Tèks sa a te sikile apati vòt lwa d ijans lachanm vote nan mwa avril 2010 la.
Preval pa t bezwen tann pyès goudougoudou pou l te remèt dlo teritoryal ak espas aeryen peyi a bay madan Albright - anba kouvèti DEA - nan peryòd premye manda l. Li pa t bezwen tann pyès katastwòf natirèl pou l te remèt kontwòl fwontyè a bay MINUSTAH. Ki fè, depi kèk tan, kontwòl teritwa peyi a deja pa nan men pyès reskonsab nasyonal.
Preval pa t bezwen tann pyès goudougoudou pou l te felisite Minustah lè yo te reprime ouvètman ak gwo vyolans manifestasyon grangou klowòks yo, kote yo te menm rive touye 7 moun. Li pa janm bezwen tann pyès katastwòf natirèl pou li renouvle kontra Minustah chak lane, menm lè yo pa janm okipe l lè li sanse mande pou kontni misyon sa a ta chanje.
Preval pa t bezwen tann pyès goudougoudou pou l te di pèp ayisyen “naje pou soti” lè bato koule, pil moun mouri..., oswa pou l te kontinye bay vag menm lè y ap koupe tèt Ayisyen sou laplas piblik nan Repiblik Dominiken. Li pa t bezwen tann pyès katastwòf natirèl pou li te kontinye ap koule bweson sou do travayè ayisyen nan maniganse yon salè minimòm ilegal pou zanmi soutretans li yo ansanm ak monopolis gran boujwa l yo.
Li se tchoul, travay li se: ranpli wòl tchoul li!
Nou deja konn palman an: nan tout diferan magouy li, nan vire kazak li, nan basès li, nan konfòme li toujou konfòme l, alarechèch miyèt... Alarechèch miyèt! Se yon eslogan, yon modòd, yon modpas ki vin alamòd e ki karakterize decheyans yon fòmasyon sosyal about, ki karakterize de kouran, de òganizasyon refòmis jouk nan mwèl, ansanm ak de pèsonalite fèb e aplati. Alarechèch miyèt! Nou wè tout kolaboratè sa yo, nou wè sa yo reprezante nan kad decheyans yon peyi. Pami yo, nou deja konn palman an: nou pa t atann anyen de li.
Nou deja konn gouvènman ameriken an, sila franse a, kanadyen an...: nou deja konn gouvènman “peyi zanmi” sila yo, yo menm ki nan tout listwa peyi d Ayiti, toujou vini ak bòt yo, vyolans yo vin ede “nou”, anfèt: kore klas dominan yo, alye yo, dekwa pou sila yo ka pi byen defann enterè miltinasyonal yo, ki di pwòp enterè pa yo.
Nou swiv ak atansyon - e nou sibi - sa yo rele “demokrasi” yo a e ke, vle pa vle, y ap chache tout mwayen pou foure nan gagann nou tout jan. Yon manèv, yon magouy pèmanan, yon rediksyon malonèt ki vle fè kwè demokrasi se sèlman eleksyon - e ki “eleksyon” ankò?! Anfèt: yon kawousèl teknik ki la pou maske diktati klas dominan yo!
Nou swiv wòl sèten près boujwa, pro enpeyalis, ki vle prezante decheyans sa a tankou yon pwosesis “nòmal”, “modèn”; menm: yon “opòtinite” pou “rekonstwi peyi a”, san pyès analiz sou kouman fòmasyon sosyal sa a fè rive la, si ba; sou ki fòs soyal, ki oryantasyon, ki pwojè sosyal, decheyans sa a apiye; ki lavni li konkrètman pwopoze - soutretans la -, ki eksperyans travayè yo ansanm ak rès fòmasyon sosyal la an jeneral deja fè ak “lavni” sa a!
... Jounen jodi a, Lalwa ijans enpeyalis yo pase: kapasite manèv kouran popilis la rive mete an aksyon yon reyalite ki toujou la nan mitan l epi, kòmsadwa, nan kad koripsyon ki karakterize l la, li jwe wòl tchoul li.
Kiyès ki pral benefisye milya vèt yo? Toujou menm moun yo. Kòman jounen jodi a pou l ta yon lòt jan?
Kiyès ki pral oryante, kontwole, dirije “rekonstriksyon” an? Toujou menm sila nou konnen yo. Ak sousou pannan ki alatèt gouvènman sa a, kòman pou l ta yon lòt jan?
Kiyès ki pral sibi?
Lalwa ijans sa a, non sèlman ilegal, jan plizyè moun deja fè wè, nan lamezi kote palmantè yo abandone yon kontwòl yo te eli yo pou sa; non sèlman li amoral, nan negosye sa ki te rete kòm souverennte ak transfòme mandisite miyèt la an yon “enstitisyon devlopmantis”; non sèlman li represif dènyezeta nan eliminen li eliminen ekzèsis dwa demokratik pèp la (“makout pa ladan l” – sa, se te pou lontan...!), desizyon ki tou retire sèl mwayen ekspresyon otonòm mas popilè yo nan fòmasyon sosyal pouri sa a; non sèlman li kriminèl nan aksepte, pwone, klewonnen objektif dominasyon ak lespwatasyon enpeyalis la kòm sèl sovè pèp (!) men, antanke dènye moman nan yon trayizon istorik, l ap chache voye nou ale nèt! Bagay ki ka rive...
Sòf si
Pòtoprens
Lendi 19 avril 2010
Pòtoprens, 12 mas 2010
Tout zanmikamarad ki nan Kan yo !
Pandan gouvènman an fin montre jan li enkapab, jan li pa fouti pran kòz nou anchaj kòmsadwa; pandan l ap konfòme tèt li nan chache kontinye konsolide tèt li ansanm ak mafya-kriminèl li t ap mete anplas la; pandan senatè ak depite abolotcho yo ap rekòmanse magouye dekwa pou yo rive refoure tèt yo sou moun epi, konsa, asire kontinyite yon manda ki te deja fini; pandan tout gwo pisans etranjè yo, apati yon “èd” yo vin “bay” kote se ONG k ap vale teren nan konsomen twaka kòb la, ap anvayi teritwa nou an ak militè, tankousi peyi Desalin lan te yon pitimi san gadò; pandan Preval ansanm ak tout gouvènman l lan ap louvè peyi a bay tout sila ki vle pran l nan men nou; pandan boujwa ap kontinye paweze epi tou pwofite ogmante lespwatasyon an pi rèd nan faktori, nan izin, jouk ouvriyèz ap mouri anba dominasyon yo; pandan tout konsèvatè ap kolabore nan chache fofile kò yo piplis nan pouvwa a epi, konsa, patisipe nan remete anplas estrikti pouri ki te la yo...
Nou menm, anba tant, anba prela, anban vye twèl, anba katon... kontinye ap bat lapli, soufri, sibi imilyasyon e menm peri, nan yon sitiyasyon kote se lamizè nou ki mete nou la; yon lamizè grandon, gran boujwa, gran manjè ansanm ak gran kapitalis etranje, te pote ak tout lame yo, tout lapolis yo, pou fòse nou rive la...
Documentário "Conlutas no Haiti" from SindMetalSJC on Vimeo.
Anpil pale ap fèt, gen anpil zak y ap poze. Sitiyasyon an grav anpil. Anpil. Tèt chaje a anraje! Latè tranble 12 janvye 2010 la demantibile plizyè vil nan peyi a. Li souke tan dòt tou, yo pa pale sou sila yo. Se sitèlman Pòtoprens, Leyogan, Ti Gwav, Jakmel frape. Jan tout moun konnen, anpil anpil moun mouri osnon disparèt, anpil moun estwopye, anpil kay kraze, anpil moun sinistre. Anpil moun ki te nan travay yo sikonbe, plizyè ouvriye peri nan faktori kote yo t ap travay yo, ti machann, anplwaye nan sèvis piblik, nan kòmès, etidyan, moun nan lari, moun nan katye... Sa rèd.
Yon bagay pou nou chache ekate an lagan, se entèpretasyon ki vle fè moun kwè se “Bondye ki aji”, kòmkwa se ta yon “malediksyon ki frape”... Konsiderasyon sa a ap detounen nou, fè nou soti nan vre kòz yo ki, yo menm, dirèkteman natirèl e ke espesyalis te menm prevwa. Sou yon bò li tou ogmante reziyasyon nou ta sanse dwe genyen devan “zak diven” sa a e li lage nou 2 bra pandye nan yon chita tann, yon alyenasyon; sou yon lòt bò li tou ede maske reskonsabilite leta a yo te avèti e ki pa fè anyen pou chache pran devan epi, nan sa li ta kapab malgre tou, rezoud sèten nan konsekans yo.
Kidonk li nesesè kenbe tèt nou frèt, li nesesè nou poze vre pwoblèm yo, reflechi byen, ansanm, pou nou debouche sou vre solisyon yo.
Nan fè sa, fòk nou klè sou :
***
[...Kontinye li deklarasyon an...] ![]()
Pòtoprens 19 out 2009
Malgre mobilizasyon mas popilè yo an favè 200 goud la,
Malgre mobilizasyon pwòp ouvriye yo, an mas, anba gwo represyon, jou apre jou...,
Malgre pozisyonman final sèten endistriyèl lokal ansanm ak tout kalite entèvansyon an favè yon minimòm jistis sosyal,
Sou do ouvriye yo, nan syè ak nan san militan pwogresis tout kalite, an patikilye etidyan yo, nan yon gwo griyen dan ireskonsab, kriminèl e repiyan, majorite depite yo ratifye objeksyon ilegal trèt la ki, li menm, an bon jan ekzekitan, te annik repwodyi sa gwo boujwa soutretans yo te fè l jwenn.
Pandan yo vle fè n kwè se “viktwa demokrasi”, vòt 125 goud la se rezilta yon konplo klas dominan pi reyaksyonè yo òganize, òkestre, ak patisipasyon sousou pi dosil yo, ak apyi yon represyon jou an jou pi sistematik, pou ranfòse lespwatasyon san limit soutretans la, pou ranfòse dominasyon sinik yo sou pèp ayisyen.
Jounen jodi a, pèp ayisyen an retwouve l anfas yon lènmi ki jou an jou ap vin pi klè. Fòk nou izole l piplis toujou e atake l fas pou fas !
Men, an menm tan tou, devan atak an règ l ap sibi a, pèp ayisyen an retwouve l anfas yon ilizyon li te lese devlope nan tèt li. Sa tou dwe konbat ak menm detèminasyon an !
Nan lit la, kan pèp la reziste ak tout fòs li. Nan lit la, sektè pwogresis nan klas domine yo retwouve yo. Se yon gwo pa.
Jounen jodi a, vòt 125 goud depite yo pa dwe bloke mobilizasyon nou. Okontrè ! Jounen jodi a, tout ouvriye, tout travayè, tout pwogresis konsekan dwe pran reskonsabilite yo pou konstwi ALTÈNATIV ki dwe chavire sanginè sa yo ansanm ak tout trèt ki osèvis yo. Nan enterè Pèp Ayisyen, nan enterè Travayè yo, nan enterè Nasyon an.
Batay la fenk kòmanse !
REPRESYON AN AP KONTINYE!
MOBILIZASYON AN DWE PRAN JARÈT PI RÈD!
Yon fwa ankò, anba direksyon ekzekitif la, fòs represif yo reprime manifestasyon ouvriye pou rache 200 goud mizè a. Yo eseye kraze manifestasyon an. Li regwoupe e relanse pi rèd. Madi 11 out la te di, men li montre detèminasyon ouvriye yo pou yo vanse nan batay la. Sou yon lòt bò, jouk kounye a, etidyan yo te arete abitrèman yo toujou nan prizon. Yo frape yo. Pa menm gen chaj kont yo. Pi rèd, devan fakilte syans imèn lan, yo kontinye ap arete etidyan ak pasan nan lari. Pandan tou sa montre aklè detèminasyon etidyan yo, pwogresis ki angaje 2 pye fèm nan menm konba a, li montre tou wotè represyon an rive. Fas a sa, fòs pwogresis yo pa janm lage. Se konsa n ap sanble, n ap konsolide, nan batay la menm, NAN BATAY POU KONSTWI KAN PÈP LA. E : batay la fenk kòmanse !
Batay sou salè minimòm la fè ekzekitif la, tyoul patwon boujwazi a, fin montre vre vizaj li. Wi, nou di fin montre vre vizaj li. Nou te deja wè jan Preval vag lè y ap depòte anba baton travayè ayisyen soti nan Repiblik Dominiken, vòlè byen yo, kraze kay yo, bat yo touye yo… ; nou sonje klèman tout lè Ayisyen neye nan lanmè, Preval di yo : naje pou soti ! ; nou konnen tou, menm lè yo koupe tèt yon konpatriyòt travayè nou nan leta vwazen an, sou laplas piblik (!!!), Preval kontinye pou l di : se pa pou li sa… !
... .... .... (Li atik konplè a; wè Powerpoint an fòm pdf la ak FOTO)Oktòb 2008 - Aks lit pouswit Mobilizasyon - PDF
Desann Dokiman an (348 Kb)
7 ak 8 Jiyè 2008
Ak CONLUTAS Brezil, CCURA (Corrente Classista, Unitária, Revolucionária e Autónoma) Venezwela, TCC (Tendencia Clasista y Combativa) Irigwe, COB (Central Obrera de Bolivia) ak MECOSI (Mesa Coordenadora Sindical - Paragwe).
Nan kad evolisyon pratik entènasyonal nou e, pi presizeman, reskonsabilite n ap pran onivo rejyon Amerik Latin ak Karayib lan, BATAY OUVRIYE fè pati 4 òganizasyon k ap lanse apèl pou yon RANKONT TRAVAYÈ LATINO AMERIKEN AK KARAYIBEYEN. Men tèks “Apèl” la : Pou tout òganizasyon sendikal ak mouvman sosyal Amerik Latin ak KarayibKamarad,N ap viv de moman dramatik nan rejyon nou an. Nan tout peyi nou yo, enpeyalism lan ap opere yon ofansiv grenn kraze kont travayè yo. Sa materyalize nan piyaj ak lesplwatasyon transnasyonal yo ansanm ak gwo antrepriz yo ap reyalize; nan modèl ekonomik neoliberal gouvènman yo ap aplike; nan prezans baz militè Etazini; nan okipasyon militè etranje tankou ann Ayiti; etc... Sitiyasyon sa a, lavil kou nan milye riral lan, pòte travayè yo ansanm ak tout lòt sektè esplwate nan sosyete a pou yo lite ak piplis detèminasyon kont lesplwatasyon y ap sibi a. Se rezistans vanyan sa a ki soti nan tout pèp Amerik Latin, Karayib ansanm ak lòt rejyon nan lemonn, tankou sa Irak lan pa egzanp, ki bay kriz nou konnen yo ansanm ak tout difikilte enpeyalis yo genyen nan chache enplante pwojè yo....
LÒT TIT PI ANSYEN
