouvriye.

2. Ke Batay Ouvriye te jisteman antisipe nesesite reyinyon sa a yon fason pou tabli dè règ pou asire respè dwa ouvriye yo pou yo òganize sou teren wotman konfliktyèl sila a (kòm Zòn Franch Wanament la se premye Zòn Franch nan peyi d Ayiti, kòm zòn franch an jeneral rekonèt antanke kote ki pa sitire sendika fasil, epitou poutèt pase espesifik Grupo M jan sa parèt nan rapò « ALGI » a, yon antrepriz espesyalize Ozetazini nan zafè kontwole respè dwa travayè yo nan izin e ki te kontrakte pa IFC pou fè ankèt sou plent konpòtman antisendikal Grupo M avan pou Bank Mondyal te ka fè yo prè $20 milyon).

3. Malgre Batay Ouvriye te klèman mande reyinyon sa a pou klarifye sitiyasyon sendika a nan Wanament apre revokasyon yo, Grupo M, pandan tou 2 chita pale yo, fè espre toutan ap pale sou sa ki te dwe diskite depi oparavan an.

4. Poutèt sa, delege Batay Ouvriye yo te blije chita tande de long rale, nan tou 2 chita pale yo, sou swadizan « objèktif » Grupo M, listwa l, pwojeksyon l ak aksyon sosyal li nan Wanament an favè popilasyon an, anviwonnman an ak sa yo rele « anplwaye » yo… …Pi rèd, delege IFC yo chwazi mache nan menm sans sa a san pwoblèm, ap detaye “angajman sosyal » Grupo M, san janmen manyen manman kesyon an.

5. Lè, anfen, nan premye jou a, Limbert Cruz fè yon prezantasyon ak dyapozitif ak video nan lide pwouve menas ouvriye yo pou bloke travay la konplètman ak vyolans, an reyalite, pou tout moun ki te prezan yo – enkli Salem Rohana, pou IFC a – anyen nan sa Cruz t ap di yo pa rive pwouve. Tankou li ta pral vin parèt aklè nan tout reyinyon yo, Limbert Cruz baze anpil nan agiman li yo sou espekilasyon, byen souvan enkorèk, sa ki bay rezilta li pa rive janm konvenk pèsonn. Efektivman, lendi, menm bagay la ta pral repwodyi ankò lè Cruz t ap avanse, ak desen a l apyi, ke tout ouvriye yo te kont kanpe travay la jou jedi presedan an (apre yon premye ouvriye te rive revoke enjisteman) paske lè li te rele komite sendika a nan biwo pou diskite avè l, tout rès travayè yo tounen nan travay. Anfèt, lekontrè te gen dwa kenbe menm jan an : ke ouvriye yo, ki te soutni revandikasyon komite sendika a pou li te dyaloge ak direksyon an, wè revandikasyon an rive pase e senpman dakò pou tounen nan travay la lè sa a… An final, verite a se ke okenn san sa Cruz t ap pretann di yo pat ni pwouve, ni konklizif.

6. Ni Cruz, ni Capellan montre yon pakèt awogans ak mank respè nan tou 2 reyinyon yo. Pa egzanp, nan debi dezyèm reyinyon an, Capellan vin sibitman ap mete an kesyon delegasyon Batay Ouvriye a (sa ke nou pat fè ni pou delege Grupo M, ni pou sa IFC yo pandan ni youn, ni lòt nan reyinyon yo), ap pretann di li pat si si pou l te diskite ak delege yo kòm Responsab Komisyon Zòn Franch la, Yannick Etienne, pat prezan fizikman, ke li te gen dwa vire do l, etc… Pwen sa rive depase lè Mark Constantine konkli, apre yon long deba chofe, ke responsablite a kolektif nan Batay Ouvriye jan delege yo montre l klèman : « an n avanse ». Nou ta pral wè menm mank respè sa a ankò, atravè tout reyinyon yo, nan atitid entewogatwa Grupo M, ke avoka nou te klèman denonse nan di ke ni li, ni delegasyon an « pat la pou reponn a yon entewogatwa ki, dayè, pat dwa konpayi a, ni legalman, ni nasyonalman, ni entènasyonalman ».

Atitid sa a Grupo M demontre te bay delegasyon an pwoblèm, men pi rèd, jan avoka nou te di l, si Grupo M jwenn mwayen se konsa l ap diskite ak delegasyon an, ki jan li dwe aji ak ouvriye yo atò ?! E kouman pou nou pa ta atann nou aske travayè yo reponn yo menm jan an ?

7. Men sa ki pi mal la, se malonèt Grupo M la, manti li bay, enfòmasyon li sere konsènan sa li konnen sou sendika a.

Pa egzanp, odebi Grupo M te fè tankou se 7 manm sendika li konnen ki genyen, konsi Komite Egzekitif sendika a, ke lis la te kominike ba direksyon an an vi yon reyinyon, se ta li ki ta tout sendika a sa. Men pi ta, Grupo M bay prèv li te okouran byen pwòp lis konplè manm sendika a ki te kominike bay Ministè Afè Sosyal, lè li di konsa ke gen youn nan manm sendika yo ki anfèt se reprezantan direksyon an nan tèl branch travay. Devan tout moun ki te prezan yo, delegasyon Batay Ouvriye bare Limbert Cruz nan manti demaske sa a.

Dezyèm ka a pi grav toujou. Dapre Grupo M, komite egzekitif la revoke poutèt vyolans li, men lòt 27 lòt moun yo senpman fè yon ti kanpe poutèt komann ki bese. Kominikasyon ak Miriam Rodriguez, direktè rejyonal pou Amerik Kòd Kondwit konpayi Levi-Strauss (atravè Lorraine Clewer, Workers’ Rights Consortium) montre pa gen pyès bès pwodiksyon. Li di konsa « Levis pa redwi okenn komann, li pap rale kò l, e li gen komann nan faktori a pandan n ap pale a. Enfòmasyon sa a sòti nan Miriam Rodriguez » (korespondans 8 mas 2004). Enfòmasyon sa a konfime ankò nan demen : « Nou fèk pale ankò ak Miriam Rodriguez nan Levis, ki repete di nou ke Levis kenbe pwodiksyon l nòmal nan faktori a malgre sitiyasyon politik Ayiti a, e ke d apre enfòmasyon li genyen, komann yo pa bese. Lefèt komann yo toujou la konfime pa direktè nasyonal Levi’s la epitou vis-prezidan an ki se alatèt Miriam » (korespondans 9 mas, 2004). Reyalite sa a chanje sitiyasyon an nètalkole, pwiske vin pa gen baz ankò pou revokasyon 27 lòt moun yo. Li montre tou kouman Grupo M pa gen pwoblèm sèvi ak fo enfòmasyon pou soutni objèktif li.

8. Objèktivman, nou ka konkli ke :

• Sou baz rapò ALGI a, pratik pèmanan destabilizasyon Grupo M (« … kèk nan aksyonyo ta byen sanble dekouraje anplwaye rejwenn sendika ») reyèl nan Zòn Franch Wanament la. Msye Cruz, pwòp li menm, montre nou lèt ouvriye nan faktori a ki, nan lespwa satisfè demann direksyon an pou opinyon, ouvètman denonse kanmarad travay yo ki swete òganize. Divès pratik entimidasyon sila yo kontinye jiskaprezan : nou rive aprann trè klèman ke nan jou ki swiv ensidan yo, gen yon papye ki pase bay tout ouvriye faktori a pou yo te siyen, ki montre yo satisfè kondisyon yo anndan faktori a. Fòk yo te siyen papye sa a pou pa revoke nan izin la. Kit yon mannyè brital, kit yon mannyè sibtil, presyon direksyon an detwi tout volonte òganize yon fason otonòm ; se de pratik antisendikal, d enjerans, ki an vyolasyon dirèk lwa ayisyenn yo ak tout kondisyon IFC pou prè a, epitou Kòd Kondwit Levi Strauss. Jan Konsèy Sendika Ostrali yo montre l byen :

« Bagay sa a, se yon vyolasyon lwa sendikal ayisyen an tankou tou lwa sendikal entènasyonal la. Li vyole règleman Levi-Strauss sou Responsablite Sosyal/Rapò ak founisè a letranje (ki di) … ‘Libète pou Asosye : Nou respekte dwa travayè yo pou yo fòme e rejwenn òganizasyon yo vle e pou yo negosye kolèktivman. Nou atann nou aske founisè nou respekte dwa pou moun asosye an tout libète ak dwa yo pou yo negosye kolèktivman san okenn enjerans ilegal. Patnè komèsyal nou dwe asire yo ke travayè yo ki pran kalite desizyon sa a oubyen ki pran desizyon ou ki patisipe nan de òganizasyon konsa pa fè objè okenn diskriminasyon ni aksyon disiplinè an pinisyon e ke reprezantan òganizasyon sila yo genyen aksè a manm yo nan de kondisyon ki tabli swa pa lwa lokal yo swa pa akò mityèl ant òganizasyon anplwayè yo ak sa ouvriye yo.’ Konpayi Levi Strauss se youn nan prensipal kliyan Grupo M e Grupo M klèman ap vyole règleman Levi Strauss »

• Ke swadizan bès komann Levi-Strauss fo, sa ki anile tout pretèks Grupo M pou revokasyon yo ki kontinye fèt pandan n ap pale la… !

• Ke se sendika a ann antye ki revoke sou fo baz (vyolans ke video a pa pwouve, fo bès nan komann yo), sa ki demontre klè kou dlo kòk aksyon anti-sendikal la.

• Anplis de abitrè nan sans sa a, pratik sa a ilegal tou pwiske, objektivman ankò, pat gen okenn tantativ konsilyasyon Leta peyi d Ayiti, an konfòmite ak lalwa peyi d Ayiti.

• Ke revokasyon ilegal e abitrè sa a fèt ak vyolans pwiske fòs ame entèvni nan divès moman pou dispèse foul la ki t ap revandike dwa l, e menm rive bat sèten dirijan ;

• Grupo M pa janm reponn pwopozisyon Batay Ouvriye pou rezoud kriz la nan reentegre tout moun ki revoke nan mannyè imilyan e lawontèz sa.

9. Kòm kalite pratik sa yo gen tandans kite move tras ak rapò antagonik, n ap mande tou :

• Yon fen nan tout kalite pratik antisendikal, kit yo brital, gwo ponyèt ou sibtil

• Entèdiksyon moun ame anndan faktori a ou anndan perimèt li, sa ki transfòme lye de travay la an yon kan konsantrasyon militè

• Repriz swivi medikal Ariel Jerome, kòm li te bat (sa ke pwòp direksyon an admèt pwiske se li menm menm ki te voye Jerome resevwa swen medikal) e kòm eta l poko estabilize

• Pou kontak retabli ak komite egzekitif sendika a, sètènman apre reentegrasyon tou manm sendika a, pou diskite demann lejitim ouvriye yo pou amelyorasyon sitiyasyon lavi yo ak travay yo.

DOSYE ZON FRANCH CODEVI WANAMENT